SOCIÉTÉ

Fo diri Madan Gougous anvayi mache an Ayiti

0

Otorite k ap jere koze lakilti nan ministè agrikilte di li panse varyete diri Madan Gougous la ka egzite alòske pou gran plantè yo, varyete diri sa a disparèt depi byen lontan anndan peyi a

Read this piece in English

Ayiti pa pwodui diri madan Gougous depi nan ane 1990 yo, dapre temwanyaj plizyè gran plantè. Akoz renome entènasyonal diri sa a te gentan genyen, peyi letranje kontinye itilize non li. Gen nan « fo » diri madan Gougous sa yo ki ateri Ayiti.

Nan jounen mèkredi 21 avril la, mwen te nan mache Salomon ki nan mitan vil Pòtoprens. Mache sila a akeyi anpil moun nan popilasyon an, sitou sila yo ki bay anba lavil vag akòz ensekirite a ki tabli l doubout depi kèk tan nan zòn sa a.

Se nan mitan yon pakèt anbyans : bri machann k ap pwomennen, machann k ap pale mal ak kliyan ki ba yo move pri, mwen te rankontre ak Idamène Jean Louis, yon machann diri peyi. Li esplike kijan diri Madan Gougous, pa disponib anko: « Kounye a se diri Shella ki sanse ranplase diri Madan Gougous la paske nou pèdi diri sa a lontan. Tout sa ki genyen ki te bon nan peyi a fin disparèt ».

Idamène Jean Louis pa t sèl machann ki pale konsa. Yon lòt machann diri peyi ki chita tou pre l la, vide koze atè san mwen pa mande l : « Mouche yo di w pa gen diri Madan Gougous ankò. Menm lavil la, kote nou achte an gwo pa janm genyen l. Si w panse genyen l eseye rantre andan mache a pou ale mande ».

Lè mwen rive anndan mache a, pawòl lòt machann mwen rankontre yo pa t depaman ak sa machann ki deyò yo te di. Yo admèt diri sa a disparèt depi lontan san yo pa konn rezon ki fè lakòz sa a. Poutan, gen kèk moun ki pa sispann klewonnen yo jwenn diri Madan Gougous la achte nan mache.

Nan mwa out 2019, gen yon paj Facebook ki rele Haïti Connections ki te konn fè pwopagann di l ap vann diri madan Gougous. Mèt biznis sa a tabli kò li nan Chili. Yo prezante diri a sou fòm yon diri jòn nan yon ti sachè transparan, menm jan ak diri Madan Gougous Ayiti te konn pwodui a. Selon sa ki di nan kòmantè yo, sachè ki peze 10 liv la te vann 15 000 peso chilyen.

Yon varyete diri ki disparèt

Jean Fritzner Clervéus se agwonòm ki alatèt biwo k ap jere zafè proteksyon vejetal nan ministè agrikilti peyi a. Li fè konprann se yon agwonòm ki te rele Gustave Menager ki te vini avèk kwazman ki bay diri Madan Gougous la a. Yo rele l diri Yasmine tou. « Misye te gen yon ti non nan plenn Latibonit la, kote yo te konn rele li Agwonòm Gougous. Men, mwen pa sonje nan ki ane kwazman ki te bay diri sa a te fèt paske konesans sa yo pa janm ekri, se bagay ki transmèt sou chak jenerasyon ».

Agwonòm Clervéus se yonn nan moun ki di li te achte diri madan Gougous ki ap vann nan mache: « Yo t ap di m sa mwen pa t vle kwè. Men gen kèk kote ki vann li. Se sa k fè mwen panse varyete diri sa a toujou egziste. »

Responsab pwodiksyon vejetal nan ministè a bay yon rezon ki diferan ak sa plantè latibonit yo di sou kesyon disparisyon diri sa a. Pou li menm, pwoblèm diri sa a genyen ki fè yo di li disparèt la, se paske li gen anpil ravajè ki ap manje li.

« Te gen yon maladi ki te rele pay nwa ki te konn derasinen chan diri Madan Gougous la ak diri Lakrèt la. Menm diri Lakrèt la, te gen yon moman li te ra anpil. Se akòz maladi sa a ki fè plantè yo vini avèk diri TCS la, men maladi a pat tanmen kòl nan tout plenn Latibonit la. Gen lòt kote ki te gen chan diri Madan Gougous la a, se rezon ki fè mwen panse li ka toujou egziste. »

Li tou: KIZI S.A. produit du riz local, n’emploie que des femmes et tient ferme face à l’importation

Poutan, abitan ak gran plantè nan ba Latibonit di varyete Madan Gougous la disparèt lontan. « Pa gen madan Gougous ankò. Kèlkeswa moun osnon plantè ki ta di w genyen li konnen se pa vre. Plantè Latibonit p ap di w bagay konsa tou », se sa Hector Jean Louis, yon gran plantè diri nan Ti Rivyè Latibonit esplike.

Pou Jean Louis ki gen 67 lane depi li nan domèn nan, se aprè siklòn Jòj nan ane 1998, Ayiti pèdi varyete diri Madan Gougous la.

« Lè siklòn lan pase, li inonde tout jaden. Konsa, tout plantasyon diri ki t ap fèt vin pèdi. Sa te rann tè a paka pwodui diri Madan Gougous ak Lakrèt la ankò. Se depi epòk sa a, peyi a pèdi kwazman diri madan Gougous la. Menm Lakrèt ki gen kounya a, se pa bon varyete a. Kounye a se plis diri Shella ak Chèlda ki genyen epi se li moun yo renmen akòz li lejè nan bouch yo pou yo manje ».

Gen vwa ki di Madan Gougous fèt Okay

Limage Rouseline se yon abitan k ap viv Latibonit nan yon komin ki rele Lestè. Li demanti koze ki fè kwè gen diri Madan Gougous k ap fèt epi ki ta sòti nan zòn Latibonit.

Dapre li menm, se nan vil Okay diri sila a soti. « Sa gen kèk ane depi mwen te Okay nan zòn Gélée, epi mwen te wè yon gran plantasyon diri. Lè mwen mande ki diri li ye, yo di m se diri Madan Gougous. »

Pawòl sa te fè mwen travèse nan depatman Sid la pou ale gade kijan sa ye. Nan yon chita pale mwen te genyen ak Wenchel Jean Baptispte, yon pwofesyonèl nan zòn Sid la ki konsome diri lokal anpil, li di li pa janm tande koze diri Madan Gougous la anba bouch plantè Okay. « Pa gen bagay konsa. Okontrè se diri Shella ak yon diri ki rele M8 abitan yo fè plis fè Okay. »

Majorite diri ki fèt nan depatman Sid la sòti Tòbèk. Jean Baptiste te mete mwen an kontak ak Aurel Francisque, yon gran plantè ki gen plis pase 100 plantè ki ap travay ak li. Aurel Francisque te prèske mete 2 men nan tèt lè l tande se Okay diri Madan Gougous ta sòti. « Diri Madan Gougous pa egziste ankò », se sa li di.

Aurel Francisque gen 87 lane. Li di depi li fèt se nan zafè diri a l ap travay. Li se youn nan moun ki gen moulen diri ak machin ki pou retire wòch nan diri a depi nan preparasyon l. « Nou kiltive lòt varyete diri tou. Tankou, gen yon varyete ki rele Pwosèkat men, moun yo pa twò mande pou li. Madan Gougous disparèt sa fè lontan, si ta gen youn k ap sikile konnen se yon fo », selon sa a li ajoute.

Yon renonmen entènasyonal

Selon agwonòm Jean Fritzner Clervéus, genyen prèske 20 kalite diri ki fèt nan peyi Ayiti. « Pandan yon peryòd, mwen te travay sou 10 kalite diri diferan », selon sa responsab proteksyon vejetal nan ministè agrikilti a fè konnen. Men se pa tout varyete diri sa yo ki rive layite yo an gran jan nan tout peyi a.

Diri Madan Gougous la se youn nan manje Ayiti te fè ki te enpoze l anndan ak deyò peyi a. « Gen anpil kote nan monn lan ki te renmen diri sa a. Se te yon diri ki te chè men ki te bon anpil », selon Hector Jean Louis, gran plantè nan Latibonit.

Ou ka li tou : Les semences de riz empoisonnés de Natcom sont le symptôme d’un plus gros problème

Malgre gran don nan zafè diri a an Ayiti fè konnen li disparèt, Madan Gougous rete yon non ki enpoze l nan yon pakèt lòt peyi. Se rezon sa ki fè non diri sa a se mak fabrik anpil antrepriz.  Pa egzanp, yon senp rechèch sou entènèt montre gen yon konpayi nan peyi Taylann ki vann pwodwi alimantè sou non Madan Gougous la.

Selon Hector Jean Louis gen konpayi ki pote menm non sa a tou ki chita kò yo nan peyi Lachin, Repiblik Dominikèn ak Etazini. « Mwen te pase prèske 20 lane ap viv Etazini, mwen wè ak manje yon diri Madan Gougous y ap vann. Men sa pa gen anyen pou wè ak Madan Gougous Ayiti mwen te konnen an », se sa li di. Kounye a, li deside retounen nan menm biznis diri a pandan l tounen vin viv nan peyi a.

Fenomèn Diri Shella

Si gen yon diri ki fè non l plis nan peyi a kounye a, li rele diri Shella, daprè prodiktè yo. Plantè yo di se absans diri Madan Gougous la ki pral bay diri Shella jarèt pou l monte konsa.

Dapre responsab nan ministè agrikilti peyi a, diri Shella se yon diri ki gen yon pakèt sekrè ladan. « Anpil plantè pa janm vle bay tout resèt sou kòman yo prepare li. Toujou gen yon bagay y ap kache. Menm agwonòm ki konnen l pa dakò pataje l », daprè sa Jean Fritzner Clervéus di. Agwonòm Clervéus estime yon menm varyete diri paka bay de koulè ak de gou diferan: « Gen yon Shella blan, gen youn jòn. Se peyizan yo ki fè afè yo, se yo ki konnen li. »

Pou plantè Hector Jean Louis, diri Shella pa gen anyen ki konplike ladan. « Lè moun yo achte pay diri a nan menm, se yo ki ale prepare li. Yo mete l tranpe nan yon basen dlo, aprè yo retire l epi lave l. Pwosesis tansfòmasyon pou diri jòn Shella pa kanpe la, paske aprè yo mete diri a nan doum an tòl pou bouyi li. Aprè yo ajoute sèl ladan epi yo seche l byen seche avan yo voye l nan moulen », se konsa li esplike preparasyon an.

Foto kouvèti: Emmanuel Moïse Yves

Journaliste à AyiboPost. Communicateur social. Je suis un passionnné de l'histoire, plus particulièrement celle d'Haïti. Ma plume reste à votre disposition puisque je pratique le journalisme pour le rendre utile à la communauté.

Comments