SOCIÉTÉ

Timoun k ap viv nan fwaye ki gen vyolans se malè pandye pou sosyete a !

0

Yon timoun ki grandi nan yon kay  kote  papa l ap bat manman l toutan, gen anpil chans pou li repwodui zak vyolans sa yo sou lòt moun nan antouraj li.

 

Pouchon gen 17 lane. Li deside al viv lwen fanmi l, san pèsonn pa konn ki kote li ye.  Li kite kay paran l depi 5 mwa paske li bouke wè papa l k ap bat manman l. Pouchon te toujou gen difikilte pou l dòmi lannuit chak fwa li wè dlo nan je manman l.

Anpil rechèch montre, lè timoun yo temwen zak vyolans nan fwaye kote y ap viv, sa gen gwo konsekans sou lavi yo. Konpòtman Pouchon an, se youn nan rezilta zak vyolans gen sou timoun. Se yon moman nan lavi timoun nan si l pa ka jwenn sekou pou chanje sa l ap viv la, li ka mawon kay la.  

Yon malè pandye sou tèt timoun yo

Menm jan ak Pouchon, gen anpil timoun an Ayiti ki temwen zak vyolans prèske chak jou lakay yo. Nathalie Coicou, yon sikològ ki espesyalize nan akonpanye fanm ak timoun ki te sibi zak vyolans, aprann nou ke « Lè timoun nan ap evolye nan yon anviwonman konsa, l ap gen anpil difikilte pou l aprann lekòl. Li ka vin mechan, konsa tou li ka timid anpil. Strès ka lakoz li aji  tankou yon moun ki toujou pè. Pafwa, menm apeti li ka koupe».

Pola ki se manman Pouchon fè konnen li te kòmanse santi kèk chanjman nan konpòtman pitit gason li byen bonè, e sa te konn twouble lespri l anpil. « Nòt  Pouchon te konn fè nan lekòl li te bese.  Li te vin brigan anpil epi l te konn ap tire kou sou lòt timoun sou katye a», se sa Pola temwanye.

Sikològ esplike «gen timoun ki kenbe anndan yo tout emosyon, tout sa yo viv ak  tout sa yo sibi. Konsa tou gen lòt ki defoule yo sou lòt moun.» Nan ka Pouchon* an, kòm li pat ka sipòte ankò, li vin itilize vyolans lan pou defann tèt li.

Jounen jodi a, Pouchon reprezante yon gwo danje pou papa l. Avan li kite kay la, Pouchon te bourade papa l epi anonse li l ap tire l kanmenm yon jou pou tout sa li fè manman l pase yo.

Yon timoun ki pa janm pale, se yon pi gwo danje

Depi ven tan, Pola*  ap viv ak mari l Reno* epi 2 pitit li Pouchon ak ti sè l Dora.  Pou Pola, moman difisil yo pa sèlman vle di move lavi paske anpil fwa, mari li Reno, te konn tire kou sou li, imilye l menm an prezans timoun li yo. «Mwen te toujou gen bon rapò ak mari m. Men depi l fache li kòmanse fè kòlè, premye bagay li fè se leve men l sou mwen», se sa Pola fè konnen.

Reno, papa Pouchon sou bò pa l di l ap viv ak gwo laperèz. Chak fwa li pran lari kè l ap sote. Ak dlo nan je li ajoute, «Mwen pap janm leve men sou  madanm mwen ankò. Mwen mande li padon e mwen rekonèt m te konn mal aji. Sa ki plis fè m pè se paske m santi mwen fè levasyon yon timoun ki reprezante yon danje pou mwen, e  pou tout peyi a».

Evite miyò pase mande padon

Prèske chak jou n ap fè fas kare ak yon pakèt  timoun ki lage nan lari a. Akoz  pa gen pèsonn k ap voye je sou yo, gen endividi ak move entansyon ki  konn itilize yo pou fè yo fè tout vye zak malonèt. Gen gwo chans pou Pouchon tounen yon moun ki pral bay sosyete a pwoblèm si li ta di li pral devide sa li te sibi yo sou lòt moun. Jan pwovèb la di a «Timoun jodi granmoun demen».

 

*Pou respè ak konfidansyalite, nou te chanje non moun yo.

Georgy Lundy

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *