CULTUREEN UNESOCIÉTÉ

Ayiti: Se OMOFOBI NOU ENPOTE pa Omoseksyalite

0

Manifestasyon omofòb kont on pwojè lwa ki pa egziste an Ayiti. Kot sans lan ye la silvouplè?… On lòt prèv ki montre gen moun ki kite yo manipile yo jan yo vle. Menm moun sa yo ta dwe kòmanse mobilize tou pou di Ayiti pa dakò ak fason peyi Lagrès ap jere pwoblèm ekonomik li oswa òganize on gwo manifestasyon pou denonse pwojè lwa sou devlòpman zam nikleyè an Ayiti ….

Sa pa etonan ke se on gwoup moun ki nan on relijyon “Pèpè” (enpòte) k ap fè manisfestasyon omofòb jounen jodi a. Manifestasyon sa yo se on lòt prèv ki montre relasyon ki genyen ant endistri èd entènasyonal la ak dominasyon kiltirèl, espirityèl.

Omofobi pwopaje plis nan sosyete nou avèk pwopagann legliz evanjelik/pwotestan yo. Malerezman mank edikasyon/enfòmasyon fè ke popilasyon an pa gen ase zam entèlektyèl pou li konbat vye lide sa yo. Men pou nou ale pi lwen, li enpòtan pou nou raple depi nan zafè kolonizasyon an omofobi/diskriminasyon ap enstale lakay nou, kolon te vle enpoze lidè, valè pa yo sitou a travè legliz katolik.

Mwen vin kwè nan sa plis sitou lè mwen te gen chans li yon etid ki fèt sou zafè omoseksyalite nan kèk peyi Lafrik Lwès. Paske jisteman peyi sa yo tou ki sibi dominasyon, kolonizasyon, gen menm pwoblèm yo, gen ladan yo kote sa pi grav (prizon, pèn lanmò). Yo mete nan tèt nou omoseksyalite se on bagay yo enpòte, ki pat janm fè pati de sosyete nou. Alòske li demontre kijan li te byen chita nan anpil sosyete/tribi afriken epi tou kijan li “devlope” yon fason pi konpleks, pi sibtil pase sosyete ewopeyen yo. Kote nan tribi afriken sa yo, yo menm rive ak degre nyans ak akseptasyon ki pi avanse sou zafè seksyalite.

Tout sa se lòt prèv pou konbat lide absid ke ta vle fè nou kwè se etranje k ap pwopaje omosesyalite lakay nou. Omofobi, se youn nan siy yo. Enstitisyon sa yo byen souvan kont tout sa ki Ayisyen, fason nou pale, fason nou viv, fason nou danse, fason nou reflechi, relijyon e latriye…

Se OMOFOBI NOU ENPOTE pa Omoseksyalite.

Sou zafè òganizasyon ki bay tèt yo misyon pou defann dwa LGBT  an Ayiti, mwen panse li enpòtan pou nou konsidere konteks egzistans kèk nan yo. Genyen yo kreye paske pwoblèm omofobi a te byen la e t ap fè viktim. Pwoblèm diskriminasyon an tap vale teren. Genyen ki monte nan on konteks kote jisteman anpil nan legliz pwotestan sa yo pat sispann preche la èn, diskriminasyon. Yo kreye tou pase diskriminasyon an te ale trè lwen kote pa egzanp gen paran ki te konn met pwòp pitit yo deyò paske yo omoseksyel, kote gen enstitisyon (sant sante pa egzanp) ki konn refize bay sèvis paske moun nan omoseksyel.  Kèk nan asosyasyon/enstitisyon sa yo sèvi espas/ refij pou de moun, trè souvan jèn ki te pedi nan nan sosyete a.

Malerezman nou pa selman enpòte omofobi, nou enpòte, stil, fason pou nou rezoud de pwoblèm lakay nou ki pa fason nou, ki pa toujou byen adapte.   Se sak fè anpil fwa anpil nan nou malalez lè gen moun k ap pale pou dwa omoseksyel nan on sosyete ki defòme, ki pa fin konprann zafè dwa moun. Kote dwa moun pa vreman respekte, kit se dwa timoun, dwa fanm, dwa andikape, dwa travayè elatriye… Anpil nan nou ki nan sosyete a (sitou omoseksyèl yo) pa toujou dakò, pa toujou alèz ak fason kèk nan ti ONG sa yo ap opere, ak diskou yo genyen, ak fason yo abòde pwoblèm nan, nan non tout on kominote. Petèt se a koz mank konpreyansyon, adaptasyon epi konpetans pa rapò ak reyalite nou. Defwa mwen santi yo la pou yo mete plis lwil sou dife…

Men an menm tan si gen on pwoblèm fòk gen moun ki abòde l. E jan yo di souvan lanati pa renmen vid. Petèt sak ki te ka gen plis konpetans yo a koz lapè, mank kouraj oubyen lòt rezon pa vle pale de pwoblèm nan. Enstitisyon sa yo ki deja la, ta petèt merite plis atansyon, plis ankadreman. Paske se pa kouraj yo manke. Nou tout dakò pou rekonèt Edikasyon/ enfòmasyon ki adapte ak reyalite nou, se meyè mwayen pou kwape anpil pwoblèm nan sosyete nou. Fòk plis moun aji, pale. Epi se pa sèlman sou pwoblèm omoseksyèl, men sitou pwoblèm dwa moun.

 

Josué Azor

Image: Josué Azor

NB: imaj la trike, fotograf la mete mesaj ki diferan sou pankat yo. 

 

Commentaires

Quelle image donner d’Haïti sur internet ? Un débat stérile !

Previous article

Un étranger dans mon lit

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost