SOCIÉTÉ

Tansyon nòmal, wo oswa ba : tout sa w dwe konnen pou w evite kèk danje | Videyo

0

Kijan epi kilè yon moun ka konnen lè tansyon l nòmal, lè li wo ak lè li ba ? AyiboPost pral eksplike w tout sa w dwe konnen sou tansyon ateryèl ou, pou w kapab jere sante w pi byen !

Si w fèt nan yon fanmi ki gen anpil moun ki soufri tansyon, se posib pou w soufri de li tou. Ah wi, se sa espesyalis medikal yo fè konnen ! Men, se pa sa sèlman ki ka lakoz. Kijan w ka fè konnen si w soufri tansyon ? Kisa siy ak sentom yo ye menm ? Èske tansyon 12 pa 8 vle di otomatikman tansyon w nòmal ? Enben pran ti chèz ou, m pral eksplike w tout sa ou dwe konnen sou tansyon, pandan w pral dekouvri kijan pou w jere sante w.

► Toudabò, se kisa tansyon ye menm ?

Tansyon se presyon oswa vitès san koule atravè veso ki nan kò nou yo, pi presizeman nan « artères » yo. Se sa k fè espesyalis yo plis itilize tèm « tension artérielle ». Tank san an kouri ak plis vitès, se tank tansyon an ap wo; e tank li kouri ak vitès ki lan, se tank tansyon an ap ba. Etandone tout moun fèt ak san epi « artères », donk tout moun gen tansyon. Men pwoblèm nan, se lè tansyon an moute twòp oswa li desann twò ba. Lè l twò wo, espesyalis yo rele sa « hypertension », e lè l twò ba, yo rele l « hypotension ». Kidonk, sa pou n tou konprann, li pa kòrèk pou n senpman di yon moun soufri tansyon; se swa li « hypertendu », sa vle di l soufri tansyon ateryèl wo, oubyen li « hypotendu », sa vle di li soufri tansyon ateryèl ba. Nou konprann ?! Bon bagay !

► Bon ! Se kijan, se kilè n ap ka konnen yon tansyon nòmal ? E se kilè l wo ? Kilè l ba ?

Pou n kontwole tansyon ateryèl nou, premye sa pou n konnen, nou sipoze « au repos ». Sa vle di nou pa dwe ap fè anyen. Apresa, nou dwe itilize yon aparèy ki fèt pou sa, ki rele tansyomèt oswa « sphygmomanomètre ». Ayayay ! Se gwo mo. Bon, ann rete nan ti mo nou abitye a ki se tansyomèt.

Gen plizyè kategori tansyomèt, chak kategori yo la pou reponn ak yon bezwen pandan yon sikonstans espesyal. Ann gade 4 ladan yo byen vit.

Premyeman, gen yon kategori ki manyèl, ki tou mache ak yon estetoskòp ki pèmèt itilizatè a koute batman kè moun nan pandan l ap degonfle brasar la. Kategori tansyonmèt sa a, se plis pwofesyonèl nan domèn lasante ki itilize l, oubyen yon moun ki pran fòmasyon sou kijan pou l sèvi ak li.

Dezyèmman, gen tansyomèt elektwonik oswa nimerik. Kategori sa pi fasil pou itilize, li pèmèt ou li tansyon an otomatikman. Ou pa oblije yon espesyalis pou w itilize l. Depi w byen mete l nan bra w, ou tache l. Baton !

Twazyèmman, gen kategori tansyomèt ki konekte. Lè n di konekte, sa vle di ou ka lye aparèy la ak yon aplikasyon sou smartphone oswa tablèt ou, sa ki ka pèmèt ou suiv tansyon yon moun a distans.

Epi, katriyèmman, gen tansyomèt « ambulatoire » ki se yon aparèy pòtatif, ki vle di, ou ka deplase avèk li pou w mezire tansyon w pandan diferan moman nan jounen an, sa k ap pèmèt ou siveye varyasyon tansyon ateryèl ou pandan yon peryòd 24è.

Voilà ! Se 4 kategori tansyomèt sa yo ki pi kouran. Selon posiblite yon moun, li ka chwazi sa li pi pito a pou mezire tansyon l.

► Kounya a, pou sa ki gen awè ak nivo tansyon ateryèl moun, ou siman konn tande pale de tansyon 12 pa 8 kòm nivo tansyon ki nòmal. Enben, se vre; men li pa toujou sa. Tande byen !

Pa gen yon sèl tansyon nòmal. Fò n fè diferans ant tansyon nòmal pou moun ki soufri tansyon wo, ak pa moun ki ba yo.

Yon tansyon ateryèl 12 pa 8, ki vle di 120 pa 80 « millimètre de mercure », se jeneralman yon tansyon nòmal si moun lan pote tansyon li wo. Si se yon moun ki pote tansyon ba, enben tansyon nòmal pa moun sa jeneralman se 9 pa 6.  Kidonk, yon moun ki soufri tansyon ba kapab gen tansyon l wo pandan tansyon an 12 pa 8.

Anpasan, m ap souliye pou nou, selon sa Ministè Lasante piblik rapòte, « hypertension », sa vle di tansyon wo, se premye kòz mòtalite lakay granmoun an Ayiti. Li fè pati kategori pwoblèm sante kwonik nou jwenn plis nan peyi a. Yon maladi kwonik, daprè Òganizasyon mondyal Lasante, se yon maladi ki dire anpil tan, ki pa evolye rapid, epi ki pa janm fin geri vre. Kidonk, yon moun ki soufri tansyon wo, dwe aprann jere kondisyon sa a tout lavi l. E se pou sa, n ap plis pale de tansyon wo nan rès videyo sa a, paske se vrèman enpòtan pou w konnen kòman pou w jere l, kit ou soufri de li, kit ou pa soufri de li. Ann avanse !

Tansyon wo se yon pwoblèm sante ki lakòz yon seri ògàn vital nan kò w atake, tankou kè w, sèvo w ak ren w. Yonn nan bagay ki pi tèrib toujou ak pwoblèm sante sa a, se lè ou genyen l epi w pa menm konnen. Ou jis ap mennen lavi san w pa pran ankenn prekosyon. Poutan, ou g on gwo malè pandje sou tèt ou, ki ka etèn souf ou sanzatann. Se pou sa l enpòtan pou w konnen nan ki nivo tansyon ateryèl ou ye.

Pou w ka konnen si tansyon w wo, pi bon fason an se konnen kijan tansyon w souvan ye. E imedyatman li moute 2 inite pi wo pase sa l konn ye a, ou ka di l wo. Pa egzanp, si w abitye gen yon tansyon ki 13 pa 9 ki pa konn ba w pwoblèm epi yon jou konsa ou jwenn li 15 pa 11 san se pa kouri w sot kouri oswa yon aktivite fizik ou t ap fè, ou ka di tansyon w wo.

Men, atansyon, sa pa vle di pou w kouri di ou soufri tansyon wo. Paske, daprè sa enfimyè Widdina Thébaud eksplike AyiboPost, tansyon yon moun ka moute, poutan li pa fè tansyon wo. Ann pran egzanp yon moun tansyon l moute lapoula aprè l fin tande yon nouvèl, epi yon ti tan aprè, tansyon an retounen nan nòmal li. Nan ka sa, tansyon moun lan moute se vre, men li pa soufri de tansyon wo paske li pa ret konsa nèt.

Kidonk, sa nou dwe konprann : pou nou ka di yon moun gen tansyon wo (hypertension), nou dwe mezire tansyon li plizyè fwa nan moman diferan pou n wè si li toujou rete wo pandan yon peryòd tan. Si li monte epi derefize desann, lè sa a, nou ka konsidere l toutbon kòm yon pwoblèm kwonik. Talè konsa, m pral ekplike w kisa w ka fè lè ou menm osnon yon pwochen w twouve l nan yon kondisyon konsa.

► Pou kounye a, ann gade byen rapid kijan tansyon wo a manifeste : kisa siy ak sentòm yo ye menm.

Kontrèman ak jan sa fèt pou yon seri maladi, nou pa ka fè depistaj pou tansyon. Men ou ka remake, lè yon espesyalis nan domèn lasante ap kontwole tansyon ateryèl ou, li konn poze w kesyon pou konnen si w pa gen moun nan fanmi w ki te genyen oswa soufri tansyon. Rezon an senp : se paske maladi tansyon an ereditè. Jan m te di w  li nan kòmansman an, si w soti nan yon fanmi ki gen (anpil) moun ki fè tansyon, espesyalman tansyon wo, genyen anpil chans pou w fè l tou. Men, sa w ap wè doktè a sitou met aksan sou li ankò lè l ap konsilte w, se siy ak sentom ki akonpaye nivo tansyon an.

Anplis de tansyon an ki moute e ki derefize desann, chaje lòt faktè ki ka fè w sispèk si w soufri tansyon wo. Pa egzanp, si w plede santi dèyè kou w ap fè w mal, ou santi w fèb, ou anvi vomi, je w ap wouj, vizyon w twoub, tèt ou ak fontenn ou ap fè w mal, elatriye, tout sa yo se sentom ou dwe pran oserye.

Konsa tou, tansyon w ka ap moute, poutan w pa gen kenn siy ak sentom ki moutre sa. Ou ka nik rete ou fè yon kriz tansyon san ou pa t janm konnen ou te fè tansyon. E lè w pran kriz sa a, toudenkou ou gen gwo tèt fè mal, vètij, ou wè flou, epi doulè nan kaj torasik ou. Lè jan de sitiyasyon sa yo rive, sa konn mande pou w prese rive wè medsen, si w vle evite yon AVC oswa kriz kadyak. M ap di w plis sou sa talè.

► Se a ki laj pwoblèm tansyon wo konsa ka rive yon moun ?

Maladi tansyon wo konn plis chita kò l lakay moun ki nan karant lane e plis. Men yo konn jwenn li kay jèn yo tou. Se sa k fè, pou evite tout dezagreman, espesyalis yo konseye pou kontwole tansyon timoun yo tou apati 11 lane.

Pandan n ap pale de laj la, li enpòtan pou n tou gade ansanm lòt faktè risk yo. Sa vle di, eleman ki plis ka deklannche pwoblèm tansyon wo an lakay ou.

Depi yon moun fè sik (sitou tip 2 a), li difisil pou l pa fè tansyon wo. Lòt moun ankò ki a risk pou genyen tansyon l wo, se moun ki gen pwoblèm kè, moun ki gen pwoblèm nan ren. Nou jwenn tou moun ki gwo anpil (ki soufri obezite) epi ki gen pwoblèm kolestewòl kote l vin gen move grès ki ogmante nan « san » l. Moun ki bwè anpil alkòl. Moun ki konn pran tabak, ki konn fimen. Moun ki pa gen okenn aktivite fizik vrèman y ap fè. Epitou moun ki nan yon laj avanse. Pa mande si li fè cho anpil ! Paske chalè moute tansyon tou.

Lòt bagay ki enpòtan anpil pami faktè risk yo, se kesyon alimantasyon an mezanmi. M sèten ou abitye tande moun k ap di « sèl moute tansyon ». Se vre, daprè espesyalis yo. Men, sa pa vle di moun ki fè tansyon pa dwe manje sèl ditou non; se pito anpil pou l pa konsome. Sa pou l pa pran ditou, se cube yo, sa nou souvan rele magi yo. Anplis pil pwodui chimik magi yo genyen ladan yo, yo fèt tou ak anpil sèl. Se tankou n te deja mete sèl nan manje n ap fè a, lè nou itilize magi. Poutan nou souvan (pou m pa di toujou) mete e magi e sèl. Sa ki pa bon. Nan yon ti bat bouch doktè Marc Edson Augustin te fè ak AyiboPost sou sijè sila, li te rapòte : Ayisyen konsome 6 fwa plis sèl pase tout popilasyon ki nan nò amerik la nèt. Pa jou, nou konn konsome jiska 35 gram sèl, tandiske OMS rekòmande pou n pa ta depase 5 gram sèl pa jou.

Anpil sèl lakòz devlopman maladi non transmisib yo tankou kadyopati, AVC ak tansyon tou. Alòs, yon moun ki plede konsome anpil  sèl epitou ki pran plezi l nan manje magi, gen anpil risk pou l soufri tansyon wo.

E lè w soufri tansyon wo, li ka lakòz anpil konplikasyon. Ban m ba w kèk egzanp. Yon moun ki fè tansyon wo epi ki pa pran medikaman l, sa ka lakoz tansyon kò l tèlman moute, li fè tansyon je l moute tou. Lè tansyon je a ogmante li menm, li ka vin debouche sou maladi zye ki rele glokòm lan. Konsa tou, tansyon moun lan konn tèlman vin wo, li lakoz yon pati nan veso ki ap pote san nan sèvo a eklate epi fè l fè yon AVC. Sa nou rele kriz kadyak osnon stwok la. Lè sa moun nan ka tou paralize e menm mouri. Kidonk, fè pridans mezanmi !

► Kisa w ka fè nan ka kote tansyon pa w osnon yon pwòch ou monte ?

Nan yon ka konsa, pi bon reflèks la se ale wè yon medsen espesyalis. Paske, se pa nenpòt pwofesyonèl nan domèn lasante ki ka pran yon moun ki soufri tansyon wo an chaj.

Si yon enfimyè tou sou plas, li ka fè yon premye jès. Dayè, nan yon seri de zòn rekile an Ayiti, sa konn rive gen de patikilye ki pran fòmasyon pou sa epi ki entèvni lè yon moun fè tansyon wo. Men, ni patikilye sa, ni enfimyè a, youn pa plase pou jere konpleksite ka yon moun ki pa byen lakòz nivo tansyon l. Yo gen pou devwa mennen oswa mande mennen malad la lopital. E lè pasyan an rive lopital la, jan sa fèt leplisouvan an Ayiti, se yon medsen entènis k ap gen pou egzamine l.

Lòt sa nou sipoze konnen, maladi tansyon wo pa konsène yon sèl branch nan lamedsin. Li konn plis yon sentom de yon koz maladi ki anba anba. Nan lamedsin yo rele sa soujasant. Sa vle di tansyon an wo se vre, men gen yon lòt bagay ki asosye ak sa ki lakoz li wo a. Se sa k fè li enpòtan pou se yon ekip espesyalis ki nan plizyè branch lasante ki pran moun ki fè tansyon an an chaj. Nou tande ?! 

 ► Ki prekosyon w ka pran ak bon konpòtman w ka adopte ?

Daprè sa enfimyè Samantha Row eksplike n nan AyiboPost, gen plis manm nan popilasyon ayisyen an ki fòme sou kesyon maladi tansyon wo a jounen jodi a. Men, se sitou nan kapital lan. Paske nan rejyon ki plis elwànye nan pwovens yo, moun yo mwens sansibilize, yo poko fin konprann twò byen kisa maladi a ye ojis e ki fason pou yo jere l.

Alòs, pou tout moun ki pa t konnen, e pou sila yo tou ki konnen deja men ki refize bay maladi tansyon wo a enpòtans li genyen, annou wè ansanm kèk pami bon konpòtman nou dwe adopte.

Pou kòmanse, li enpòtan e nesesè pou w genyen yon tansyomèt lakay ou, kit ou soufri tansyon, kit ou pa soufri tansyon. Sitou sa ki elektrik la. Paske imedyatman ou pa santi w byen, ou kapab kontwole tansyon w pou konnen si l twò wo oswa twò ba. Sa ap ede w konnen kouman pou reyaji. Sepandan, fòk ou sonje chanje pil ki nan tansyomèt ou a. Paske imedyatman pil la fini, l ap bay fo mezi. Si w p ap itilize l souvan, l ap fè w tan. Men si w itilize l chak jou, ou ta sipoze chanje pil yo chak 15 jou. Anpasan, ou kapab jwenn tansyomèt elektrik la achte nan famasi oswa tou nan konpayi ki espesyalize yo nan vann aparèy medikal menm. Gen anpil konsa nan peyi a.

Anplis de tansyomèt ou dwe gen lakay ou, ou dwe manje byen, sa vle di manje manje ki natirèl epi ekilibre. Paske twòp sèl, twòp sik ak twòp grès pa bon pou pyès moun. E yo plis danje toujou pou yon moun ki fè tansyon wo. Kidonk, nou dwe kontwole kantite sèl n ap manje pa jou. Pou sa ki gen pou wè ak kantite a, espesyalis yo konseye pou w pa konsome plis pase 4 a 5 gram sèl pa jou, sa ki vo anviwon yon kiyè sèl konsa. Franse yo ta di « une cuillère à café de sel ».

Si w gentan fè tansyon wo, pandan w ap evite twòp sèl, evite manje vyann wouj tankou vyann bèf. Espesyalis yo pa konseye pou w konsome pwa nwa nonplis, paske li gen anpil fè ladan ki kapab ogmante kantite san nan veso yo. Sa ki pa fin twò bon pou yon moun ak tansyon wo. Pou w pi byen konnen ki tip pwa pou w konsome, li enpòtan pou w mande medsen w ap suiv la konsèy sou sa.

Lòt bagay enpòtan: yon moun ki pot tansyon l wo, li dwe toujou kontwole pwa l. Gras ak yon espesyalis nan nitrisyon, li ka chwazi fè yon rejim k ap ede l kenbe yon alimantasyon ki sen. Li enpòtan pou moun sa itilize luil doliv nan plas lòt kalte luil tankou sa yo vann nan doum yo. Li ka pran abitid konsome lay nan manje l ap manje yo tou paske lay la gen bon jan efè sou « artères » yo. Li dilate yo. Sa ki ede san sikile pi byen.

Pou sa ki gen awè ak bwason yo, tande byen mezanmi ! Moun ki soufri tansyon wo pa sipoze plede bwè ni malta, ni kafe. Si w vle goute l kanmenm, evite pran yo twòp, epi pa pran yo chak jou.

Gen lòt bwason ki fèt a baz kafeyin nou dwe evite tou tankou towo ak robusto nou jwenn anpil sou mache a. Genyen yon lòt ankò m konnen anpil nan nou renmen ki se chokola. Se yon pwodui ki jwe yon wòl antidepresè, sa ki bon, paske li ede moun lan pa strese epi stabilize tansyon an. Men, genyen yon risk. Jeneralman nou menm ki pa ekspè nan koze kizin, lè n ap fè manje yo, nou pa doze engredyan yo. Nou jis kite feeling nou dirije men nou. Enben, lè se konsa n fè l nou riske fè plis mal pase byen. Si yon moun ki fè tansyon al pran yon dòz chokola ki depase, enben tansyon l ka desann yon sèl kou. Sa ki pa bon pou li.

Si w se yon moun ki soufri tansyon wo osnon ba, ou sipoze respekte randevou ou gen ak doktè w pou fè suivi yo. E si pandan w ap pran medikaman w yo, ou wè tansyon an desann twò ba, pi bon konpòtman an se al wè doktè a. Paske si w chwazi kanpe sou yo poukont ou, enben tansyon an ka remoute byen wo ankò epi sa w tande a w tou viktim. Se doktè a ki pou deside bese dòz medikaman yo pou ou.

Espesyalis yo ankouraje moun ki soufri tansyon pou yo fè espò pandan omwens 30 minit chak jou epi byen dòmi pandan 7 èd tan pou piti chak swa. Paske menmnjan pou tabak moun konn rale oswa fimen an, pa dòmi lannuit moute tansyon ateryèl nou.

Se menmjan pou estrès. Lè w strese, to sik ou ap moute, tansyon w ap moute tou. Alòs, li enpòtan pou n aprann jere estrès nou. Pou sa, nou ka eseye pratike konsèy espesyalis nan sante mantal abitye bay, tankou : toujou pran abitid rezève ti tan nan jounen an pou w pratike respirasyon ak relaksasyon, fè egzèsis fizik (ki pa oblije konplike, tankou mache nan lakou lakay ou, soti deyò kay la pou w pran lè), si w konn abitye medite osnon pratike Yoga, kontinye fè sa, pran ti tan pou w jwe (pa okipe moun k ap di granmoun pa jwe ). Bref, sa yo se pami yon latriye lòt konsèy ou ka aplike pou w jere strès ou nan mezi sa posib.

Reyalizasyon ak Montaj :Max Kendlay Kevjhevaal Toussaint

► Prezantasyon : Rebecca Bruny

► Sipèvizyon : , Widlore Mérancourt , Philicien Casimir


Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Rebecca Bruny est journaliste à AyiboPost. Passionnée d’écriture, elle a été première lauréate du concours littéraire national organisé par la Société Haïtienne d’Aide aux Aveugles (SHAA) en 2017. Diplômée en journalisme en 2020, Bruny a été première lauréate de sa promotion. Elle est étudiante en philosophie à l'Ecole normale supérieure de l’Université d’État d’Haïti

    Comments