SOCIÉTÉ

Anpil bòs k ap soude refize peye EDH kouran

0

Bòs k ap pratike soudi itilize fè pou yo pwodui baryè, recho, chèz, kabann ak anpil lòt bagay pou yo rantre lajan. Poutan, EDH pa jwenn yon goud nan men anpil nan yo pou kouran yo itilize nan kad aktivite sa a

Albert, se konsa yon mesye k ap soude di li rele. Li gen yon chemizèt gri ki pèdi koulè sou li. Yon linèt nwa kwoke nan chemizèt la, l ap kole yon fil kouran jou ki te madi 10 desanm nan. Li te 6zè nan maten. Albert ta pral fini yon baryè pou yon kliyan ki te tou chita kote li.

Moun ki ap fè menm travay ak Albert yo rele soudè.  Yo travay ak aparèy ki fonksyone ak enèji elektrik. Li kapab kouran EDH oubyen yo itilize jeneratris. Pou dènye a, bòs yo itilize li lè gen ijans. « Se kouran EDH yon bòs ap plis itilize. Si se pa sa n ap depanse tout ti ekonomi nou nan gaz sèlman », se sa Albert fè konnen.

Ayibopost vizite 9 atelye ki fè baryè fèfòje pou atik sa fèt. Gen de ki Fontamara, de nan Matisan, youn nan Dikini, de nan Kafou, youn nan Bon Repo epi youn nan Delma. Pa gen youn ladann yo ki peye EDH kouran.

Li tou: Eksplwatasyon sab bò lanmè se malè pandye

Jordany Raphaël se konsa yon bòs ki rete Dikini rele. Li gen 46 lane. Se depi 2008 li ap soude. Atelye a fèt nan lakou lakay li. Depi 2008 rive jodiya, misye ap boule kouran Leta pou li fè travay li yo. Poutan li rekonèt li « pako janm peye kouran pou atelye a. Pou kantite kouran m konn yon atelye boule, si m t ap peye, m t ap nan obligasyon pou m fè kliyan an peye 30 % anplis kantite kòb m konn mande.»

Gen yon kontè ki plase nan yon poto ki al lakay Jordany Raphaël. «Kontè a pou kay la, li pa pou atelye a. Konsa, Leta wè m gen kontè nan zòn nan, ajan yo p ap oze ranse ak mwen

Pou bòs Jordany soude, li rale yon lòt fil sou poto a ki kole ak yon bann kandelam ki klotire kay li a. Fil la pa kole nèt, se chak lè li pral soude li branche li. Li fè fil la desann dwat nan pil kandelam nan. Konsa, si yon moun p ap siveye sa byen, li ka pa konn si se konsa li pran kouran pou li soude.

Albert pa peye Leta kouran li boule a tou. Li esplike  : «M sonje nan vi m, se yon sèl lane ak kèk jou m fè tap peye kouran. Se te nan lane 2009. Lè sa m te fè yon kite espas sa pou m al travay sou teren yon zanmi Kafoufèy. Moun nan zòn nan te fè yon komite, yo te vle tout moun ki ap itilize kouran gen kontè. M te aksepte fè l. Lè m vin wè twòp depans, m kite zòn nan epi m tounen kote m te ye a».

Pou li jwenn kouran, li bay yon komite 1000 goud pou ploge fil li a. Epi, chak lè komite a gen bezwen lajan, li jere yo. «Si m t ap peye kouran m t ap bay senkant fwa plis sa m bay la chak lane. Sa pa deranje m pou m kontribye lè gen bezwen

EDH gen pwoblèm kòb pou li fonksyone

Elektrisite Leta nan peyi Dayiti pa ka rive rantre lajan sou kantite kouran ki boule tout bon vre. Kantite lajan Leta rantre nan zafè kouran chak lane se 350 a 550 milyon goud.

Pou mwa jen 2019 pa egzanp, Jose Davilmar ki se responsab kominikasyon nan EDH fè konnen, enstitisyon sa rantre dis milyon goud. Poutan, li gen yon dèt sèlman nan Pòtoprens ki rive jiska yon milya senk san milyon goud. Pou mwa sa, EDH gen selman 23 224 moun ki abòne sa vle di ki gen kontè lakay yo. Nan tout, se sèlman 2 189 ki peye kouran.

Ou ka li tou: Konprann poukisa kèk medikaman yo vann nan bis se gwo danje

Akoz kantite lajan yo rantre chak lane a piti, selon rapò 2017 ministè Ekonomi ak Finans lan, EDH oblije sèvi ak lajan sa sèlman nan finanse depans fondamantal li yo. Sa vin koz, enstitisyon sa te nan difikilte pou li peye fakti IPP yo (Independent Power Producer). Montan fakti sa se trèz milyon dola ameriken chak mwa.

Se sa ki vin fè, ministè Finans bay EDH yon sibvansyon chak mwa. Montan sibvansyon sa se san milyon goud.

Yon metye difisil

Albert se papa 5 pitit : de fi ak twa gason. Li nan aktivite sa depi lane 2003. Se te yon zanmi li ki konn soude ki te envite li rantre ladann. Li eksplike « M pa t ap travay epi mwen te gentan gen pitit. Zanmi m sa te konn ap soude nan zòn katriyèm avni. Yon bon jou li rele m vin aprann bò kote li.»

Aprè de lane ak zanmi an, Albert te kite pou al fonksyone pou kont li. Se mwayen pou li rantre lajan pou li okipe fanmi li.  « Pa gen anyen ki difisil. Epi depi w ret anba moun, li ap jere w sa li vle poutan m gen fanmi sou kont mwen. Se pou sa, yon bon jou m di li m pral travay pou kont mwen. Misye tèlman rilaks, li banm mwayen pou mwen lanse m.»

Nan lane 2005, li enstale l nan lakou yon zanmi li pou li louvri atelye pa li. Se nan Matisan 21 li ye. « Sa pat fasil di tou paske m pat gen anpil esperyans. Men, gras ak zanmi m nan ki konn pase wè m pou li gade travay mwen epi banm konsèy, m rive kenbe nan atelye a.»

Atelye sa toujou nan menm lakou a. Chak jou, depi gen kouran Albert ap travay. Nan espas la gen tout gwosè baryè. Yo rele yo baryè fèfòje. Menm jan an tou, li gen chèz ak recho tou.  « Depi gen yon jou pa gen kouran, m gen pwoblèm. Menmsi se lannwit yo bay kouran an, fòk mwen leve pou m travay

Soudè yo souvan malad nan je

Kit se nan atelye oubyen nan chantye, menm si yon soudè ap chache fè plis kòb, risk yo anpil. Depi sou lafimen materyèl ki ap soude a ap degaje a, pase pran chalè materyèl yo bay, kontinye sou kouran ki ap sikile nan aparèy yo, san nou pa bliye fè yap koupe, elatriye. Anpil soudè yo malad nan je.

Albert di depi twa lane aprè li fin rantre nan metye a, je li kòmanse ap ba li pwoblèm. «Lè sa fenk kòmanse, m te konn panse se pay ki tonbe nan je m tèlman li boule m. Se lè m wè li kontinye ap fè m sa, m deside ale lopital epi doktè vin konfime se pwoblèm m gen nan je. Doktè a te tou pwofite esplike m jan soude a pral bay je m pwoblèm

Judith Morin se yon doktè rezidan nan lopital inivèsite Leta an Ayiti. Li fè konnen, depi yon moun ap soude, gen yon bann zèklè dife ki fèt. Se zèklè sa, depi yon moun ap gade li toutan ki ap bay je moun nan pwoblèm. Reyon sa ka rive nan retin osinon gla je moun nan, epi boule kòne an. Lè sa, moun nan riske gen katarak.

Selon li menm, «Moun nan ap gen sansasyon devan je li gen yon bouya. Sa ap vin koz li wè twoub. »

Efektivman, Robenson (Roro) Toussaint se yon bòs kap travay Bon Repo. Li ladann depi 2002. Li fè konnen, «7 lane aprè m vin nan metye sa, m kòmanse gen pwoblèm nan je m. M te konn li byen pwòp. Depi lè sa m pa ka li anyen san linèt. M te al kay doktè, yo te di se katarak m pral genyen. Se jere m te jere sa rapid pou m pa t rive la

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *