SOCIÉTÉ

Men ki kote maladi maklouklou a soti. AyiboPost ap esplike w | Videyo

0

Pa bò lakay nou an Ayiti, an bon kreyòl, gen moun ki rele maladi a maklouklou, madougou… Men, fòk mwen di nou, vrè non maladi a, nan langaj medikal la, se « hydrocèle »

Gen yon mit an Ayiti ki fè kwè, depi w boule plim poul, mezi moun ki gen maklouklou nan zòn nan ap tonbe rele anmwey, tèlman sant lafimen plim poul la ba yo gwo doulè. Dayè, gen timoun ki tèlman dezòd, depi yo aprann bòs entèl gen maklouklou nan katye a, tout plezi yo se boule plim poul. Ou tande de koze ?!

Bon ! Èske se vre lafimen plim poul ka leve doulè yon gason ki soufri maklouklou ? Ki vrè non maladi a ? Kisa k lakòz li ? Èske l ka trete ? Èske maklouklou se menm bagay ak èni ? Èske l ka fè yon gason pa gason ? Ou mèt poze AyiboPost pral ede w konprann sa byen rapid !

Pa bò lakay nou an Ayiti, an bon kreyòl, gen moun ki rele maladi a maklouklou, madougou… Men, fòk mwen di nou, vrè non maladi a, nan langaj medikal la, se « hydrocèle ».

► Kijan maladi sa prezante menm ?

Toudabò, m vle w konnen se sèlman gason ki ka soufri de maklouklou, paske se yon maladi ki konsène testikil osnon boul-grenn gason. An jeneral, li plis parèt lakay tibebe ki fenk fèt, epi granmoun yo tou.

Lè yon gason soufri de maladi sa a, li ka remake yon likid ki rasanble nan manbràn ki antoure testikil yo, sa ki vin lakòz pati ki rele « scrotum » nan anfle.

Poukisa n fin di testikil epi n al di scrotum, se pa toujou testikil la ki anfle ? Atansyon ! Gen diferans.  Sa yo rele scrotum nan se ti sak ki fèt ak po ki pandye anba peni a, ki pèmèt li kenbe testikil yo an plas, paske testikil yo, se de ti boul ki anndan scrotum nan, sa vle di ki anndan sak grenn nan. M panse n klè wi la !

Lòt bagay ! Espesyalis yo fè konnen, maladi maklouklou pa bay doulè; men anpil fwa, li konn lakòz gwo malèz kay malad yo : li fè yo jennen, paske an reyalite scrotum nan vin pi gwo.

Doktè Claudy Lacarte, ki se chirijyen iwològ, pale ak AyiboPost e ba nou plis presizyon toujou sou maladi a.

Li fè diferans ant lè maklouklou oubyen idwosèl lan se yon idwosèl kominikant ak lè l non-kominikant.

Komimikant sa vle di gen yon kominikasyon ant sak boul grenn nan ak anndan vant moun nan. Kominikasyon sa fèt depi nan konsepsyon gason an. Kidonk, depi nan vant manman l kominikasyon sa egziste. Ban m esplike w sa pi byen toujou.

Boul grenn yo fòme anndan vant gason an, e se aprè yo vin desann gras ak sa ki rele cordon an. Nan langaj syantifik li rele « cordon spermatique », ki se yon ti kòd ki jwe yon wòl enpòtan soti nan abdomen nan pou rive jis nan boul grenn yo.  Lè boul grenn yo ap desann, g on sak ki akonpànye yo. E ti kras pa ti kras, tankou lè ti bebe a pral fèt, sa k sa sipoze fèmen. Si l pa fèmen, gen yon likid ki anndan vant bebe a ki rele likid peritoneyal, ki konn tou glise nan sak boul grenn nan. E se sa k fè nan ka yon moun ki g on idwosèl kominikant, li ka remake, lè l kanpe egzanp, sak grenn nan gwo e poutan lè l kouche oubyen lè l nan yon pozisyon kote pye l pi wo pase tèt li, li ka wè sak grenn nan plat.

Idwosèl kominikant lan, nou ka di li plis afekte timoun, puiske fizikman, s on anomali ki rive depi nan nesans.

Pou idwosèl non-kominikant lan li menm, ki plis prezan lakay granmoun pa egzanp, kote likid la toujou rete gonfle nan sak grenn lan.

► Bon ! Kisa k alabaz pwoblèm sa menm ?

Toujou daprè espesyalis yo, koz ki deklannche maladi maklouklou yo ka varye selon laj gason an. Jan n sot di l talè a, lakay tibebe ki fenk fèt pa egzanp, li parèt an jeneral lè kavite nan vant tibebe a pa fèmen apre nesans li, sa ki lakòz likid koule nan scrotum nan. Lakay granmoun menm, maklouklou a ka deklannche akoz yon enflamasyon oubyen yon blesi ki fèt nan sak grenn nan, pafwa sa konn rive aprè yon enfeksyon oswa yon twomatis nan ka kote moun nan ta frape ladann. 

Lòt koz anpil moun souvan di ki favorize maklouklou se gaz, mal manje. Men, èske se vre ?

Repons lan se NON, daprè espesyalis yo ki fè konnen, maladi sa a se pito yon anomali fizik ki konsène scrotum osnon sak grenn gason an.

► Kounye a, ann gade kèk sentom ki pa dwe neglije ditou kay yon gason (kit se granmoun kit se timoun): 

  • Si yon gason remake youn osnon toude bò scrotum ni ap anfle malgre l pa santi kenn doulè;
  • Si l ta santi zòn jenital, savledi kote ti pati l ye a lou, 
  • Si sa ta rive tou li gen doulè, menmsi se pa gwo doulè; enben, pi bon desizyon an se pran chimen lopital, pou espesyalis tankou iwològ dekouvri sa pwoblèm nan ye ojis.

Dabitid, lè jan de ka sa yo rive lopital, medsen an konn fè yon egzamen fizik dabò pou pasyan an, nan objektif pou detekte anfleman an. Li ka itilize tou yon limyè espesyal pou wè si limyè a pase nan likid la. Metòd sa li menm rele transiliminasyon. Fò n di tou, nan kèk ka, medsen an ka mande pou pasyan an fè yon ekografi pou l ka verifye si se pa yon èni oswa yon timè.

► Bon ! Poukisa medsen an ap fè tout suivi sa yo ? Èske maklouklou a ka trete ? Tande byen !

Nan anpil ka, maklouklou lakay tibebe disparèt pou kont li anvan yo gen yon lane. Sepandan, lakay granmoun oswa nan ka kote maladi a pèsiste, espesyalis yo ka fè sa yo rele « hydrocele aspiration » pou pasyan an.

Pou yo fè sa, yo itilize zouti espesyal ki pèmèt yo absòbe likid la, sa vle di, yo rale likid ki nan sak grenn nan met deyò. Sepandan, li enpòtan pou n souliye, metòd sa pa toujou efikas, paske sa ka rive maklouklou a tounen ankò. E lè sa rive, nan ka ki pi grav oubyen ki repete, medsen yo konn fè yon operasyon ki rele idwosèlektomi. Se yon entèvansyon chirijikal ki pèmèt yo retire oswa repare manbràn ki lakòz likid la gonfle nan sak grenn nan.

Tout sa nou esplike la yo pèmèt nou tou reponn moun ki konn ap mande èske maklouklou osnon idwosèl ka trete. Repons lan se Wi, daprè espesyalis yo ki presize, li ra pou pwoblèm maklouklou a retounen apre idwosèlektomi an, men se pa enposib. Si operasyon an byen pase, idwosèl la pa ta dwe retounen, paske yo retire oswa repare manbràn ki te lakòz likid la gonfle nan sak grenn nan. Gen kèk ka sepandan kote idwosèl la ka refòme si gen yon nouvo blesi, enflamasyon, oswa yon lòt pwoblèm nan sak grenn nan. Si sa ta rive, li pral enpòtan pou gason an retounen wè doktè k ap evalye si yon lòt tretman nesesè.

► Bon ! Mwen pa ta renmen al pi lwen san n pa reponn kesyon sa a ki vrèman enpòtan : Èske maklouklou ka afekte lavi seksyèl yon gason ? Èske tou li ka fè l pa ka ansent fi ?

Erezman, lasyans medikal fè konnen maladi Maklouklou a an swa p ap fè yon gason pa ka kanpe, ni li p ap fè l pa gen andirans. Men sèl bemòl ki genyen, sa ka rive li pa alèz lè l ap fè bagay, depandaman de gwosè maklouklou a.

Se menm jan an tou, gason an p ap dirèkteman gen pwoblèm pou ansent fi, men depandaman de koz maladi a, pa egzanp si se yon enfeksyon oubyen lòt faktè ki lye ak ka moun nan byen presi, sa kapab pote yon ti pwoblèm nan fètilite l. Men se pa yon reyalite ki otomatik, daprè espesyalis yo. 

► Yon lòt kesyon enpòtan : Èske yon gason ka fè prevansyon pou l pa gen maklouklou ?

Toujou daprè espesyalis yo, pa gen yon fason ojis pou gason evite maladi sa, paske li souvan rive san okenn faktè risk klè, espesyalman lakay tibebe ki fèk fèt. Sepandan, lakay granmoun yo, gen kèk mezi ki ka pran pou diminye risk pou maladi a ta devlope :

Toudabò, gason an dwe pwoteje scrotum nan pou l pa blese, pou m di l pi klè, li dwe pwoteje sak ki kenbe boul grenn yo pou l pa blese. Pa egzanp, nan fè aktivite fizik oswa espò, evite blese nan zòn sa. Se sa k fè li souvan rekòmande pou mesye yo itilize ekipman pwoteksyon, pou pwoteje zòn sa a kont chòk.

Lòt bagay ankò, se evite enfeksyon nan zòn jenital la. Ann pran egzanp yon enfeksyon tankou epididimit, ki se yon enflamasyon nan epididim nan. Epididim nan se yon ti kanal long ki sitiye dèyè boul grenn yo. Se li ki estoke espèm gason an epi ede yo pran matirite anvan yo deplase ale nan yon lòt kanal ki rele kanal deferan, ki li menm se kote espèm yo pase lè gason an ap voye oubyen ejakile.

Sa n dwe sonje, lè yon gason enfekte nan ti kanal sa a ki rele epididim nan, sa ka debouche sou maklouklou. Kidonk, mesye yo dwe pran prekosyon : pratike bon ijyèn nan pati jenital nou san bliye fè prevansyon kont maladi moun ka pran nan fè bagay yo.

Dènye bagay tout gason dwe fè, se toujou konsènan ijyèn pati jenital la; men, m vle mete aksan nan ka kote gason an ta fin fè yon operasyon nan pati sa a. Se vrèman enpòtan pou l swiv alalèt tout rekòmandasyon doktè a ba li, pou evite enflamasyon oswa konplikasyon ki ka vin lakòz li fè maklouklou.

─ Anpasan mezanmi, ann tou klarifye sa : anpil moun abitye di, maladi idwosèl osnon maklouklou se menm bagay ak èni.

Non N-O-N, idwosèl pa menm bagay ak èni. Malgre yo toulede ka lakòz yon gonfleman nan scrotum gason an, men se de kondisyon diferan.

Kisa èni an ye menm ? Kisa k diferansye l de idwosèl osnon maklouklou ?

Daprè sa chirijyen iwològ Claudy Lacarte fè AyiboPost konprann, yon moun ki gen èni ak yon lòt ki gen idwosèl, premye sa yo ka remake nan sak grenn yo, se yon ogmantasyon volim. Sa vle di, y ap konstate pati sa vin pi gwo.

Sa k rive, lakay yon moun ki gen èni limenm, li g on sak, lè boul grenn nan t ap desann depi nan fòmasyon, li tou desann avè l (ak èd cordon mwen t ap pale n talè a). Sak sa se li menm, èni an pran l ladann, savledi ògàn ki anndan vant lan, desann anndan sak grenn nan e ki al chita sou tèt boul grenn yo.

E youn nan diferans vizib yon moun ki gen siy l ap ka wè ki ka ede l konnen si s on èni oubyen si s on idwòsèl, sè ke nan ka yon èni, l ap rive touche boul grenn nan kanmenm. Menmsi sak la ka parèt gwo, l ap ka rive touche boul grenn nan anba nèt. 

Poutan nan ka yon idwosèl li p ap ka rive touche l akoz likid ki antoure l la. Sa vle di si l ap eseye palpe pou l touche boul grenn nan, se sou likid la l ap tonbe, li p ap tonbe sou boul grenn nan. 

Lòt bagay ankò : yon moun ki gen èni l ap remake arebò pati sa a ki rele lèn osnon flan an parèt yon tijan pi gonfle ke moun ki gen idwosèl la.

Anplis, doktè a fè konnen, toulede maladi sa yo konn mande entèvansyon chirijikal, sa vle di se operasyon ki oblije fèt, paske medikaman p ap sifi. Se sèlman teknik chirijikal yo k ap diferan.

Se poutèt sa mezanmi, yon moun ki prezante siy ak sentòm yo, desizyon ki pi saj la se ale konsilte yon pwofesyonèl lasante pou jwenn yon bon dyagnostik ak yon plan tretman apwopriye.

► Pou m fini, ann tounen ak ti koze plim poul la: èske se vre depi w boule plim poul nan antouraj yon moun ki gen maklouklou l ap ba l pwoblèm ?

Bon ! Nan kad preparasyon videyo sa a, AyiboPost pa jwenn moun ki soufri maklouklou ki di yo eksperimante doulè akoz lafimen plim poul.

Anplis, daprè eksplikasyon nou jwenn bò kote plizyè espesyalis medikal, yo fè konnen lasyans pa etabli okenn lyen ant lafimen plim poul ak doulè yon moun ki soufri maklouklou ta ka santi. Dayè, jan n te rapòte l nan kòmansman an, espesyalis yo di maklouklou pa bay doulè.

Baze sou sa, gen nan yo ki kwè koze lafimen plim poul sa a se pito yon mit ki ta soti de jenerasyon an jenerasyon nan sosyete a e ki kontinye ap repete san ankenn prèv syantifik.

E se youn nan rezon ki fè, doktè Lacarte konseye, nan ka maladi tankou maklouklou ki konn jenan fizikman pou gason ki soufri de li a, se vrèman enpòtan pou pwòch osnon lòt moun k ap kotwaye yo ba yo plis sipò ak akonpayman posib, pou yo pa santi yo eskli, swa nan apelasyon oubyen nan jan nou abòde diferans yo.


Kamera:

Montaj: Marc Elie Rosena

Sipèvizyon: Philicien Casimir, ,


Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

► Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

► Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Journaliste à AyiboPost depuis mars 2023, Duquereste est étudiante finissante en communication sociale à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH).

    Comments