SOCIÉTÉ

Akoz pwoblèm lajan, anpil pwojè Akademi kreyòl ayisyen an rete nan tiwa

0

Depi kreyasyon li nan lane 2014, Akademi an pa gen ase mwayen pou rive mennen tout pwojè li genyen pou lang kreyòl la pran jarèt

Ane 2020 an te difisil pou anpil enstitisyon nan peyi a. Men se depi avan, difikilte yo te la pou Akademi kreyòl la, sitou pou reyalize kantite pwojè li genyen. « Nou genyen de zouti referans n ap chèche finansman pou yo », se sa Luna Gourgue ki se sekretè egzekitif enstitisyon an di. Zouti referans sa yo, se zouti pou sosyopwofesyonèl yo kapab ekri kreyòl pi byen. Se yon gramè, epi yon diksyonè kreyòl.

Sekretè egzekitif la kontinye pou l di, « gramè sa a prale pi lwen pase gramè ki disponib deja yo, ki plis pou moun k ap aprann krèyol la, tankou elèv yo. Diksyonè kreyòl la li menm, non sèlman l ap genyen definisyon mo yo, men l ap genyen anpil ekspresyon kreyòl ladan li tou. Men gen anpil retisans nan kèk metye. »

Nan pwojè akademi Kreyòl ayisyen, gen yonn ki pi gwo toujou, dapre Luna Gourgue. “Nou gen pwojè yon diksyonè tèminoloji. L ap pèmèt kèk domèn tankou lajistis itilize kreyòl la pi byen. Deja gen jijman ki soti an kreyòl, malgre zouti sa poko fèt. Se paske mo yo la deja, se itilize yo pa itilize. ” Akoz konstitisyon 1918 la te konsakre yon sèl lang ofisyèl ki se franse, jij yo te konn bezwen yon moun pou ap tradui pou yo, pou rès tribinal la ka konprann.

Granmoun tèt li 

Akademi Kreyòl ayisyen an se yon enstitisyon endepandan. Luna Gourgue di: “Akademi an genyen nan tèt li yon konsèy akademisyen ki genyen 7 manm ladan l. Se tout akademisyen yo ki reyini epi vote konsèy sila a. Antanke enstitiyson endepandan, Akademi an genyen pwòp bidjè pa li, ki vote nan bidjè peyi a.”

“Si w pa pale franse nan peyi a, se tankou ou pa yon moun. Li enpòtan pou moun aprann pale lòt lang, paske sa ba yo anpil opòtinite. Men li pa nòmal pou aprann lòt lang nan odepan lang pa w la.”

Pou ane 2019-2020 an, bidjè sila a te monte 40 milyon goud. « Nou kòmanse ak 15 milyon goud, nou pase a 30, konnya nou nan 40 milyon. Men gen moun k ap travay yo, gen administrasyon an, gen pwojè yo, lajan sa pa sifi. Nou oblije ap chèche lajan deyò peyi a, paske akademi an pa gen wòl pou li fe kòb”, Luna Gourgue di.

Michel Frantz Grandoit, se visprezidan akademi an depi 2018. Li menm tou li panse akademi an merite plis konsiderasyon, akoz travay l ap fè a enpòtan. “Li pa nòmal pou lajan akademi an sèlman sifi pou peye anplwaye. Nou dwe gen yon bidjè ki pèmèt nou travay kòmsadwa. Epitou, yon enstitisyon ki gen prestij, tankou akademi yon lang nasyonal, dwe gen yon espas ki pèmèt tout moun fonksyone alèz. Yon kote etidyan, pwofesè, etranje, osnon nenpòt lòt moun ka vini, konsilte dokiman an kreyòl yo”.

Enpòtans Akademi an 

Konstitisyon 1987 la, nan atik 5, deklare lang kreyòl se yonn nan de lang ofisyèl peyi a. Se yon gwo avanse nan zafè lang, paske plizyè konstitisyon avan sa te konsidere lang franse sèlman, pou lang ofisyèl.

Pou pèmèt lang nan avanse, konstitisyon an prevwa yon enstitisyon ki la pou sa, ki se Akademi kreyòl ayisyen an. Menmjan ak anpil lòt enstitisyon, tankou konsèy depatmantal, osnon lakou konstitisyonèl, akademi sa pa t janm rive kanpe sou pye l.

Se nan lane 2014, apre anpil demach politik, premye akademisyen yo pral rive enstale. Nan mwa desanm, 33 akademisyen pran fonksyon yo, pou ede defann epi amelyore prestij lang nan, komanse nan peyi a rive aletranje.

Li tou : Rezososyo ap demantibile lang kreyòl la. An menm tan, se yon bèl opòtinite.

Dapre Pauris Jean Baptiste, ki se premye prezidan Akademi kreyòl la, li te enpòtan pou mete akademi an sou pye. Li di: “Nou dwe admèt nou se yon peyi ki gen yon lang yo konsidere ki enferyè. Si se li ou pale, ou pa edike. Nou viv an kreyòl men nou pa aksepte sa. Nou pa aksepte tèt nou.”

Malgre bidjè li poko reflete enpòtans li genyen, akademi an rete yon gwo zouti pou egalite nan peyi a, dapre Jean Baptiste. Li di: “Si w pa pale franse nan peyi a, se tankou ou pa yon moun. Li enpòtan pou moun aprann pale lòt lang, paske sa ba yo anpil opòtinite. Men li pa nòmal pou aprann lòt lang nan odepan lang pa w la. An Frans, se an franse yo bay edikasyon, Ozetazini se an angle, Sendomeng se an panyòl, menm si yo aprann lòt lang yo tou. Poukisa pa bò isit, sa diferan?”

Li enpòtan pou gen yon enstitisyon ki mete pwoblèm sa anfas sosyete a, dapre akademisyen an. « Lè w ap gade listwa nou, ou rann ou kont kijan yo mete yon bon pati nan popilasyon an deyò. E lè w al lèkol tou, ou pa ale pou aprann konnen, ni pou aprann viv pi byen. Men w ale pou aprann pale franse. »

Yon bèl esperyans

Pou monte Akademi kreyòl ayisyen an, se plizyè sektè ki te mete tèt ansanm. Pauris Jean Baptiste, ki se yon pastè, dirije 2 premye konsèy akademi an. Li eksplike sa te yon bèl esperyans pou li. « Mwen pa t konnen m t ap vin akademisyen, malgre mwen te etidye nan fakilte lengwistik. Men lè ministè lakilti te voye m reprezante yo, mwen te kontan. Mete kanpe akademi an te yon esperyans enteresan, nan mache pale ak otorite yo pou fè wè enpòtans li. »

Pauris Jean Baptiste di se nan lane 1965 li kòmanse konprann enpòtans lang kreyòl la. « Mwen t ap etidye aletranje. Nan yon fèt y ap fè pou etidyan yo, te gen yonn nan nou ki soti Nouvelle Caledonie epi pou li fè m plezi, li kòmanse chante Ayiti Cheri. Mwen te etone anpil. Men li te eksplike m li renmen Ayiti, ak tou sa ki soti nan peyi sa a. »

Li tou: Comment être Haïtien, quand on ne comprend pas le créole

Apre esperyans sa a, Pauris Jean Baptiste kòmanse itilize kreyòl plis. « Men yon fwa, mwen t ap preche an franse. Manman m te la, mwen gade mwen wè l ap dòmi nan asistans lan. Apre, li fè m konnen se poutèt li pa t konprann sa m t ap di yo. » Depi lè a, lang kreyòl la tounen yon cheval batay pou pastè Jean Baptiste.

Visprezidan Akademi an, Michel Frantz Grandoit, ki se yon pè katolik, aprann enpòtans kreyòl la nan pakou li. « Mwen kòmanse nan alfabetizayon depi lontan, sa vin fè m konprann kijan sa enpòtan pou pèp la gen bon rapò ak lang li a, pou regle tout zafè li. An 1973 yo te voye m nan zòn Vèrèt pou jere yon legliz. Mwen rankontre yon sakristen ki te toujou gen anpil pwovèb Kreyòl l ap itilize nan prèch li yo. Sa te fè nou deside se an kreyòl pou nou preche nan legliz la. »

Anpil lòt pèsonalite te nome akademisyen. Pami yo, genyen 3 ki mouri. Se ati nasyonal Vodou a Max Beauvoir, pitit fi li Rachelle Beauvoir, epi pwofesè inivèsite Claude Pierre. Pou konnya, konsèy akademisyen yo genyen nan tèt li Pierre André Pierre, yon pè legliz katolik. An desanm 2020, ap gen yon lòt eleksyon nan enstitisyon an.

Jameson Francisque

Commentaires

Jameson Francisque
Linguiste. Journaliste. Passionné de technologie. Je m'intéresse à la politique et à l'économie. Ah, j'écris aussi un peu de poésie, histoire de faire passer la vie.

Ces travailleurs passionnés qui créent des films animés pour enfants en Haïti

Previous article

Ce film de marionnettes dénonce les violences faites aux femmes haïtiennes

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost