Aprè premye minis Jouthe Joseph te fin deklare faktori yo kapab relouvri, kèk responsab izin te louvri pòt yo pou resevwa laprès. Nan sans sa a Ayibopost te vizite Sewing Quality ki sou wout Aryopò a. Nou pale ak anpil moun nan izin nan pami yo 2 manm sendika
Sewing Quality travay nan sektè tekstil. Li pwodui ekipman pou lopital tankou inifòm pou doktè ak enfimyè, blouz pou malad k ap rantre nan sal operasyon ak moun k ap travay nan laboratwa. Tout pwodui sa yo se pou lopital nan peyi Etazini.
Pou kounya faktori a plis pwodui kachnen. Carine Felix Bellefleur ki se manadjè jeneral Sewing Quality di li deja livre 20 000 kachnen bay gouvènman an. « Nou gen 5 000 kachnen pou nou ba yo ankò. Chak faktori gen yon kantite pou bay. Yo p ap peye nou pou sa a. Alavni yo ka peye men pou kounya tout faktori dwe met ansanm pou bay yon milyon kachnen gratis. »
Izin nan chita kò l nan de batiman, youn anfas lòt. Nan kèlkeswa pati ou ap rantre a, ou oblije lave men ou. Responsab konpayi an fè enstalasyon pou pèmèt ouvriye respekte prensip pou pa trape nouvo kowonaviris la. Gen tapi ak klowòks responsab yo met la pou tout moun pase pye yo anvan yo rantre epi chak moun pote kachnen.
Depi ou fè sa ou rantre ou wè tout travayè an mouvman. Gen moun k ap koupe twal, pase bay lòt, genyen k ap mete pòch, gen lòt k ap kontwole konbyen twal ki rete. Pwodiksyon an fèt pa modil, sa vle di se youn ki fini sa lòt kòmanse.
Tout ouvriye yo pa konnen izin lan gen sendika
Nan tou 2 batiman nan izin nan ouvriye yo di yo satisfè pou kondisyon travay la. Genyen nan yo ki fè konnen izin nan pa gen sendika. Yon jèn gason ki t ap klanmse kèk twal deklare l ap travay nan Sewing Quality depi 3 zan e li pa janm santi l gen pwoblèm. Lè nou mande l si faktori a gen sendika men sa a ouvriye a reponn : « M pa kwè, m pa konnen, m pa pale sa m pa konnen. » Jenn gason sa a ki soti Site Solèy pa parèt alèz pou reponn kesyon sa a. Direktris Bellefleur te kanpe nan fon sal la lè nou t ap poze kesyon sa yo.
Yon lòt ouvriye ki soti Delmas 33 fè konnen avèk fèmte izin nan pa gen sendika. « M gen 7an depi m ap travay la, si te gen sendika m t ap konnen. » Mesye a ajoute li pa janm gen pwoblèm nan travay la. Ak yon santimèt nan kou l li t ap trase yon twal pou li fè yon kachnen.
Sou menm zafè sendika a yon lòt travayè ki la pou pwodui rapò sou kantite twal ki itilize nan izin nan deklare : « Gen de enfòmasyon m pa genyen yo pa nan branch pa m. » Ouvriye sa a gen anviwon 3 zan nan izin nan.
Li tou: Pourquoi les syndicats haïtiens obtiennent-ils si peu de résultats ?
Poutan pandan vizit la ap kontinye, nan yon lòt pati nan izin nan, Carine Felix Bellefleur prezante journalis yo 2 manm nan sendika izin Sewing Quality genyen.
Daprè manadjè a si yon ouvriye di l pa konn si gen sendika nan izin nan se manti l ap bay. «Yo konnen trè byen gen yon sendika. Lè gen yon mesaj ki pral pase anvan menm nou fè l pase nan mikwo, nou pale ak manm nan sendika yo dabò aprè se manm sendika yo ankò ki al pale ak moun yo. Li toujou pi bon lè mesaj yo pase dabò pa sendika a paske lè sa a pa gen konfizyon. Se pa posib, se vrèman pa posib pou yon moun di l pa konn sendika a. Petèt si moun sa a ta fèk parèt men se pa pou moun ki ansyen yo. »
Kisa sendika nan Sewing Quality a ap regle?
Antouka, sendika ki nan Sewing Quality la egziste depi 2011 selon Jakner Sainrilor ak Gedner Justin ki se 2 manm nan estrikti sa a manadjè jeneral la te prezante nou. Li afilye ak yon gwoup ki rele Confédération des forces ouvrières haïtiennes (CFOH).
«Betterwork egzije fòk gen sendika. Imedyatman nou konn sa a nou asosye nou », se rezon sa a mesye yo di ki te mennen kreyasyon izin nan.
Better Work la se yon pwogram ki regwoupe Òganizasyon entènasyonal travay, Bank mondyal, Enstitisyon finansyè entènasyonal ak patwon izin yo. Pwogram sa a la pou pèmèt ouvriye yo travay nan bon kondisyon epi pou izin yo pi konpetitif.
Li tou: Les policiers haïtiens se cherchaient un leader. Ils l’ont trouvé en Yanick Joseph.
Daprè Sainrilor ak Justin, sendika a la pou ede travay la fonksyone. « Nòmalman pou ou yon sendika fòk ou renmen anplwa a. Si ou pa renmen travay la ou pa vrèman fè travay sendika a », deklarasyon tou de mesye yo ki fè konnen yo tabli yon pon ant ouvriye yo ak direksyon izin nan.
« Pa gen twò gwo altèkasyon nan mitan administrasyon an ak ouvriye yo. Patwon an se youn nan moun ki konprann moun, nou te ka di se tankou yon papa pou nou. Ouvriye a gendwa pa konprann prensip travay la. Lè konsa nou pale avè l pou manadjè yo pa blame l. Sipevizè yo konn pran sanksyon kont yon moun. Epi nou al pale ak yo », se Jackner Saintilor ki t ap pale.
Selon 2 manm nan sendika a, sanksyon an ka yon lèt de blam, konsa tou li ka yon ranvwa pou youn oswa kèk jou oubyen se ka yon revokasyon. Travay la fè rantre a 7è nan maten, yon ouvriye k ap vin a 7è10, 7è eka ap jwenn baryè a fèmen selon Sainrilor ak Justin.
Nan ka sa a administrasyon travay la ka negosye ak ouvriye a kote 2 desizyon ka soti. Dabò, si li vle rantre ouvriye a ap siyen pou reta a epi li pral travay nòmalman. Nan ka kote ouvriye ta refize siyen pou reta a epi rantre al travay, l ap pèdi jou a, sa vle di li p ap touche e administrasyon an ap ekri sa nan dosye l.
« Lè administrasyon an vle sanksyone ouvriye a, nou al gade ak ouvriye a dabò pou n konnen ki pwoblèm ki poze. Si yo pran yon sanksyon kont yon travayè alòske li pa t antò nou pale ak administrasyon an pou l tounen sou desizyon an. Si ouvriye a fotif, nou mande alatèt yo pou redui nan pèn yo te ba li a. Lè yo bay lèt de blam nan moun nan pa konnen se jis yon avètisman. Men si yon moun gen twa lèt de blam nan yon mwa l ap tou revoke. Sa pral depann de kijan li travay, yo ka kenbe l epi yo mande l pou sa pa rive ankò », pawòl Justin.
Sendika dwe defann enterè ouvriye
Kontrèman ak avi manm sendika nan izin Sewing Quality yo ki deklare yon sendika la pou ede izin nan fonksyone, sendikalis Dominique St Éloi di travay yon sendika se pou defann enterè ouvriye yo. Manm Centrale nationale des ouvriers haitiens (CNOAH )fè konnen si yon gwoup moun ale nan sans pou defann izin nan se pito enterè patwon yo ap sèvi.
« Nan anpil peyi ki gen faktori ou jwenn regwoupman sa yo. Yo rele yo sendika jón. Asosiyasyon indistri Ayiti ak Leta konn mete moun nan izin yo pou kreye sendika pou yo pou bare travay lòt estrikti serye ki ap goumen pou dwa ouvriye yo pa foule anba pye. »
Li tou: Covid-19: Les autorités n’ont communiqué aucune mesure pour les transports en commun en Haïti
Daprè St Éloi gen twòp deriv nan faktori yo pou yon sendika ta regle olye pou l ta chita ap defann patwon nan izin yo. « Anpil izin pa respekte dwa ouvriye yo. Pafwa menm yon ti kote pou manje yo pa ba yo. Mete sou sa a patwon yo revoke travayè yo selon bon plezi yo. Genyen depi yo tande ouvriye yo pale de sendika sèlman yo revoke yo. »
Sa ki parèt pi anbarasan pou Dominique St Éloi se paske ouvriye nan sektè tekstil yo gen selman 500 goud pa jou sa ki bay anviwon 4 dola ameriken.
Anpil bezwen
Louimene soti Dèlma pou l vin nan Sewing Quality nan Simon Pele sou wout aryopò a. Li gen sis pitit sou kont li plis manman l ki avèg ak mari l ki p ap travay. Dam nan ki parèt gen 30 lane fè konnen izin nan se tout pou li. « Ak travay la, m rive viv ak fanmi m. Lè gouvènman an te deklare eta dijans sanitè a sa te afekte m anpil paske m pa t ka jwenn ti kòb la. »
Pandan etadijans sanitè a, ouvriye yo pat jwenn ankenn sibvansyon. Carine Felix Bellefleur fè konnen lè minis finans la Patrick Boisvert te anonse fen mwa mas 2020 li t ap bay kòb pou ouvriye yo sa pa t rive fèt. « Se nan semèn aprè a nou resevwa yon ti kòb. Nòmalman salè minmòm nan se 500 goud. Men yo te ba nou 250 goud pou 348 moun pou sèlman 15 jou, lè sa a izin nan te gen anviwon 580 moun », Bellefleur k ap pale. Kòb gouvènman an bay la, se pou moun sou machin sèlman. « Yo pat vle ni sipèvizè ni tchekè ni lòt anplwaye. »
Sewing Quality se yon enstitisyon familyal ki regwoupe sipèvizè, tchekè, operatè ak lòt anplwaye. Operatè a se li ki sanse ap fè tout travay la. Sipèvizè a obsève operatè a nan fason l ap travay alòske tchekè a li menm ap verifye si travay la byen fèt. Sipèvizè yo abiye ak konplè koulè gri, tchekè yo an gri e blan, operatè yo pa met inifòm. Izin nan te egziste depi anviwon karant an men se nan lane 2014 fanmi an vin ba li non Sewing Quality. Etablisman sa a gen anviwon 800 moun kounya daprè manadjè Bellefleur.
Laura Louis
Comments