AYIBOFANMSOCIÉTÉ

Variole du singe : men tout sa w dwe konnen | Videyo

0

Yon moun ki gen maladi sa a, li ka remake yon bann bouton leve sou po l

Ou siman tande pale de Variole du singe anpil dènye semèn sa yo tèlman li vin menasan pou mond lan. Men, se kisa variole du singe lan ye ojis ? Kijan moun ka trape li ? Kijan l manifeste ? Èske w ka fè prevansyon kont li ? Èske l ka trete ? Kisa yon moun dwe fè si l remake li menm osnon yon pwochen l gen siy ak sentòm yo ?

Avan tout bagay, ann gade dabò a kisa « variole du singe » la sanble.

Yon moun ki gen maladi sa a, li ka remake yon bann bouton leve sou po l. Yo parèt tankou plak oubyen bouton ki gen ti dlo anndan yo. Yo ka leve nan vizaj moun nan, nan pla men l, nan plan pye l, nan pati jenital li ak nan dèyè l.

Met sou siy sa yo, si w mande moun nan kòman l santi l, li ka di w li santi l gen lafyèv, kò kraze, doulè nan do ak nan misk li yo, tèt fè mal, gòj fè mal, li ka gen glann anba manton l ak anba bra l ki anfle epi k ap fè l mal.

Se konsa teknikman OMS dekri ka yon moun ki sispèk ak viris variole du singe la.

Toupre nou la, an Repiblik Domikèn, nan mwa out ki sot pase a, laprès dominiken fè konnen otorite nan peyi sa a te detekte yon ka maladi Variole du singe, sa ki te kreye gwo panik nan mitan popilasyon an. E sa te fè pale tou nan medya an Ayiti, paske yo te rapòte se ta yon Ayisyen ki te prezante sentom maladi a. Hmmm !

Ki kote maladi sa soti ? Kijan moun fè genyen l menm ?

Premye fwa ekspè yo te dekouvri maladi sa sou moun, se te nan lane 1970 nan République Démocratique du Congo jiskake l vin etann li nèt nan plizyè peyi nan Afrik sibsayeryèn, la a n ap pale de peyi tankou Cameroun, République Centrafricaine, Côte d’Ivoire, Gabon, Liberia Nigeria ak Sierra Leone.

Men, byen avan sa, nan lane 1958, se lakay senj ekspè yo te premye dekouvri maladi a. Sa ki ta pral pouse yo tou bay maladi a pote non « variole du singe ». Sepandan mezanmi, se pa paske yo rele l konsa ki vle di se senj ki prensipal responsab maladi a nan lanati. Gen yon latriye wonjè tankou rat, sourit, ak ekirèy, ki ta prensipal responsab maladi a, selon ekspè yo. M ap di  w plis sou sa pi devan.

Ann gade kijan moun fè trape maladi sa a.

Premye sa pou n konnen, variole du singe se yon viris ki rele « Mpox » ki lakòz li. Anpasan, Mpox la se jis yon abrevyasyon mo anglè « Monkeypox » ki vle di variole du singe an franse.

Se yon viris moun ka trape lè l an kontak ak yon bèt ki enfekte ak viris la, espesyalman si bèt la grife l, osnon mòde l, oubyen si l manje vyann bèt sa ki pa byen kwit.

N ap presize, bèt sa yo, daprè ekspè yo, se kapab yon kategori wonjè tankou yon bèt ki rele loir, yon seri gwo rat ou jwenn sitou an Afrik, yo konn rele yo rat de Gambie, ak yon ti bèt ki rele ekirèy. 

Senj yo tou fè pati de kategori vilnerab ki ka pote l, menm jan ak lòt bèt ankò, si n pran, fourmiliers, hérissons, kèk kategori lapen, musaraigne, marmotte, elatriye.

Sa ou dwe konnen tou, yon moun ki gen viris la, ka bay yon lòt moun ni. Ou pral konprann sa trè byen pi devan.

Pou m eksplike w pi byen kijan transmisyon viris Mpox la fèt ojis, ann envante yon ti istwa ak yon moun n ap rele X.

Pandan l ap mache nan yon raje, gen yon gwo rat ki gen viris la ki mòde X. Imedyatman rat sa ki enfekte a mòde l, X kouri rantre lakay li, san l pa di moun sa k rive l la. Aprè 6 a 13 jou vre, X kòmanse santi sentòm tankou sa m te site pou ou talè a yo. Pa egzanp, li remake yon bann bouton leve sou kò l : yo nan tout figi l, nan pla men l, nan plan pye l, nan aparèy jenital li ak nan dèyè l. Li kòmanse ap soufri ak lafyèv, l ap plenyen di kò l kraze, li gen doulè nan do l, doulè nan misk li yo, gòj fè mal, pou n site sa yo sèlman.

Bon ! Nou wè jan X ye la a, tout moun ki vin an kontak avèk li, swa nan bo ak li, nan manyen li, nan fè bagay ak li, nan pale fas a fas ak li kote patikil ki sot nan bouch li ka al ale nan pa moun k ap pale ak li, oubyen nan sèvi ak menm rad ki te sou li, oubyen nenpot lòt objè ke l ta sèvi… enben, tout moun sa yo riske trape viris Mpox ki bay Variole du singe la.

Men, atansyon mezanmi, sa pa vle di pou n rejte yon moun ki gen maladi a. Talè konsa, m pral pataje ak ou kèk rekòmandasyon espesyalis bay pou w fonksyone ak yon moun ki trape variole du singe la.

Pou kounye a, ann reponn yon kesyon ou siman ap mande tèt ou : èske variole du singe ka trete ? Èske w ka fè prevansyon ? Tande byen !

An janvye 2022, Agence européenne des médicaments (EMA) te vini ak yon tretman antiretwoviral ki pote non tecovirimat, ki gen non komèsyal TPOXX yo itiize nan ka eksepsyonèl pou yon pasyan ki enfekte. 

Men pa rapò ak kontèks kote maladi a tounen yon epidemi, yo fè konnen tretman an gen limit li, se pou sa, yo itilize l nan kad yon esè klinik yon fason pou yo amelyore l de jou an jou.

Men yon lòt bon nouvèl konsènan prevansyon kont maladi a. Genyen vaksen medsen ka bay pou anpeche moun trape viris Mpox ki bay variole du singe la. Men se nan peyi kote vrèman maladi a ap epapiye l.

Pou moman m ap pale avè n la, OMS rekòmande yon vaksen ki pote non MVA-BN oubyen LC16 ak ACAM2000.

Vaksinasyon sa, yo poko anvizaje l pou tout moun; se sèlman pou moun ki a risk yo vize, la a yo pale de moun ki gen kontak dirèk ak moun ki enfekte yo tankou pèsonèl medikal k ap bay swen yo ak moun ki fè pati gwoup riske pou pran maladi a. Nan gwoup sa ou jwenn, travayè sèks yo, moun ki gen plizyè patnè osnon gwoup moun HARSA (ki se hommes ayant des rapports sexuels avec des hommes), ou jwenn tou ti bebe, timoun piti, fanm ansent, ak moun ki gen sistèm yo fèb.

Èske variole du singe se yon maladi mòtèl ?

Daprè OMS, ant 0,5 a 10% moun ki gen Mpox mouri. Anpil nan ka lanmò yo rive lè moun nan pa resevwa swen sante apwopriye oswa lè sistèm iminitè li fèb.

Nan ka sa yo, konplikasyon grav ki ka mennen lanmò se enfeksyon grav sou po, maladi nan poumon, ak enfeksyon nan je ki ka menm lakòz avèg, pou n site sa yo ase.

Men, an jeneral, OMS fè konnen maladi a ka geri poukont li san nesesite yon tretman espesifik nan 14 a 21 jou apre enfeksyon an. Sepandan, kèk moun ka bezwen antibyotik pou trete enfeksyon segondè, oswa analjezik pou soulaje doulè yo.

Kisa yon moun dwe fè si l remake li menm osnon yon pwochen l gen siy ak sentòm yo ?

Toudabò, si yon moun santi li gen siy ak sentom maladi variole du singe la, OMS rekòmande pou moun sa ale kay doktè, li dwe evite touche bouton osnon lezyon ki sou po l yo, paske sa ka pwopaje maladi a lè l al touche lòt bagay annapre. 

E ou menm ki ap fonksyone ak yon moun konsa ki ta enfekte, men kisa w ka fè pou w ede l pandan w ap asire w ou pwoteje tèt ou:

Premyeman, ou dwe IZOLE moun sa a jiskaske l geri. Nou byen di wi mezanmi : « IZOLE »; se pa « REJTE » pou n rejte moun nan. Ou ka fè l rete nan yon pyès kay apa. Sa ap ede ou evite tout kontak dirèk e konsa w ap diminye posiblite pou w ta trape viris la.

Dezyèmman, lè w ap pote sipò bay moun sa a, pwoteje tèt ou ak ekipman ki fèt pou sa, tankou : mask, gan ak rad manch long k ap evite w gen kontak dirèk ak kò moun ki enfekte a. Epi, lave men w ak dlo epi savon, sitou lè w fin touche moun nan oswa bagay ak kote li te touche.

Twazyèmman, se toujou konsènan netwayaj ak dezenfeksyon. Pandan w ap pwoteje tèt ou, toujou dezenfekte espas ak objè moun sa a itilize, tankou dra, sèvyèt ak rad. Ou dwe itilize pwodui dezenfektan ki fèt pou sa, pandan w ap asire w ou byen itilize yo jan fabrikan yo souvan rekòmande sa nan etikèt ki sou pwodui yo. Pa eganp, ou ka itilize klowòks, alkòl, eau de javel, sprey dezenfektan, elatriye. Pandan e aprè netwayaj chanm kote moun nan ye a, toujou asire w lè sikile byen ladan.

Katriyèm fason ou ka ede, se siveyans. Sa vle di, toujou prete atansyon ak moun ki te an kontak ak moun ki enfekte a, pou wè si yo pa vin devlope kenn setom moun ki malad la tou.

Dènye konsèy : ou dwe ankouraje moun ki malad la kontinye suiv rekòmandasyon doktè l te ba li, asire w li byen idrate epi repoze l ase.

Si w fè tout sa yo ak bonjan lizay, moun nan ka santi li byen antoure, li p ap santi li sibi diskriminasyon, epi konsa, li ka gen ase fòs mantal pou travèse etap difisil sa a. Men toujou sonje sa, ou dwe toujou asire w ou pwoteje tèt ou pandan w ap ede sila ki malad la.

Tout jès sa yo vrèman enpòtan pou w fè, paske yon moun ki trape variole du singe bezwen anpil sipò, e tout moun konsène.

Sa gen anviwon kèk semèn, egzakteman nan dat 16 dawout 2024 la, òganizasyon mondyal lasante klase maladi variole du singe kòm ijans sante piblik nan nivo entènasyonal. Sa vle di pi wo nivo alèt yo.

Pou nou menm an Ayiti, jiskaprezan, otorite sanitè yo pa anonse yo jwenn ka moun ki konfime ak viris Mpox la. Men, yo fè konnen yo toujou nan yon faz siveyans pa rapò ak sitiyasyon an. 

Dènye fwa Ministè Sante Piblik ak Popilasyon (MSPP) te pibliye yon rapò ki te kreye yon sèten panik, se te an out 2022. Yo te anonse yo te detekte 3 ka sispèk variole du singe: 2 nan Latibonit ak youn (1) nan Nòdès. Sepandan, okenn nan ka sa yo pa t konfime.

Malgre tou, sa pa anpeche nou menm an Ayiti, nou enfòme n, nou prepare n, pou sizanka maladi a ta frape pòt nou. Dayè, jan n te di sa nan kòmansaman an, viris la ta deja kay vwazen an, si n kwè sa ki rapòte nan Laprès.

▶ Rechèch ak Redaksyon : Lucnise Duquereste

▶ Kamera : Sherlande Pierre

▶ Montaj  : Riquemi Perez

▶ Edisyon ak Sipèvizyon : Chérubin Jérôme


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Journaliste à AyiboPost depuis mars 2023, Duquereste est étudiante finissante en communication sociale à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH).

    Comments