Itilizasyon dwòn eksplozif nan batay kont g@ng yo soulve anpil kesyon. Malgre anpil nan yo mouri nan diferan atak sa yo, anpil sivil viktim tou. Kiyès ki dèyè atak ak dwòn eksplozif otorite yo ap itilize kont bandi yo ? Kiyès ki dèyè gwoup mèsenè Leta ayisyen angaje pou goumen ak g@ng yo ? AyiboPost pote plis detay sou dosye sa a pou nou
Plizyè medya etranje revele egzistans yon kontra ant Leta ayisyen ak yon konpayi sekirite ansyen veteran lame ameriken an, Erik Prince, nan lide pou konbat gang yo nan peyi a. Dosye sa a, otorite yo pa devwale piblikman, soulve gwo preyokipasyon parapò ak enplikasyon ansyen responsab antrepriz militè prive Blackwater a nan diferan ka vyolasyon dwa moun. Ou t a renmen konprann wòl pèsonaj sa a jwe nan lemond atravè sosyete militè prive li te dirije yo epi kisa l panse vreman de Ayisyen ? Ebyen, AyiboPost pote plis detay pou ou
Nan dat 14 dawou 2025 lan, jounal britanik Reuters, revele Erik Prince, ansyen patwon sosyete militè prive Blackwater a siyen yon kontra ak Leta ayisyen pou yon peryòd dis (10) lane, nan lide pou konbat gang yo an Ayiti.
Erik Prince te fè jounal la konnen tou konpayi sekirite prive l ap dirije kounyeya, Vectus Global, t a enplike nan mete sou pye yon pwogram ki vize takse machandiz k ap rantre sou fwontyè ant Ayiti ak Repiblik Dominikèn yo, yon fwa sekirite a fin tabli.
Li menm fè konnen li espere repran kontwòl prensipal aks woutye peyi a, san konte tèritwa ki nan men gang yo nan espas yon lane.
Konpayi an prevwa deplwaye plizyè santèn konbatan ameriken, salvadoryen ak ewopeyen sou tèren an, k ap gen ladan yo : fran tirè, espesyalis ransèyman ak kominikasyon, elikoptè epi bato.
Sepandan, ni Leta ayisyen, ni responsab Sosyete sekirite prive Vectus Global la pa di kisa montan ak kondisyon kontra sa a ye.
N ap siyale tou, Vectus Global kòmanse opere nan peyi a depi nan mwa mas 2025 lan, selon jounal Reuters.
Prensipal misyon yo te fè, se ede inite Task Force ki sou kontwòl premye minis Alix Didier Fils-Aimé a, nan deplwaman dwón esplozif yo, selon sa ajans lan ajoute.
Pakont, angajman yo pou yon peryòd dis (10) lane plis koze pèsepsyon taks la pa t ko nan deba a.
Nan mwa mas 2025 lan, jounal ameriken New York Times te fè konnen Erik Prince te gentan nan pwosesis pou rekrite militè veteran ayisyano-ameriken, sa n rele mesenè yo. Lide a se te pou voye 150 an Ayiti pandan sezon ete a.
Toujou nan kad menm misyon sa a, ansyen responsab la te gentan voye yon estòk zam enpòtan nan peyi a.
Nan kad travay sa a, AyiboPost te mande Erik Prince epi konpayi Vectus Global komantè sou plizyè pwen. Nan repons yo te bay AyiboPost, yo fè konnen konpayi Vectus Global ap opere an Ayiti nan kad yon akò ak gouvènman ayisyen an pou ede konbat gang yo. Yo te presize tou, se gouvènman an menm ki dirije epi finanse pwojè a, epi deplwaman pèsonèl Vectus yo kowòdone aksyon yo avèk Polis nasyonal Dayiti a.
N ap pwofite fè n konnen Erik Prince nan kad yon podkas li anime ak Don Westblade, kote l diskite sou antrepriz, kilti, ak lòt domèn, ki rele Off Leash With Erik Prince, te deja repete plizyè pawòl rasis sou peyi Dayiti.
Nan yon repons ak yon kesyon animatè prensipal emisyon an te poze l sou eta sitiyasyon nan peyi a, nan mwa fevriye 2025 lan, li te reponn « Se yon sosyete an difikilte kote plis pase mwatye moun yo livre nan Vodou. Konsa, si w twouve w nan anviwon Pòtoprens nan lannuit ou kapab tande chante vodou sou kolin ki ozanviwon l yo. Se yon espas ki mande reflechi ». Li te ajoute, limyè byen an ap etenn tikras pa tikras akoz anpil mal ki ap pase yo.
N ap raple, te deja gen yon misyon antrepriz militè prive Studebaker Defense group ki te avòte nan lane 2024 la nan peyi a, selon sa jounal ameriken New York Times te revele.
Misyon sa a pa t abouti akoz nouvo gouvènman an pa t deside kontinye kolaborasyon an, e mèsenè yo te kite peyi a.
Anplis misyon an te echwe, te genyen yon veteran ayisyano-ameriken ak tout yon polisye ayisyen ki disparèt, san konte yon kantite zam moun yo pa rive idantifye te vòlè, selon sa jounal la te presize.
N ap raple w eksperyans Ayiti ak sosyete militè prive remonte ak plizyè dizèn lane, men se premye fwa gouvènman yo angaje mèsenè pou fè operasyon nan plas lapolis ak lame nan zòn bandi kontwole yo.
Youn nan evènman ki ka monte nan tèt nou, se lè ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide t ap retounen nan peyi an 1994, aprè l te fin pran yon koudeta nan lane 1991. Jou sa a, se te yon ekip konpayi militè prive Steele Foundation, ki baze nan San Francisco, ki te akonpànye l.
Nan lane 2004, plafòm miltimedya Democracy Now te fe konnen, menm konpayi militè ki te konn asire pwoteksyon ansyen chèf Leta a, te gen yon kontra ak Leta ayisyen Depatman Deta te apwouve tou depi 1998.
Yon lòt pwen ankò, sèke ameriken yo te menm anpeche konpayi Steele Foundation sa a ranfòse sekirite ansyen prezidan Jean Bertrand Aristide, avan l kite peyi a an 2004.
Sepandan, dènye ane sa yo, aktivite antrepriz militè prive yo nan peyi a parèt flou.
Nan lane 2021, yon gwoup mèsenè kolonbyen yon konpayi sekirite ameriken te rekrite akize nan asasina defen prezidan Jovenel Moise nan rezidans prive l.
Men, se pa t sèlman sa, paske nan lane 2019, te gen yon gwoup mèsenè ki te rantre nan peyi a sou gouvènman Jovenel Moïse la.
Jou ki te 16 fevriye 2019 la, nan 4 è nan maten, yon vòl prive ateri nan ayewopò Pòtoprens lan, nan yon kontèks kote plizyè jou avan peyi a te gen gwo mouvman peyi lòk, selon sa ekriven ak chèchè ameriken Jake Johnston presize nan yon liv ki rele Aid State: Elite Panic, Disaster Capitalism, and the Battle to Control Haiti, li te pibliye nan lane 2024.
Selon sa liv la esplike, avyon sa a ki te sòti dirèkteman nan ayewopò Baltimò nan Washington te gen abò li yon ti gwoup ajan sekirite ameriken, ki gen ladan yo ofisye operasyon espesyal ki gen gwo kalifikasyon, san konte esperyans militè yo te genyen nan peyi Afganistan, Irak oubyen nan konpayi militè prive Blackwater.
Liv la presize tou, se ansyen prezidan Jovenel Moïse ki te rele direktè ayewopò a, epi yon ansyen minis sou Michel Joseph Martelly, Fritz Jean Louis, ki te fè preparatif pou al akeyi mèsenè yo gran maten nan ayewopò a.
Jou sa a, te genyen de (2) biznisman nan sektè prive an ki pwòch ak Pati ayisyen tèt kale (Phtk), ki te prezan nan ayewopò a tou.
Nan demen, twa (3) nan mèsenè sa yo te tante rantre nan lokal Bank santral peyi a, men yon ajan sekirite te anpeche sa, epi alète wo responsab bank lan, ki yo menm te nye yo te okouran mèsenè sa yo t ap debake nan peyi a.
Sepandan, kèk relve apèl ki te plase ant Fritz Jean Louis epi youn nan moun ki t al akeyi mèsenè yo montre yo te an kontak ak gouvènè bank santral epòk la de (2) semèn avan, selon sa liv Jake Johnston lan te esplike.
Nan dat 17 fevriye sa a, lapolis ki te rive sou plas te entèpele sèt (7) ajan sekirite ak chofè yo, nan yon machin toupre Bank santral la.
Pami yo te genyen senk (5) ameriken, de (2) sèb ak yon ayisyen.
Ajan te jwenn avèk yo, sis (6) fizi semi otomatik, sis (6) zam manch kout, de (2) dwón, de (2) telefòn satelit ak lòt ekipman taktik.
Mèsenè yo te fè polisye yo konnen yo te nan misyon pou gouvènman an, selon sa liv chèchè ameriken an, Jake Johnston lan te revele.
Si gouvènman an te nye enplikasyon yo genyen nan dosye sa a, plizyè enfòmasyon ki t ap sikile te fè kwè mèsenè sa yo te gen misyon pou detui plizyè dokiman ki enplike prezidan an ak lòt pèsonalite puisan nan eskandal Petwo Karibe a.
Medya ameriken The Intercept, ki site yon sous ki okouran misyon an, te esplike pwojè a se te transfere 80 milyon dola ameriken sòti nan Bank santral ale sou kont pèsonèl prezidan an.
Malgre te gen tout enfòmasyon sa yo, otorite ayisyen yo pa t janm fè limyè sou dosye a, jiskake ameriken deside vin pran mèsenè yo lapolis te kenbe nan prizon, alòske yo te dwe pase devan yon jij ayisyen.
Kat (4) jou apre lapolis te entèpele mèsenè yo, plizyè machin SUV vit tente ranpli ak pèsonèl anbasad ameriken te debake nan prizon kote mèsenè yo te ye a.
Yo te nonsèlman libere yo, men anbasad la te eskòte yo jiskaske yo rive nan ayewopò Pòtoprens lan kote yon vòl American Airlines te mennen yo Miami.
De (2) jou pita, youn nan mèsenè yo te remèsye epi fè lwanj piblikman, sou Instagram, pou sipò ak enfliyans otorite ameriken yo ki te vin « pote yo sekou ».
« Sa fè lontan m pa wè fòs gouvènman ameriken an an aksyon, e se yon bagay grandyoz », selon sa l te endike.
Kounyeya, ann rantre nan nannan koze a.
Se kiyès Erik Prince ye menm ?
Kisa k fè non li toujou asosye ak Blackwater menm si l pa nan tèt konpayi an ankò ?
Erik Prince sòti nan yon fanmi kretyen rich nan Leta Michigan. Li te sèvi nan fòs espesyal ameriken, Navy SEAL, nan peyi tankou : Ayiti, Bosni epi rejyon Mwayen Oryan an.
Ansyen militè sa a, ki fè richès li nan divès konfli atravè lemond, t ap pral kreye sosyete sekirite prive Blackwater Worldwide nan lane 1997, apre l di li te konstate echèk kominote entènasyonal la ki pa t aji pandan jenosid peyi Wannda a an 1994.
Konpayi Blackwater te baze nan Moyock, yon zòn marekaj nan North Carolina, ki t a alabaz non an tou, e li te konn ofri sèvis sekirite pèsonèl, pwoteksyon anbasad ak baz ki nan zòn lagè yo, ak Depatman Deta epi lòt ajans Leta Ameriken.
Erik Prince te wè konpayi li a tankou yon vèsyon militè antrepriz livrezon kourye ak koli FedEx, ki vize ofri yon solisyon « efikas prive » fas ak pwoblèm biwokrasi Depatman defans peyi Etazini an.
Konpayi sa a t a pral vin youn nan pi gwo aktè nan sektè militè prive a, prensipalman nan peyi Irak ak Afganistan, sou administrasyon George W. Bush, aprè atak 11 septanm 2001 yo.
Sòti 2004 rive 2009, Blackwater rantre plis pase 1.5 milya dola ameriken pou sèvis pwoteksyon ak transpò diplomat ameriken nan peyi Irak, selon sa jounal New York Times te revele nan lane 2009. San konte misyon sekrè li fè pou Ajans santral ransèyman ameriken (CIA).
Entansifikasyon lagè kont teworis peyi Etazini an te pouse Blackwater devan sèn lan kòm pi gwo konpayi mesenè nan mond lan, sitou gras ak sipò gouvènman Bush ak Obama a, ki te privatize kèk fonksyon militè.
Erik Prince te gen renome tou kòm moun ki te konn bay Pati Repibliken an sipò finansye. Nan eleksyon 2016 yo, li te bay plis pase 250 000 dola pou finanse kanpay Donald Trump.
Malgre tout gwo koneksyon sa yo, ou sandout ap mande poukisa antrepriz Blackwater pa gen bon repitasyon ?
Ebyen, nan lane 2007 konpayi an te enplike nan yon masak ki te fèt nan vil Bagdad, kote yon gwoup militè te touye anba bal katòz (14) sivil irakyen ki pa t ame, epi blese plizyè lòt.
Nan dosye sa a, lajistis ameriken, nan oktòb 2014, t ap pral deklare kat (4) ansyen ajan Blackwater koupab nan asasina sivil sa yo, apre li te fin tande temwànyaj 71 temwen, pami yo 30 irakyen.
Sepandan, nan lane 2020, Donald Trump ki te prezidan nan epòk la, e ki gen bon rapò ak Erik Prince, te grasye ajan yo.
Dosye sa a ki te fè gwo eskandal, te pouse Erik Prince vann konpayi an ki te vin chanje non l an Xe, ansuit Academi an 2010, epi li t al viv nan peyi Emira Arab Ini.
Men, li pa t mete fen nan aktivite li yo.
Nan lane 2011, New York Times revele Erik Prince te ede nan rekrite epi fòme yon gwoup mèsenè kolonbyen pou peyi Emira Arab Ini te ka itilize yo nan konfli ki te genyen nan rejyon Mwayen Oryan an.
Nan lane 2017, li te pwopoze yon plan pou yo te otorize yon gwoup mèsenè pran kontwòl peyi Afganistan ki te gen gwo konfli ame ant gouvènman epòk la avèk gwoup islamis Taliban yo.
Menm ane sa a tou, jounal Washington Post te revele Erik Prince te jwe yon wòl nan etabli yon koulwa kominikasyon sekrè ant administrasyon Trump ak gouvènman Larisi a, atravè yon rankont sekrè sou Zile Sechèl avèk yon reprezantan Ris, peyi Emira Arab Ini te fasilite.
Sa ki t ap pral pouse Kongrè ameriken an poze l kesyon nan kad ankèt sou enfliyans Larisi nan eleksyon ameriken 2016 yo, ki t ap pral mennen Donald Trump sou pouvwa a.
Nan lane 2021, Nasyonzini pibliye yon rapò ki fè konnen Erik Prince te vyole anbago entènasyonal sou zam ki konsène peyi Libi, sitou lè li te livre dwón bay marechal Khalifa Haftar, ki se pèsonaj santral konfli ant gouvènman Tripoli a.
Menm si Erik Prince toujou demanti akizasyon sa yo, eskandal sa yo sal epi diminye repitasyon li nan sektè militè prive ameriken an.
Malgre tout dosye sa yo, ansyen responsab Blackwater a tounen ak fòs pandan 2e manda gouvènman estrèm dwat Donald trump lan, ki gen yon relasyon privilijye ak Erik Prince, selon sa plizyè rapò revele.
Daprè magazin enfòmasyon ameriken Time, ansyen PDG Blackwater an te menm pwopoze administrasyon Biden lan yon plan 10 milya dola, nan lane 2020, pou fabrike zam epi kreye yon lame prive nan peyi Ikrèn.
Nan mwa fevriye 2025 lan, li te pwopoze Lamezon Blanch yon plan ki vize depòte plis pase 12 milyon migran, ki t ap koute gouvènman ameriken an 25 milya dola. Yon pwopozisyon ki te soulve anpil preyokipasyon jiridik.
Nou jwenn tras aktivite Erik Prince tou nan zòn Sid Amerik la, prensipalman nan peyi Ekwatè kote li enplike nan batay kont trafik dwòg, epi nan Repiblik Demokratik Kongo ki siyen yon akò ak li pou sekirize aktivite esplwatasyon min peyi a, selon sa ajans Reuters te fè konnen.
Kounyeya, ann gade kisa aktivite mèsenarya a ak sosyete militè prive yo ye menm ? Èske gen yon kad jiridik entènasyonal ki ankadre yo ?
Dabò, atik 47 pwotokòl adisyonèl 1977 Konvansyon Jenèv yo konsidere kòm mèsenè :
Tout moun yo rekrite espesyalman nan yon peyi osnon aletranje pou goumen nan kad yon konfli ame, sitou pou l benefisye yon avantaj pèsonèl yon kan nan konfli a pwomèt. Li pa ni sitwayen, ni manm lame pati ki nan konfli yo, e yon lòt peyi pa t angaje nonplis pou patisipe nan konfli a.
Genyen de (2) lòt dokiman ki ankadre mèsenarya a sou plan entènasyonal ki se : Konvansyon sou eliminasyon mèsenarya an Afrik, Òganizasyon Inyon afriken adopte nan lane 1977, epi Konvansyon entènasyonal kont rekritman, itilizasyon, finansman ak enstriksyon mèsenè Òganizasyon Nasyonzini adopte nan lane 1989.
N ap presize tou, kad jiridik sa yo pa gen gwo enpak sou gwo Antrepriz militè ak sekirite prive (ESMP) yo paske aktivite yo pa konsidere tankou mèsenarya.
Nan ka Antrepriz militè ak sekirite prive yo, peyi Laswis ak Komite entènasyonal Lakwa Wouj finalize nan lane 2008, yon dokiman entègouvènmantal, san obligasyon jiridik, ki fikse responsabilite legal peyi yo parapò ak antrepriz sa yo, sitou lè y ap evolye nan zòn konfli.
Sepandan, Ayiti pa ratifye kad jiridik sa yo.
Mete sou sa, otorite konsèy prezidansyèl tranzisyon yo pa bay okenn detay sou kloz kontra ak Erik Prince lan, ni ki estrateji yo defini ki responsabilize konpayi li an epi pwoteje sivil nan katye gang kontwole yo.
Pou n fini, gen òganizasyon dwa moun ki dokimante move aksyon konpayi sa yo konn fè atravè lemond tou.
Pa egzanp, òganizasyon dwa moun Human Rights Watch rapòte, konbatan gwoup Wagner mete ak lame peyi Mali touye epi egzekite ilegalman plizyè dizèn sivil nan rejyon Sant ak Nò peyi sa a, depi mwa desanm 2023.
Kidonk, apre w fin konn kiyès Erik Prince ye, èske w panse angajman l pran ak Leta ayisyen an pral ede rezoud pwoblèm sekirite a nan peyi a ?
KREDI
► Kamera : Marc Elie Rosena
► Montaj : Sherlande Pierre
► Prezantasyon : Daphena Rémédor
► Redaksyon : Lucnise Duquereste
► Edisyon / Sipèvizyon : Jérôme Wendy Norestyl, Widlore Mérancourt, Philicien Casimir
Gardez contact avec AyiboPost via :
► Notre canal Telegram : cliquez ici
►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici
►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici






Comments