Ki kote pil zam ak bal sa yo sòti toutbon ? Kilès ki fè yo rantre an Ayiti ? Ki kote yo pase avèk yo ? Èske Leta ayisyen pa okouran ki fè gang yo pa sispann resevwa gwo materyèl sa yo jis nan baz yo ? !!! Rale chèz ou, AyiboPost pral ede w konprann dosye trafik zam ak bal k ap alimante aktivite kriminèl yo nan peyi a
► Kèk gwo eskandal ki pase pa twò lontan
Pou w ka byen konprann dosye sa a, li enpòtan pou n f on koudèy byen rapid sou kèk eskandal trafik zam ak minisyon ki pase nan diferan rejyon an Ayiti.
Toudabò, ann kòmanse ak 2 ka ki pase, sa gen anviwon yon mwa, nan depatman SANT peyi a.
Nan dat 9 mas 2025 lan, lapolis ak brigad rezistans nan komin Mibalè anonse yo kenbe yon ti bis ki t ap sòti Gonayiv e ki te gen zam ak bal abò li.
Daprè sa delege depatmantal Sant lan, Frédérique Occéan, eksplike AyiboPost, yo te sezi « 3 zam lagè ak anviwon 15 mil katouch diferan kalib » nan fouy sa a.
Si anyen poko di sou kilès ki te kòmande zam ak bal sa yo epi kilès yo ta pral jwenn, delege a fè konnen, 2 moun ki te nan machin nan te di se Dèlma 75 yo t ap prale.
Anviwon 4 mwa anvan ka sa a, nan dat 14 novanm 2024 la, Lapolis nan komin Ench di yo sezi yon fizi lachas kalib 12 epi 9 kilogram bòz.
Ann f on kout pye kounye a nan depatman LWÈS kote sa konn rive, menm moun ou pa t a panse enplike nan trafik zam ak bal la an Ayiti.
Pa egzanp, nan jou ki te 8 novanm 2024 la, lapolis anonse yo arete yon polisye ki afekte nan inite tanporè anti gang (UTAG) Polis nasyonal la, zòn Channmas, nan kè kapital Pòtoprens, abò yon machin ki te genyen 2 400 katouch, zam sèvis li, yon fizi lagè, 5 chajè zam ak 2 telefòn pòtab.
Polisye a te akonpànye ak madanm li, ki se yon manm pèsonèl depatman zam nan direksyon lojistik polis nasyonal la. E se madanm nan ki t a fasilite mari l pran minisyon sa yo nan estòk enstitisyon an.
Nan dosye trafik zam an Ayiti a, nou dwe sonje, pò ki nan Pòtoprens yo fè pati pwen ki plis priyorize pou debake zam nan peyi a.
Pou n ede w konprann, ann retounen sou yon gwo eskandal trafik zam ki te enplike Legliz Episkopal.
Nan dat 14 jiyè 2022 a, ajan Biwo lit kont trafik dwòg ak ajan ladwàn nan Pòtoprens rive sezi yon kagezon zam ki te anndan kèk konntenè nan pò Caribbean port services (CPS), zòn Lasalin.
Daprè sa kèk dokiman ladwàn revele, konntenè sa yo ki te dwe al jwenn Legliz Episkopal Dayiti, te genyen ladan yo 18 zam lagè, 4 pistolè kalib 9 milimèt, 14 646 katouch, 140 chajè, yon vizè epi 50 000 fo biyè dola ameriken.
N ap pwofite souliye tou, trafikan dwòg yo itilize menm pò sa yo ki nan kapital la, pou fè dwòg pase nan peyi a.
E, se sa ki te rive ak dosye bato sik « MV Manzanares » la, nan lane 2015.
Bato panameyen sa a ki te akoste nan pò Terminal Varreux nan Pòtoprens, an 2015, t ap transpòte yon kagezon sak sik sòti nan peyi Kolonbi vin Ayiti.
Sepandan, tout moun te sezi aprann bato a te pote anmenmtan 800 kilogram Kokayin ak 300 kilo ewoyin, ki te gen yon valè 100 milyon dola ameriken.
E, nan kad menm dosye dwòg sa a, nan lane 2016, yon jij t ap pral mete an koz plizyè sispèk, pami yo Marc Antoine Acra ak Sébastien François Xavier Acra, (2) de frè ki se te pwopriyetè Sosyete Nabatco, ki te kòmande kagezon sik la.
Pou n fèmen parantèz eskandal sa yo, ann gade omwen kat (4) lòt ka ki te pase nan NÒ peyi a.
Nan dat 25 oktòb 2023 a, ladwàn anonse yo sezi nan pò Okap 279 katouch pou zam 9 milimèt. E anviwon yon mwa apre, 22 desanm, ladwàn di l sezi 170 lòt katouch nan menm pò a.
Inite anti-dwòg polis la sou bò pa l di yo arete 4 Baameyen pou trafik dwòg nan Bandinò, yon lokalite nan komin Okap, nan dat 18 novanm 2024 a. Endividi yo te gen nan men yo 5 kilogram kokayin, 3 380 dola ak plizyè bwat telefòn.
5 avril 2024, ladwàn Okap t ap pral sezi yon lo zam ak minisyon nan yon konntenè ki sòti Etazini, nan menm pò sa a. Ladan l te genyen 12 fizi lagè, 14 pistolè, 999 katouch tout kalib, ak 34 chajè.
Epi, yon lòt ka ki te rive nan depatman Nò peyi a, se an novanm 2024, lè Biwo k ap Lite Kont Trafik dwòg (BLTS) te anonse yo mete anba kòd yon polisye pou trafik dwòg ak posesyon ilegal zam.
► Malgre Nasyonzini met anbago zam…
Li enpòtan pou n raple, tout zam sa yo ap sezi nan yon kontèks kote konsèy sekirite Nasyonzini te deja adopte yon anbago zam, nan dat 21 oktòb 2022 a, ki egzije tout peyi ki manm li yo anpeche lavant osnon tout transfè zam, minisyon ak lòt ekipman militè ak paramilitè an Ayiti. Yon entèdiksyon konsèy sekirite a t ap pral pwolonje nan dat 18 oktòb 2024 la pou yon lane anplis, k ap bout 18 oktòb 2025. Men, reyalite sou teren an soulve gwo kesyon sou efikasite mezi sa yo, e gang yo pa sispann achte zam pou alimante baz yo.
► Nan dat 6 fevriye 2025 lan, UNODC sòti yon rapò sou orijin ak wout trafik zam epi sikilasyon lajan sal an Ayiti, ki kouvri peryòd septanm rive desanm 2024, pandan enstabilite a t ap pèsiste malgre deplwaman yon pati nan fòs miltinasyonal sekirite a, peyi Kenya ap dirije.
Nan rapò sa a, òganis Nasyonzini an mansyone apati rapò resan yo jwenn nan mwa desanm 2024, yo rive konstate gang yo ap achte yon zam presizyon ki rele Barrett M82A1 (M107). Se yon modèl zam ki souvan itilize nan yon kad militè osnon taktik, e li la pou elimine veyikil osnon lòt materyèl nan yon distans plis pase 1 000 mèt.
Menm si pa gen yon chif egzak sou kantite nan modèl zam sa yo ki ap sikile an Ayiti, kèk videyo plizyè chèf gang pibliye sou rezo sosyal yo t a sijere yo posede omwen kat (4) jiska sis (6) ladan yo.
Selon menm rapò UNODC a, pri yon fizi Barrett M82A1 kapab rive jiska 22 000 dola ameriken sou mache nwa a plis yon chajè ki vo 250 dola, epi yon grenn katouch ki koute sèt (7) dola.
Yon lane avan, sa vle di an 2023, ONUDC te deja mansyone, ti zam manch kout ki pi popilè ki vann ant 400 rive 500 dola ameriken nan magazen zam ki gen lisans federal Ozetazini yo osnon lè gen espozisyon prive zam, konn revann jiska 10 000 dola an Ayiti. Yon lot bò, tip zam puisan tankou : AK47, AR15 ak Galil yo, fè pati tip zam gang yo plis mande, sa ki fè pri yo konn monte pi wo.
Kidonk, done sa yo ka pèmèt nou tou konprann nan ki pwen trafik zam se yon komès kriminèl ki rantab pou moun k ap alimante gang yo, e ki pa sou wout kanpe si Leta ayisyen ak patnè entènasyonal yo pa pran bon jan mezi pou sa.
Kanta pou minisyon yo menm, gang yo itilize modèl katouch M8 ki kapab pèse sèten nivo blenndaj epi tou met dife pandan enpak bal la.
Pami gang ki sanble jwenn aksè ak modèl zam sa yo, genyen gang « Ti Bwa » ak « Gran Ravin » lan.
Met sou sa, gen kèk videyo ki montre zam sa yo tou nan men chèf gang « 400 Mawozo » an, Wilson Joseph (alyas Lanmo Sanjou) ak Jeff Larose (alyas Gwo Lwa) ki se chèf gang Baz « Taliban » nan zòn Kanaan, ki sou komin Kwadèboukè.
Kidonk mezanmi, tout ka nou sot site la yo, ka pèmèt nou konprann 2 bagay : Premyeman, anpil nan eskandal sezi zam, bal ak dwòg yo touche gran Nò peyi a, Sant ak Lwès. Dezyèmman, nou ka rann nou kont, komès zam nan souvan lye ak trafik dwòg la tou, e li enplike alafwa Ayisyen ak etranje.
Anpalan de trafik dwòg an Ayiti, se yon gwo sijè ki merite yon videyo apa. Pou kounye a, ann kontinye ak dosye trafik zam ak bal la.
► Fonksyònman trafik zam lan
Kijan trafik sa a òganize an Ayiti, pandan dènye ane sa yo ?
Pou n te jwenn repons ak kesyon sa a, AyiboPost te pale ak yon ekspè Nasyonzini ki travay sou Ayiti. Premye sa li ede n konprann, se prensipal kote zam yo rantre nan peyi a.
Ekspè a konfime, « zam yo rantre jeneralman nan pò ki nan Nò peyi a, e pafwa nan Pòtoprens. Pou sa ki gen pou wè ak dwòg, li tou presize, yo rantre nan pò ki nan Sid yo epi yo transpòte yo nan ti pake pou ale nan lòt destinasyon ».
Sa a se pou kote zam ak dwòg pase pou rantre an Ayiti. Kounye a, ou anvi konnen kijan sa fè rive posib ? Ebyen, gen de (2) fason sa fèt, selon sa ekspè a kontinye esplike. Youn ki legal epi yon lòt ilegal, e ki pafwa melanje youn nan lòt. Ou pral konprann sa.
Nan chimen legal la, se yon ti gwoup sitwayen ki achte zam pou defann tèt yo an Ayiti, e ki an jeneral anrejistre yo nòmalman. Men pwoblèm lan, sa konn rive zam sa yo konn transfere bay moun ki pa gen pèmi pou posede yo, sa ki vin rann yo ilegal.
Anpasan, nou dwe souliye, atik 268.1 konstitisyon 29 mas 1987 la otorize « tout sitwayen defann tèt yo nan limit lakay yo, men yo pa gen dwa sikile ak zam san yon otorizasyon espesyal chèf lapolis la ».
Lòt fason legal zam yo rantre nan peyi a se atravè ògan Leta yo, pou lapolis nasyonal la. Men pafwa, zam sa yo konn disparèt san esplikasyon. E sa konn rive, pami zam ki disparèt yo, genyen ki konn twouve yo nan men gang yo.
Sou pwen sa a, nou pa ka bliye dosye Galil ki abitye disparèt tankou zèklè nan Palè nasyonal yo ! A wi !
Dabò, èske w te konnen rapò Nasyonzini ki sòti an septanm 2024 la te revele se antou 54 zam otomatik Galil polis nasyonal peyi a ki te detounen nan estòk zam palè nasyonal, ant 2013 rive 2016 ? Se pa ti koze !
E, tout zam sa yo pèdi nan moman Pierre-Léon Junior Saint Rémy, yon pwòch madan prezidan Michel Joseph Martelly, te responsab sekirite palè a epi t ap sipèvize estòk zam sa yo.
Selon enfòmasyon gwoup espè Nasyonzini yo rive kolekte, yo esplike zam sa yo te al jwenn kèk endividi, pami yo manm gang, pou yo te ka soutni prezidan Martelly, peyi Etazini sanksyone, nan mwa dawou 2024 la, pou enplikasyon l nan trafik dwòg ak finansman gang an Ayiti. Sa pa rete la !
Gen kèk nan Galil sa yo, ekspè yo retrase jis nan peyi Jamayik ak sou sèn krim oubyen nan men gang an Ayiti.
Selon menm rapò a, youn nan rezon disparisyon zam sa yo se lefètke plizyè inite nan polis la ki baze nan palè a opere poukont yo avèk yon tikras sipèvizyon direksyon lapolis la, malgre yo sou responsabilite Direction centrale de la police administrative (DCPA).
E, otonomi sa a rive menm nan jesyon zam ak minisyon yo nan palè a, kote direksyon santral la te deja pa t janm an mezi fè yon lis sou kantite zam ki genyen yo, depi plizyè lane.
Nan lane 2020, ansyen responsab Unité de sécurité présidentielle (USP), Jean Laguel Civil, avèk Dimitri Hérard, ansyen chèf Unité de sécurité générale du Palais national (USGPN) nan epòk la, te achte plis pase 200 zam nan men yon fabrikan zam Azyatik, san okenn kontwòl ofisyèl gouvènman li te ladan li an.
Pami zam sa yo, te genyen fizi lagè semi-otomatik tip AR, epi pistolè kalib 9 milimèt. Si se sèlman yon tikras nan zam sa yo ki te ale jwenn polis nasyonal la, pèsonn pa t konnen kote rès yo te ale.
► Nan yon rapò Komisyon nasyonal dezameman, demantèlman ak reyensèsyon (Cnddr) sòti nan lane 2020, li fè konnen t a genyen 500 000 zam ti kalib k ap sikile nan peyi a, e majorite ladan yo ilegal.
Yon chif ki gen tandans ogmante depi lè rapò a sòti a.
Nan menm epòk sa a, se sèlman 38 000 zam ki te legalman anrejistre nan peyi a.
Fòk nou souliye, lòt sous ki alimante zam ilegal nan peyi a se lè lapolis fin sezi yo. Ah wi ! Zam sa yo ki t a sipoze byen siveye pou tann ankèt fèt, konn rive disparèt. Sitou si yo nan bon eta.
► Lòt fason zam yo rantre nan peyi a se atravè konpayi sekirite yo ki ant 50 rive 200 nan peyi a. Si se vre konpayi sa yo gen otorizasyon pou rantre ak zam yo, ebyen ekspè Nasyonzini an eksplike, sa konn rive gen zam ki trafike nan koulwa sa a tou.
N ap presize, se dekrè 1989 la ki otorize Leta Ayisyen delege an pati misyon l genyen pou asire sekirite a bay kèk òganizasyon prive ki rele « Ajans sekirite ». Men, dekrè a limite kantite zam konpayi sa yo ka posede, ki dwe egal ak 50% efektif anplwaye yo genyen.
Sepandan, « konpayi sa yo konn posede plis zam pase kantite yo otorize genyen. E, sa rive akòz Leta manke voye je sou aktivite yo », daprè sa espè Nasyonzini an di AyiboPost li konstate.
Mete sou sa, li fè konnen, gen nan antrepriz sekirite sa yo ki souvan enplike nan ka disparisyon zam, swa yo ofri kòm kado oubyen vann sou mache nwa.
Dekrè 1989 la presize tou, ajans sekirite sa yo ka itilize sèlman pistolè kalib 38, fizi kalib 12, 16, 20 ak tout lòt mwayen kominikasyon ministè enteryè ak defans nasyonal apwouve, nan kad egzèsis fonksyon yo.
E, Fòs Lame Dayiti ak lòt sèvis konpetan ministè enteryè yo ap gen pou fè yon kontwòl regilye pou zam sa yo.
Kite kantik pran priyè, èske w te konnen, anplis de trafik zam, gen nan konpayi sekirite prive yo ki konn enplike tou nan lòt gwo zak nan peyi a ?
Ka ki pi resan nou ka gade se Counter Terrorist Unit Security (CTU). Konpayi sekirite sa a fèt ak 2 antrepriz ki anrejistre nan Eta Florid, Ozetazini, li founi sèvis pwoteksyon rapwoche, fòmasyon, zam ak lòt materyèl militè, men sa pa t anpeche li te enplike nan zak asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse, an jiyè 2021.
Menm antrepriz sa a tou, te gen otorizasyon, sou siveyans, pou transpòte zam pou objektif defans sou demann otorite ayisyen yo epi deplase ekipman osnon zam sou fwontyè a.
Mezanmi, li enpòtan pou n souliye anpasan, jiskaprezan pa gen anyen ki klè sou ki kote diferan gwoup otodefans katye yo jwenn zam, ni tou kisa lapolis fè ak zam li sezi nan diferan fas kare yo fè ak bandi yo. Sa a se yon dosye nou pa dwe inyore !
► Kote zam yo sòti
Kounye a, ann poze youn nan gwo kesyon ki pa janm gen repons klè ki bay pou li : Ki kote pil zam k ap alimante kriminalite an Ayiti yo soti ? Ann eseye konprann ansanm !
Òganis Nasyonzini an, UNODC, pa pase pa kat chimen pou l di nan yon rapò an 2023, prensipal sous k ap pimpe zam ak minisyon an Ayiti yo se Etazini, presizeman Eta Florid.
Nan mwa janvye 2025 lan, Depatman Deta Etazini te anonse peyi a rive vann 318,7 milya dola ekipman militè atravè lemonn pou lane fiskal 2024 la. Yon chif rekò ki reprezante 29 % anplis parapò ak lane 2023. Kidonk, ou ka konprann, se yon komès ki rantab pou ekonomi ameriken an. Ann kontinye !
Nan yon rapò World Peace Foundation, ki se yon òganizasyon ki fè rechèch sou pwosesis lapè, sòti nan lane 2021, li fè konnen peyi Etazini, ki se pi gwo machann zam sou latè, patisipe nan founi zam nan plizyè gwo konfli atravè lemonn.
Si peyi Karayib yo, ki tankou Ayiti, pa fabrike zam, Government Accountability Office (GAO) yon enstitisyon ki fè odit, evalyasyon ak rekòmandasyon bay kongrè ameriken an, revele nan yon rapò an oktòb 2024, 73 % zam ki sezi nan rejyon an retrase jis Etazini.
Sòti 2018 rive 2022, yo rive rekipere epi retrase 7 399 zam ki enplike nan krim, e 5 399 ladan yo sòti dirèkteman Ozetazini.
Nan ka Ayiti espesyalman, Ofis Nasyonzini kont dwòg ak krim (UNODC) revele, 80 % zam ki sezi nan peyi Dayiti nan peryòd 2020 pou rive 2022, te swa fabrike osnon sòti nan peyi Etazini.
N ap souliye tou, ajans federal Homeland Security Investigations, ki la pou fè aplike lalwa anndan depatman sekirite enteryè peyi Etazini, konstate depi 2021 trafik zam ki sofistike tankou : fizi Sniper kalib 50, fizi .308, mitrayèt ki alimante ak chèn bal epi fizi lagè, ogmante an Ayiti.
E, kontrèman ak lòt peyi nan Karayib la ki gen kote trafik zam la prezan, pami tout zam sa yo ki rantre Ayiti, anviwon 37% ladan yo se fizi, e plis pase 50% se ti zam manch kout.
Tandiske nan ka lòt peyi tankou : Bahamas, Repiblik Dominikèn, Jamayik ak Trinidad, 90 % demann yo fèt pou zam manch kout, e mwens pase 6% pou fizi.
Sa ki montre, nonsèlman gang yo pi ame pase lòt gwoup kriminèl nan rejyon an, men sa montre tou yo ap pare pou lòt fòm vyolans ki pi vizib.
─ Nan dat 10 avril 2025 lan, depite ameriken Sheila Cherfilus-McCormick ak Wesley Bell prezante lwa Caribbean Anti-Smuggling of Trafficked Arms (CAST) Act lan, ki vize ede frennen trafik zam kap sòti Ozetazini pou al nan rejyon Karayib la. Lwa sa a mande tou pou Depatman Defans Ameriken elaji misyon òganizasyon Joint Interagency Task Force South (JIATF-South), ki deja ap konbat trafik dwòg ak òganizasyon kriminèl transnasyonal nan Karayib la, pou enkli konba kont trafik ilegal zam tou.
Kidonk, ou kòmanse gen yon lide kote zam ilegal k ap bay kriminalite ak ensekirite a jarèt nan peyi a sòti ? Pa vre ? Bon, ann kontinye !
ONUDC bay esplikasyon pa l tou. Li fè konnen, gen kèk tip zam gang yo posede ki t a fè yo panse trafik lan t a sòti nan zòn Sid Ameriken an tou.
► Enplikasyon Dimitri Hérard
Pou n byen konprann lyen gang yo devlope ak lòt zòn nan Karayib la, nou ka konsidere revelasyon ki fèt nan rapò gwoup ekspè Nasyonzini yo sòti an septanm 2024 la. Tande byen !
Nan rapò sa a, ekspè yo revele, ansyen responsanb sekirite palè Nasyonal la, Dimitri Herard, t a pote nouvo konesans bay gang 5 Segond, kote li te kouri al mawon apre l fin sove nan prizon, lè gang yo te atake Penitansye Nasyonal Pòtoprens nan mwa mas 2024 epi lakòz plis pase 4 000 prizonye evade, pami yo, kriminèl ki frajil anpil.
Ansyen responsab sekirite palè a, ki te nan prizon pou enplikasyon l t a genyen nan asasinay ansyen prezidan Jovenel Moïse nan lane 2021, apre li fin refijye nan baz 5 Segond, li ede gang yo òganize tèt yo, epi ba yo konsèy sou estrateji atak ki byen planifye, daprè sa menm ekspè Nasyonzini yo esplike. Yo fè konnen li t a menm aprann timoun gang 5 Segond rekrite yo kijan pou yo itilize zam ak taktik militè.
Y ale pi lwen pou fè konnen, se menm Dimitri Hérard sa a ki t a ede gang yo jwenn zam ak inifòm yo te itilize nan yon videyo pwopagann yo te mete deyò, nan mwa mas 2024, sou swadizan yon gwoup yo fòme ki rele « Unité village de Dieu ».
Videyo sa a ki montre menm kòd vizyèl, inite espesyal katèl dwòg Latino-ameriken yo, montre gwoup la antanke yon kò taktik gang 5 segond, avèk chèf gang Johnson Andre alyas « Izo » nan tèt li. Yo abiye ak inifòm ki gen logo UVD, bò kote yon seri machin ki kamoufle epi yo gen nan men yo fizi tounèf, kategori FAL 7.62 milimèt.
Si anyen pa klè sou kibò li jwenn zam sa yo li menm, ekspè yo jwenn modèl sa yo sòti nan peyi Bèljik, e se konpayi FN Herstal ki pwodui yo. Mete sou sa, plis pase 80 peyi nan lemonn itilize yo, pami yo Ayiti ki te konn achte pou fòs lame FADH.
Dimitri Herard yo te deja sispèk pou enplikasyon l nan trafik dwòg nan peyi a, rive mete chèf gang Izo an kontak ak plizyè gwo òganizasyon kriminèl nan rejyon Karayib la.
Nou dwe souliye tou anpasan, nan mwa me 2024 la, prezidan kolonbyen Gustavo Petro te denonse egzistans yon rezo, ki la lontan, ki gen ladan l militè ak sivil ki enplike nan yon gwo trafik zam Leta yo gen nan men yo. E, li te evoke posibilite pou zam sa yo t a detounen nan zòn ki gen konfli aletranje yo, tankou Ayiti.
Kounyeya, n ap mete pwojektè nou sou fwontyè ant Ayiti ak vwazen nou, Repiblik Dominikèn.
► Fwontyè ant Ayiti ak Sendomeng
Pandan 2 dènye lane ki sot pase la yo, nou kapab konstate pami plizyè sezi zam ki fèt an Ayiti, genyen sèten ladan yo otorite yo rive retrase ki sòti Repiblik Dominikèn.
Nan yon kominike direksyon jeneral ladwàn (DGA) Repiblik Dominikèn, nan dat 4 mas 2025 la, otorite yo anonse yo sezi 36 000 katouch, 23 zam, plis pase 2 douzèn chajè diferan kalib, ak lòt minisyon nan pò Haina a.
Konntenè sa a, ki soti nan pò Florid te gen pou rantre Ayiti. Dekouvèt sa a vin ajoute sou 37 lòt zam otorite yo te deja sezi yon ti tan avan.
Mete sou sa, te deja gen yon eskandal trafik minisyon nan lapolis dominiken an.
Nan dat 31 oktòb 2024 la, direktè jeneral lapolis nasyonal dominiken an revele egzistans yon rezo kriminèl ki enplike nan trafik zam ak minisyon.
Selon otorite dominiken yo, rezo sa a t a detounen jiska 900 mil katouch ki sòti nan estòk lapolis dominiken an pou y al revann sou mache ilegal la.
Si gen enfòmasyon ki t a fè kwè g on bon valè nan katouch sa yo ki t a vann ak manm gang an Ayiti, ankèt ki t ap mennen sou dosye a pote presizyon.
Selon ankèt la, sèten nan minisyon sa yo yo volè nan yon depo lapolis dominiken, t a dabò vann ak kèk machann zam dominiken, ki yo menm pase yo nan kontrebann sou fwontyè a avan yo tonbe nan men kriminèl yo an Ayiti.
Menm ankèt sa a revele enplikasyon gwo ofisye nan lapolis dominiken an, pami yo ansyen chèf depatman zam lapolis nasyonal dominiken an, kolonèl Narciso Feliz Romero.
Tandiske, bò kote pa nou an Ayiti, pa gen okenn limyè ki fèt sou dosye sila a pou detèmine konplis yo.
Nou sèlman konnen, nan dat 26 mas 2025 lan, administrasyon jeneral ladwàn (Agd) te anonse biwo yo ki sitiye nan fwontyè Ayiti ak Sendomeng lan pa otorize resevwa machandiz k ap sòti aletranje pou pase Repiblik Dominikèn vin Ayiti.
Pandan tan sa a, ensekirite a ap vale tèren an Ayiti. Depi 30 mas 2025 lan, gwoup gang ki sòti nan kowalisyon kriminèl Viv Ansanm anvayi vil Mibalè, yo touye moun, atake prizon sivil la epi libere plizyè santèn prizonye. Yon sitiyasyon ki lakòz abitan yo kouri deplase kite kay yo, epi lakòz enstitisyon enpòtan nan vil la fèmen pòt yo, pami yo Lopital inivesitè Mibalè (HUM) a.
Kesyon nou ka poze kounyeya, se poukisa yon sèl kou gang yo deside atake komin Mibalè ? Ebyen, nan opinyon piblik la, gen moun ki pa ekate posiblite pou se ta diferan sezi zam, bal ak dwòg nan plato santral, epi wout brigad rezistans nan zòn Mibalè bloke a ki t a soulve kòlè gang yo, pliske sikilasyon ki bloke a t a alafwa afekte pòs peyaj yo met sou wout yo ki pa ka rantre lajan, epi trafik zam ak bal ki t a paralize.
Se yon opinyon nou pa ka inyore, si n baze sou enfòmasyon espè Nazyonzini an ki montre zòn Nò a kòm prensipal rantre zam ilegal nan peyi, epi dènye sezi zam ki t ap sòti Repiblik dominikèn yo.
Sou menm dosye Mibalè a, pou nou fini, AyiboPost envite w dekouvri videyo sa a li te soti sou dènye atak gang yo. Pwofite gade l, pou w ka byen konprann sa k ap pase a.
Kouvèti | Foto gwoup ame ‹ G-9 an fanmi e Alye›. Foto : ©P.F
►Kamera : Jean Judelin Isaac
►Montaj ak Animasyon : Riquemi Pérez
► Rechèch ak Redaksyon : Jérôme Wendy Norestyl
► Edisyon ak Sipèvizyon : Chérubin Jérôme, Widlore Mérancourt
Gardez contact avec AyiboPost via :
► Notre canal Telegram : cliquez ici
► Notre Channel WhatsApp : cliquez ici
► Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici
Comments