An Ayiti, se chak jou n ap konstate gwoup gang yo ap chèche kontwole plis tèritwa nan diferan depatman peyi a tankou : Lwès ak Latibonit. Men, èske w te konnen sa lye ak volonte gwoup kriminèl sa yo genyen pou kreye epi divèsifye sous lajan y ap fè nan move kondisyon ?
Gwoup gang sa yo, kèk politisyen ak biznisman nan sektè ekonomik la te konn ap finanse, vin ap mete sou pye sous finansman pa yo, toutpandan y ap itilize diferan metòd pou atenn objektif sa a. Ou anvi konnen plis ? Ebyen, rete la. Nan dokimantè sila a, AyiboPost pral ede w konprann diferan estrateji gang yo itilize pou fè lajan, epi gade kòman yo itilize popilasyon an pou jwenn mwayen ekonomik sa yo, ki pral sèvi pou yo achte zam ak minisyon pou touye menm popilasyon sivil sa a ankò.
Gen plizyè videyo k ap sikile sou rezo sosyal yo, ki montre plizyè chèf gang k ap montre kantite lajan yo posede. An reyalite, nan tout ka nou wè yo, se lajan kriminèl sa yo fè nan move kondisyon, sètadi, nan kidnaping, nan mache piblik yo, antrepriz prive, nan transpò piblik la, nan kontrebann, elt. Sa ki ka pèmèt nou konprann, se nan men prèske chak sektè nan peyi a gang yo ap ranmase lajan pou finanse aktivite kriminèl yo.
Pou w konprann tout sa n sot di la yo, vin gade dabò yon premye sous finansman gang yo tabli ki se pòs peyaj yo.
► Premye sous finansman : pòs peyaj yo.
Pou kèk nan nou ki vwayaje nan diferan vil pwovens nan peyi a, nou sandout konstate kijan pri kous machin yo monte disèt wotè, dènye tan sa yo. Pa vre ? Ebyen, youn nan rezon chofè yo toujou bay, sèke akoz vyolans gang sou wout nasyonal yo, ki konplike trajè yo, yo vin oblije peye bandi nan divès kote yo pase yo.
Se sa w tande tout moun ap rele pòs peyaj la, e ki reprezante yon bon sous finansman pou gang yo, sou do popilasyon an k ap peye ankò. Nou pral wè sa.
► Lòt sous finansman gang yo.
Men, kite kantik pran priyè, èske w te konnen, pòs peyaj yo pa sèl kote gang yo jwenn lajan pou finanse aktivite kriminèl y ap fè yo ?
Kidonk, annou gade youn nan fason gang yo finanse tèt yo ankò ki se lè yo chèche gen kontwòl sant ekonomik estratejik tankou : pò, sosyete envestisman prive ak bank yo.
► Dezyèm sous finansman : pò ki nan Pòtoprens yo.
Si nou te deja konnen gang yo abitye fè kamyon k ap sòti nan pò yo peye, n ap raple enfrastrikti maritim sa yo se yon lòt sous tou pou gang yo fè lajan.
Nan menm sans sa a, regwoupman gang « Viv Ansanm » tante atake Pò Teminal Vare, ki nan Pòtoprens, detui enfrastrikti elektrik ki la yo, epi gang « 5 Segond » lan te piye yon bato, selon sa gwoup espè Nasyonzini yo rapòte nan yon rapò ki sòti nan mwa septanm 2024 la.
Si atak sa te rive afekte santral elektrik espas la, Elektrisite Dayiti (Edh) ap eksplwate, objektif lan se te paralize santral la epi piye pwodui petrolye yo pou revann, selon sa rapò a esplike. Pakont, lapolis ki te rive sou plas te anpeche sa fèt.
Nan mwa avril 2024 la, gang yo atake yon bato diri ki rele « Magalie » ki te sot debake yon pati nan kagezon li te pote a nan Tèminal Vare a, e bandi yo te rive piye yon pati nan rès kagezon ki te rete a avan lapolis te parèt. Selon enfòmasyon kèk sous rapòte bay espè Nasyonzini yo, bandi yo distribye yon pati nan diri sa bay popilasyon an pou jwenn senpati yo, epi revann rès la mwatye pri pou yo fè benefis sou li.
E, selon sa menm rapò Nasyonzini an esplike tou, gang yo pa t sispann atake depi mwa fevriye 2024 la, katye rezidansyèl tankou : Dèlmas, Kris Wa, Nazon, ki t a parèt gen bon potansyalite finansye pou yo, e ki adapte pou kolekte lajan oubyen fè kidnaping.
Menm si tout gwoup gang yo reyini ansanm, espè Nasyonzini yo fè konnen chak gang yo toujou kenbe menm metòd pou yo fè lajan yo. Pa egzanp, gen yon gang ki nan Dèlma sis (6), nan fyèf chèf gang Jimmy Cherizier, alyas « Barbecue », ki piye komès yo, e pafwa menm komès « kliyan » pa yo. Sa vle di, patikilye ki abitye peye gang lan pou pwoteje biznis yo, selon rapò gwoup espè Nasyonzini ki sòti nan mwa septanm 2024 la.
Yon lòt gwoup, chèf gang Kempes Sanon ap dirije nan Bèlè ki rele « Ajenten », abitye vòlè byen moun, epi pran lajan nan men rezidan yo.
► Twazyèm sous lajan : bank ki kase yo.
Si gang yo rive fòse antrepriz yo ak chofè machin yo ba yo gwo mago lajan, yo kase plizyè bank komèsyal nan zòn metwopiltèn lan tou epi vòlè kòf lajan yo.
Pa egzanp, nan mwa mas 2024 la, gang yo atake lokal Bank nasyonal Kredi (BNC), SOGEBANK ak UNIBANK nan komin Kwadeboukè. Nan dat 18 mas la, se te tou pa Bank repiblik Dayiti a (BRH), bandi yo te atake.
Fò n souliye, tout atak sa yo pa t san konsekans sou enstitisyon bankè yo.
Nan mwa me 2024 la, bank santral peyi a (Brh) pibliye yon ankèt li reyalize sou bank komèsyal ak enstitisyon mikwofinans yo konsènan « Enpak ensekirite a sou sektè finansye a » ki revele, genyen kat (4) bank komèsyal sou senk (5) ki rapòte yo vòlè kòfrefò lajan yo, epi de (2) sou senk (5) ladan yo te boule. San konte lòt enstitisyon ki pa bank komèsyal ki rapòte tou yo viktim menm aksyon sa yo.
Menm sitiyasyon sa a, pouse kèk enstitisyon fèmen pòt yo.
Nan dat uit (8) jiyè 2024 la, Citi Bank, yon gwo moso nan sektè bankè a k ap evolye nan peyi a depi plis pase 50 lane, te anonse nan yon nòt yo kanpe aktivite yo an Ayiti prensipalman paske aktivite entènasyonal yo ak demann kliyan enstitisyonèl yo te bese nan peyi a. E, plizyè kliyan bank sila a te transfere lajan yo te genyen nan bank etranje nan rejyon an.
Atak kont bank yo ki kreye gwo panik bò kote kliyan yo, pouse yo kouri retire ti tchotcho yo an mas nan bank yo. Epi, gen kèk antrepriz nan sektè otèlri ak ekspòtasyon an tou ki te retire aktif yo genyen nan peyi a.
Si Leta pako rive jwenn yon bout ak ensekirite a, ni tradui prensipal chèf gang yo ak tout akolit k ap soutni yo devan lajistis, yo pa rive bay okenn garanti nonplis lajan sal sa yo gang yo fè a pa rantre nan sistèm finansye peyi a. Yon sitiyasyon ki posib, e nan ka sa a lalwa konn pale de blanchiman lajan.
Kidonk, èske w te konnen gen enstitisyon entènasyonal ki te gentan bay peyi a gwo avètisman nan sans sa a ?
Nan lane 2021, Gwoup aksyon finansye (GAFI), yon enstitisyon entègouvenmantal k ap lite kont blanchiman lajan ak finansman teworis nan lemonn, te deja mete peyi Dayiti sou « lis gri » peyi ki gen gwo feblès nan dispozisyon yo pran pou anpeche lajan sal sikile, finansman teworis, finansman trafik zam nikleyè, biyolojik ak chimik.
Si gwo desizyon sa yo pran lòt kote, otorite isit yo pa janm di klèman kisa yo fè pou anpeche lajan kriminèl yo ap blanchi pa rantre nan sistèm finansye ayisyen an.
Ann avanse.
► Katriyèm sous lajan : kontrebann sou fwontyè Ayiti / Repiblik Dominikèn lan.
Pandan n sot esplike divès kote gang yo rantre lajan, anpil moun pa t konnen fwontyè Sen Domeng lan tou s on bon sous lajan fasil pou gang yo.
Ann pran yon egzanp pou w konprann.
Gwoup gang 400 Mawozo, ki kontwole rejyon Kwadeboukè a, fè pati yon rezo kriminèl ki enplike nan rakèt, kontrebann zam ak minisyon pou revann ak lòt gang ki fè pati alyans « Viv Ansanm » lan, selon menm rapò gwoup espè Nasyonzini pibliye nan mwa septanm 2024 la. E, trafik zam sa yo gang lan rive fè a t a rive posib gras ak kontwòl li egzèse sou wout ki mennen nan zòn fwontalye Malpas ak Beladè yo. Sa ki t a fè tou li se youn nan founisè enpòtan zam ak minisyon pou lòt gwoup gang nan peyi a.
Nan menm rejis sa a, nou dwe soulinye, trafik zam lan san n pa bliye dwòg la fè gang yo rantre gwo lajan tou. Akoz peyi Dayiti se yon espas tranzit pou dwòg, sa fasilite plizyè chèf gang, tankou Johnson André alyas « Izo », k ap dirije gang « 5 Segond » nan Vilaj De Dye jwe sou feblès kondisyon sekirite yo pou l genyen lòt sous lajan adisyonèl gras ak trafik dwòg la.
Selon sa gwoup espè Nasyonzini yo esplike nan yon rapò ki sòti nan mwa septanm 2023, dwòg sa yo sòti direkteman nan zòn Sid ameriken an pou rive Vilaj De Dye, e avèk sipò lòt gang tankou : Kanaan, Gran Grif, epi Kokorat san Ras dwòg yo ateri nan komin Pòdepè, apresa yo kite peyi a.
E, pou dwòg la fè tout pakou sa a sou wout nasyonal nimewo en (1), trafikan an dwe peye kòmsadwa divès gang yo pou machandiz la ka pase nan tèritwa yo san pwoblèm.
Si fwontyè a fasilite komès ant kominote ki toupre li yo, espè Nasyonzini yo esplike genyen kèk gwo aktè ekonomik ki sèvi ak gang yo pou mennen aktivite ilegal sou menm fwontyè sa a.
Selon rapò Nasyonzini ki pibliye an septanm 2024 la, ansyen senatè epi biznisman ayisyen Rony Celestin t a youn nan kòmanditè gwoup gang « 400 Mawozo » a ak tout yon rezo kriminèl k ap apiye aktivite kontrebann li yo.
Rezo sa a, ki t a fèt ak biznisman, komèsan nan sektè enfòmèl la, transpòtè, kèk ajan kòwonpi nan polis fwontalye a ak ladwàn, kèk kontrebandye lokal ak manm gang, konn fasilite nonsèlman kamyon machandiz kontrebann Rony Celestin yo rantre, men tou yo kite zam ki pral jwenn gang « 400 Mawozo » a pase pami machandiz sa yo, selon rapò Nasyonzini ki sòti nan mwa septanm lan esplike.
E, pafwa gen manm gang lan ki suiv machin yo yon fason pou asire yo kagezon an pa pase nan okenn enspeksyon ladwàn.
Se sanse youn nan rezon ki te pouse otorite ladwàn yo pran mezi fèmen fwontyè a.
N ap fè n sonje, nan dat 26 mas 2025 lan, Administrasyon jeneral Ladwàn (Agd) te anonse biwo yo ki sitiye nan fwontyè Ayiti ak Sendomeng lan pa otorize resevwa machandiz k ap sòti aletranje pou pase Repiblik Dominikèn vin Ayiti.
Yon mezi ki vini sitou nan yon kontèks kote gang yo t a rantre anviwon 100 milyon dola ameriken pa ane nan resèt yo fè sou konntenè k ap rantre sou fwontyè a, selon enfòmasyon minis Ekonomi ak Finans la, Alfred Métellus, revele sou antèn yon estasyon radyo nan kapital la, nan mwa avril pase a.
► Senkyèm sous lajan : Mache piblik, jaden ak betay peyizan yo.
Pandan n ap pale a, èske w te konnen Mache piblik yo, tè ak betay peyizan yo founi gang yo lajan tou ?
Sètènman ! E, sa fèt sitou nan komin bandi yo nonsèlman okipe men ap renye an mèt e seyè ladan yo.
Annou pran pa egzanp yon komin tankou Kafou, bandi kontwole depi lane 2023. Ebyen, ou pa mande m kont, kriminèl yo te rive mete sou pye yon sistèm rakèt pou ranmase lajan, pandan majistra komin sa a t ap plenyen akoz lameri paka kolekte enpolokatif.
Toujou nan menm komin Kafou, ki sitiye nan yon distans uit (8) kilomèt nan rantre Sid kapital la, bandi yo te fè moun ki kite lakay yo peye jiska 10 000 goud pou yo retounen. E, si tout fwa w te vle bwote al ret lòt kote, w ap peye selon kantite sa w ap deplase ak yo a, sòti nan ti valiz rive nan sa k pi gwo.
Nan mwa jiyè 2024, AyiboPost reyalize yon ankèt ki revele bandi yo fè ni antrepriz, boutik ak machann, peye yon « frè fonksyònman » nan komin sa a.
Bandi yo pase ranmase lajan nan mache tankou « Mache Divalye » ki nan zòn Twitye, « Dèyè pòs » nan zòn Bwochèt, epi « Mache Dekatis » nan zòn Mawotyè, selon sa kèk rezidan te fè AyiboPost konnen.
Selon gwosè aktivite komèsan yo ap fè nan mache sa a, pri yo peye yo varye ant 200 jiska 5 000 goud.
Pou rejyon Latibonit menm, se agrikiltè yo ki sanse viktim.
Nan komin Tirivyè Latibonit, ki se yon komin ki fè aktivite agrikilti prensipalman, pa epànye ak zak bandi sa yo, k ap chèche fè lajan tout fason.
Nan ka pa komin sa a ki nan depatman Latibonit, bandi te pran kontwòl depi lane 2023, kriminèl yo geri bosko yo sou tè peyizan yo, e mande yo peye pou yo travay. Yo pa t ezite vòlè bèt peyizan yo pou al revann, epi kolekte kòb nan men machann ki nan « mache Dupuy » ki nan vil la.
Tirivyè Latibonit ki gen yon gwo potansyèl agrikòl, te fasilite gang yo jwenn lajan atravè kòb yo egzije peyizan yo peye. E, se ka yon agrikiltè nan zòn Lavèdi ki te rapòte AyiboPost, nan kòmansman lane 2024 la, li peye jiska 1 500 goud chak fwa li te bezwen wouze yon ti mòse tè li genyen.
> Si aktivite gang sa yo te deja anpeche diferan mache nan rejyon an tankou : Pon Sonde, Lestè, ak Nan Pòs fonksyone, bandi yo te pran mache Tirivyè a an otaj pou jwenn lajan, e majistra komin lan, Dort Lereste te deja fè AyiboPost konnen « yo pa t gen posibilite kolekte okenn taks nan mache a ».
► Ann retounen sou premye sous lajan an ki se : pòs peyaj yo.
Dènye sous finansman ki bay gang yo lajan n ap gade, se sa nou rele isit pòs peyaj yo.
► Kisa pòs peyaj la ye ?
Men, avan nou rantre nan nannan fenomèn sa a gang yo etabli, ann konprann kisa peyaj wout yo ye nan lòt peyi.
Nan plizye peyi tankou Lafrans, pòs peyaj ofisyel. Se yon seri pwen Leta enstale oubyen apwouve pou kolekte lajan nan men chofè sou otowout yo pou pèmèt yo jwenn mwayen pou konstui lòt wout, epi toujou kenbe yo nan bon eta.
Sepandan, nan ka pa nou an Ayiti, se bandi ki tabli pòs peyaj yo nan diferan pwen sou wout nasyonal yo epi egzije chofè ak pasaje k ap fè wout sa yo peye yon dwa pasaj.
Nan langaj lari a, bandi yo rele pòs sa yo « Meri ». Si pa g on esplikasyon sou chwa non an, ou ka byen vit remake se bandi yo ki ranplase otorite yo vre nan zòn sa yo Leta te deja abandone.
► Kantite kòb chofè yo peye sou sikui yo.
Men, kijan sa fèt menm ? Ki kantite lajan chofè yo peye sou wout yo ?
Pou dwa pasaj la, kantite lajan an varye an fonksyon kantite ak kisa machin lan ap transpòte, selon sa twa (3) sendikalis ki nan sektè transpò a esplike AyiboPost.
« Pòs peyaj sa yo pa gen yon montan fiks. Bandi yo kapab fikse lajan chofè yo ap gen pou peye a selon kantite chay machin lan pote », selon sa Méhu Changeux, ki se kòdonatè Sektè transpò terès ayisyen an (STTH), yon platfòm ki regwoupe plizyè sendika transpò nan peyi a, esplike.
Petrus Lerice, sou bò pa l, ki se administratè jeneral ak pòt pawòl Asosyasyon pwopriyetè ak chofè Dayiti (APCH), presize « avan bandi yo “takse” w yo gade kisa w pote, e si w pa peye yo kenbe machin lan ».
Si chif sa yo pa toujou fiks pou kèk rejyon, « pou zòn Nò a, bandi yo rive “takse” gwo kamyon yo 50 000 goud depi yo pote chay. Epi ti bis yo “takse” jiska 7 500 goud », daprè sa responsab la rapousuiv pou l di.
Pou ti bis ki fè sikui Sen Mak, Gonayiv yo, kantite lajan yo peye a varye ant 1 500 a 5 000 goud.
Si nan sikui sa yo, bandi yo redui kantite pòs peyaj yo, yo pa neglije ogmante kòb resèt la kote yo enstale lòt pòs yo. Yon fason pou yo rantre lajan ki pèdi yo.
Sa yo fè lè konsa, yo mete moun touche pou yo nan zòn ki pa abitye gen pòs peyaj epi yo bay chofè yo yon ti kat ki ka pwouve yo te gentan peye, lè yo rive nan tèritwa lòt gang, pou evite yo peye ankò, selon sa yon sendikalis nan sektè a esplike AyiboPost, ki pa vle non li site yon fason pou bandi yo pa t a anpeche trafik la kontinye.
E, li kontinye pou l di se prèske sèl fason sa ki genyen pou yon machin pa egzanp k ap sòti komin Vèrèt pase komin Senmak pou rive rantre Pòtoprens. Lè kon sa, chofè a pase peye kòb la epi yo ba li yon ti kat depi Sen Mak. E, lè li fin rive nan seksyon kominal Sous Matla, nan komin Kabarè [yon gwoup gang nan lokalite Titanyen abitye atake], li ka kontinye fè vwayaj la avèk kat yo ba li a san pwoblèm.
Ka sa a nou sot esplike w la, se pou machin trafik k ap pote moun oubyen chay.
Ann pran yon lòt ka kounyeya, pou n konprann kijan gang yo « takse » kamyon sitèn k ap transpòte gaz nan pò Pòtoprens pou distribye lòt kote nan peyi a.
Nan ka pò Tèminal Vare a, nan komin Site Solèy, ki abitye resevwa plis pase yon santèn kamyon chak jou, sendikalis Petrus Lerice fè konnen chak kamyon sitèn k ap transpòte gaz yo « peye 300 000 goud pandan yon vwayaj ».
Men, pandan n ap di sa, èske w te konnen se pa gang yo sèlman ki touche nan lajan sa a ? Ah non !
Selon sa responsab sendikalis APCH la esplike, « kamyon yo peye dabò nan baryè Tèminal Vare a, Site Solèy, apresa, yon bakòp lapolis, ki li menm touche 20 000 goud pa kamyon, akonpànye yo rive nan ozanviwon zòn Klèsin ».
Ansuit, kamyon an peye gang Kanaan an epi kontinye chimen l jiskaske li rive komin Akayè kote li pral bay yon lòt kòb, fwa sa a se gwoup brigad zòn lan ki egzije touche dwa pasaj pa l.
Finalman, lè kamyon an rive Latibonit li peye gang Savyen an, ki baze nan rantre komin Tirivyè Latibonit.
Nan ka lòt konpayi transpò pasaje ki gen gwo bis yo, yo negosye dirèkteman ak gwoup gang yo, selon sa Petrus Lerice fè konnen. Jeneralman, bis sa yo pa kanpe nan pòs peyaj yo. Kidonk, montan lajan yo peye gang yo pa piblik.
Nan yon rapò òganis Rezo nasyonal k ap defann dwa moun (RNDDH) sòti nan mwa avril 2024 la, yo te deja resanse trèz (13) pòs peyaj bandi yo enstale pou ranmase lajan, nan diferan zòn nan peyi a.
Komin Pòtoprens poukont pa l te gen twa (3). Youn nan Riyel Alèt, toupre simityè Pòtoprens lan, epi de (2) lòt yo te nan Matisan ak Fontamara, selon menm rapò a.
Fò n soulinye tou, gen kèk katye ak ri nan kè kapital la bandi kontwole epi yo enstale pòs peyaj pa yo.
Se ka tankou ri Kapwa, nan zòn toupre lokal Ofis Lapòs Ayiti yo, kote bandi yo ajoute yon nouvo pòs peyaj, nan kòmansman 1e semèn mwa me 2025 lan.
E Nan menm ri Kapwa a, bandi yo fè ti bis yo peye 500 goud minimòm pou yo pase, e lajan sa ka varye an fonksyon ki tip machin nan. Sa vle di, ti bis, gwo bis, kamyon, kamyonèt, chak gen pri pa yo.
Selman nan koze peyaj sa a, ou ka vit konprann bandi yo ranmase chak semenn plizye dizen milyon goud.
Toujou sou menm koze pòs peyaj sa a, èske w te konnen tou bandi yo te fè menm pyeton peye ? Ah wi ! Se jan w tande a.
Lè bandi yo te fin ajoute nouvo pòs peyaj Ri Kapwa a, plizyè nan chofè transpò piblik ki fè sikui Kafou – Pòtoprens, ki te santi yo vekse, te deside kanpe travay jou lendi ki te senk (5) me 2025 lan.
Sitiyasyon sa a te fè plizyè moun nan popilasyon an ki t ap pral travay osnon al fè lòt aktivite yo nan maten, oblije pran wout la a pye yo, gwo jou lendi sa a. E, yo te sezi wè bandi yo te fè chak moun peye 25 goud pou yo pase, selon konsta kèk pasaje ki abitye fè wout la te rapòte AyiboPost.
Selon menm rapò RNDDH la, bandi yo te enstale twa (3) pòs peyaj nan komin Site Solèy, nan sòti Tèminal Vare a, La Salin ak Dwouya.
Apre rejyon metwopolitèn Pòtoprens lan, bandi yo sanse kontwole plizyè wout nasyonal peyi a. Pami yo, de (2) prensipal aks woutye peyi a, sa vle di wout nasyonal nimewo (1) an ak de (2) a.
Pou w konprann kisa sa vle di, ann gade ki rejyon wout sa yo konekte ansanm epi ki enpòtans yo genyen.
Dabò, Ann pran wout nasyonal nimewo en (1) an, ki se twonson wout prensipal ki mennen nan zon Nò peyi a, e ki mezire 249 kilomèt.
Sikui sa a ki sòti nan kapital Pòtoprens lan pou bout nan dezyèm vil peyi a, Okap Ayisyen, pase nan diferan zòn tankou : Kabarè, Monwi, Bon Repo ki nan komin Kwadèboukè, Sen Mak, Pon Sonde, Gonayiv, Ennri, Plezans, epi Lenbe.
Nou dwe raple w gang te deja okipe oubyen atake diferan zòn wout sa a pase tankou : Kabarè, Monwi, Bon Repo, Pon Sonde, Gonayiv, pou n site sa yo sèlman.
Wout nasyonal nimewo en (1) an, se yon wout estratejik ki fasilite tout pwodui ki sòti nan depatman Latibonit ak Nò rantre nan kapital Pòtoprens la. Wout sa a tou mennen nan komin Monwi, ki abrite zòn touristik Côte des Arcadins ki sitiye l bò lanmè a, ki genyen espas tankou otèl Royal Decameron Indigo, Wahoo Bay Beach Club, Moulin Sur Mer, elt.
Sepandan, sou wout sa a sèlman, bandi yo tabli pou pi piti twa (3) pòs peyaj.
Youn nan pòs yo sitiye nan zòn Wout Nèf Laplèn, kote gwoup chèf gang « Chen Mechan » kontwole. Dezyèm lan twouve li nan blòk Kanaan, chèf gang Jeff Larose alyas « Gwo lwa » kontwole. Epi, gen yon twazyèm pòs peyaj nan zòn Monwi, yon gwoup ame k ap goumen pou tè nan komin sa a, te enstale, selon sa sendikalis Méhu Changeux presize.
Sa a se si w chwazi pase pa Sen Mak pou ale nan rejyon Nò a wi.
Men, si w t a gen malè pase anba Mòn Kabrit menm, w ap tonbe sou yon lòt pòs peyaj gwoup gang 400 Mawozo, ki gen nan tèt li Joseph Wilson alyas « Lanmò san jou » enstale. E, nan menm zòn Mòn Kabrit la toujou, genyen lòt gwoup ki konn entèdi moun pase, san w pa peye yo, selon sa sendikalis Méhu Changeux fè AyiboPost konnen.
Ansuit, dezyèm twonson wout la, ki se wout Nasyonal nimewo de (2) a, se prensipal wout ki relye Pòtoprens ak rejyon Sid la, espesifikman Okay.
Wout sa a, ki mezire 184 kilomèt pase nan komin tankou : Kafou, chèf gang « Ti bwa » a « Krisla » ap dirije, Gresye, Tigwav, Leyogàn, Miragwàn, elt.
Men, ou pa t a imajine sa, twonson wout Sid la, se kote ki t a gen plis pòs peyaj, omwen sis (6), selon sa sendikalis Méhu Changeux revele.
Si sitiyasyon sa a pouse estasyon rejyon Sid la, ki te baze Pòtay Leyogàn, deplase al tabli kò l nan komin Leyogàn, depi lè bandi bloke wout Gresye a nan mwa me 2024 la, sa pa anpache lòt machin k ap fè wout la rive komin Kafou kòmanse peye depi nan Ri Kapwa ak riyèl Alèt, elt.
Apre pòs ri Kapwa nou te deja pale w la, gwoup gang Gran Ravin lan mete yon pòs peyaj zòn Larak, riyèl Alèt, epi baz Pilat li menm sou bò pa l mete yon lòt pi ba nan rantre Premye Avni Bòlòs.
Pi devan, lè w rive Matisan sèt (7), gen youn baz Gran Ravin ak Vilaj de Dye jere pa relèv, nan Fontamara 27 gen yon katriyèm, yon senkyèm nan zòn Bò dlo, nan Maryani komin Kafou, Sizyèm lan nan zòn Le Lambi toujou Maryani epi yon setyèm ki sitiye l lè w pral rive Mèje toujou nan komin Kafou. T a menm gen yon pòs peyaj bò simetyè Kafou a, epi yon lòt lè w pral rantre zòn Gresye.
Akoz sitiyasyon sa a, « yon machin k ap travèse ale Okay te oblije peye jiska 40 000 goud antou nan diferan pòs peyaj yo », selon sendikalis Bertand Banatte, ki responsab APCH pou rejyon Sid la esplike. Yon chif ki te gentan pase a 50 000 goud nan lane 2024 lan, selon sa kèk pasaje rapòte AyiboPost.
► Enpak sou sektè transpò a nan peyi a
Men, kite nou pwofite di w tou, sistèm rakèt sa a gwoup gang yo mete anplas la, ralanti aktivite sektè transpò a, ki te deja an difikilte nan peyi a, epi afekte chofè ak transpòtè yo dirèkteman, selon sa sendikalis yo esplike. Gen ladan yo ki nan gwo difikilte pou pran swen fanmi yo, manke mwayen pou leve pàn nan machin yo, chanje pyès osnon achte lòt veyikil nèf lè sa nesesè.
« Sa gen yon gwo enpak sou nou menm antanke transpòtè, paske lè w fin ranmase yon ti kòb nan men pasaje yo, ou kite pifò nan lari a », si nou repran sa sendikalis STTH la, Méhu Changeux deklare.
Reyalite sa a tou vin fè pri kous yo ogmante sou sikui a, e pasaje yo oblije peye plis pase sa yo bay abityèlman yon fason pou kouvri frè sa yo.
« Nan tan nomal, trajè nan yon bis, ki pote jiska yon senkantèn pasaje, sòti Okay vin Pòtoprens te koute 500 goud. Men li te vin oblije pase a 2 000 goud », daprè sendikalis Bertand Banatte, ki responsab APCH pou rejyon Sid la esplike.
Nan zòn Sid la menm, se pa pale, sektè transpò a prèske tonbe plat atè depi anviwon senk (5) lane.
Pou sikui Okay – Pòtoprens la sèlman, te genyen douz (12) konpayi transpò, ak yon swasantèn ti bis anviwon, selon sendikalis APCH-Sid la, Bertand Banatte deklare. Pifò konpayi transpò sa yo sanse kanpe paske pasaje yo pa vwayaje, epi lari a vin pa rantab.
Pou eseye kenbe, kèk chofè kamyon nan rejyon sa a sèlman kontante yo nan transpòte machandiz nan zòn Miragwàn ak Ti Gwav. Gen kèk lòt ki transpòte moun yo rive nan yon pwen pou yo ka pran bato rantre Pòtoprens osnon sòti Pòtoprens ale Okay.
Sepandan, pou blòk Nò a, gen kèk vwayaj ki konn eseye fèt, men depi lè gang yo chèche kontwole rejyon Mibalè a, trafik la te kanpe.
Selon chif responsab platfom sendikal Sektè transpo terès ayisyen an founi AyiboPost, soti janvye rive mas 2025, bandi yo kidnape yon dizèn pasaje anviwon, pami yo kat (4) chofè transpò piblik la. Menm kriminèl sa yo touye anviwon yon ventèn moun nan fiziyad yo fè sou machin transpò yo, epi blese omwen kat (4) moun.
[Aksyon sa yo pase prensipalman nan depatman Latibonit, nan komin Lyankou, Lestè, sou wout nasyonal nimewo en (1) an, gang Kokorat San ras kontwole nan nivo Lakwa Peris ak gang Savyen an, nan rantre komin Tirivyè Latibonit. ]
Menm atak sa yo fèt tou nan depatman Lwès, presizeman komin Kafou ak nan Delma 19.
Kidonk, nou ka wè gang yo ap itilize tout mwayen pou fè plis lajan, e enstalasyon pòs peyaj yo se youn pami egzanp klè ki montre sa.
Nou sot wè kijan gang yo pa sispann miltipliye estrateji pou ranmase gwo mago lajan sou do popilasyon an, ki nonsèlman ap vin pi pòv, men tou bandi kontinye touye epi fè kite lakay yo. E ou menm ? Di nou. Daprè ou, kisa Leta dwe fè pou kontre kare zak kriminèl sa yo ki pa sispann rann popilasyon an pi pòv ?
► Sous foto kouvèti : Haitian times
►Kamera : Jean Judelin Isaac
► Montaj : Marc Elie Rosena
► Redaksyon : Jérôme Wendy Norestyl
► Prezantasyon : Lucnise Duquereste
► Verifikasyon enfòmasyon : Pascal Nancy André
► Edisyon / Sipèvizyon
Widlore Mérancourt ak Philicien Casimir
Gardez contact avec AyiboPost via :
► Notre canal Telegram : cliquez ici
►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici
►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici
Comments