CULTURESOCIÉTÉ

Chita tande sou rap kreyòl, sòti sou Master Dji rive nan rap levanjil

0

Fanatik ak atis ap pataje dizon yo sou evolisyon kilti rap la.

Depi nan lane 1980, rap kreyòl an Ayiti ap fè fanatik yo danse epi chante.

Jounen jodi a, gen devlopman nouvo teknoloji ki chanje inivè rap la ak distribisyon mizik yo. Anpil rapè pa pase nan medya tradisyonèl yo ankò pou fè konnen pwodiksyon yo.

Anplis de sa, gen lòt ritm ak gwoup sosyal k ap emèje nan rap kreyòl la, tankou Trap oubyen rap evanjelik.

Diskisyon ak kèk atis epi tizè mizik pèmèt nou pi byen konprann evolisyon rap la an Ayiti. Yo pale de fondasyon rap Ayisyen an, kesyon idantite nan mizik sa ki te jenere anpil vyolans sou epòk rivalite ant Barikad Crew ak Rockfam lame a epi ki kote mizik la prale.

Li tou: Michael Brun : « La musique haïtienne doit conquérir le monde »

Anpil fanatik rap ayisyen konsidere Master Dji, nan bon non li Geroge Lys Hérald, kòm moun ki poze fondasyon rap la nan peyi a. Gen kèk lòt ki leve vwa yo pou pale de Coupe Cloué kòm moun ki te konn fè rap san li pa konnen.

Master Dji fèt 30 me 1961, nan yon fanmi zafè bon nan Pòtoprens. Premye mizik misye se te « Vakans », nan lane 1982.

Animasyon nan radyo te youn nan bagay ki te rann Master Dji popilè anpil, akote nouvo stil mizik sa a li t ap pwone isit ki t ap pale de reyalite difisil toulejou yo. Li te konn kolabore ak Radyo Metropole, Tropic FM pou n site sa yo sèlman, epi kèk radyo aletranje tou. Emisyon li te gen sou Tropic FM, ki te rele « La jungle Tropicale », te popilè anpil.

Master Dji te dezyèm loreya « Prix découvertes RFI », avèk Sispann, nan lane 1987. Apre sa li ta pral fè premye albòm li ki te pote non l « Master Dji ». Li te monte plizyè gwoup, pa egzanp « Haiti Rap & Ragga » ak rapè nan epòk la tankou Supa Denot, Elyrac, T.Bird epi Francky Connection.

Antou Master Dji pwodui kat albòm mizik rap, dènye a se te « Maximun Respect ». Atis la mouri a 33 lane, an 1994, apre yon long maladi. « Se premye fwa yon atis mouri epi sa te afekte m, dayè lari Pòtoprens te bloke akoz antèman an », Yves-Marie Exumé, yon fanatik rap depi ane 1980 yo fè konnen.

« Stil li ak jan l te abiye te diferan de anpil lòt atis Ayisyen nan epòk la, li te gen cheve swa, ‘boderline curl’, Exumé rakonte. Li te konn rape an kreyòl epi an franse, sa te enpresyone m. M pa t ko gen laj pou m te al nan pwogram li yo, men m te konn wè afich yo, epi yo te konn bay yon ti bout nan televizyon tou. »

Apre Master Dji, ane 90

Menm si Master Dji t ap chante rap, anpil moun plis mete l nan kategori Ragga Morphing, olye de « rap du » a. Stil mizik sa yo pa twò diferan an reyalite, men fanatik yo twouve Ragga Morphing lan ale nan yon sans ki pi dous, pi swa.

Apre Master Dji, nan ane 1990 yo, ta pral chaje lòt gwoup ki pran nesans tankou Original Rap Staff (ORS), Rap in Family, Masters, First Clan oswa King Posse.

Pou Jimmy Pamphile k ap tande rap depi nan ane 80 yo, se te Association des Rappeur Haitiens (ASRAP) ak James Berlus ki ta pral fè pon ant jenerasyon Master Dji a pou rive sou jenerasyon Barikad Crew ak RockFam Lame a. Gwoup sa te reyini yon pakèt rapè tankou F-ner, Yakouza, Mr. Ok, sou yon mizik popilè ki titre Kay madan Brino, nan lane 2001.

Men, manm ASRAP yo te plis wè gwoup la tankou yon asosiyasyon k ap fè pwomosyon pou kilti rap kreyòl la nan peyi a epi nan lemonn. Piblik la te kòmanse pran yo pou yon gwoup rap akoz kèk chante yo te fè ansanm ki t ap byen mache. Se pou sa yo ta pral pran yon rekil.

Nan menm peryòd la, gen anpil gwoup ki t ap vin popilè.

Se konsa tou, milye rap la ta pra l viv yon polarizasyon ak gwoup Barikad Crew epi RockFam Lame a. Chak gwoup, fanatik oswa atis te oblije chwazi yon kan.

Ane 2000, ane « bif »

Michelet Joseph, ki te eseye monte yon gwoup rap lè l te nan lise, eksplike : « Premye fwa, nan lane 2006 yo, lè m dekouvri kanaval Barikad Crew, ‘Trip n ap trip’, mwen te nan machin. M t ap sòti lekòl, m t al fè woul. Pandan m nan bis la, mizik la ap woule, m pa desann kote pou m al lakay mwen, m pito fè tout pakou a retounen lavil ak bis la jis pou m ka rete tande l. »

Peryòd ant ane 2000 ak 2010, rap kreyòl la te popilè anpil an Ayiti. Nan deseni sa a, jenès la te fin fou pou rap, yo te fanatik, epi yo te toujou ap ret tann ki nouvo mizik rap ki pral tonbe, ki pral fè hit la. Nan tout ti rakwen te gen gwoup. Michelet Joseph temwanye, nan katye pa bò lakay li Matisan, nan yon sèl riyèl te gen nenpòt senk gwoup rap.

Ou ka li tou: La vie continue, Barikad aussi

Te gen anpil rivalite ant Barikad Crew epi Rockfam lame a, epi ant fanatik 2 gwoup sa yo tou. Yo youn t ap fè lòt menas : nèg Bas Peu Chose (BPC) paka pase Delma 2, nan baz Delmafia, elatriye.

 « M te tèlman fanatik, m te konn al chache batay la, Michelet Joseph rakonte. Epòk la, m te rete Matisan, te gen yon riyèl ki te baz Barikad epi te gen yon lòt dèyè ki te baz Rockfam. Yon lè, m fè ekspre, mwen pran kouto mete nan valiz mwen, m al pase nan baz nèg Rockfam yo pou yo ka wè m.»

Nan ane sa yo, inivè rap la te divize an de blòk, BPC epi Delmafia.

BPC, ki se mouchwa wouj, te reyini anviwon 50 gwoup daprè Michelet Joseph. Li te gen Barikad Crew, Magic Click, Pick Up Click ak Ambassade Camp. BPC, se te « santral rap » la.

Delmafia, li menm te gen mouchwa nwa, yo te reyini yon pakèt gwoup tou, tankou RockFam Lame, Rap in family, Gèp Nwa oswa Replik.

Men te gen lòt koulè mouchwa tou. Mouchwa ble ki se te DBA (Dènye bout anba), yo te sitiye yo nan ri La Reyinyon, ri Lantèman, rive pran tout bò stad tou. Mouchwa jòn abriko pou Kafou fèy avèk C-projects, epi mouchwa blan tou nan Laplèn.

Tout mouchwa sa yo, yo te swa pou Barikad, swa pou Rockfam, dapre Michelet Joseph. Sof C-projects ki te gen bon rapò ak toulede gwoup yo, gwoup Freedom ki te rete apa ak Christopher Laroches, epi gwoup Mystic 703 ki te plis gen yon rapò entèlektyèl ak rap.

15 jen 2008, twa manm Barikad – Dad, Katafalk ak Dejavoo – mouri nan yon aksidan sou wout Ayewopò a.

« Lanmò mesye Barikad yo kwadriple atansasyon moun yo sou rap, D-Fi eksplike. Mwen viv li lè mesye yo premye fwa fè yon ‘come back’ nan Henfrasa, te gen lapli k ap tonbe, tout moun yo anba lapli a ap chante : Yo te mouri pou nou, n ap mouye pou yo. »

Anpil lòt gwoup tou te vin pran nesans apre tris evennman sa a ki anonse kòmansman fen gwoup la. Yon lane apre, Barikad soti albòm Jiskobou a ki te 100% « rap du ».

Rap se kilti lari a

Pou Michelet Joseph, rivalite ant Barikad ak Rockfam te ensite yo chak la bay bon travay. Konsa tou, Michelet Joseph fè konnen te gen konsiderasyon klas sosyal nan mizik yo. Nèg RockFam, se te nèg anwo, nèg Barikad se te nèg anba, plis nèg geto men ki te rive soti tèt yo.

Rhod D’jyvens Télémaque, oswa D-fi Powèt Revòlte nan non atis li, rakonte : « Lè m te kòmanse ap aprann rap se te nan ane 2000-2010 yo. Jèn yo nan epòk la t ap chèche idantite yo. Pa bliye, yo ap viv nan katye popilè, kote y ap sibi vyolans sou divès fòm, epi yo pa gen aksè ak anyen. Donk, nan sans sa a, rap la se mizik ki pèmèt yo eksprime yo. Rap la se kilti lari a, yon refij, yon lòt altènativ, epi yon fason pou kite geto a. »

Lòt tandans rap k ap emèje

Jodiya, chaje lòt tandans k ap emèje.

Pami yo, gen rap evanjelik la. Karl Foster Candio, ansyen direktè radyo Alleluia FM, panse sa gen apèn yon dizèn lane depi rap evanjelik la an Ayiti fòme yon lòt branch nan rap kreyòl la.

Premye moun ki te vrèman rapè evanjelik, pou Candio, se te Jean Marie Papin, nan fen ane 90 yo. Papin te gen emisyon nan radyo Energy FM. Li pat fè sèlman rap, li te fè reggae tou, epi li te sou enfliyans Master Dji. Li pa t gentan gen albòm, men l te gen plizyè mizik.

Nan ane 2000 yo, se te plis legliz Le Rocher, nan Delma, ki te gen pastè ki pa gen pwoblèm ak rap, Candio rakonte. Te gen plizyè jèn ki te jwenn espas pou devlope talan yo epi montre sa yo ka fè nan legliz sa a. Mizik yo te vin fè hit, epi kèk lòt legliz, tankou Famille Tabernacle ki nan Kafou vin dakò rap la tou nan mitan yo.

Apre sa gen fenomèn Trap la. Se yon nouvo tandans mizikal, ki atire anpil jèn ayisyen. G-Shytt, ki kòmanse frape an 2017, se petèt gwoup trap ki pi popilè nan peyi a.

Wed Lymozart Mozeau, nan nont atis li Mozo, ap chante rap depi 2008. Dapre Mozeau, « menm si Trap ak rap pwòch, pou mwen trap se yon mizik apa. Paske l gen pwòp stil li, pwòp kòd li.»

Gen kèk fanatik rap an Ayiti, tankou Michelet Joseph, ki regrèt jounen jodi a, se plis rapè an solo ki prezante yo. Gen rapè tankou, Steve J. Bryan, Eud, Izolan, Fantom oswa Dug-G ki te nan gwoup men ki kite l nèt oswa pou yon ti tan, kou yo travay poukò yo.

Selon D-Fi li, se yon bagay ki nòmal paske rapè a gen yon fason li wè lavi ki ka pa menm ak gwoup la. Epi li gen istwa pèsonèl li, pwòp diskou l, li vle pote. Youn nan bagay ki afekte yon gwoup rapè, D-Fi di, se lè ideyoloji yo pa pataje.

Enpak entènèt sou kilti rap ayisyen an

Jounen jodi a, devlopman nouvo teknoloji yo enfliyanse rap la anpil an Ayiti.

Premye fason an, pou D-Fi Powèt Revòlte, se nan distribisyon. Pwomosyon mizik pi fasil pou fèt kounye a. Zèv atis yo plis aksesib pou moun tande, pataje, oswa achte. Anvan sa, se te sou CD moun te konn vann mizik, epi se te nan radyo epi televizyon moun te konn tande zèv yo.

Se poutèt sa tou gen kèk rapè tankou Wendyyy ki konstwi karyè yo akote medya tradisyonèl yo gras ak rezo sosyo yo.

Dezyèm enpak la, se parapò ak kòb ki kapab fèt gras ak plizyè platfòm legal ki peye atis yo ak avèk sèvis streaming oswa pou telechaje mizik. Nan sans sa a, atis la pa oblije tann se yon vant siyati oswa lè yon moun envite li vin jwe pou l viv de zèv li. Li chaje fason li ka fè kòb.

Obsèvatè yo ka panse rap Ayisyen an bese apre lanmò, Dad, Katafalk ak Dejavoo. Pou D-fi, apre lanmò nèg sa yo, gen yon lòt vag rapè ki emèje menm si gen diskisyon sou kalite mizik k ap soti yo.

D-Fi panse fòk rapè yo degaje yo pou jwenn mwayen pou yo kapab enpoze yo sou mache mizikal ayisyen an, pa rapò ak jan y ap distriye li pa egzanp. Men fòk fanatik yo tou, konprann yo pa oblije rete tann sa medya ap pote ba yo. Yo gen pou devwa al chache.

Hervia Dorsinville

Journaliste résolument féministe, Hervia Dorsinville est étudiante en communication sociale à la Faculté des Sciences humaines. Passionnée de mangas, de comics, de films et des séries science-fiction, elle travaille sur son premier livre.

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *