EN UNESOCIÉTÉ

Shalom ak Piscine Bethesda, de biznis legal tankou tout lòt yo (1)

0

 

Jan n’ konnen an, ou paka monte sou levanjil la konsa. Epitou dosye sa two lou pou nou ta chita sou li nan yon sèl pati… Kidonk men premye pati a.

Anplis de zafè legliz Shalom ke Pastè Muscadin ap dirije nan Delmas 33 a epi kounya nan zòn Clercine lan, ou vin jwenn kestyon Piscine Bethesda ke Pastè Marco ap dirije nan Clercine 22. Semèn sa yo gen anpil deba kap fèt nan mitan sosyete a sou mòd fonksyonman ak pratik de legliz sa yo. Pou anpil moun, de enstitisyon sa yo pa legliz. Se pito de biznis ilegal e de pastè sa yo se eskamotè kap pwofite de mizè ak dezespwa ki blayi nan peyi a pou yo fè lajan. Anpil vwa deja ap soulve pou federasyon pwotestan ta pran kèk mezi kont yo, e gen sa ki ale pi lwen pou mande ke leta ta fèmen yo.

Alòs, kestyon n’ap poze tèt nou jodia, eske de entitisyon sa yo se legliz, biznis, ilegal osinon legal? N’ap kite koze legliz la pou moun ki save nan dosye sa. Nou menm isit la se koze biznis lan nap trete. Wi, Shalom ak Piscine Bethesda se biznis legal!

Men avan nou devlope koze biznis lan, li enpotan pou nou pale de yon fenomèn ki rele televangelis ki pran rasin li nan peyi Etazini depi byen lontan, e vin anvayi lemonn a mezi ke tan ap pase.

Televangelis la, se lè pastè yo sitou ak prèt katolik yo tou itilize televizyon, radyo, epi entènèt pou simaye pawòl sa yo di ki se levanjil lan, 24 sou 24, 7 jou sou 7, sou fidèl yo. Fenomèn sa trè devlope nan peyi Etazini, e nou ka site kèk gwo non ladan yo tankou Joel Osteen ki trè popilè. Epi, gen Pat Robertson tou ke nou konnen byen an Ayiti paske nèg sa pa janm di anyen byen de ayisyen. Fenomèn sa trè popilè o Brezil tou kote gen yon prèt katolik ki tounen yon sipesta nan koze televangelis sa… An Afrik, se menm penpenp lan. Ou ka gade sou Facebook pou wè bagay nèg sa yo ap fè. Lè w’ap gad nan televizyon nèg sa yo ki an aksyon, se tankou wap asiste kèk konsè Rock-n-Roll. Nèg yo ap vide pawòl, fidèl yo ap adore tankou lè fanatik Michael Jackson tonbe fè kriz.

Lòt aspè ki karakterize televangelis la, se ke non selman yo ba w’ pawòl Bondye a, men yo mande w’ pou w’ met kòb deyò tou. Mòd vi nèg sa yo pa gen anyen de diferan ak pa gwo selebrite Hollywood yo. E anpil ladan yo gen menm plis kòb pase nèg rap yo. Menm sena ameriken an te oblije fè envestigasyon sou mòd fonksyonman moun sa yo ak mòd de vi yo ki te parèt pa finn katolik. Se toutan ou tande nèg sa yo mele nan skandal lajan ak lobèy seksyèl tou. Yon bagay ki trè enpotan anko, se ke nèg sa yo gen anpil enfliyans politik… Wa pa bòpè yo, prezidan pa kouzen yo, men sa se pa pou tonton Sam. Lè pou yo mare, yo mare yo!

Bon koze mande chèz! Sa se te pou mete nou an kontèks. Ann tounen nan sou montay Shalom la epi ann replonje nan Piscine Bethesda a. Nan yon temwayay ke nou tande apati de yon repotaj sou radyo Karayib, Pastè Muscadin di li komanse legliz Shalom aprè goudougoudou an 2010. Li achte twa tant devan palman sou Bisantnè a pou twa mil dola ayisyen (15 000 pyas). Epi, li ale lakay li nan Delmas 33, li deplwaye yo, epi baton! Tankou chante levanjil la di, « gade m’ la toujou »… Men, li pa menm jan ankò. Dayè, pastè a di ke gen yon jou fidèl yo ap bezwen touche l’ yo pap kapab. Sa se biznis pa l’!

Ebyen, lè w’ap monte yon biznis oubyen lanse yon pwodwi, sa yo rele timing lan enpotan anpil. Aprè 12 janvye, tout ayisyen te konn Bondye. Menm ougan ak manbo konvèti. Lè w’ parèt anba perestil yo, se gwo jeun kap fèt pou lesentespri desann. Kidonk timing lan te bon. Dezyèmman, moun yo te telman dezespere, nenpòt jan ou t’ap ba yo Jezi a yo t’ap pran l’. Se yon mache ki te la deja, kidonk mache a vin elaji akòz de sikonstans yo… Pastè a te gen lide l’ deja, li annik fè investisman epi li jis reponn a bezwen mache a.

Pou maketin lan menm, pastè a jis itilize yon prensip de baz nan domenn sa yo rele « Marketing mix » kise Pwodwi, Pri, Plas, Pwomosyon. Pwodwi a se levanjil la ak pwomès mirak yo. Pri a, kòm nou konnen, se mil goud pou pi piti. Plas la se montay Shalom. Pwomosyon an menm se fidèl yo ki fèl, bouch a zòrèy. Temwayay fidèl yo, ke li montaj ke li verite, se li ki kenbe biznis lan.

Swit ak tout bagay sa yo, Shalom vin konnen yon konkenn chenn siksè. Men, kòm moun k’ap dirije Shalom yo se moun ki enspire de Bondye yo ye, yo vin konprann ke yo dwe adapte biznis lan ak chanjman e egzijans mache a. Sa se te faz metamòfoz la e se sak fè yo te vin adopte yon nouvo modèl ki se televangelis la. Alekile, yo sou tout televizisyon, radyo ak entènèt pou sevi diaspora a tou. Wi, nou menm tou nan diaspora a, noumenm medam kap priye pou nou jwenn yon nèg yo, noumenm timesye rezidans yo, Shalom panse ak nou tou. Annik fè ti transfer lajan an sou nimero kont Bank of America a epi mirak la ap desann sou nou.

Kidonk, nap dakò ke Shalom se yon biznis, e jan blan an tap di « a successful business ». E kòm nou konnen tout biznis ki reyisi ap toujou jwenn mounn ki pou eseye repwodwi menm modèl la pou wè si yo te ka atenn menm siksè a, se la ke Piscine Bethesda Pastè Marco a vin rantre nan jwèt la.

Anpil lòt avan Marco te eseye wi men, ankenn nan yo pa janm gen menm siksè a paske Marco te vin konprann yon nosyon enpotan nan zafè biznis ki rele diferansiyasyon. Sa vle di si ou ap rantre sou yon mache kote pwodwi wap ofri a egziste déjà, fòk pa w’ la diferan pou w’ ka rale nouvo klyan. Pwodwi levanjil pa Pastè Marco a diferan nan sans ke li ofri mirak yo sou plas, kontrèman ak pa Pastè Muscadin k’ap fè w’ priye jouzenwi, pase nenpòt 50 sòm e aprè plizyè mil goud fin bay, nada. Pastè Marco di sa fini. Se plonje nan Piscine la epi « w’ap di m’ sa w’ wè« . Men, fòk ou pa bliye bay ti sa w’ap bay la tou paske fòk dlo meto nan Piscine nan. Menm jan syèl la pa piyay, dlo a pa gratis tou!

A byento pou dezyèm pati a….

 

Serial-Entrepreneur, Tech-Addict, Political Junkie with a passion for reading and writing....

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *