SOCIÉTÉ

Opinyon | Jean Casimir : «Nenpòt nan nou ka pase alenfinitif, nenpòt ki lè»

0

Men, se pa pou nou menm sèl, Bondye mete pwoblèm. Lagrandyab gen pwoblèm pa l tou nan lakou lakay li

Lagrandyab se you lougawou ki vole gwo lajounen. Kouman li rive fè sa ? Li kreye fè nwa nan tèt moun, kon sa l ka manje yo tou kri, lè l vle. Li annik pran yo nan you kout pa konprann.

Anakaona pa pèdi tan al mande Kristòf Kolon poukisa li vle fòk tout jan li tabli nan lakou lakay li. Mèt lakou Leyogàn nan pa bezwen konnen sa Kristòf Kolon pote. Sèl bagay ki enterese l : se kouman l ap fè pou Lagrandyab ba l talon ni. Kote madichon an kale, kote l prale, se pa afè larenn. Fò l demele l pou li rive bay ranvwa a you pinga.

Ou ka li tou : Opinyon | Jean Casimir : « Lang blan yo p ap pran peyi a pou yo »

Larenn mouri, san li pa janm konnen sa Lagrandyab t ap chache. W a di m : Anakaona pa t dwe asepte mouri konsa. M a reponn ou : li pa ta mèt lakou a ankò. Li kanpe pou lakou l. Li pa mouri pou dan griyen. Li pa menm mande Lagrandyab ki sa l ap chache. Li deja konnen nèg sa a pa ka di laverite. Dayè, li p ap ka konprann kouman you moun sot lakay li byen pwòp, pou l al manje ka vwazen sa k pa pou li, san vant li pa janm ka plen. You kalite aloufa konsa depase antandman tout kretyen vivan.

Lagrandyab se you lougawou ki vole gwo lajounen.

Lè Kristòf Kolon deklare sa l ap chache, se konprann menm Anakaona pa fouti konprann. Se pou tèt sa, dapre Lagrandyab, Anakaona inyoran, li pa konn anyen, li pa ka konn anyen, li p ap chache konn anyen, li pa vle konn anyen. Kanta Anakaona, pwoblèm ni se jwenn kouman pou l wete adipopo a nan lakou a. Sa l wè blan ap fè, kont pou li; se pou l rele chalbari dèyè yo. Li pito mouri, tan pou l kite Lagrandyab pran l pou ranyon, pou machpye l.

Ou ka li tou : Opinyon | Lagrandyab ak lang pèp souvren

Lagrandyab di w kareman : si Ayiti fè fon anba lanmè, osnon si l monte pi wo anlè grandlo, sa p ap afekte enterè l. Donk, si l fè you jan pou lapolis pa jwenn zam ni lòt mwayen pou mete lòd nan peyi a, alòske li bay Ikrèn sa l bezwen, se paske Ikrèn ap mete you lòd ki nan enterè l. Lòd an Ayiti, lòd Ayisyen konprann, pa enterese Baydenn ak Kò Gwoup. Yo louvri de bra yo pou resevwa milyon ven refijye Ikrenyen k ap kouri pou Larisi. Men, y ap fann nan ke san grenn Ayisyen k ap kouri pou grangou ak ensekirite ke yo menm menm ap sitire. Ki mele yo nan grangou chen ? Si w kwè m manti, al mande Klintonn sa k pase ak diri Latibonit la ! Al mande Kò Gwoup kote kòb Petwo Karibe a pase !

Ou p ap janm rive defann enterè Lagrandyab pi byen pase l. Obama di w : se prezidan Ameriken li ye, li pa prezidan pa w. L ap vale w floup, oubyen l ap pilonnen w anvan l manje w. L ap souse san w ak elegans osnon san elegans, men l ap souse san w kanmenm.

Ou ka li tou : Opinyon | Jean Casimir : «Bal fini»

Nou menm, nou pa pi espesyal pase sa; epi se pa premye fwa malè konsa pandye sou tèt nou. Tayinòs yo mouri anvan lè yo. Pou anpeche 1804, blan te bay lòd koupe tèt nou tout. An 1915, merin-kò vannen kako. Nenpòt nan nou ka pase alenfinitif, nenpòt ki lè.

Men, se pa pou nou menm sèl, Bondye mete pwoblèm. Lagrandyab gen pwoblèm pa l tou nan lakou lakay li. Mache chache pa dòmi san soupe. An n pale ak tout malere kèlkeswa kote yo ye. Sa ap pran tan. Men, fò n sonje : baryè ladwann te di pi rèd, sa pa anpeche pipi vagabon filange l…

© Imaj kouvèti a : « Jean-Richard Chery, Wa Kristòf te enspire konstriksyon Sitadèl la, Lwil sou twal, 70,5 x 60,5 cm, 1963, kol. Halvor ak Astrid Jaeger ».

Jean Casimir, doktè nan sosyoloji, ap anseye nan Fakilte Syans Imen, Inivèsite Leta Ayiti.

    Comments