SOCIÉTÉ

Konprann poukisa kèk medikaman yo vann nan bis se gwo danje

0

Nan bis ki al nan pwovens ak kèk wout anndan kapital la, konn gen machann ki ap vann medikaman. Yo rele yo ajan maketin. Ladan yo, gen sa ki achte sou fwontyè dominiken an kote gran founisè yo konn melanje medikaman ki fo ak sa ki orijinal

Marie Louisna Jean se yon machann manje kuit sou wout Dikini an, nan Kafou. Li se manman 3 pitit. Papa yo ap viv Etazini, men li pa janm chèche pran nouvèl timoun yo depi lane 2016. Depi nan lane 2010, se ak manje kuit la madanm sa okipe timoun li yo.

Nan mwa jen 2019 la, Marie Louisna Jean pran yon bis pòtay pou li rantre lakay li. Li te nan 7h nan aswè jou sa. Nan bis la, gen yon ajan maketin ki t ap vann plizyè medikaman. « Pami yo, mesye a te gen yon medikaman ki bon pou doulè ki rele Diklofenak. »

Kòm li te bezwen konprime yo, epi li wè ajan an ap vann li nan pi ba pri, Marie Louisna Jean achte medikaman an.

Yon fo medikaman

Marie Louisna Jean fè tansyon ba, se sa yo rele ipotansyon an. Selon sa li di, li difisil pou tansyon li rive nòmal. Nan aswè, li pran youn nan konprime li te achte yo pou yon tèt fè mal li santi. Li te nan 9h lè sa, selon madanm nan. « Ou konnen jan tansyon lari a ye ak koze manifestasyon ki te genyen an, sa pote m ale paske se nan lari a m fonksyone. »

Inèdtan aprè li santi li paka kenbe kò li. Tout manm li yo fèb. « M vin pèdi konesans. Lèm vin reprann mwen, se nan demen maten. M jwenn mwen sou kabann sant ospitalye ki nan rantre Dikini an. Se lè sa m aprann tansyonm desann nan nivo poum te mouri. »

Li ajoute : « M pat janm ka konn kisa ki koz sa pandan jounen an. M panse se te estrès sou koze lari a ki manke potem ale. » Se nan fen jounen an, lè li rantre lakay li, li konnen medikaman machann nan ba li a se HYDREX. Daprè sa doktè  Marie Louisna Jean di li, medikaman sa a se moun ki gen tansyon wo ki itilize li pou tansyon an vin nan nòmal li.

Yon medikaman ki fo se yon medikaman ki pa fèt jan prensip la mande. Nan ka sa, dozaj la ka twò wo, oubyen li ka twò ba. Konsa tou, li ka gen yon pwodwi ki pa fèt pou li ladann. Li ka yon pwodwi toksik.

Gen dis pousan medikaman ki gen nan mond lan ki fo. Nan peyi ki pòv tankou Ayiti, gen anviwon 25 a 50% nan medikaman ki ap sikile ki fo. Becheny Caristil se yon famasyen. Li esplike tout medikaman gen posibilite pou gen fo ladann. «Pa egzanp, nan 4C gen yon siwo ki rele Bactoclav. Avanyè la, gen yon fo yo jwenn kap sikile ladann. Nan ka sa, si yon moun ap achte, li kapab jwenn fo a tou.»

Kèk ajan maketin konn vann yon medikaman jòn ki gen kòd 5712. Yo vann li sou non Klaritromisin nan yon ti sachè. Klaritromisin se non yon medikaman ki la pou trete maladi enfeksyon. Famasyen an fè konnen, medikaman ki gen kòd 5712 se Metfòmin ak Glibirid li ye. Li bon pou moun ki dyabetik.

Doxycycline se konsa ajan maketin rele yon konprime ki gen koulè woz. Becheny Caristil di li gen plis pase twa lane depi lap sikile nan peyi Dayiti paske yo di l se yon antibyotik ki bon pou enfeksyon. «Poutan, se pa konsa li rele vre epi se pa pou maladi sa li bon. Li rele Metropolol. Se medikaman pou tansyon li ye.»

Caristil presize, «nenpòt moun nan nenpòt peyi kapab viktim. Men, peyi ki pòv yo tankou peyi pa nou pi vilnerab.»

Ajan yo pafwa koupab

Pou fè travay sa, Ayibopost rive pale ak 5 moun ki di yo pran nan fo medikaman nan men ajan maketin nan bis Pòtoprens. Ladann gen Monique Pierre-Louis ki se yon jèn 27 lane. Li gen yon sèl pitit fi.

Li te achte nan mwa septanm 2019 la yon ti bwat konprime fwadmori nan men yon ajan maketin. «Li tap vann konprime nan ti sachè pou 50 pyas. Kòm m pi renmen lè se mwen ki louvri bwat konprime map sèvi, m mande li yon bwat.»

Li tou: Prendre des médicaments sans l’avis d’un médecin peut vous coûter la vie

Li fè konnen : «lè m rive lakay mwen, kòm chak 3 jou m konn pran youn, mwen louvri bwat konprime an pou m pran youn. Se lè sa m wè li etranj. M jwenn li gen yon lòt gou. Li rak nan bouch mwen, sa ki diferan ak sa mwen konn abitye achte yo.»

Pou verifye konprime a, Monique Pierre-Louis deside pote li bay doktè li. Doktè a deklare se pa bon medikaman an.

Yon biznis difisil

Bernard Jules se yon ajan maketin nan bis ki ale Bon Repo. Li se yon jèn gason ki pako gen 30 lane. Li rantre nan biznis sa depi 2016.

Li fè konnen, gen anpil ajan ki ap vann medikaman ki pa bon. « Sa koz anpil moun konn pranm pou modèl moun sa yo. Paske, pa egzanp, gen nèg ki konn montre lap vann alpalid epi se bonbon amidon li ye. Sa vle di konprime ki nan menw lan pa bon, kidonk li paka fè tèt fè mal la anyen. Gen anpil fake siwo deyò a, ajan yo tou konnen siwo sa yo refèt. Men pou yo, si yo gentan achtel, depi li pa touye moun, yo kontinye vann li.»

Ki kote ajan yo achte medikaman y ap vann yo ?

Gen yon lwa ki reglemante kijan pou pwodui, distribiye, estoke ak konsome medikaman an Ayiti. Selon atik 22 nan lwa sa, Leta pa bay laboratwa ak depo yo dwa pou yo vann medikaman ak yon patikilye. « Se famasi ki nan lis ministè lasante a ki gen dwa pou yo kòmande medikaman yo pou vann popilasyon an.»

Bernard Jules eksplike gen nan pwodwi li ap vann yo li achte nan men moun sou fwontyè dominiken an. « Sa pa vle di medikaman yo se nan peyi sa yo fèt. Dominiken kòmande yo epi revann ak patikilye, sitou nou menm ki se ajan.»

Men tou, anpil ladan yo sòti nan ajans famasetik nan peyi Dayiti. Yo la pou enpòte ak distribiye medikaman. Bernard Jules eksplike « Ajans sa yo gen ajan, sa vle di yon moun,  ki la pou distribiye medikaman yo nan famasi ak lòt kote. Nou pran kontak yo epi yo pote pou nou tou.»

Ou ka li tou: Seulement 300 pharmaciens et 128 pharmacies autorisées pour 11 millions d’habitants

Rachel Jean-Charles se yon dam ki gen 34 lane k ap vann medikaman. Li te monte yon bis ki fè Fontamara rive nan sant vil pòtoprens. Nan valiz ki nan men li an chaje medikaman. Pifò se medikaman ki sot sou fwontyè dominiken an.

Li gen 2 medikaman nan men li, li di li achte nan peyi Dayi. Medikaman sa yo se : Top Force ak Metwonidazòl. Li ajoute « M achte Top Force pou mwen revann nan JMB Medical Agency. Epi, pou metwonidazol la, mwen gen yon moun mwen nan Prophalab ki toujou pote vann mwen lè m gen bezwen. »

Tou 2 ajans sa yo nan lis etablisman famasetik ministè lasante bay otorizasyon pou fonksyone sou teritwa a. Lis la pibliye nan mwa fevriye 2019, li gen 40 depo antou ladann.

Jèn fi sa fè konnen li konn abitye achte an gwo nan anpil ajans famasetik ki gen nan peyi a. Li eksplike « Lè mwen bezwen, mwen kontakte youn nan ajan ki la pou distribiye medikaman nan ajans m bezwen an. M pale ak li, epi li pote sa mwen bezwen yo pou mwen. Se konsa m fè ak Prophalab. »

Gen ajans, selon Rachel, li jis al achte ladan dirèkteman. « Yo konnen m se ajan maketing. Pa gen anyen ki mal nan sa daprè mwen paske yo pa janm dim anyen. Ni tou m pa konn tande yap plenyen. »

Gen ajans ki vann ajan maketing san ezite

Junior se yon senp sitwayen ki vle jwenn enfòmasyon nan ajans JMB Medical, pou li vin yon ajan ki ap vann pwodui famasetik nan machin, malgre lalwa pa pèmèt enstitisyon sa yo vann medikaman bay patikilye. Li mande youn nan responsab ajans sa yon lis medikaman ki sòti nan plizyè laboratwa.

Responsab la, san li pa pale de otorizasyon ministè lasante, kòmanse bay esplikasyon. Li bay pri kèk nan medikaman yo. Junior di : « Jan moun yo akeyi mwen epi ede m byen rapid pa montre mwen fòk mwen se yon famasyen.»

Ayibopost mande JMB Medical entèvyou, sa pa rive fèt. « Nou pa gen enterè nan sa w pral mande yo mesye », se sa youn nan responsab ki te la yo fè konnen.

Anpil fo medikaman soti Sen Domeng

Laboratwa nan peyi Dayiti fè 20% selman nan medikaman popilasyon an konsome, se sa Becheny Caristil mansyone. Sa diferan pou Repiblik Dominikèn. Yo pwodwi 80%. « Sa fè an Ayiti gen yon vàn ki louvri pou fo medikaman rantre.»

Gen 2 posibilite pou yon ajan jwenn medikaman nan peyi a. Se depo nan peyi Dayiti ak nan men founisè Sen Domeng. Poutan, gen anpil laboratwa famasetik nan peyi sila a ki ap fè fo medikaman. Sa vle di, lè yon laboratwa lòt peyi fè yon medikaman k ap mache, laboratwa dominiken itilize non an pou fè yon fo.

Pou lane 2018 la, biwo pwokirè espesyal pou tout krim epi pou krim kont sante moun sezi plis pase 258 milyon dola dominiken nan fo medikaman. Kòb sa depase montan biwo sa te sezi nan peryòd 2003 rive 2005. Lè sa yo te sezi 223 milyon dola dominiken.

Li tou: Affaire Pharval : 23 ans d’épreuve pour les familles victimes

Operasyon sa yo te mennen nan Santiago, Moca, Bonao, Higüey, Santo Domingo Este ak nan distrik nasyonal la, se sa jij Rafael A. Brito Peña di. Se li menm ki prezidan biwo sa.

Jou ki te 19 jiyè 2019 la, otorite nan peyi Sen Domeng rive met men sou youn nan pi gwo estrikti kriminèl ki la pou ekspòte fo medikaman. Nan operasyon sa, otorite nan peyi sa sezi medikaman ki refèt pou yon montan ki se 16,2 milyon pèso. Yo te pran tou, anpil materyèl laboratwa, anpil pwodui chimik, matyè premyè ki la pou prepare fo medikaman yo ak anpil lòt bagay.

Nan operasyon sa a, otorite dominikèn rive arete 7 sitwayen peyi Venezyela.

Kisa la lwa di sou laboratwa ak depo kap vann medikaman nan peyi Dayiti?

Selon lwa ki reglemante kijan pou pwodwi, distribiye, estoke ak konsome medikaman yo an Ayiti a, yon laboratwa oubyen yon depo ki vann yon machann anbilan oubyen ajan maketing yon pwodwi ap gen pou li peye yon amann ki se 20 000 goud sou chak pwodwi li vann machann nan.

Si aprè pèn sa li kontinye fè li, amann nan ap double. Fwa sa a li ap 40 000 goud. Epi, si li kontinye toujou, Leta ap fèmen, pandan yon titan etablisman famasetik ki pa famasi men ki ap vann moun pwodui a. Konsa tou, Leta ka menm fèmen li nèt.

Toujou selon lwa sa, yon moun oubyen yon laboratwa oubyen yon depo ki ap vann medikaman ki fo, li gen yon amann de 50,000 rive 100,000 goud. Epi, moun sa ap pase ant twa rive sis mwa nan prizon. San nou pa bliye, Leta ap sezi pwodui sa yo.

Ayibopost pa rive rantre an kontak ak Ministè Sante Piblik.

Commentaires

Snayder Pierre Louis
Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

    Ayibolab | Écoutez le témoignage d’une prostituée Vénézuélienne en Haïti

    Previous article

    Opinion | Que veut dire exactement: «Osons être libres par nous-mêmes et pour nous-mêmes»

    Next article