Bòn nouvèl ! Espesyalis medikal di gen tretman pou kansè nan tete. Men, tretman an depann de omwen senk faktè
Kansè nan tete lakòz 670 000 fanm mouri nan mond lan an 2022, daprè Òganizasyon Mondyal lasante (OMS). Se youn nan kansè ki touye plis fanm. Se pou sa, anpil òganizasyon k ap travay sou dwa ak pwoteksyon fanm konn lanse kanpay sansibilizasyon kont kansè nan tete, sitou nan dat 19 oktòb ki konsakre pou sa.
Kisa ki kansè nan tete a menm ? Kijan l manifeste ? Ki faktè risk yo ? Kijan w ka evite l ? Èske se yon maladi ki ka trete ?
Nan videyo jodi a, AyiboPost pote repons yo pou ou, byen senp.
Kansè nan tete se yon maladi kote gen yon kwasans anòmal selil mamè yo ki pral fòme yon boul oubyen yon mas chè ki rele «timè», daprè sa jinekològ epi espesyalis nan tete Joseph Vilaime Alexis eksplike AyiboPost. Lè pa gen anyen ki fèt, mas chè sa kapab devlope nan òganis lan, sa ki kapab bay gwo danje.
Anpil moun pa konnen kijan kansè nan tete a manifeste.
Tande byen ! Kansè nan tete a kapab manifeste sou fòm m sa yo depandamman de stad li gentan rive a :
Yon boul oubyen yon mas epi doulè nan tete a, yon boul oubyen yon gland anba bra, ekoulman san nan pwent tete a, yon gwo mas nan tete a ki fè absè, yon plaka nan pwent tete a tankou yon enfeksyon, (sa yo rele maladie de Paget a), yon plak sou tete a ki vin ba l aspè po zoranj.
Men sa konn rive pa gen sentom ditou; se apati yon konsiltasyon woutin lè yo fè yon mamografi yo konn dekouvri kansè a.
Kansè nan tete se yon maladi kote gen yon kwasans anòmal selil mamè yo ki pral fòme yon boul oubyen yon mas chè ki rele «timè».
Nan 15 a 20 % nan ka kansè nan tete, pa gen okenn sentom ki pou penmèt malad la konnen ke l fè kansè, daprè sa doktè Vilaime kontinye eksplike. Kidonk, yon rezon anplis pou fanm nan fè konsiltasyon regilyèman.
Èske gen yon tretman ki posib ?
Bòn nouvèl Medam ! Espesyalis medikal di wi gen tretman. Men tretman an depann de omwen senk faktè:
Pyemyèman : espesyalis yo ap gen pou pran an kont tip kansè nan tete moun nan fè a, paske gen plizyè tip. Nan jagon medikal la, yo pale de kansè Luminal A, kansè Luminal B, kansè HER2, epi kansè triple negatif.
Dezyèmman : tretman kansè a depann de stad maladi a. Gen stad prekòs epi gen stad avanse. Moun ki nan stad prekòs la gen plis chans jwenn gerizon.
Twazyèmman : sa depan de moman yo fè prizanchaj yo. Tank moun nan pran chimen lopital pi bonè, se tank li gen plis chans geri tou.
Katriyèmman : sa depann de plato teknik lopital la. Sa vle di, èske lopital la an mezi pou l fè tout egzamen yo (bilan, skanè, egzamen patoloji de pwent yo) epi ki gam tretman ki disponib yo tankou (chimyoterapi, radyoterapi, chiriji ak tretman dantretyen).
Senkyèm faktè a trè enpòtan, li depann de kapasite ekip medikal yo pou fè yon bon dyagnostik ak prizanchaj kòrek epi ki adapte pou chak tip kansè.
Nan 15 a 20 % nan ka kansè nan tete, pa gen okenn sentom ki pou penmèt malad la konnen ke l fè kansè.
Nan zafè kansè, anpil moun toujou ap doute sou gerizon definitiv. Èskè gen tretman definitif pou geri kansè nan tete a ?
Doktè Joseph Vilaime Alexis di nou, depandaman de tip kansè fi a fè a epi si l te gen chans fè dyagnostik la bonè, moun nan ka rive trete nèt. Men menmsi yon tretman kansè byen pase kote moun nan santi l nòmal, li oblije toujou al konsilte, fè swivi ak medsen yo, fè egzamen tankou skanè ak MRI ki se sa espesyalis yo rele «Imagerie par Résonance Magnétique», ki se youn nan egzamen radyolojik yo itilize pou fè depistaj kansè nan tete pou rasire yo maladi a p ap reparèt swa nan tete a ousinon nan yon lòt pati nan kò a. Se sa yo rele rechit la.
Nan zafè tretman kansè nan tete, nou konn remake yo koupe tete yo, kisa ki ta lakòz sa ?
Ebyen, sa rive si moun nan nan yon stad avanse oubyen si se tip tretman sa senpman ki disponib nan peyi moun nan ye a pou stad maladi a.
Apre nou fin tande tout koze sa yo sou kansè nan tete, kisa nou kapab fè pou n evite kansè nan tete ?
Espesyalis nan tete a, doktè Joseph Vilaime Alexis di, se pou nou chèche konnen faktè risk yo, sa vle di, bagay ki ka fè nou genyen kansè nan tete a.
Daprè sa l eksplike, faktè ki ogmante risk pou yon moun gen kansè nan tete se laj li : an jeneral, lakay fanm ki gen plis pase 50 lane yo. Anplis, si moun nan obèz, si l fè sik, si l abitye konsome anpil alkòl ak tabak, si l te fòme bonè, si l atenn menopoz li ta, si l konn travay lannwit (A wi ! Gen etid ki montre, travay lannwit lan debalanse yon sistèm ki nan sèvo a ki pral pwodwi yon sibstans ki ka vin fè moun nan devlope kansè nan tete).
Tretman kansè a depann de stad maladi a. Gen stad prekòs epi gen stad avanse. Moun ki nan stad prekòs la gen plis chans jwenn gerizon.
Si fanm nan konn ekspoze ak radyasyon, pa egzanp yon moun k ap travay nan yon sant radyoloji ki se kote yo fè yon seri egzamen tankou radyografi, si moun nan ekspoze pandan lontan ak reyon yo, li ka vin devlope yon kansè nan tete, si li gen fanmi l ki te fè kansè nan tete sa yo rele kansè a predominans jenetik yo, si l te konn swiv tretman òmonal apre l fin atenn menopoz li, si l te gen kis oubyen fibwòm nan tete.
Anplis de faktè risk yo ki enpòtan pou n konnen, nou dwe fè egzamen jenetik pou chèche mitasyon yo pou si toutfwa ou te gen yon pwòch ki te fè yon kansè.
Nou dwe kòmanse depistaj yo pi bonè tankou sonografi plis mamografi oubyen mamografi epi skanè MRI.
Nou dwe tou aji sou faktè risk ki depann de nou yo tankou obezite, dyabèt, alkòl ak tabak.
Li enpòtan pou n konsilte yon espesyalis nan tete pou l ede n evalye risk yo epi toujou fè konsiltasyon chak fwa nou santi yon bagay anòmal nan tete a. Lòt bagay, nou dwe kontinye suiv rekòmandasyon medikal yo si n te trete deja pou kansè nan tete.
Maladi yo pa fatalite. Nou dwe aprann sou yo epi swiv sa espesyalis nan domèn yo di nou.
Anfen Medam, nou kapab konbat kansè nan tete !
▶ Jounalis : Daphena Rémédor
▶ Montaj ak animasyon : Philicien Casimir
▶ Kamera : Sherlande Pierre
Pou rete konekte ak AyiboPost :
▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la
▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la
▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la
Comments