ÉCONOMIEPOLITIQUERECOMMENDEDSOCIÉTÉTRAVEL

Konprann konsekans efondreman sektè touristik la sou ekonomi peyi a

0

Depi plis pase yon lane, Ayiti ap viv anpil moman tansyon. Sektè touristik la se youn nan sektè ki pran gwo frap paske touris pa rive rantre nan peyi a. Men bilan sektè sa pou lane 2019 la

Depi apre evenman 6-7 jiyè 2018 yo, anpil manifestasyon ap fèt nan peyi a. Imaj piyaj ak barikad yo, fenomèn ensekirite ki ap grandi chak jou ak pwoblèm enstabilite politik ki kontinye nan peyi a, pa san konsekans sou sektè touristik la.

Raina Forbin se prezidan asosiyasyon touristik an Ayiti. Li konfime : « Nou vrèman afekte nan sektè touristik la. Depi 14 fevriye 2019, peyi a tounen yon espas pou yon moun ki anvi vizite pa vini. Nan kategori peyi ki konsa yo, genyen Lasiri, Yemen ak anpil lòt. Nan ka sa, kantite vizitè ki konn vini nan peyi a vin diminye. Sa afekte tout chèn nan sektè a. »

Selon Raina Forbin, nan lane 2015, kantite moun ki te vizite peyi Dayiti, nan avyon sèlman te rive 515 000 moun. Twa lane aprè, sa vle di nan lane 2018, chif la te desann nan 420 000 moun. Pou lane 2019 la, pèsonn moun pako estime konbyen li ka ye. Men, kantite a ap desann pi plis paske « trafik nan avyon an diminye a 30%», se sa li presize avan li ajoute, pou mwa oktòb 2019 la, nivo a desann piba pase sa li pa t janm konstate.

Gen vòl ki sispann oubyen redui nan peyi a

Anilasyon vòl ki rive fèt youn dèyè lòt epi konpayi ki chwazi sispann vole sou teritwa a se youn nan konsekans dirèk pwoblèm sekirite peyi a. Peyi tankou : Etazini, Lafrans ak Kanada mande sitwayen yo pou pa vwayaje oubyen evite tout vwayaj ki pa ijan pou vin Ayiti. Sa rann peyi a izole chak semèn nan mond touristik la.

Nan mwa fevriye 2019, Air Canada ak Air Transat te sispann tout vòl yo pou 2 mwa. Desizyon sa te vini aprè gouvènman kanadyen te rekòmande sitwayen peyi a pou yo kite Ayiti. Toulède se konpayi kanadyèn.

Jet Blue li menm se yon konpayi ameriken. Konpayi sa ofri pri ki ba pase anpil lòt. Nan mwa avril 2019, konpayi sa fè konnen : « Nou ap redui pandan yon ti tan kantite vwayaj nan mwa a ». Sa vle di, kantite vwayaj yo te konn fè yo vin pipiti.

Yveline Ferri se yon sitwayen ayisyen ki tap viv pandan prèske yon lane nan peyi Etazini. Madanm 48 lane sa a ki di li toujou konn vwayaje ak Jet Blue eksplike : « Akoz pwoblèm peyi a, anpil vwayaj pa menm gen 20 moun ki nan avyon an. Sa koz konpayi a pa ka fè reyèlman kantite vwayaj yo te konn fè yo. Konsa si gen 10 moun ki pou te vwayaje nan yon jounen, pa egzanp, epi te konn gen 3 vwayaj nan jounen an, yo oblije fè yon sèl vwayaj pou 10 moun nan.»

Delta Air Lines li menm tou, se yon konpayi ameriken. Li deside redui vwayaj li yo tou 3 fwa nan yon semèn.  Poutan, li te konn fè yon vòl chak jou.

Junior se yon moun k ap travay nan Delta Air Lines. Li pa presize non li paske li pa plase pou pale nan non konpayi a. Li eksplike : « Sa ki enpòtan se konnen peyi a pa estab. Li ap difisil pou Otorite nan peyi konpayi a sòti kite sitwayen li vwayaje. Si pa gen touris k ap rantre, sitou ayisyen ki ale Ozetazini pa fasil tounen vre, Delta vin oblije fè sa. »

Etranje jwenn menas

Nan mwa fevriye 2019, gen 113 touris moun peyi Kebèk ki te bloke nan peyi a. Yo te desann nan otèl Decameron ki nan distans 75 km pou rive Pòtoprens. Akòz ensekirite ak pwoblèm enstabilite politik, anbasad Kanada te mande pou tout sitwayen li yo kite peyi a.

Etranje yo pa t jwenn mwayen pou yo te rive nan ayopò entènasyonal la. Wout yo te bloke ak barikad. Poutan, anpil nan yo te rive gen gwo pwoblèm lasante.

Pou rezoud pwoblèm nan pou etranje kanadyen sa yo, Air Transat ki se konpayi ayeryèn ki te vin chache yo te oblije lwe 4 elikoptè. Chak elikoptè te fè 5 vwayaj pou yo te rive mennen tout touris nan ayopò a. Aprè, avyon an te janbe ak tout 113 etranje yo Montréal.

Gen etranje ki mouri tou

10 mwa apre move eksperyans touris ki te sot Kebèk te fè a, nan mwa novanm 2019, Alexandre Raymond Adrien ak Melina Ana Thérèse Giraud pèdi lavi yo nan Pòtoprens. Se yon koup, ki sòti Lafrans pou vin adopte 2 timoun nan Peyi Dayiti. Nan Peyi yo sòti a, madanm nan te konn ap vann nan yon magazen materyo, epi mesye a te konn ap jere biznis. Yo toulède te gen pipiti ke 40 lane.

Koup sa te vin wè de timoun yo te vin adopte yo : yon frè ak sè, pou premye fwa. Yo ateri nan ayopò Mayi Gate, epi pran yon taksi pou depoze yo nan otèl yo te rezève a.  Se te Ajans pou adopsyon nan peyi Lafrans ki te fè rezèvasyon taksi a pou yo. Pandan trajè soti ayopò pou rive nan otèl la, koup sa mouri. Yo pa rive wè 2 timoun yo te vin wè yo.

Sitwayen fransè yo te pran tout dispozisyon pou yo te vwayaje nan tout sekirite menmsi peyi Dayiti te nan moman kriz, se sa Ajans ki la pou adopsyon nan peyi Lafrans fè konnen.

Anpil otèl vin pa ka fonksyone

Sektè biznis an Ayiti sitou nan koze touris ap pran yon gwo kou nan moman difisil la. Anpil otèl oblije fèmen pòt yo. Gen lòt ki diminye nan kantite anplwaye yo pou yo rive kenbe. «Yo pa gen lòt chwa. Epi, yo pa ka kontinye ap goumen pou yo kenbe pandan yo pa gen mwayen. Sitou gen yon gran bès nan sa ki gen pou wè ak touris nan peyi a», se sa Raina Forbin fè konprann avèk anpil regrè.

Anpil otèl oblije fèmen pòt yo.

Otèl « Best Western Premier»  se premye otèl 5 etwal nan peyi a. Li te konstwi nan mwa mas 2013, li gen 7 etaj ak 106 chanm. Konstriksyon li koute 15 milyon dola ameriken. Finansman li soti nan yon gwoup ki rele Carabimmo.

Aprè 6 lane ap fonksyone, responsab yo oblije fèmen pòt li. Pou Stanley Handal, pòt otèl sa ki fèmen an se yon gwo kou li ye pou sektè touristik an Ayiti. «Pa gen touris, pa gen moun ki vin nan otèl la. Pa gen okenn rezon pou yo ret louvri

Best Western pa sèl otèl ki viktim. 17 oktòb 2019, plizyè manifestan te atake otèl Mont-Joli ki nan Okap. Akoz sa, responsab yo deside fèmen pòt yo.

Menm jan an tou, anpil otèl nan zòn Kot Akaden an tou fèmen pòt yo akoz moman difisil y ap pase. Nan sid peyi Dayiti, tout otèl oblije fèmen pòt yo. Men, yo pa sòti nòt ofisyèl, selon Raina Forbin.

Prezidan ATH la kontinye esplike : «se vrèman domaj kote gen etablisman ki gen renome aletranje konsa  k ap fèmen pòt yo. Sa dekouraje envestisman etranje nou bezwen anpil la pou fè redemare endistri touristik la.»

Galri ki espoze atis yo nan difikilte pou yo fonksyone tou

Maria Isabelle se pwopriyetè « Galerie d’art Collection Flamboyant » ki chita kò l nan Petyonvil. Li di : «M te di mwen t ap fèmen depi mwa jiyè. M kenbe toujou se pou lanmou ak pasyon. Men bagay yo di anpil. Pa gen moun ki vin vizite espas la. Se tankou tout enpòtans yon galri disparèt nan peyi a ».

Tout tablo yo ranje. Men pa gen piblik pou vin achte yo. Pou Maria Isabelle, « Peyi a gen pwoblèm nan tout kò li. Sa menm afekte nou menm ki nan zafè galri yo. Fè yon galri viv san vizitè se yon gwo chay li ye.»

Se pa sèlman galri sa ki gen pwoblèm nan peyi a. «Galri Nader gen pwoblèm tou pou li fonksyone akoz pa gen moun ki vin vizite espas la», se sa youn nan responsab ki te sou plas jou ki te lendi 2 desanm nan fè konnen.

Se menm jan sa ye pou « Galri Sant Da » nan vil Jakmel. Lamitié Jhwins se yon pent, dansè ak youn nan responsab galri sa. Li presize, touris pa vini. «Se goumen n ap goumen pou nou rive kenbe toujou paske nou renmen sa n ap fè a. Depi pa gen touris, pa gen galri, atis yo tou p ap ka jwenn lajan.» Kòm rezilta, pent ak responsab galri yo pèdi kliyan.

Sa koz anpil moun tonbe nan chomaj

Patwon etablisman yo oblije fè anpil anplwaye kanpe travay pou yon tan. Oubyen, yo revoke yo nèt. Raina Forbin di, gen yon rediksyon plis pase 50% nan anplwaye ki gen nan sektè a. «Plizyè milye moun pèdi travay yo. Sa mennen anpil fanmi nan detrès.»

Patwon etablisman yo oblije fè anpil anplwaye kanpe travay pou yon tan lè yo pa revoke yo.

Otèl Best Western ki fèmen an vin fè gen 150 moun ki p ap travay dirèkteman. Tout se Ayisyen. San konte 500 lòt ki p ap travay endirèkteman.

Tout otèl ki renome nan peyi a ki pa rive fèmen, oblije retire nan anplwaye yo. Tankou otèl Karibe ki gen 11 lane nan peyi Dayiti. Yon fason pou rete fonksyone, responsab yo voye kèk anplwaye ale.

Ni tou, ajans ki konn lwe touris yo machin yo. Yo oblije voye kèk moun ale.

Bato Kwazyè yo fonksyone ak pipiti moun ?

Pou lane 2017 la, gen anviwon 707 000 kwazyeris ki vizite peyi Dayiti. Yo tout vini sou yon sèl sit touristik nan nò peyi a, ki rele Labadi. Ki diferan ak Sen Domeng ki gen 3 pò kwazyè.

Labadi se yon pò ki nan nò peyi Dayiti. Premye pò peyi a gen kapasite pou li resevwa 600 000 kwazyeris chak lane avèk « Royal Caribbean Cruise Line ». Li se yon mak kwazyè ki soti Nòvèj.

Pandan moman lòk la, sit touristik sa toujou ap fonksyone. Helène Alvès se yon kwazyeris fransè. Nan mwa oktòb 2019 la, li te vin nan Labadi. Li te vini nan kwazyè ki rele Royal Caribbean Cruise Line la.  Li eksplike « Se vre peyi a ap konnen anpil moman difisil, men sa pa vle di bato yo pa vwayaje. Lè mwen rive, m jwenn espas la trankil, tankou peyi Dayiti pa gen anyen.»

Marlène se yon responsab nan konpayi Royal Caribbean. Li pa deside site non li paske li pa la pou li pale nan non antrepriz la. Selon li menm, pa tèlman gen gwo enpak sou kwazyè yo aprè kantite moun yo ki bese. « Royal Caribbean vwayaje nòmalman nan lè li te konn vwayaje yo. Si gen yon bagay se petèt kantite manje ayisyen ki te konn vann nan kwazyè yo. Sa pwodiktè yo te konn ofri, ki te deja pat ase, vin pi piti.»

Sektè touris la pran pi gwo kou pase tout lòt 

Kesner Pharel  se yon ekonomis. Li fè konnen, « Sektè touris, nan anpil peyi nan mond lan, senbolize yon motè devlopman gras a ekonomi nan lajan etranje epi ak kreyasyon travay dirèk ak endirèk.»

Pa gen yon sektè ki pi frape nan ekonomi peyi a pase sektè touristik, se sa Enomy Germain ki se yon ekonomis fè konnen. « Sa vle di, tout chay pwoblèm peyi sa konnen, se sektè sa ki ap pi touche li.»

Pou dezyèm trimès 2019 la, selon ekonomis lan, aktivite ekonomik jeneral peyi a konnen yon dekwasans de 1,2%. Li ajoute : «Men sektè touristik lan pou kont pa li pote tout dekwasans sa. paske li reyalize yon kwasans negativ mwens 5,6% nan menm peryòd lan.»

Pou twazyem trimès la li menm, aktivite ekonomik peyi a konnen yon dekwasans mwens 0,1%. Li di : « Poutan, sektè touristik la li menm konnen yon dekwasans mwens 4,5%.»

Pou Enomy Germain, se yon gwo kou sektè sa resevwa. « Li difisil pou yon sektè ki pran kou nan eta sa leve rapid. Sa mande anpil travay. Paske touris se kesyon imaj li ye nan tout peyi.»

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *