EN UNESOCIÉTÉ

Yon gwo materyo pou n’ transfòme an Ayiti

0

Pigwo defi Ayiti gen pou l’ leve, se rive transfòme materyo ki pi difisil pou manipile nan zafè rapò moun ak moun. Materyo sa a pa lòt bagay ke mantalite.

Anpil fwa nan lide pou pataje responsabilite dram sosyal peyi a ap konnen depi de syèk, nou toujou abòde kesyon an nan mete yon figi sou pwoblèm ki la depi digdan tan.

Moun ki pi souvan viktim responsabilite sa yo, se toujou politisyen yo. Sosyete a gen yon tandans lonje dwèt sou yon moun kòmsi se li ki reskonsab echèk plizyè jenerasyon moun kontribiye pou kreye.

Modèl analiz sa a, se temwayaj echèk sistèm edikasyon peyi a k’ap depafini chak jou pi plis. Lè matyè de baz ki la pou rafine kapasite panse ak analiz yon moun mal anseye, nou ka konprann kijan l fasil pou l kilbite nan fè analiz ki chita sou bon baz lojik.

Si nou konsidere jan yon seri kou fondamantal tankou matematik, listwa, filozofi ak literati ap anseye nan lekòl nou yo, li lojik pou yon Ayisyen ki fòme nan sistèm nan, difisil pou idantifye vrè kòz pwoblèm li nan reyalite lavi a.

Karans kapasite analiz sa a, fè ti Ayisyen an ap fonksyone tankou yon bourik yo mete de fèy zanmann bò chak je l yon fason pou oryante vizyon l nan yon sèl direksyon. Nou pa kapab reyalize sa Ameriken an rele “panse pi lwen ke bwat la” (Think out of the box).

Konprann pwoblèm sosyal ak politik nan yon reyalite ki telman konplèks tankou pa Ayiti a, mande yon solid kapasite nan konn fè lojik, konn agimante epi poze diskou. Se yon ekzèsis ki mande bon jan konesans listwa k ap pèmèt konnen pwoblèm yo nan fondal natal yo. Konprann nan ki kontèks yo fòme epi suiv enpak yo nan diferan etap evolisyon sosyete a jiska jounen jodi a. Konprann tou, rapò ekonomik yo, epi dinamik ki eksplike diferan desizyon nan relasyon moun ak moun, peyi avèk peyi. Kidonk, nou ka konprann kijan l’ pa fasil pou konprann reyalite ekonomik yon peyi si w pa konekte l ak istwa nesans li, relasyon li nan yon kontèks global, epi sous motivasyon aktè lokal yo nan fason desizyon yo pran.

Malerezman, Ayiti se yon peyi kote tout analiz fèt sou baz konplèks ak prejije. Nan yon kontèks konsa, anvan sosyete a aksepte tande lide yon moun oubyen apresye yon zak li poze, li gade anvan ki moun ki pral pale a, oubyen ki pral aji a. Anpil fwa, chwa tande lide osnon apresye aksyon yon moun, depann de koulè po l ak orijin sosyal li. Eske se yon nwa oubyen yon milat? Eskè se yon Ayisyen osnon yon etranje? Eske l sot lòtbò oubyen l toujou ret Ayiti? eksetera…

Fenomèm sa a layite kòl gras ak yon bann entelektyèl pachiman ki fò sèlman pou Ayiti ak lè yo an Ayiti. Moun sa yo jwenn bourad yon seri medya kote pwopriyetè yo ak jounalis yo pa mezire dimansyon responsabilite yo genyen nan kontèks sosyal ak istorik peyi a jounen jodi a. Jounalis ap poze pwoblèm tèt anba, poze kesyon tèt pa dwat; entèlektyel pachiman ap bay repons san lanvè, san landwat.

Youn nan pi gwo prèv rezonman sa a, se fason nou wè medya ak jounalis ap defini ki moun ki save ak kiyès ki pa save nan peyi a. Se pa rezilta rechèch ki soti nan laboratwa lasyans, ak komite ekspè ki detèmine ki moun ki save, men, se radyo ak televizyon k ap manipile opinyon moun nan endike kiyès ki gwo entèlektyèl nan peyi a.

Anpil fwa, jounalis sa yo pa gen otorite ak matyè pou defini kisa ki yon vrè entèlektyèl ak yon bon teknisyen. Men, libète lapawòl ba yo libète defòme konpreyansyon moun k ap gade ak koute yo.

Li pi grav toujou lè n ap gade kijan kèk fwa, menm anndan yon enstitisyon akademik wo nivo tankou Inivèsite, grad pwofesè chita sou baz militans.

Nou wè sa pi klè nan fason medya yo ap pèsiste pou deklare yon seri moun gwo teknisyen nan diferan domèn. Yo bann moun, malgre yo plase yo nan yon seri divizyon teknik ak tout mwayen yo merite, pa rive demontre nivo konpetans medya yo ap klewonnen yo genyen. Malgre echèk moun sa yo, jounalis ap pèsiste rele yo “Eminan Entèlektyèl”, “Gwo Ekspè”, “Espesyalis” elatriye… Kidonk, yo pa apresye valè ak konpetans yon moun sou baz rezilta l, men pito sou kiyès moun sa a ye, ki akwentans li genyen ak kantite lajan yo sipoze li gen sou kanè bank li.

Nou ka konprann byen rezon ki fè, lè amatè sa yo ap fè entèvansyon nan konferans ak nan medya yo, yo gen yon tandans bay tenb vwa yo plis enpòtans ke koyerans ki ta dwe genyen nan pawòl y ap pale yo.

Si pou n’ tounen nan lide ki kòmanse refleksyon nou an, nou kapab di dram sosyal, politik ak ekonomik Ayiti ap konnen jodi a, se rezilta konbinezon iresponsabilite plizyè jenerasyon moun. Men, anpil aktè politik pwofite de reyalite sa, pou dedwane tèt yo lè yo pa pran bon jan mezi pou korije deriv yo.

Pi bon fason pou sosyete a rive byen sènen pwoblèn li nan rasin yo, se koupe fache ak tout fòm konplèks ak prejije k’ap oryante refleksyon, analiz ak chwa ki enpòtan pou peyi a.

Konpòtman sa a va pèmèt refleksyon kòrèk (objektif) fèt sou reyalite nou, detèmine responsab dram sosyal, ekonomik ak politik peyi a, epi pataje responsabilite chak moun. N’ap sispann pran lalin pou fwomaj, n ap kapab rele yon chen, chen; nap kapab rele yon chat, chat.

Pou nou rive fè sa, aparèy ideyolojik yo (legliz, medya, lekòl, fanmi) gen yon wòl enpòtan pou yo jwe. Sispann pran amatè pou pwofesyonèl, sispann aklame pretidigitatè pou gwo reyalizatè. Men, aprann jije efikasite yon moun sou baz aksyon li poze, olye sou koulè po oubyen orijin sosyal li.

Li pap fasil pou rive chanbade yon seri konpòtman ki pran rasin depi digdantan. Konpòtman sa yo, chak jenerasyon pataje yo bay sa k ap vini yo tankou yon men sòl. Se rezon sa ki fè, nouvèl jenerasyon moun ki deside panse ak aji pou chanje Ayiti yo, dwe reziye yo ak obligasyon pou yo koupe fache ak yo seri pratik ki pa kontribiye nan amelyore kondisyon lavi moun ak pwogrè sosyete a. Nouvèl jenerasyon sa a, gen yon gwo chanjman pou l fè nan travay pou chanje mantalite tout yon sosyete.

Commentaires

Ralph thomassaint Joseph
Directeur de la Publication à AyiboPost, passionné de documentaire.

    Chers parents, aimez-moi comme je suis!

    Article Precedent

    En attendant la Saint-Valentin…

    Article Suivant

    Comments

    Comments are closed.