EN UNEPOLITIQUESOCIÉTÉ

Kiyès ki mèt betiz Sweet Micky t ap di yo?

0

Apre sa k pase nan kanaval Okay la, anpil moun kritike Sweet Micky. Voye wòch sou reprezantan yon sistèm, pap detwi sistèm nan. Fòk nou aprann gade pi lwen pou n idantifye tout moun k ap kore sistèm nan.

 Pou desibèl yon cha kanaval rive atenn yon bann moun nan yon espas, gen yon depans ki pou fèt. Pafwa, djaz yo, lè yo pa gen mwayen, Leta ba yo cha. Si yo pa jwenn cha nan men Leta, yo al chache sponnsò nan men moun ki gen lajan oubyen biznis ki nan peyi a. Lè yon biznisman deside envesti lajan l nan yon aktivite, sa vle di, li retwouve l nan aktivite a. Li gen bon jan enterè nan sa k ap fèt la. Se yon fyète pou l asosye non l ak mak biznis li ak evenman an.

Nan fason moun fè biznis jounen jodi, souvan, yo pale de sa ki rele responsabilite oubyen angajman sosyal yon antrepriz. Sa vle di, antrepriz la, nan lajan l ap rantre, li ta dwe envesti yon pati ladan l pou ede kominote l ap fonksyone ladan l lan. Se konsa, yon antrepriz gendwa deside bay edikasyon bourad. Lè sa a, li envesti lajan nan konstriksyon lekòl, nan materyèl eskolè, bibliyotèk ak tout lòt enfrastikti ki nesesè pou moun aprann. Gen antrepriz ki chwazi envesti nan pwogram pou pwoteje anviwonman. Yo finanse pwojè rebwazman, pwojè asenisman ak tout lòt inisyativ ki gen objektif pwoteje anviwonman an. Konsa tou, gen antrepriz ki chwazi sipòte zèv kiltirèl, akonpaye atis, ekriven oubyen aktivite spòtif. Genyen ki finanse jounal, magazin, pwodiksyon fim ak dokimantè k ap enstwi moun, epi mete sou pye konkou k ap bay lakreyasyon bourad.

Domèn yon biznisman oubyen yon antrepriz chwazi depanse lajan l, depann de fason li vle oryante bagay yo nan kominote l ap fonksyone a. Sa vle di, yon biznisman ki chwazi envesti lajan l nan aktivite pèvèsyon tankou ti sourit, aktivite kote moun ap denigre moun, kote se dwòg, alkòl ak move pawòl k ap fè lalwa, biznisman sa a montre aklè vizyon li genyen pou l detwi moun nan kominote l ap evolye a.  Nan sans sa a, sa yo rele responsabilite sosyal antrepriz li a, tounen yon fòm iresponsabilite. Paske, jan de demach sa yo, okenn kote sou latè, pa pèmèt moun avanse.

Idantifye biznis ki finanse betiz nan kanaval la 

Si nou mennen lide sa yo sou kanaval ki sot pase Okay la, nou kapab idantifye kèk antrepriz ak kèk moun k ap simaye pwojè pèvèsyon nan sosyete a.

Nou tout konnen jan Sweet Micky vide betiz sou moun nan kanaval la. Anpil moun kritike l san yo pa pran tan yo pou yo gade pwojè ki gwoup moun l ap ekzekite nan ekzèsis simaye betiz la. Si nou gade cha betiz Sweet Micky a, n ap wè gen antrepriz ki pa jennen etale logo yo sou li. Menm jan tou, gen biznisman, politisyen, papa ak manman pitit ki pa jennen afiche figi yo sou cha a. Gen jounalis ki rapòte, ane sa a, moun ki gen lajan yo, se vide yo vide lajan sou Sweet Micky nan kanaval la.

Li lè, li tan pou n aksepte mete non ak figi sou responsabilite yo. Sa vle di kisa ? Chak fwa gen yon bagay ki fèt nan sosyete a, fòk nou rive idantifye ki moun ki dèyè bagay sa a. Moun sa a li gen yon non, epi li gen yon figi. Si nou vle konprann ki gwoup moun k ap bay pwojè betiz Sweet Micky a bourad, nou ka jis wè yo dèyè logo biznis ki aksepte finanse pwojè betiz la. Lè nou fin idantifye biznismann sa yo, na chache konnen konbyen fwa yo finanse pwojè edikasyon, pwojè lasante, anviwonman ak lakilti nan peyi a. Konbyen fwa pa ekzanp, nou tande biznis sa yo deside bay yon pwojè « musée » bourad nan peyi a ? Konbyen fwa nou tande yo achte yon koleksyon zèv gwo atis tankou Hector Hyppolyte, Basquiat oubyen Tiga, pou yo bay yon Musée konsève yo kòm patrimwàn kiltirèl nou ? Na poze tèt nou kesyon, poukisa se sa k ap di nan kanaval la, yo deside sipòte kòm swadizan lakilti ann Ayiti?

Kijan lajan ak pouvwa ka enfliyanse pratik yo

 Yon gran nèg ki deside depanse 50 a 100 mil dola nan yon cha kanaval, gen pouvwa pou l ekzije yon minimòm desans sou cha l ap envesti a. Pa ekzanp, li kapab pase kondisyon pou pa gen moun toutouni ki sou cha l ap envesti ladan l lan. Nan ka sa a, djaz la  ap chwazi pran lajan an, epi pap gen moun ki rete toutouni sou cha a. Oubyen tou, li pap pran lajan an si l pap obeyi ak kondisyon an. Se konsa tou, gran nèg sa a, gen libète pou l pa envesti lajan l nan yon pwojè ki gen betiz.

Nan kontèks ekonomik frajil djaz yo ap fonksyone a, li t ap difisil anpil pou yon gwoup refize 100 mil dola ameriken pou yon kondisyon ki senp konsa. Sa vle di kisa ? Lajan gen yon gwo enfliyans sou fason n ap oryante pratik nou yo. Pa gen manti nan sa. Yon lòt kote, nou ka di tou, moun ki gen mwayen lajan ak pouva nan sosyete a, gen posibilite pou yo oryante yon seri pratik nan sans yo vle.

Si chak ane, Ministè Lakilti ak gwo biznis nan peyi a te chwazi bay gwoup sponnsò sou baz kalite son ak pawòl ki nan mereng yo, gwoup yo t ap gen plis angouman pou bay travay ki gen bon kalite.

Nan sans sa, nou kapab di, si sosyete a ap degrengole, se pwojè elit li yo k ap ekzekite. Menm jan tou, si sosyete a ap pran jarèt, se pwojè elit yo k ap pase tou.

Nou ka pran ekzanp gouvènman peyi Sendomeng ki te entèdi yon konsè Miley Cirus, paske yo te estime atis la manke moralite pou yo mete l nan figi ti dominiken. Nan peyi pa nou, Monseyè Louis Kébrau te ankouraje prezidan Martelly mete kanson Sweet Micky sou li pou l ka fini manda l nan tèt Leta a.

Sweet Micky pa senpman pwojè sektè prive a

 Yon grannèg ki envesti lajan l nan cha Sweet Micky, chwazi fè yon envestisman politik jodi a. Envestisman sa a, pra l pèmèt yon ekip moun pran pouvwa a. Demen, se chèf antrepriz sa a, yo pra l prezante w kòm moun ki travay di, ki pwogresis, ki renmen lafanmi epi ki toujou travay pou avansman sosyete a. Yo ka prezante w li tankou bon kretyen, ki gen kalite pou l mennen bak peyi a byen. Se nan manti sa yo n ap pran jodi a, lè n ap gade kijan sektè ekonomik lan ap avanse pyon l nan pouvwa politik la. Nou gen ekzanp lan sou yon seri moun y ap avanse pou pòs minis ak premye minis.

Si nou panse ansyen prezidan peyi a se sèl koupab nan sa ki sot pase la a, nou fenk kare twonpe nou. Lavil Okay gen yon Majistra ki rele Gabriel Fortuné, ki se premye chèf vil la. Vi Okay gen yon komisè gouvènman ki rele Yvon Pradel, ki swadizan gadyen lamoral piblik Toude moun sa yo aksepte pou sitwayen Okay konsome betiz yon nonm ap debite pandan twa jou kanaval san yo pa pwoteste. Gen gwo patwon medya tou, ki kache dèyè libète laprès ak demokrasi pou bay pwojè devègonday yo gwo jarèt tou. Anpil fwa, nou minimize pwa laprès genyen nan sipòte sistèm pouri nou genyen jodi a. Laprès se yon gwo poto mitan pou sistèm nan byen chita.

Sweet Micky se pwojè Klèje Legliz katolik ayisyen an ak lig pastè pwotestan ki deside kore Mateli sou sèn politik la. Sweet Micky se pwojè Franmasonnri ann Ayiti, ki te ba l grad « Gran Pwotektè Lòd » la, malgre tout sa nou konnen yo. Sweet Micky, se pwojè sa nou rele « sektè vodou » òganize a, ki, lè l te nan chire pit pou chwazi yon Ati, te estime pèsonaj ki te gen ase sajès pou tranche se Michel Martelly. Sweet Micky a, se pwojè klas politik tradisyonèl la tou. Li fè manm li yo minis, premye minis, konseye chèf, diplomat ak palmantè. Gade pou n wè jan tout kategori moun sa yo toujou fèmen bouch yo sou tout deriv ki gen nan sosyete a.

Kijan nou dwe konbat bagay sa yo ?

Nou menm konsomatè gen gwo responsabilite nan fason n ap alimante pwojè sistèm nou pa renmen an. Konbyen nan nou, apre sa k fin pase Okay la, fè chwa pa konsome pwodui konpayi ki te sou cha Sweet Micky yo ? Konbyen nan nou ki rive fè biznisman sa yo santi nou idantifye yo dèyè pwojè kòripsyon y ap bay bourad la ?

Li lè, li tan, pou jèn ki deside fè bagay yo yon lòt fason, adopte nouvo zouti pou yo batay. Devlopman teknoloji yo, se yon bon kanal pou ekspoze nan je plis moun, moun k ap sipòte yon seri move zak nan sosyete a. Fòk nou itilize yo pou n mete NON ak FIGI sou responsabilite yo.

Malerezman, nan jèn jenerasyon an, nou gen anpil swadizan lidè, men nou poko gen militan. Lidèchip la, jan nou te di l deja, se yon jwèt voye wòch kache men, kote jenn gason ak jenn fanm ap chofe ban pou yon monte tèren jwèt voksal la yon jou tou. Anpil ladan yo gen patwon yo nan sa k ap pase la a. Si n vle konprann, jis gade fason silans yo fè sou mòd deriv sa yo nan sosyete a.

Men sa pa dwe dekouraje moun ki sou batay tout bon yo. Gwo chanjman an, se pa kantite k ap fè l, men se kalite. Gen yon minorite ki vle aji, ki toujou mete tèt ansanm pou reyalize tout gwo bagay nou wè ki fèt nan listwa. Sa k ap pase sou Ayiti a, se yon moman nan listwa nou. Dinamik listwa aprann nou, bagay yo pa janm rete menm jan tout tan. Fòk gen yon kowalisyon moun debyen ki fèt pou libere peyi a anba grif vakabon.

Ralph Thomassaint Joseph

Commentaires

Ralph thomassaint Joseph
Directeur de la Publication à AyiboPost, passionné de documentaire.

    Haïti doit se guérir de sa dépendance à l’Aide Internationale !

    Previous article

    Skallelluia !!!!!

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost