EN UNESOCIÉTÉ

Kisa Ayiti ka fè pou jere fenomèn blokis la?

0

Blokis se yon fenomèn anpil moun, Ayisyen k ap viv Pòtoprens espesyalman, abitye ak li nan zafè transpò, men sa pa vle di se yon fenomèn ki senp. Ou jwenn li toupatou, soti sou wout machin ap woule rive nan « blokis » ki konn genyen nan liy moun ki ap tann labank. An reyalite, depi se kote dewoulman evènman yo ap suiv yon lòd (tankou yonn dwe fini pou lòt la tanmen), ou kapab toujou bare ak fenomèn sila a. Sa ki lakoz li yo anpil, menm jan ak konsekans li yo. Plen zouti teyorik ki pèmèt nou founi je gade pwoblèm sa a (egzanp, « théorie des files d’attente »), pafwa yo sèvi ak matematik pou fè sa. Nan atik sa a, nou pwopoze yon analiz, dapre nou, ki tou nèf sou fenomèn sa a. Analiz lan pran rasin nan yon teyori ekonomik ki rele teyori kou[1] tranzaksyon. Kou tranzaksyon yo se yon seri depans, gaspiyay tan oswa lajan, ki pa antre nan pri pwodui yo oswa sèvis yo. Depans sa yo blije fèt sou kote, lè genyen de moun oswa de kan ki ap fè yon boukantay nan ekonomi an (sa vle di, yon tranzaksyon). Se Ronald Coase [1], Pri Nobèl ekonomi, ki te premye fè ekonomis yo konprann enpòtans ak konsekans egzistans depans sou kote sa yo. Tankou, si yon moun vle achte yon machin, tan li pèdi nan chèche ki machin ki pi bon parapò ak kote djakout li kapab rive a, se yon kou tranzaksyon. An jeneral, ekonomis yo pa foure pri transpò yo nan kategori depans sa a. Dayè, transpò a poukont li se yon tranzaksyon. Nou menm, nan analiz nou an, se vre pri transpò a pa yon kou tranzaksyon, men nou eseye konprann kòman blokis la kapab yon sous kou sa yo nan zafè transpò. Apre sa, nou chèche solisyon sou baz teyori kou tranzaksyon an, paske si nan yon ekonomi te kapab pa genyen kou tranzaksyon ditou, se t ap sa nèt ! Nou baze nou sou obsèvasyon nou fè apati egzanp trajè ki konekte Kafou (Estasyon « Saint-Charles ») ak Lavil la (Estasyon « Rue des miracles » la), nan Pòtoprens.

Peye yon chofè taptap pou li pote ou soti yon kote rive yon lòt kote, se yon tranzaksyon. Pri trajè Kafou-Lavil la nan moman atik sa ap ekri a se ven (20) Goud. Sa konn rive chofè taptap ki ap chaje yo monte pri a kareman lè genyen yon blokis tèt chaje. Men diplis sa a yo konn fè pasaje yo peye a, pou nou, pa yon kou tranzaksyon, paske li tou antre nan pri sèvis la. Genyen moun ki aprann nou, sou machin prive, ou apenn bezwen kenz (15) minit pou ou fè wout la lè pa gen blokis. Epoutan, plizyè fwa sa rive pasaje pran de (2) èdtan nan wout : blokis se yonn nan rezon ki lakoz sa pi souvan. Nou kapab pran tout tan anplis sa a nou fè sou wout la tankou yon kou tranzaksyon. Menm si se pa lajan ki sot nan pòch moun yo, se tankou yon depans li ye paske tan sa yo fè bloke anndan machin nan, yo te kapab sèvi ak li pou yo fè yon lòt bagay (fè kòb, etidye, elatriye). Yon lòt kategori depans sou kote nan trajè sa a lè moman blokis, se tan anplis moun pase ap tann machin nan estasyon ak enèji yo depanse nan monte desann chèche machin (depans nan chèche enfòmasyon). Chak fwa yon chofè deside pote yon pasaje, se tankou yo te siyen yon kontra chofè-pasaje ki fòse chofè a mennen pasaje a kote li vle rive a epi ki fòse pasaje a peye chofè a pou sèvis la. Men kontra sa a konn kraze bridsoukou akoz blokis : chofè a konn deside kase tèt tounen paske li dekouraje, sitou lè li gentan touche nan men pasaje yo. Konsa tou, genyen pasaje ki konn deside desann taptap la pou yo bat beton an apye, sitou lè yo pa te ko peye chofè a. Nan tout ka sa yo, kou tranzaksyon an parèt sou fòm yon divòs nan kontra chofè-pasaje a. Pasaje konn depanse anpil enèji tou nan chèche konvenk chofè a pou li respekte angajman li (mande li pou li eseye pase nan lòt wout, bay presyon oswa ankourajman pou chofè a pa lage yo nan wout). Tout sa yo se egzanp kou tranzaksyon nan trajè Kafou-Lavil la. Si nou te mezire yo an Goud, nou ta kapab sezi wè jan yo lou.

Teyori kou tranzaksyon an, pou li rive esplike rezon ki fè kou tranzaksyon yo egziste, fè kèk ipotèz sou konpòtman moun yo. Dapre teyori sa a, moun yo kapab afiche yon konpòtman opòtinis, egzanp, aji tankou pwofitè, dasomann, woulibè oswa blofè, depi yo jwenn okazyon. Tankou, si yon chofè kase tèt tounen nan mitan yon blokis san li pa remèt pasaje yo kòb la, sa a se yon konpòtman opòtinis. Sa pa vle di tout moun nan tout sikonstans toujou opòtinis, sa senpman vle di nenpòt ki moun KAPAB aji konsa. Kifè, se yon reyalite nou pa kapab neglije. Yon lòt mak fabrik moun : dapre teyori sa a, pèsonn pa janm kapab fin 100% lojik nan tout desizyon li ap pran. Kapab se akoz genyen enfòmasyon nou manke, gen dwa tou se poutèt kapasite sèvo nou genyen limit. Lè konsa yo di nou genyen yon rasyonalite ki limite. Blokis yo poukont pa yo, kèk fwa, se konsekans yon bann ti chwa ki pa fin lojik : plis chofè yo ap chèche mawon blokis la, se plis li ap mangonmen.

Teyori a di nou tou tranzaksyon yo genyen yon seri karakteristik ki kapab yon sous depans sou kote. Genyen yonn ladan yo ki enterese nou espesyalman, se ensètitid la. Kondisyon wout trajè Kafou-Lavil la kapab chanje nan yon kadè : yon senp ti lapli kapab kreye gwo kafouyay nan nivo Matisan. Epi, ou pa janm fin konnen si ou ap jwenn machin, kilè ap genyen rate machin. Yonn nan konsekans ensètitid sa a, moun ki pral pran machin pou yo kapab ale nan yon randevou (lekòl, travay, elatriye) souvan dekouvri swa yo te deplase twò bonè (lè pa genyen blokis) swa yo te deplase twò ta (lè blokis la pi rèd pase sa yo te prevwa a). Tout koze kou tranzaksyon sa a anpeche ekonomi an byen fonksyone, paske se yon gaspiyay tan, enèji ak lajan li ye. Teyori a aprann nou tou, moun ki konsène yo ap genyen tandans òganize yo yon fason pou kou tranzaksyon yo pi piti toujou, depi yo kapab [2]. Kòman chofè ak pasaje trajè Kafou-Lavil la òganize yo ? Ki karakteristik òganizasyon sa a ? Èske li bay bon rannman? Teyori kou tranzaksyon an, granmesi travay moun tankou Oliver Williamson [3], ki se yon Pri Nobèl ekonomi tou, aprann nou genyen twa gwo wòch dife nan tout fason yo òganize tranzaksyon yo : 1) fason moun yo eseye adapte yo lè genyen pwoblèm 2) dwa kontra yo sèvi ak li a (règ jwèt la) 3) motivasyon ak kontwòl òganizasyon an pèmèt aktè yo jwenn nan tranzaksyon an.

Nan egzanp trajè ki enterese nou an, mòd adaptasyon an chita sou desizyon pèsonèl pi souvan, sa vle di lè genyen yon blokis aktè yo pa mete tèt ansanm pou jwenn yon solisyon. Chak koukouy klere pou tou je l. Chofè a pran desizyon pa li, pasaje a pran desizyon pa li san yo pa kole zepòl pou rezoud pwoblèm nan, menm si yo konn fè ti pale. Dwa kontra yo itilize a se yon kontra klasik kote règ ki pèmèt moun rezoud chirepit yo ta dwe lalwa ki egziste nan peyi a. Pa gen okenn lòt dokiman ki tabli règ jwèt la. Pwoblèm nan alèkile, se paske moun yo pa genyen garanti lwa peyi a oswa leta kapab rezoud chirepit ki konn genyen nan mitan chofè ak pasaje yo. Epi koutim yo, abitid yo ak presyon sosyal yo pa toujou ase pou rezoud yo nonplis. Se konsa, nou vin jwenn nenpòt ti blokis tounen yon okazyon pou genyen yon melimelo ki pa rete ak melimelo, sou ti trajè Kafou-Lavil sa a. Se vre blokis pa vann nan mache, men nou ap dakò blokis nou yo koute nou chè anpil.

Pou kesyon motivasyon ak kontwòl la, teyori a di nou an jeneral lè yonn wo, lòt la ba. Men, si tou de te kapab wo, se t ap sa nèt, paske t ap genyen plis kontwòl sou sa ki enpòtan pou tranzaksyon an byen fèt epi chak kan t ap motive pou jwe wòl pa li a. Tankou lè yon chofè deside lage pasaje yo nan mitan wout akoz blokis, se motivasyon pou li respekte angajman li te pran an ki fèb (sitou si li gentan touche), epi se paske pasaje yo sanse pa genyen okenn kontwòl sou tranzaksyon an depi yo fin peye. Nou p ap bliye tou, tout bagay sa yo se nan yon kad enfòmèl yo ap dewoule. Pa genyen okenn papye ki pwouve te genyen yon tranzaksyon ant chofè a ak pasaje a. Ki solisyon senp senp nou kapab imajine, sou baz analiz sa nou sot fè a, ki ta kapab kwape kèk nan depans sou kote ki ap toupizi pasaje ak chofè sou trajè Kafou-Lavil la ?

Pou kesyon dwa kontra a, si nou ap reflechi ak yon solisyon rapid li pa kapab nan nivo aplikasyon lwa yo (ki ta dwe anpeche chirepit epi, lè genyen, sèvi pou mete yon hola oswa sanksyone moun ki merite). Rapidvit, nou pito panse, se pou tranzaksyon chofè-pasaje a ta kite tras. Nan tranzaksyon sa a, moun ki kapab pèdi plis kòb la se chofè a : pi gwo lajan pasaje a kapab pèdi se ven (20) Goud li peye pou kous la si chofè a lage l nan mitan wout, poutan pi piti lajan chofè a kapab pèdi se ven (20) Goud sizanka se yon sèl pasaje ki desann san peye. Kidonk, solisyon an ta dwe soti nan chofè a epitou se pasaje a ki ta dwe pote pifò nan risk lan : pi souvan gwo blokis Kafou-Lavil la kòmanse blòk Matisan osnon sou wout Bisantnè a. Kidonk, anvan li rive nan zòn sa yo chofè a (osnon kontwolè a) ta dwe touche nan men tout moun ki la deja ak nan men tout moun ki ap monte machin nan. Oswa tou, li kapab touche nan men tout moun depi nan estasyon. Prensip lan se fè tout moun peye anvan li rann sèvis la oswa anvan yo rive nan blokis la. Men nou panse tou genyen bagay chofè yo ta dwe fè pou kreye konfyans lakay pasaje yo epi ba yo garanti, blokis pa blokis, chofè a p ap kase tèt tounen nan mitan wout.

Egzanp, chofè yo ta kapab enprime ti papye oswa katon ki plastifye (sa pa koute chè), soti twa koulè rive sèt koulè (yon koulè pou chak jou), ak non chofè a sou li oswa nimewo plak machin nan. Chak fwa yon pasaje monte machin nan yo t ap ba li kenbe yonn nan ti kat yo, epi lè li ap desann, li t ap jis remèt kontwolè a li, oswa chofè a. Si li ta bliye remèt li tou, se pa t ap grav, paske chofè yo touche depi nan moman pasaje a ap monte taptap la. Ositou, chak jou, t ap genyen yon koulè kat pasaje yo pa kapab prevwa. Lèfini, si yon pasaje ale ak kat la, se pa t ap yon gwo pèt pase sa lè nou konpare li ak avantaj yon sistèm konsa te kapab pote. Konsa, pasaje yo t ap menyè santi yo genyen yon ti pouvwa tou sou chofè a. Men sa ki pi enpòtan an, se repitasyon chofè a ki t ap sanlè sal si li mal konpòte li pandan pasaje yo genyen enfòmasyon sou li oswa sou machin li an. Sa te kapab tou rezoud pwoblèm motivasyon chofè yo pou yo respekte angajman yo. Yon lòt bò, sa t ap bay ni chofè (poutèt yo touche kous la depi nan kòmansman tranzaksyon an), ni pasaje (poutèt yo genyen enfòmasyon ak pouvwa sou chofè a ak ti kat yo genyen nan men yo a), plis kontwòl sou tranzaksyon an. Sa montre nou genyen yon makonnay ant kontwòl ak motivasyon toutbonvre. Boutofen, lòt wòch dife a, ki se adaptasyon an, t ap jwe wòl li tou paske li kapab pi fasil pou moun yo kole zepòl nan blokis yo si tranzaksyon an chita sou konfyans epi si chak moun santi pa gen pèsonn ki sanlè mete pye sou enterè li.

Pou nou fini, nou panse chofè yo te kapab bezwen ankadreman sendika yo a ak pa sèvis Sikilasyon an nan lapolis. Pou rive kreye yon sistèm konsa, oswa nenpòt lòt sistèm ki nan menm lespri a, bourad aktè sa yo te ka itil anpil. Règ yo bezwen pi klè. Epi, ni chofè ni pasaje dwe santi yo kè pòpòz. Yon lòt bò, leta dwe pran wòl granmoun li (nan fè plis wout, nan kreye kondisyon pou tou rego yo pa bouche, nan tabli bon sistèm jistis, nan fè lwa yo ak règ jwèt yo respekte, elatriye), pou blokis sispann koute tèt nèg, pou tout pwoblèm transpò Ayisyen ap viv yo jwenn solisyon ki dire, pou moun ka vwayaje alèz tankou Blèz.

 

[1] Menm si nou konnen yo pa di “kou” an kreyòl nan sans sa a (yo plis di depans), nou chwazi sèvi ak mo sa kanmenm nan atik sa a.

 

Stevens AZIMA

http://kreyonomi.wordpress.com

(1) Coase, R. H. (1937). The nature of the firm. economica, 4(16), 386-405.

(2) Peterson, H. C., Wysocki, A., & Harsh, S. B. (2001). Strategic choice along the vertical coordination continuum. The International Food and Agribusiness Management Review, 4(2), 149-166.

(3) Williamson, O. E. (1991). Comparative economic organization: The analysis of discrete structural alternatives. Administrative science quarterly, 269-296.

Anpil mèsi pou: Ketsia Clergé

Commentaires

Pourquoi le public haïtien se fout pas mal de Gourg ?

Previous article

L’UEH, la poudrière qui ne dérange pas

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost