CULTURE

Men poukisa mizik Boukman Eksperyans ak Rasin Mapou pa sanble

0

Rasin se ekspresyon mizikal ki pi ansyen nan peyi Dayiti. Chak gwoup jwe l nan fason pa yo. Gen moun ki panse se yon bon bagay, gen lòt ki panse se pa nòmal

Ou konn tande mizik Rasin ? Ann fè yon egzèsis. Ann pran Rasin Mapou (Azor) ak Boukman Eksperyans (Manzè ak Lòlò). Tou 2 gwoup sa yo jwe menm tandans men son yo pa sanble.

Se paske rasin Mapou jwe mizik vodou ki nan seremoni lwa yo san enstriman elektrik. Boukman eksperyans li menm jwe menm vodou a men ak yon ritm ki plizoumwen varye.

Kisa Rasin nan ye nan li menm ?

Selon Tilou Jean Paul ki se yon moun ki konn mizik, « mizik Rasin se ritm nou erite nan Lafrik. Li melanje ak mizik ki te deja ap jwe sou bout tè a ak prezans endyen yo. Depi epòk esklavaj se mizik sa yo ki te toujou ap jwe nan peyi a. Se yo djaz yo te konn jwe tou jiska nesans konpa a nan ane 55 yo ».

Tilou Jean Paul fè konnen lè Konpa a vin parèt mizik Rasin nan pat mouri pou otan. « Te gen gwoup fòlklorik ki te kontinye jwe mizik sa yo ki pat janm sispann jwe nan peristil ak seremoni vodou. E, paradoksalman, se nan moman sa yo, yo komanse jwe nan legliz katolik », toujou Tilou k ap pale.

Pou Sanba Yanmba Ye ki se atis, non “Rasin” mizik la pote a se paske li soti nan orijin pèp ayisyen an. « Menm jan nou te ka di Blues se mizik rasin ameriken. Vodou a se mizik rasin pa nou ».

Li tou: Men poukisa pa gen manifestasyon san mizik an Ayiti

Rasin nan te pran ekspansyon nan ane 90 yo avèk Ram, Koudjay, Boukman eksperyans, Chandèl pou nou site sa yo sèlman.

Tout gwoup sa yo pa jwe menm jan. Genyen ki chante pou fè lwanj pou lwa yo tandiske gen lòt ki chante pou deplore sitiyasyon sosyo-ekonomik ak politik moun k ap viv nan peyi a. Gen gwoup ki rive fè tou de alafwa.

Èske li nòmal pou mizik rasin nan varye

Ann retounen nan egzèsis la. Boukman eksperyans jwe mizik rityèl nan lakou peristil yo. Men li ajoute yon ti Rock, yon ti Reggae pafwa menm Jazz ak Hip Hop. Rasin mapou li menm jwe rasin sèch, li pa melanje vodou a ak anyen.

Sanba Yanmba Ye fè konnen mizik la pa ta sipoze varye. « Anpil gwoup fè sa nou rele adaptasyon.  Adaptasyon an se lè yo pran mizik ki chante nan peristil yo jwe l ak lòt enstriman. Yon pran Jazz a Rock yo mete nan mizik la. »

Li tou: Le cinéma haïtien renaît sur YouTube

Daprè sanba a gwoup ki fè sa yo se paske yo pè jwe mizik la jan li ye a. Li fè konnen vodou a se idantite nou, nou ta sipoze fyè pou nou chante l. Atis la gen yon dènye albòm li soti ki gen 12 tit san aranjman ak enstriman elektrik.

Mizik yo pa varye vre

Tilou Jean Paul sou bò pa l panse mizik yo pa varye vre. Li di se yon pakèt mizik diferan yo klase anban mo “rasin” nan paske yo gen menm orijin: Lafrik. Sa ta vle di gen plizyè mizik Rasin.

Tilou konseye pou n ta fè diferans ant mizik Vodou ki gen yon aspè relijye ak Rasin nan ki li menm pi laj. « Se jan yo jwe tanbou a ki pral detèmine si li rasin ou si l pa sa a. Djaz konpa yo te te konn fè melanj ant Konpa ak kèk ritm rasin, tankou Congo lè yo te fèk ap lanse. Dayè, m konn yon gwoup evanjelik ki jwe yon mizik Rasin. »

Yon sèl mizik rasin ?

Kontrèman ak Tilou, Sanba Yanmba Ye panse gen yon sèl mizik « Rasin » ki se sa li rele Vodou-Sanba.

Li ajoute se atis yo ki jwe l nan fason pa yo. Selon Yanmba Ye, vodou a rich ase pou gwoup yo jwe l pou kont li san konsepsyon etranje tankou Jazz. Atis la panse jan de varyasyon sa yo retire nan orijinalite mizik la. « Gwoup yo pran plezi jwe vodou Rock ak vodou Jazz. Alòske ann pran Jazz la ki li menm se mizik ameriken ki soti nan Blues, yo jis jwe l yon lòt fason. Se pa yon mizik lòt nasyon yo vin adapte ak Blues la. Se pwòp mizik pa yo a. »

Antouka varye ou pa,  mizik Rasin nan toujou la. Gen anpil emisyon ki jwe yo nan dènye tan sa yo pandan peyi a lòk la.

Laura Louis est journaliste à Ayibopost depuis 2018. Elle a été lauréate du Prix Jeune Journaliste en Haïti en 2019. Elle a remporté l'édition 2021 du Prix Philippe Chaffanjon. Actuellement, Laura Louis est étudiante finissante en Service social à La Faculté des Sciences Humaines de l'Université d'État d'Haïti.

Comments