Yon radyo kominotè se yon estrikti yon òganisasyon popilè mete sou pye nan sousi pou kenbe yon kominote enfòme epi pèmèt li pase revandikasyon l. Poutan jiskaprezan Leta ayisyen pa rekonèt radyo sa yo
Aprè koudeta Jean Bertrand Aristide nan lane 1991, enfòmasyon pa t ka sikile lib e libè nan peyi a. Menm radyo ki te gen konfesyon relijyez yo te gen gwo difikilte pou bay nouvèl.
Daprè Vancol Villard, responsab yon radyo kominotè nan Gresye ki rele Ti Boukan, Lame Dayiti te konn fè represyon sou moun ki t ap chache fouye zo nan kalalou. « Pou òganizasyon popilè yo te fè pase revandikasyon yo, se trak yo te konn fè sikile. Aprè, te gen yon seri ti jounal ki te konn pase enfòmasyon. Men, pa t gen anpil moun ki te konn li nan epòk la. Anplis, depi militè yo te wè ti jounal la nan men yon moun yo t ap arete l. »
Se nan kontèks sa a, radyo kominotè yo ta pral parèt. Se nan menm epòk sa a sosyete Animasyon ak kominikasyon sosyal (SAKS) kreye nan lane 1992. SAKS te pran nesans nan sousi pou ede radyo kominotè yo pase revandikasyon yo. Radyo sa yo pa t toujou gen siyati kominotè. Nan yon premye tan, yo te rele yo radyo klandestin, paske tout moun te tande yo, men pèsonn pa t konnen ki kote yo lokalize.
Li tou: La précarité des journalistes fragilise la démocratie en Haïti
Daprè pwofesè Ary Regis, ansyen direktè SAKS, gen anpil òganizasyon de baz ak pèsonalite ki te travay anpil pou radyo sa yo te ka egziste nan sosyete a. Pami yo gen Pedro Ruquoy, ki te prèt katolik ak ansyen direktè radyo Solèy.
Malgre pè Ruquoy te vin kite peyi a pou l al viv Sendomeng, li pa t janm sispann denonse move kondisyon Ayisyen ap viv nan Repiblik vwazin nan. Selon pwofesè a, radyo kominotè yo se yon konkèt òganizasyon de baz yo te fè. Se nan epòk sa yo moun vin kòmanse pale kreyòl nan radyo.
Aprè Pè Ruquoy, pwofesè Ary Regis fè konnen te gen de (2) lòt pèsonalite ki te kontribiye anpil pou radyo kominotè yo te ka kanpe. Premye moun nan se Joseph Georges ki te travay nan radyo Solèy tou epi ki te reflechi ak Pè Pedro Ruquoy pou lanse mouvman radyo kominotè yo. Georges se te premye direktè SAKS ki pase plis pase 10 lane ap anime mouvman sa a. «Lòt moun nan se Sony Estéus, dezyèm direktè SAKS (preske 10 lane) ki te dedye mwatye lavi l nan travay ak radyo kominotè yo.» Estéus te travay ak senatè William Jeanty sou pati ki konsène radyo kominotè yo nan yon pwojè lwa ki ta pral parèt nan 49èm lejislati a sou telekominikasyon.
Villard ak Regis deklare radyo sa yo te jwenn sipò bò kote yon seri enstitisyon tankou UNESCO ak FOKAL lè yo t ap kòmanse.
Ki travay radyo kominotè yo ap fè?
Aprè anpil tan ki pase, tèm radyo kominotè a vin galvode selon Ary Regis. « Nenpòt politisyen oubyen gwoup moun ka monte yon radyo nan yon kominote riral epi yo rele l radyo kominotè. » Selon pwofesè a yon radyo kominotè se yon òganizasyon popilè ki dwe mete l sou pye epi li dwe charye revandikasyon moun nan zòn nan ak patisipasyon yo nan sa k ap di nan radyo a.
Jacquelin Soliman ki se aktyèl direktè SAKS ale nan menm sans la. Radyo kominotè yo selon Soliman, dwe chita sou baz yon òganizasyon revandikatif ki ranmase revandikasyon kominote a pou fè yo tounen reyalite, yon fason pou sitiyasyon lavi moun yo chanje, pou yo vin viv tankou moun. « Moun yo gen dwa pou yon enfòme sou tout desizyon ki konsène yo. Radyo sa yo la pou fè moun yo pran konsyans sou eta lavi yo. Pa egzanp, gen moun nan yon seri kominote ki ap mache plizyè kilomèt pou y al pran dlo, fòk moun sa yo konnen yo gen dwa pou jwenn sèvis de baz yo. »
Li tou: Voilà comment les médias haïtiens peuvent contribuer dans la lutte contre la corruption
Nan sans sa a, Kerby Joseph, responsab radyo Kòn Lanbi nan Pòdpè eksplike se plizyè oganizasyon popilè kite mete enstitisyon l ap dirije a kanpe sou pye. « Lontan peyizan pa t ka pale nan radyo. Lè nou te konn fè lèt de près pou nou bay nan radyo komèsyal yo, responsab radyo sa yo te konn retire sa ki pa ale nan sans pa yo. Lè nou te wè sa a, nou te fè mobilizasyon ak yon seri òganizasyon tankou Tèt kole ti peyizan ak Asosiyasyon jèn pou liberasyon lakay (AJ3L) sa k te vin debouche sou elabore pwojè radyo Kòn Lanbi nan lane 2000 ki t ap vin efektif an 2006. »
Kerby Joseph fè konnen gen plizyè gany òganizasyon sa a yo pèmèt peyizan yo fè nan jesyon latè. «Gen kesyon Grandon an ki te poze gwo pwoblèm. Yon bann grannèg chita lavil pou peyizan ap travay latè pou ba yo manje. Moun sa yo te fè konnen yo se pwopriyetè yon seri de tè ki bò lanmè men pyès nan yo pa t ka bay bay papye tè sa yo. Nou te rive rekipere plizyè santèn kawo tè anba men grandon sa yo.»
Responsab la deklare peyizan yo kontinye ap revandike nan radyo kominotè yo pou mande Leta refòm agrè ak sant kredi agrikòl pou peyizan yo ka rale yon souf.
Difikilte radyo kominotè yo rankontre
Jiskaprezan lwa sou telekomikasyon ki an vigè nan peyi a pa rekonèt radyo kominotè yo. Lwa sa a ki te la depi sou diktakti Duvalier a pa janm abwoje. Nan 49èm legislati a, senatè Wiliam Jeanty ki te nan komisyon kominikasyon nan Sena a te travay sou yon pwojè lwa sou telekominikasyon. Pwojè sa te rekonèt radyo kominotè yo. Lwa sa a vote nan Sena repiblik la men li rete nan tiwa chanm depite a. « SAKS t ap travay sou yon lwa sou fonksyonman radyo kominotè espesifikman ki te dwe parèt aprè lwa sou telekominikasyon an. Kòm premye lwa a pa t soti, dezyèm nan pa t parèt nonplis », Ary Regis k ap pale.
Pwoblèm rekonesans legal pa anpeche Leta itilize radyo sa yo pou fè mesaj pase.
Radyo kominotè yo konn jwenn sipò nan men SAKS ak FOKAl. SAKS ba yo sipò teknik nan ede yo jwenn materyèl pou yo travay. «Men tou li ba yo fòmasyon, ede yo nan pwodiksyon epi chache finansman pou yo kontinye kanpe. Atravè SaKS, FOKAL gen yon gen yon pwogram sibvansyon pou radyo kominotè yo », toujou Ary Regis k ap pale.
Malgre sa a, radyo kominotè yo rankontre anpil difikilte . Nan radyo Bwakiman ki se youn nan premye radyo kominotè ki kreye nan peyi a, youn nan pi gwo pwoblèm yo rankontre se zafè lajan. « Se sou baz benevola nou fonksyone. Se moun nan kominote a ki òganize yo ak yon kès popilè pou radyo a fonksyone chak jou.»
Angwo se kominote yo ki patisipe nan avansman radyo sa yo selon kèk direktè radyo kominotè ki pale nan atik sa a.
Elektrisite Deta Dayiti pa rive nan yon seri zòn nan peyi a sa vin fè radyo kominotè yo konfwonte ak gwo pwoblèm enèji. Noster Accinal, direktè pwogramasyon radyo Bwakiman nan Nòdwès fè konnen yo konn gen gwo pwoblèm gaz pou alimante gwoup elektwojèn yo.
Ou ka li tou: La radio reste le média préféré des Haïtiens. Ce n’est pas par hasard!
Lòt pwoblèm ki genyen se egzòd riral. Tout responsab radyo ki pale nan atik sa a fè konnen tout jounalis yo fòme nan radyo yo pa janm rete. « Depi jèn yo fin pase bakaloreya yo antre Pòtoprens. Gen anpil ki ale Chili ak Brezil », daprè Marie Guyrlène Justin responspab REFRAKA ki se Rezo Fanm Radyo Kominotè Ayisyen. Justin kontinye pou l di anpil fwa medam yo konn gen difikilte pou yo ale travay nan radyo yo ki fonksyone plis leswa (5è pou rive 9-10è nan aswè). « Lè konsa yo pè pou yo pa vyole yo. »
Responsab RERAKA a soulinye se pa sèlman nan lari fanm jounalis nan radyo kominotè yo jwenn difikilte pou fè travay yo. Nan estrikti sa yo, toujou daprè Justin, tizonnay se youn nan kontrent medam yo genyen. « Medam yo konn di nou mesye yo manyen dèyè yo, pale dwòl avèk yo. Se pou sa a nou fè fòmasyon pou tout moun nan radyo kominotè yo. Paske se plis yon pwoblèm edikasyon ki poze, anpil mesye yo pa konnen si yo pa sipoze touche medam yo oubyen di yo kèk bagay san konsantman yo. Nan seri fòmasyon nou òganize yo, nou te met yon dokiman politik sou « genre » pou ede mesye yo konnen pou yo respekte kò medam yo. »
Daprè Marie Guirlène Justin, apre anpil chita pale, medam yo rive pran plas yo nan radyo kominotè yo. «De 24 fevriye 2001, dat REFRAKA kreye a jodiya, medam yo vin gen anpil pouvwa nan radyo kominotè yo. Nou gen plis pase 10 fanm ki nan konsèy direksyon anndan radyo yo, yon trantèn fanm k ap fè mizannond, 5 fanm ki gen pòs direksyon. Anplis, nan kèk radyo ki te konn difize mizik k ap denigre fanm, nou rive koupe jan de pwogram sa yo.»
Malgre tout difikilte, radyo kominotè yo rete sèl espas ki pèmèt yon seri moun nan peyi a pale.
Laura Louis
Foto kouveti : Max-Imbert Marcelin (adwat) ak Claude Charles (agoch) nan Radyo Vwa Klodi Mizo, yon estasyon kominotè nan Sid. Foto: Jonathan Torgovnik
Comments