Tout sa k ekri nan peyi a, ap fin pa ekri an kreyòl. Vle pa vle. Sitou si gen mache prese. Ale wè si fò n konte sou pèp souvren pou n avanse
Diskisyon ap fèt sou kouman pou kreyòl la ap antre lekòl. Si pou l kòmanse nan klas timoun, si l bezwen pran sètifika, si l ka fè filozofi, ale wè pou l antre nan fakilte… Pawòl sa yo gen tout enpòtans yo. Men, si yo plen tèt nou, pwoblèm ki anbreye motè peyi a sou bak andwa pase anba je n, san nou pa wè l. Dabò, anvan n al pi lwen : fò n sonje Ayisyen ki pa pale kreyòl fen, pa fin Ayisyen nèt nèt. M regrèt sa pou moun ki vini ansanm ak pitit epi pitit pitit mwen nan dyaspora a. Sa di, men se kon sa.
Sa k deranje patekwè, sèke kreyòl la vin sou moun. Gwo zouzoun yo twouve frekansite sa a entolerab e repiyan. Se kòm ki dire nan venteyinyèm syèk la, ou ta ka gen prezidan, minis, senatè osnon depite ki pa konn pale franse. Sa ta fèmen peyi a nan you sitiyasyon nou depase, depi Konstitisyon 1918 kote otorite yo deklare franse se lang ofisyèl Ayiti; ki vle di : depi nan tan Ameriken. Se sa ki ajamè nòkawout tout Kako, tout Pikè, tout gwo zòtèy: yo pa an dwa sot andeyò. Yo tounen sitwayen pasif kou nan tan lakoloni.
Fò n sonje Ayisyen ki pa pale kreyòl fen, pa fin Ayisyen nèt nèt.
Kidonk lè, kounye a, n ap goumen youn ak lòt pou nou konn si n ap voye kreyòl lekòl ou pa, nou kase fèy kouvri papa pwoblèm, blan meriken ak gwo zouzoun foure nan kòsay nou. Depi lè sa a, kesyon de kreyòl/franse a tounen you paravan. Mwèl pwoblèm nan : se demokrasi.
Depi Ameriken met pye nan peyi a, eleksyon tounen blag, menm sa dezyèm degre a evapore. Laprès pa ka pale kòm sa dwa. Tribinal bwè dlo. Merin kò ak gad Dayiti fè lalwa tout kote. Yo monte zo a, epi yo vle n aksepte jwe. N oblije tann, 7 fevriye 1986, pou sa sispann. Epi etranje tonbe fawouche nou pou n al vote. Men sè twouve: je n kale alèkile. Nou poze kondisyon.
Ou ka li tou : Opinyon | Lagrandyab ak lang pèp souvren
Imajine gouvènman franse ta pale chinwa sèlman, ou byen gouvènman ameriken pa ta pale lòt bagay ki pa lang Larisi ! Ki kalite demokrasi w ap janm gen nan peyi sa yo, kit yo gen eleksyon, kit yo pa genyen! Eleksyon, se lanmidon ou pase sou po ti bebe pou l pa gen chofi. Se soulajman, se pa solisyon.
Yo p ap deplase kreyòl la, depi gen Ayisyen ladann.
Pou gen demokrasi, fòk moun lavil – soti nan kwòkmò nan simityè rive nan pi gwo otorite palè nasyonal – gouvènen ak lang pèp la pale. Depi alatèt yo kantonnen kò yo nan sitadèl blan franse a, yo p ap pale ak abitan peyi a. Yo gen pwoteksyon etranje, e pa gen twonpèt de Jeriko k ap kraze mi sa a.
Kòm blan sènen nou tout kote, nou bezwen franse a ak tout lòt lang blan yo. Men fòk Lasosyete konprann ke konvèsasyon ak blan pa ka fèt dèyè do malere. Angle, franse, panyòl gen pou sikile tout kote nan peyi a, san restriksyon. Se dakò. Men lang blan yo p ap pran peyi a pou yo. Yo p ap deplase kreyòl la, depi gen Ayisyen ladann.
Ou ka li tou : Opinyon | Jean Casimir : «Bal fini»
Lè n ap goumen sou kouman kreyòl pral antre lekòl, se twòkèt la. Chay la dèyè. Tout sa k ekri nan peyi a, ap fin pa ekri an kreyòl. Vle pa vle. Sitou si gen mache prese. Ale wè si fò n konte sou pèp souvren pou n avanse.
© Imaj kouvèti a : Micheline Dusseck
Comments