Fè yon bann rara soti pa yon travay ki senp. 2 òganizatè fèt kiltirèl sa a te pale ak Ayibopost
Rara se yon fèt ki egziste nan anpil rejyon nan peyi a. Lè yon bann rara ap soti se tout yon manifestasyon kiltirèl ki deplwaye soti sou moun k ap mennen rara a rive jis sou dènye grenn mizisyen an.
Daprè animatè kiltirèl Jacques Adler Jean Pierre ki ap dirije rara Foula Vodoule ki egziste depi 30 lane, lè yon bann rara ap soti, gen anplis mizisyen yo, yon latriye lòt moun nan ekip la pou asire tout bagay pase byen. « Gen yon moun ki pot drapo rara a devan nèt ak kolonèl ki ap gide. Gen yon labanyè, plis yon mayestro ak yon moun k ap di mizisyen yo ki mizik pou yo jwe. San bliye majò jon an ki ret devan rara ki abiye plizyè koulè ap met animasyon devan bann nan. »
Ane sa a, akoz Kovid-19 la selebrasyon rara a pa t rive fèt jan sa a te prekwa. Se yon gwo kou pou anpil òganizatè ak responsab fèt kiltirèl sa a.
Towo Lakou, yon rara ki egziste Leyogàn depi 1929, se youn nan rara ki pa t soti pou peryòd pak la ane sa a. Sekretè jeneral bann nan, Frisnel Altiné ki gen 26 zan depi li ladann, fè konnen se premye fwa yo konnen yon moman konsa. « Akoz maladi kowonaviris la, Leta te mete entèdiksyon pou foul pa reyini. Rara reyini anpil moun, youn ka fwote avèk lòt. Epi se yon fèt li ye, moun ap bay lòt akolad , nou te oblije konprann», se konsa Altiné t ap pale.
Kijan yon rara òganize?
Selon Frisnel Altiné, rara kòmanse depi mèkredi dèsann apre kanaval pou bout dimanch Pak. Nan jedi, rara yo al fè liminasyon nan bitasyon yo. Towo lakou li menm reyini nan yon gwo lakou nan Leyogàn anba yon gwo pye mapou.
« Madigra fè yon mwa edmi. Apre madigra fin boule madi, rara balanse jedi. Samdi yo fè yon gwo soti kote yo vizite moun k ap fete yo. Demanbre y al fè limininasyon paske depi se kote ki gen moun k ap bwè k ap fimen, ka gen deblozay. Fòk ou avèti w ap vin manifeste rara. »
Depi mèkredi dèsann nan chak samdi ak dimanch, rara yo soti. Selon Frisnel Altiné nan tout jouk ki nan bitasyon an chak samdi anvan rara a soti fòk gen dife ki limen, fòk gen chandèl. Konsa yo limen yon gwo dife kote tout moun ap fè viwonn li avan yo soti.

Foto : Georges Harry Rouzier
Lè epòk karèm nan rive menm se fèt. Gen yon seremoni depi jedi sen, pou rive dimanch pak yo rele kav rara. « Lè sa a se yon rara ki al fete lakay lòt rara. Nan vil Leyogàn, gen 28 bann rara. Youn al fete ak lòt. Manje bwe, fimen. »
Pou Jacques Adler, se menm peryòd la men Foula Vodoule pa wè rara a menm jan ak rara Leyogàn yo. Konsa Jacques Adler pa konn mèkredi desann nan li menm se mèkredi li konnen. Pou li semèn yo rele sent la se semèn ayizan.
Konbyen yon rara koute?
Frisnel Altine deklare depi mwa jen ak jiyè gen rara ki kòmanse prepare repetisyon pou tann mèkredi dèsann. Pita pou yo kòmanse se mwa novanm oubyen desanm. Sekretè jeneral la fè konnen depi premye rasanbleman sa a depans rara a gentan kòmanse.
« Lè gen repetisyon pou ou monte mizik responsab rara yo dwe bay mizisyen yo manje ak bwe. Nou chante mizik tradisyonèl nan rara yo men nou konpoze nouvo mizik ak anpil bèl slogan se pou sa a nou toujou bezwen mizisyen. »
Dapre Frisnel Altine, pou yon sèl bann rara soti Leyogàn li konn bezwen yon demi milyon goud. Poutan Leta konn bay yon finansman ki pa depase 200 000 goud. Kob sa a selon Frisnel Alcine, pa ka menm peye 2 mizisyen.
Li tou: La consommation de viande de cheval se popularise en Haïti
« Nou konn gen 8 tanbourinè, n ap peye yo chak 40 000 goud. Konsa tou gen kalib mizisyen nou bezwen nou konn pa genyen nan bann nan. Si mizisyen sa a di l ap jwe pou 150 000 goud fòk ou te gentan met 75 000 goud apa pou ba li. Konsa ou mare pyel. Ou tou fè yon kontra avè l, pou si l kite bann pa ou a l al jwe ak yon lòt, pou l remèt kòb la. Epi gen fèt yo pou n òganize ki koute anpil.»
Toujou selon Altine, sektè prive a pa envesti nan rara jan sa fet pou kanaval. « Leyogan le nou pral soti nou ka bay kek moun ki gen biznis yon anvlop. Genyen ki konn bay yon 1000 goud, 1250 goud. Enstistisyon ki bay plis kob se mog yo, paske yo konnen yo ka jwenn moum. Moun ki gen boutik tou pafwa, paske lè n ap jwe, nou salye yo. »
Dapre dirijan Towo Lakou a, twaka èd rara soti nan dyaspora.Gen komite dyaspora nan tout peyi etranje kote ki gen anpil Ayisyen pou yo voye lajan pou rara kapab soti.
Jacques Adler Jean Pierre sou bò pa l di rara pa l la pa fonksyone konsa. Dayè li deklare Foula Vodoule kenbe tradisyon rara otantik la nan Lwès. « Nou pa itilize enstriman a kuiv tankou twonpèt, bonbòn, saksofòn tankou moun Leyogàn yo fè l la. Nou menm se banbou wozo a nou konnen, sa k sot nan tè a, tanbou a liy, petro ak yon tikès legèdèk, lanbi, klewon oubyen bwa twonpèt. Rara tradisyonèl la, se li nou leve jwenn. Sa moun yo ap fè Leyogàn nan se yon bon rara ki gate. »
Li tou: Des paris à 100 000 gourdes, Dezafi et autres petits secrets de la culture des combats de coq
Responsab Foula Vodoule a kontinye pou l di rara pa li se konbit ki reyalize l. Se pase pranm m ap pase chache ou. « Nou konn gen sponsò ki rete fidèl ak nou men se nan konbit nou kwè. Tankou la, yon zanmi ka fè nou kado yon galon kleren, yon lòt ka vle ban ou yon lòt kado, elatriye epi nou mache. »
Pi lwen Jacques Adler Jean Pierre di li enpòtan pou Leta ta dispoze yon fon ki la pou kreyasyon atistik konsa responsab rara yo t ap konnen yo gen yon kòb ki tou la.
Antouka Frisnel Altine ak Jacques Adler Jean Pierre mete yo dakò sou yon pwen : rara se yon eritaj kiltirèl, nou sipoze byen konsève l.
Laura Louis
Foto kouvèti : Georges Harry Rouzier
Comments