SOCIÉTÉ

Ki wòl mizik jwe nan relijyon Vodou a?

0

Nan vodou a, mizik se prensipal mwayen pou transmèt konesans

Mizik se yonn nan mwayen pou transmisyon kwayans vodou, soti nan yon jenerasyon ale nan yon lòt. Genyen 401 lwa ofisyèl nan Vodou ayisyen an. Pou chak antite sila yo, genyen yon kantite mizik.

Erol Josué se direktè Biwo nasyonal etnoloji. Li se chantè, dansè, e se yon pratikan relijyon vodou. Dapre li menm, repètwa mizik vodou yo anpil. « Pèsonèlman, mwen konnen plis pase 5000 chante vodou. Mwen ka bay 25 chante sou Ogou, sou Lasirèn, elatriye. Nan yon seremoni, tou depan ki Lespri ki la, ou ka chante omwen 5 chante pou li menm sèlman. Si li rete pandan inèdtan pa egzanp, ou ka chante pandan tout tan an. »

Dapre direktè biwo nasyonal etnoloji a, ki pral soti yon albòm mizik, vodou a plis ke yon senp relijyon ; li se yon fason pou viv. Se pou sa mizik enpòtan ladan l. « Filozofi yon mizik vodou ka suiv ou lontan. Li ka la pou yon jou, li ka la pou anpil tan. Lè konsa nan tout sa w ap fè ou eksperimante mizik sila a. Mwen menm pa egzanp mwen gen mizik ki mache ak mwen pou lavi m, paske m se yon konbatan. Mizik sa yo bay fòs. »

Rit, sans ak son

Mizik vodou yo anpil, men yo chak koresponn a yon divinite osnon yon sitiyasyon. Repètwa Vodou a divize an 3 gran rit: rada, kongo, petwo. Chak rit sa yo gen lwa pa yo, ak mizik pa yo. Rit rada a ak kongo a, dapre Erol Josué, soti an Afrik. Se esklav yo ki te vini ak yo pa bò isit. Men rit petwo a ka konsidere tankou yon rit kreyòl.

« Vodou a genyen yon seri onomatope, dapre Erol Josué. Se yo menm ki kòmanse tout mizik, ak tout seremoni. » Se pou sa kèk mizik kòmanse ak mo ki di : « Bila bila kongo, lè bouda fache kote l chita, atè. » Dapre Erol Josué, bila bila kongo a se yon fason pou salye, nan rit Petwo a. Nan lòt rit yo, gen lòt tip fòmil. Pa egzanp, nan rada a yo di “Ayibobo”, nan kongo yo di “Swa kongo”. Se nan rit petwo a ki genyen yon onomatope tankou “Bilolo”.

Li tou: Men poukisa mizik Boukman Eksperyans ak Rasin Mapou pa sanble

Tou depan rit la osnon lwa a, mizik yo pral genyen yon leksik espesyal. « Vodou a gen yon regleman, dapre Erol Josué. Se tankou litiji, si n ap pran egzanp sou legliz katolik. Tout rit ak rityèl yo klase. Pa egzanp mizik gede yo gen anpil sèks ak mo ki gen rapò ak sèks. Mizik Ogou yo la pou bay motivasyon, paske Ogou se lwa latè ak dife. Mizik Èzili yo plis pale lanmou, men an menm tan sa pa vle di pa gen ladan yo ki bay motivasyon pou batay tou. »

Se apati rit la mizisyen yo deside kijan pou son yo soti. « Genyen tout yon konesans nan rit yo. Parigol se yon rit ki gen rapò ak lasirèn. Li gen menm son ak lè timoun ap tire lobe nan larivye.»

Imaj sosyete a

Mizik vodou yo mache men nan men ak sosyete a, selon Erol Josué. Yo rakonte Listwa, soti nan peryòd esklavaj la rive nan peryòd modèn n ap viv konnya a. Men, sa pa vle di tout mizik yo pa gen okenn sans ki kache deye yo. « Mizik yo chaje bagay ki sekrè nan yo. Gen bagay se yon inisye ki ka pi byen konprann yo. Men an menm tan, mizik yo aksesib. Yon moun k ap viv yon sitiyasyon ka konprann yo. »

Gen kèk mizik ki popilè anpil nan vodou a. Yonn ladan yo pale de minis Zaka ki se « minis agrikilti ak travay » nan panteyon vodou a. Se li menm ki la pou defann koz peyizan yo.

Li tou: Èske w konnen ki travay Biwo Nasyonal Etnoloji ap fè ?

Dapre direktè biwo etnoloji a, mizik Zaka yo denonse enjistis sou tout fòm ki fèt sou peyizan yo. Poutan, malgre nan mizik la yo di « peyi yo pou yo y a fè sa yo vle », pa genyen okenn abandon, dapre Erol Josué. « Lè mizik la di Zaka Mede chita la ap gade yo a, se pa demisyone li demisyone. Se suiv l ap suiv. Paske se li ki sous la, li konnen y ap tounen kote l kanmenm.»

Mizik yo konn parèt vyolan tou. Pa egzanp : « Pral tann pèlen m O Bondye, m ap reziye m jan l pase l pase  ». Se paske, dapre direktè biwo etnoloji a, lè gen vè ki dwe kase, l ap kase. Anpil moun panse mizik vodou yo la pou tire pwen yonn sou lòt. Dapre Erol Josué, li nòmal paske se imaj sosyete a tou.

Lot tèm

Menmjan ak anpil relijyon, vodou a genyen repètwa pa li pou li pale de lanmò. Men mizik sila yo ap reflete kwayans ak konsepsyon vodouyizan yo genyen sou sijè a. « Vodouyizan an pa wè lanmò tankou se yon lafen, oson yon fado. Men pito li se yon pasaj », dapre Erol Josué.

Genyen yon rityèl espesyal pou lanmò nan relijyon an. Li rele gbohoun. Nan kèk kote nan peyi a li gen lòt non. Nan latibonit, li rele kase kanari. Selon Erol Josué, se kase y ap kase chenn pou voye defen an ale.

Li tou: Le dangereux amalgame entre superstition et santé mentale en Haïti

« Gen moun ki kriye nan seremoni sila yo, men se plis pa abitid. Men pou nou, lavi moun nan poko fini vre. »  Yonn nan mizik repètwa Gbohoun an di: « Nan dlo yo rele l, podyab pòv malere. » Dapre direktè biwo etnoloji a, pòv malere a se pa moun nan ki mouri a, men se moun li kite yo.

Malgre nan kèk mizik, sitou gede, vodou a parèt gen yon move rega sou fanm, Erol Josué pa panse se sa. « Vodou a mande respekte tout moun. Gen 51 fòm Ezili nan relijyon an e yo chak se yon omaj a fanm. Se nan vodou a w ap jwenn Sanite Belair, Marijann, Claire heureuse etc. Yo gen plas yo ladan l. »

« Se lwa yo ki vini ak chante yo »

Gen plizyè fason yo rele yon moun k ap chante mizik vodou. Yonn nan fason sa yo, se houndjenikon. Moun sila a pa deside konsa konsa pou li vin chante.

« Pafwa, nan yon seremoni yon moun ka chante on chante paske gen yon bagay ki enspire l, ou panse se li ki fè chante a men se pa sa. Se lwa yo ki vini ak chante yo, nou menm nou mete ti pati pa nou ladan l, tou depan zòn nan. Sa rive souvan, sitou lè m te piti, pou yon moun vin chèche yon pawòl nan men lwa a. Lè konsa, li konn reponn ak yon chante. »

« Kòm vodou a gen regleman, chak moun genyen inisyasyon li pa rapò a responsabilite li genyen. Chante a, se yon apel li ye. Depi timoun nan piti l ap chante, li konn tout mizik yo, l ap grandi l ap aprann. Jis li ka yon houndjenikon.»

Commentaires

Jameson Francisque
Linguiste. Journaliste. Passionné de technologie. Je m'intéresse à la politique et à l'économie. Ah, j'écris aussi un peu de poésie, histoire de faire passer la vie.

Et si les contes haïtiens disparaissaient ?

Previous article

Les chaudières d’Haïti sont très demandées aux Bahamas et en RD

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost