SOCIÉTÉ

Ladwàn Ayiti ankouraje vye machin ize rantre nan peyi a

0

Tank machin lan pi ansyen, se tank ou peye mwens lajan pou li. Yon ajan ladwàn ki pa bay non l paske l pa otorize pale pou enstitisyon an ap eksplike kòman pwosesis dedwànman machin fèt

Jérôme Paul gen 5 lane depi l ap travay nan administrasyon jeneral ladwàn (AGD) apre l te fin pase konkou jan lalwa mande sa. Kèk lane aprè nomisasyon l, li al travay nan dwàn Senmak la nan yon antrepo ki resevwa palèt.

« Palèt la se yon platfòm kote moun ka depoze yon pakèt machandiz anbale lè yo pa deside rantre ni machin, ni konntenè apa » daprè sa Jérôme Paul eksplike. Gras ak tout tan eksperyans li gen nan travay li a, dwànye a di li metrize kesyon dedwane machin trè byen.

Kijan sa fèt ? 

Selon Jérôme Paul, si gen yon bato k ap rantre nan dwàn Senmak pa egzanp, responsab bato sa dwe soumèt bay chèf ladwàn yo yon « manifeste » ki se yon dokiman ki detaye tout sa bato sa pote.

« Ladan l w ap jwenn ki moun ki voye machin nan, kiyès k ap resevwa l,  ki mak machin nan, ane l, nimewo seri l. Yon lòt bagay ki trè enpòtan pou make se pri yo estime machin nan vann ak pri bato a pote l », toujou daprè Jérôme Paul.    

Li tou: Quelqu’un n’ayant jamais vu une voiture peut détenir un permis de conduire en Haïti

Lè responsab bato a fin soumèt « manifeste » lan bay ladwàn ak « Autorité Portuaire Nationale (APN », gen yon sèvis yo rele sèvis « pointage »  ki pral verifye tout sa k sou bato sa apati dokiman sa. Aprè verifikasyon, sèvis sa pral soumèt yon rapò.

Lè machandiz sa yo fin debake, ladwàn ak APN pral met ansanm pou yo mete yo nan yon antrepo. Aprè etap sa pral gen yon pakèt ti detay ki pou regle.

«Ajans ki responsab bato ki vini an pral soumèt “manifeste” li an sou sistèm entènèt dwàn nan. Lè dwàn nan fin apwouve dokiman an, l ap fè ajans lan peye pou chak machin aprè l fin soumèt li yon bòdwo. Aprè sa, machandiz yo ka dedwane », selon Paul.

Yon moun ka fè reklamasyon machin li

Tout pwosesis sa yo konn pran plizyè semèn epi pwoblèm sou sistèm entènèt la konn bay reta lè pou ajans lan soumèt « manifeste » lan. Moun k ap resevwa machin nan ka al nan ajans lan ak yon dokiman li genyen ki rele « Bill of lading » ki bay yon pakèt detay sou tranzaksyon an.

Lè l fin pran enfòmasyon kay ajans lan, li pral jwenn yon komisyonè an dwàn (broker) ki pral chèche fè yon “deklarasyon” pou di li gen yon machin e li pare pou dedwane l. Aprè sa, selon Jérôme Paul, moun lan gen dwa kenbe kontak ak komisyonè ladwàn nan oubyen li ka kontinye pwosesis la poukò l.

Avèk papye deklarasyon an, moun k ap dedwane machin nan pral rantre an kontak dirèk ak ladwàn si l vle kontinye pwosesis la poukò l. « Lè sa li pral nan yon sèvis ki rele sèvis resevabilite pou li wè si deklarasyon komisyonè a te ba li a se menm ak enfòmasyon sou machin nan », toujou daprè ajan dwanye an.

Sèvis resevabilite a pral gen pou l voye dosye a nan yon sèvis trètman sou machandiz ki li menm pral voye l nan antrepo kote machin nan ye a. Lè moun k ap resevwa machin lan tounen, li ap vini ak yon ti kat ladwàn te ba li lè l t al nan sèvis resevabilite a epi ap gen yon verifikatè ki pral akonpanye li pou li  verifye machin li an.

Si tout bagay kòrèk, verifikatè a ap siyen deklarasyon an epi tounen l bay chèf sèvis li a ki ap siyen l tou. Deklarasyon sa gen pou l tounen bay sèvis tretman an yon lòt fwa ankò.

Sèvis valè sou machin nan

« Aprè sèvis trètman an fin resevwa dosye a, nòmalman yo ta dwe voye l nan sèvis valè ki ta dwe detèmine pri machin nan. Men dwàn Senmak ak Miragwàn se sèvis dekonsantre yo ye ki toujou ap resevwa menm machandiz yo, pou sa yo pa mete sèvis valè ladan yo », daprè Jérome Paul.

Se direktè dwàn yo, daprè yon feuille de route direksyon jeneral ba yo, ki detèmine pri pou dedwane machin. Sèvis dwàn peyi Dayiti itilize teknik yo rele CAF la an fransè ki se « Coût, Assurance, Fret. » 

Li tou: Entre les contrebandiers et l’État, certains agents de la douane choisissent l’argent

Daprè siyifikasyon sig la, dedwànman an fèt sou pri machin nan koute, asirans li nan peyi letranje ak pri ajans bato a pote l. « Men direktè ladwàn nan gen pouvwa pou l retire 30% sou pri machin yo si l vle », daprè Jérôme Paul.

Sistèm CAF la bay ti pwoblèm 

Toutotan machin nan pi resan, sistèm «Coût, Assurance, Fret (CAF) » lan takse l pi plis. Sa ki vin koze yon pwoblèm ekolojik pou Ayiti. Pi fò machin k ap rantre yo se machin anpil lòt peyi pa bezwen e ki p ap woule pandan anpil tan. Donk, yo pral oblije jete kakas machin sa nan anviwònman an.

Toutotan machin nan pi resan, sistèm «Coût, Assurance, Fret (CAF) » lan takse l pi plis. Sa ki vin koze yon pwoblèm ekolojik pou Ayiti.

Jérôme Paul montre li konsyan de tout pwoblèm sa yo, men selon li menm, Leta oblije adopte sistèm sa paske omwen 60% bidjè l repoze sou do ladwàn. Gen lòt moun ki kwè se konsesyonè machin Ayiti yo ki fè magouy pou ladwàn takse machin pèpè resan yo byen wo pou moun ka vin achte lakay yo.

Pou reponn kesyon sa, Jérôme Paul pa dakò asosye politik ak bagay teknik. « Gen lòt peyi ki itilize sistèm sa tou. Yon peyi tankou Kiba se kote ladwàn takse pri machandiz yo byen wo », daprè sa l di.

Lè yon moun fè 22 jou ou pa vin reklame machin ou, ladwàn sanksyone w pou reta. Aprè 6 mwa san deklarasyon, ladwàn ap sezi nenpòt machandiz ou gen nan men l pou l revann li.

Commentaires

Hadson Archange ALBERT
Communicateur, Journaliste.

    An Ayiti, tè ajil gen anpil itilite

    Previous article

    Regards sur l’évolution du film documentaire en Haïti

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost