« Li mouri jan li te viv. Byen senp, nan kabann lakay li. Menm lopital yo pa gentan ale ak li. Se yon moun m p ap janm ka bliye, yon pwofesè ki make m anpil. » Se ak mo sa yo Lemète Zéphyr rann yon dènye omaj pou zanmi l epi kolèg li Yves Dejean. Men plis pase sa, pwofesè Zéphyr klè sou yon bagay : Yves Dejean se yon Ayisyen ra.
Yon entelektyèl gwo kalib
Yves Dejean, 91 zan, te filozòf. Li te etidye filozofi lang, li te entèrese ak Dwa inivèsel, Dwa moun, ekonomi, literati ak savwa an jeneral. Men pi gwo pasyon l se te etidye epi travay sou kesyon lang. Li te yon ekspè nan tradisksyon e li te menm fè yon doktora nan Lengwistik depi nan lane 1977. Apre kreyòl ak franse, li te pale angle ak panyòl byen tou. Men, sa moun pa konnen, pwofesè a te pale ebre byen e li te ka fè rechèch pou travay syantifik li nan lang alman, pòtigè, italyen ak grèk tou.
« Ou te ka pale tout bagay avè l. Ou te gen enpresyon li te konn tout bagay nèt. Se yon moun ki te toujou ap li, tou patou, li gen yon liv avè l. Li pa t janm limite tèt li » dapre sa zanmi l Lemète Zéphyr aprann nou. « Se youn nan pwofesè ki make m anpil lè m rankontre l Lekòl nòmal siperyè ak nan fakilte Lengwistik aplike nan lane 1989-1993. Se te premye fwa m ta pral jwenn yon moun ki t ap fè kou an kreyòl epi retire tout vye prejije m te genyen sou lang sa. »
Ann Ayiti, pwofesè Dejean se te sa yo rele yon somite nan koze travay sou lang kreyòl la. Li pibliye plizyè atik ak liv, bay anpil konferans tou pou pwouve lang kreyòl se yon lang total kapital. Youn nan liv li ki te fè anpil bri rele Yon lekòl tèt anba nan yon peyi tèt anba ; yon liv ki chita sou vye enpak sa genyen sou sosyete a lè Leta pa favorize yon edikasyon nan lang kreyòl. Li te menm pwofesè nan Inivèsite Columbia oz Etazini.
Nan dènye jou lavi l yo, Yves Dejean te malad anpil. Li te vin avèg epi l te fè lesemi tou (kansè nan san). Men sitou, li pa t fin gen tout lespri l paske l te fè maladi alzayimè. Lemète Zéphyr rakonte nou gen jou Yves Dejean jwe wòl pwofesè men, gen jou tou se wòl etidyan li te konn pran. Petèt paske lè moun fe alzayimè, li bliye tout souvni resan yo, se ansyen yo ki monte nan lespri l. Avan l te vin malad nèt, li te toujou ale chak wikenn nan Tigwav, Fò Wayal, al fè kou nan Sant Twa Ti flè li te kreye. Zéphyr di nou : « Fò k te gen yon gwo enprevi pou pwofesè a ta rate randevou sa. »
Lanmou l pou moun mennen lanmou l pou kreyòl
Avan l te vin doktè nan Lengwistik, Yves Déjean te yon ansyen pè ki sot nan yon fanmi boujwa. Dayè papa l te minis Finans. Zanmi l Zéphyr pa rakonte nou sa ki fè l te antre nan pè, men li pa t manke di nou sa k pral fè l vin damou kreyòl. Se paske l te renmen moun anpil. Lengwis Dejean te toujou gen gwo enterè pou sa ki gen pou wè ak kominikasyon epi ak lang kreyòl ; sa te kòmanse depi nan lane 1960 yo. Lè sa, li potko menm gen ankenn diplòm nan domèn nan. Men se kontak li ak mas pèp la ki pral atire l nèt sou kreyòl. Paske sa te toujou enpòtan pou pwofesè a pou tout kouch moun konprann sa l ap di, pou l an kontak ak moun sosyete a pi defavorize, pou l konprann yo pi byen.
Lengwis Zéphyr esplike nou : « Se paske l te konn pran pozisyon kont enjistis sosyal sou Duvalier ki fè li te pami pakèt pè rejim diktatè a te fè kite peyi a. Kidonk, tout travay li sou lang kreyòl te toujou yon fason pou li goumen pou moun sa yo. Li te gen yon gwo kapasite pou tande ak konprann yo. Dayè li te toujou konn di « Se pèp la ki pwofesè m’’.»
Yon papa bon kè, yon Ayisyen ra
Pwofesè Dejean mouri lakay li 29 mas ki sot pase a blòk 3 è apremidi. Li mouri nan men Tiçoit, yon Ayisyen li te rankontre oz Etazini, li te ede anpil epi adopte kòm pitit. Se li ki pouse Tiçoit rive pi lwen. Men se pa sèl moun ki benefisye bonte pwofesè a. Yves Dejean pa t marye, li pa t gen pitit, men, se kòmsi li te chaje pitit. Malgre tout travay pwofesè a, li pa t janm gen gwo kòb. Li mouri senp paske tout afè l te toujou pou moun. Se li ki peye kay, peye lekòl, peye inivèsite, bay kòb pou fè biznis pou yon bann moun.
Pou lanmou lang kreyòl la
Pwofesè Dejean pa t janm dakò koze yon akademi pou fikse lang kreyòl la. Men, sa pa t anpeche l ankouraje enstitisyon an lè l ap fè bon bagay. Li te toujou kwè yo ka sèvi ak yon lang pou fè plizyè bagay, tankou kominike. Li te kwè tou, yon lang pa bezwen moun ede l pou l devlope, e koze akademi pou fikse yon lang se dekorasyon. « Men, sa pa t anpeche l fè yon diskou inogiral lè yo t ap lanse Akademi Kreyòl Ayisyen, pandan li te raple enstitisyon sa pa nesesè. Li te di tou li swete Akademi an ap sèvi kreyòl ayisyen an tout bon. »
Yves Déjean te fete 90 zan li lane pase. Te gen bèl seremoni omaj ki te fèt pou li. Jodi madi a ap gen yon veye a pati 4 è lapremidi nan lokal Etid pòsgradye UEH la, nan Pako. Kòm denyè mo, Lemète Zéphyr ajoute : « M swete zanmi ak fanmi l kondoleyans. Li kite yon kontribisyon inestimab pou Ayiti. Si gwo entèlektyèl yo te pran tan li travay Yves Dejean sou lang kreyòl la, yo ta konprann ki sa nou pèdi ak depa li, yo ta panse sosyete a pi byen. Nou pèdi yon Ayisyen ra. »
Péguy Flore Pierre
Comments