CULTURESOCIÉTÉ

Èske w konnen ki travay Biwo Nasyonal Etnoloji ap fè ?

0

Biwo nasyonal etnoloji (BNE) se youn nan enstitisyon Leta yo. Travay li se klase, envantorye, prezève tout materyèl etnolojik, akewolojik ki sou tèritwa a. Se yon biwo ki ap travay san pran souf nan zafè pwomosyon patrimwàn kiltirèl Ayiti.

Se ekriven Jacques Roumain ki te pran desizyon pou li kreye biwo etnoloji a nan dat 31 oktòb 1941. Aprè lokipasyon amerikèn nan lane 1934, peyi a te pèdi anpil nan valè kiltirèl li yo. Selon sa direktè biwo a, Erol Josué, fè konnen, biwo a pral kreye nan yon kontèks kote Jacques Roumain te santi peyi a ap fè fas ak yon kriz idantite.

Ekriven ayisyen, Jacques Roumain. Foto : Wikipedia

Se premye biwo etnolojik ki te kreye nan rejyon karayib la nan epòk biwo sa a. Etnoloji se yon branch lasyans ki etidye orijin ak karaktè moun ansanm ak kilti yo nan yon kominote. Se avèk konkou vodouyizan nan katye La Saline ak vodouyizan nan zòn Laplenn biwo sa ta pral rive kanpe epi pran nanm. Lè sa a, biwo a te tanmen ak wòl akewoloji, antwopoloji.  Premye a entèrese etidye ansyen materyèl istorik lasyans rive dekouvri. Dezyèm nan etidye moun nan aspè sosyal, kiltirèl ak evolisyon yo.

Zansèt kèk enstitisyon

Nan lane 1984, diktatè Jean Claude Duvalier te fè yon arete prezidansyèl ki ta pral rekonèt biwo a kòm youn nan enstitisyon Leta yo. Arete sa fè biwo a soti nan faz biwo etnoloji pou l rive nan biwo nasyonal etnoloji. Estrikti biwo a monte konsa : yon administrasyon, yon mize ak yon bibliyotèk. Se yon enstitisyon otonòm ki fonksyone anba kontròl ministè lakilti.

Erol Josué ki se direktè biwo a kounye a wè nan enstitisyon sa yon zansèt ki vini ak anpil lòt enstitisyon nan peyi a.Travay biwo nasyonal etnoloji a te tèlman gentan pran jarèt, «yon pati nan koleksyon l yo ta pral sèvi kòm premye zèv lè ouvèti mize a nan lane 1984 », selon sa li fè konnen. Prezans biwo a pral bay nesans tou ak fakilte etnoloji, ki se youn pami 12 fakilte anndan inivèsite leta ayisyen an.

Laboratwa syans pèp la

Pi gwo wòl biwo a se travay sou kilti pèp ayisyen an. Vodou se youn pami gwo chabwak yo. « Se pa sèlman vodou a, tout richès kilti premye abitan tè Dayiti yo gen plas yo tou nan kokenn chenn kilti peyi a », Erol Josué rekonèt sa. Se rezon sa ki fè kounye a biwo a gen yon mize kote li klase kèk materyèl ki fè pati kilti peyi an. Pou direktè a mize a pa sèlman yon espas biwo a ofri moun pou gade ekspozisyon zèv men se sitou yon espas entèpretasyon kilti peyi a.

Biwo a rebatize ak yon ti non ki se laboratwa syans pèp la. Pou Erol Josué, enstitisyon an gen tout valè l pou nou paske l ap bouske, fè rechèch sou sosyete ak kilti peyi a pou pèmèt moun konprann kisa, kiyès ayisyen ye vrèman. Travay syantifik biwo a pwodwi nan sans sa a pibliye nan bilten biwo nasyonal etnoloji. Premye bilten sa te parèt nan lane 1942. Dènye a te sòti nan lane 2018 epi li te reponn ak kesyon sou kisa ki « sakre».

Yon biwo zoukoutap

Erol Josué fè konnen pa gen lajan vrèman pou biwo a ta mennen rechèch li yo. “Nou gen 34 milyon goud nan bidjè anyèl nou, ti ponyen lajan sa pa ka pèmèt nou fè etid, ekspozisyon, fouy ak rechèch ki enpòtan nan domèn nan”. Li ajoute pou l di li manke espesyalis nan domèn akewolojik, etnolojik ki pou ta bay biwo a bon jan bourad ak pwojè li yo.

Se toujou yon konkenn chenn pwoblèm pou biwo a fonksyone. Malgre tout difikite ekonomik, direktè a fè konnen, yo gen fouy ki ap fèt aktyèlman nan zòn Ilavach ak Okap. Fouy sa yo ap pèmèt biwo a jwenn kèk materyèl premye abitan tè Dayiti yo te konn itilize. Se ak konkou inivèsite Lieden travay sa yo ap fèt nan sektè akewolojik la.

 

Pwoblèm ekonomik konn fè biwo a pa ka achte nouvo materyèl ak liv pou bibliyotèk yo a. Pafwa se don ki konn pèmèt yo jwenn nouvo materyèl pou biwo a. Selon sa direktè a fè konnen, youn nan dènye don biwo a resevwa soti nan men Wole Soyenka, premye nwa ki te resevwa pri nobèl literati nan lane 1986.

Commentaires

Emmanuel Moïse Yves
Journaliste à AyiboPost. Étudiant en communication sociale. Je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

    Les musulmans haïtiens fêtent le ramadan

    Article précédent

    Le magazine d’information Challenges ferme ses portes

    Article suivant

    Commentaires

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost