EN UNESOCIÉTÉ

Akoz ratman gaz la, anpil fanmi nan Pòtoprens pa genyen dlo pou yo sèvi

0

Menmjan ak anpil lopital k ap rele osekou pou yo kapab fonksyone, genyen fanmi ki nan gwo ensètitid pou konnen si swaf p ap fini ak yo nan jou k ap vini yo

Sa genyen plizyè jou depi Naikah Charles, manman yon bebe ki genyen 4 mwa, pa sispann enkyete l. Dlo pou li bwè ak pou li sèvi lakay li vanse fini. Sa ki rete a pa ka bay plis pase de jou ankò. Epoutan, Charles poko konnen ki jou ni ki kote li pral jwenn dlo lè rezèv li a fini. Tout kamyon dlo li rele pou vin plen rezèvwa lakay li pa aksepte, paske yo pa genyen gaz.

«Dabitid kamyon dlo a koute 500 dola. M pa ta gen pwoblèm peye plis, men yo di m yo pa ka deplase ditou. Menm dlo nan galon pou bwè te difisil pou m twouve tou. Plizyè kote k ap vann pa t genyen ankò. Pou konnya, pou fè manje, benyen epi lave veso, se rès dlo lapli mwen te pran pandan jou ki te pase yo n ap itilize. »

Men dapre meteyo, lapli pa ta dwe tonbe nan zòn lakay li pandan tout rès semenn nan. Sa mete l nan yon sitiyasyon difisil. Naikah Charles ap reflechi tounen lakay manman l ki abite Petyonvil, pandan kèk jou, paske rezèv dlo lakay paran li yo te plen sa genyen kèk jou.

Lire aussi: Sifonnen gaz gen gwo danje ladann

Tankou Charles, plizyè fanmi nan Pòtoprens ap plenyen pou dlo yo pa ka jwenn. Nan kapital la, se kamyon dlo ki al plen nan zòn laplèn, ki mache distribiye nan kay yo. Men akoz kriz gaz peyi a konnen depi plis pase 5 mwa, mete sou yon grèv manch long pou rele kont ensekirite, kamyon yo plis pa ka jwenn gaz toujou. Swaf menase anpil fanmi ki ap espere jwenn yon gout dlo.

Yon sitiyasyon difisil

Nan peyi a, sitou nan Potoprens, se pa tout kote ki genyen tiyo dlo DINEPA, ki se ajans Leta ki responsab distribisyon dlo potab. Sa lakoz depi plizyè lane se kamyon k ap mache bay dlo nan kay yo. Kamyon sa yo pa toujou an bon eta, sa ki mete yon danje anplis sou kalite dlo yo pote a. Men, se yo menm ki pèmèt anpil fwaye nan kapital la benefisye gout dlo.

Tou depan zòn yon moun abite, pri kamyon dlo a pi chè osnon pi ba. Nan zòn Naikah Charles abite a, ki se Delma 31, li dwe peye 500 ou 600 dola, tou depan kamyon an. Dlo sa kapab dire li yon mwa, selon itilizasyon li menm ak fanmi li. Men avan jounen grev yo te kòmanse, Naikah Charles te bay ranje rezèvwa lakay li a, ki te gen yon pwoblèm. Lè travay la fini, li pa jwenn dlo pou replen li.

Se menm sitiyasyon sa a My-Hans Moise ap viv. Li menm li genyen dlo pou de oubyen twa jou ankò. Basen lakay li mande plen, men pa genyen posibilite pou sa. Sa raple li kijan nan moman peyi lòk, li te gen gwo pwoblem dlo. « Se yon frè m ki pa abite menm kote ak mwen ki te riske pou l pote kèk veso dlo pou mwen, pandan yon jounen kote te genyen yon kalmi. San sa, swaf te ka tiye mwen», konsa Moise pale. Sa oblije yo ale pi dousman toujou sou ti dlo ki rete a, epi reyitilize l chak fwa sa posib.

Lire aussi: Du captage de l’eau à la distribution, comment la DINEPA procède-t-elle ?

Okenn kamyon pa soti

Se laplèn anpil kamyon al pran dlo pou vin pote nan Pòtoprens, nan zòn tankou Dèlma, Petyonvil, elatriye. Kamyon sa yo boule anpil gaz pou fè pakou sa yo. Chak fwa yo deplase, yo dechaje kamyon an nan rezèvwa kliyan an, epi retounen al plen pou yon pwochen vwayaj.

Yon anplwaye kamyon sitèn « Supreme » ki pa t bay non li paske li pa otorize pale nan non konpayi an, esplike kijan se plis pase 60 galon gaz yon kamyon kapab pran. E yo posede kamyon ki genyen de tank pou pran gaz. Se nan estayon gaz yo oblije toujou plen, malgre nan moman sa a se nan mache nwa ki genyen gaz. « Nou pa ka achte gaz nan lari, paske mèt konpayi an pa dakò sa. Ou ka fin achte gaz la epi l bay kamyon an pwoblèm. ».

Menm si kamyon sila yo ta achte gaz k ap vann nan mache nwa a, pri kamyon dlo a t ap ogmante anpil, e se pa tout moun ki t ap ka achte li. Li di : « Si n al achte yon galon gaz pou 400 dola, yon moun ki te konn peye dlo a 500 dola, se 1200 osnon 1500 dola pou n ta mande l. E menm la li ta ka yon pèt pou nou.» Se pou sa tout kamyon yo kanpe pou konnya.

Dapre My-Hans Moise, genyen kanmenm yon posibilite pou ta jwenn dlo. Men li pa nan mwayen tout moun. Li di : « Lòtjou mwen wè yon kamyon vin bay dlo anfas lakay la, nan yon biznis ki vann dlo potab. Lè mwen al mande si yo ka pote pou mwen tou, yo di mwen yo pa kapab, paske se kliyan ki ba yo gaz ki fè yo te kapab vini.»

Nou pa ka achte gaz nan lari, paske mèt konpayi an pa dakò sa. Ou ka fin achte gaz la epi l bay kamyon an pwoblèm.

Se vre si yon moun ka bay kamyon yo gaz, yo kapab pote dlo pou li. Men genyen de pwoblèm ki fè solisyon sa pa fin bon. Premyeman, pri galon gaz la k ap vann sou lari chè anpil. Tou depan kote yon moun abite, li ka depanse anpil lajan pou sa, anplis l ap peye kamyon dlo a. Men sa ki pi grav, se paske nan sous kote kamyon yo al plen an, kòmanse genyen pwoblèm tou.

Anplwaye kamyon Supreme nan fè konnen akoz ratman gaz la, motè ki pou monte dlo pou plen sitèn kamyon yo pa fonksyone. « Se dyezèl yo ye tou, menmjan ak kamyon yo. Sa vle di menm si yon moun ta jwenn mwayen vin plen kèk veso dlo, li ka rive epi l pa ka pran dlo akoz motè yo.»

DINEPA ki se ajans Leta ki responsab bay dlo nan peyi a, pa gen kapasite bay tout kapital la dlo potab. Anplis, plizyè sous dlo ajans lan kapte pou li fè distribisyon kòmanse tari, akoz moun ki al konstwi kay yo nan mòn Lopital. Sou 18 sous dlo ki bay kapital la ak zòn ki antoure li yo dlo, genyen yonn ki déjà fèmen, e kat lòt sou bit fèmen, dapre yon atik AyiboPost te soti lane pase.

Lire également: La DINEPA utilise quatre fois plus de «clorox» pour traiter l’eau de P-au-P à cause des dégradations

Tout moun ap sibi

Konsekans ratman gaz la pa sèlman nan kesyon dlo. Anpil lopital nan peyi a kòmanse pa ka kenbe ak sèvis yo. Se konsa lopital Caramed nan Okay, Jusitinien nan Okap, ki se yon lopital Leta, nan difikilte tou. Lopital Konvansyon Batis, ki nan zòn Katye Moren, nan depatman Nò peyi a, te lanse yon osekou depi kèk jou. Dapre Pastè Yousvel Lormeus, ki se responsab kominikasyon nan Konvansyon Batis la, se ak anpil difiklite y ap eseye kenbe sèvis yo louvri.

Li di : « Nou genyen plizyè sèvis ki pa ka pa fonksyone. Nou gen yon sèvis pou tibebe ki fenk fèt ki genyen pwoblèm sante, nou genyen yon sant pou Kovid-19, epi ijans lopital la tou. Nou genyen yon enstalasyon panosolè, men li gen pwoblèm. Se aletranje pou teknisyen soti vin ranje li, yo poko kapab rantre».

Lopital sa a se yonn nan gwo sant sante nan depatman an. Dapre Doktè Paul E. Toussaint, ki se direktè lopital la, yo resevwa ant 2800 ak 3000 moun chak mwa. Malad sa yo ka genyen pwoblèm. « Nou resevwa ant 2800 a 3000 moun chak mwa. Sa fè plis pase 15 jou depi nou te resevwa yon livrezon gaz. Sa gen kèk jou se nan lari nou achte 500 galon a 500 goud. Se kèk bon pwochen ki te ede nou jwenn 70 galon ankò.»

Pou kite kamyon vin pran gaz nan espas ki fèt pou sa yo, sitou nan komin Site Solèy, bandi ak zam k ap simen latwoublay ta mande gouvènman premye minis Ariel Henry a demisyone. Men jou ki te 26 oktòb la, kèk kamyon gaz rive rantre nan Pòtoprens, anba sekirite Lapolis. Rezon ki pèmèt pasaj sa a pa klè. Men kesyon My-Hans Moise ak Naikah Charles ap poze, se kisa y ap fè pou jwenn dlo, si jiska wikenn nan, kamyon yo toujou pa genyen gaz pou deplase. Pèsonn pa sanble genyen repons.

Jameson Francisque

Photos: Carvens Adelson / Ayibopost

Commentaires

Jameson Francisque
Journaliste. Éditeur à AyiboPost. Juste un humain qui questionne ses origines, sa place, sa route et sa destination. Surtout sa destination.

Comments

Comments are closed.