ART & LITERATURECULTUREEN UNESOCIÉTÉ

Videyo: « Nou menm Ayisyen nou fin pèdi idantite nou »

0

Ama Makeda ak James Vergneau (Rebel) se yon koup ki wè lavi a diferan. Ayibopost te rankontre yo epòk fèt Sen Valanten an pou pale sou relasyon yo. Men, yo te pale de lòt koze tou.

Nan videyo sa a Makeda ak Rebèl fè yon bèl rale sou difikilte yo genyen pou evolye kòm atis nan sosyete a. Yo gen gwo enkyetid sou jan sosyete a ap evolye paske yo se paran k ap leve yon timoun. Dapre yo, pwoblèm idantite a se yon bagay kap frennen pèp ayisyen anpil nan avansman l.

Men, pami tout pwoblèm sosyete a ap sitire yo, Makeda ak Rebel montre degradasyon anvironman an se sous gwo latwoublay pou yo. Rebel pale n de zòn kote li leve k ap pèdi eskanp figi l chak jou pi plis.

Makeda menm voye pwent sou kèk pwodui nou itilize nan alimantasyon nou k ap detwi lasante n pandan leta pa di anyen sou pwoblèm sa yo.

Nou te fè yon pale ak koup atis sa a ki pa pè di sa yo panse. Gade l anlè a

La rédaction de Ayibopost

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *