SOCIÉTÉ

Reouvèti klas: Leta abandone lekòl nasyonal nan lwès yo

0

9 septanm 2019, se jou Leta fikse pou reouvèti lekòl nan peyi a. Malerezman, anpil lekòl nasyonal nan depatman lwès pako pare pou resevwa timoun yo

Li fè 8è33 nan maten jou ki te 9 septanm 2019. Se premye jou nan lanne akademik 2019-2020 la. Ministè edikasyon nasyonal deside louvri lekòl la jou sa pou pèmèt timoun yo fè preske 200 jou yo dwe fè pou ane a.

Lekòl Nasyonal Repiblik Perou se yon lekòl fondamantal ki chita kò li nan matisan 1. Depi nan antre a sou lari a, se yon pil labou ki ap akeyi nenpòt moun ki vle rantre nan enstitisyon sa a.

Sou bò gòch li, gen yon bann machann manje aliyen. Epi, lòt bò a menm, se yon bann atizan ki tradisyonèlman travay ak bwa. Yo ap fè tab, chèz ak anpil lòt bagay. Y ap chante, pale pandan yo ap joure youn lòt.

Anndan lakou a pa devan, yon latriye moun ap repare machin ki nan move kondisyon. Yon bann raje moute men wotè. Epi fatra, san bliye move sant, ap fè moun eksplikasyon dèyè machin yo.

Pa gen okenn elèv ki vin lekol

Lontan, chak lè lekòl nasyonal ak lise ap louvri pòt yo, gen timoun ki degaje yo rive pou yo ka ale pran plas. Pou rantre klas nan lanne 2019 la, se pa menm bagay. Malgre responsab Edikasyon Nasyonal nan peyi a fè konnen jodia se premye jou lekòl, pa gen okenn timoun ki met pye. Pa gen okenn siy ki moutre te gen lekòl jodi a.

Jean Romain Soufrant se direktè lekòl sa. Li chita nan lakou a ap pale ak kèk moun ki vin kote li. Li fè konnen jodi a t ap enposib pou lekòl la fonksyone paske paran yo pa gen ase mwayen pou sa. « Pou jan peyi sa ye la, kiyès ki gen mwayen la ki ap voye pitit yo la. Pa gen kòb. Anpil se dlo yap bat pou fè bè. »

Lekòl la tou poko pare

« Menm si timoun yo te vini, ki kote yo tap vin fonksyone ? » se deklarasyon yon paran ki te pase wè si lekol la ap louvri reyèlman. Li se yon machann bonbon.

Ant dimanch 8 septanm ak lendi 9 septanm 2019, Ayibopost vizite 5 lekòl nasyonal nan zòn twazyèn sikonskripsyon pòtoprens lan : lekòl nasyonal Karius Lerison, lekòl nasyonal Repiblik Perou, lekòl nasyonal aplikasyon nan Matisan, lekòl nasyonal Nikaragwe ak lekòl nasyonal Fòtina Geri.

Depi yon moun parèt nan enstitisyon sa yo, li ap wè reyèlman pa gen okenn preparasyon ki fèt. Tout mi lekòl yo sal. Anpil nan ban yo kraze. Raje ak fatra ap layite kò yo nan twa nan lekòl sa yo.

Pandan premye jou klas la, se moman an kèk jèn gason ap tante fè ti lapwòpte nan lekòl Nasyonal Repiblik Perou.  « Fè vit paske sanzatann yo ka voye yon enspektè vin gade kijan jounen lekòl la ye », se sa Jean Romain Soufrant di youn nan jèn kap pase bale nan sal yo.

Direktè lekol la ap Konfime : « lekòl la pako prè pou resevwa timoun yo tou. Pa gen okenn netwayaj ki ko fèt. Tout mi yo sal ak labou. Kijan yon lekòl nasyonal pral fè prè si Leta tou pa vle yo prè ? »

Lakou lekòl nasyonal repiblik Perou tounen pakin ak garaj

Nan tout lakou lekòl lan, ni devan, ni dèyè, gen yon bann machin ki epapiye. Gen sa ki anpàn tou. Ti Richa se konsa yo rele yon mesye ki gen yon kamyonèt nan espas la. Li fè konnen : « mwen mete machin la depi lanne pase. Se moun k ap jere espas la ki banm otorizasyon pou sa. M jis jere li.»

Ayibopost pa rive pale ak moun kap jere lakou lekòl la. Men, direktè a bò kote pa li konfime se jeran lakou a ki ap jere koze pakin nan espas la. Li parèt trè konfòtab pou li di : « tout pakou a nèt konn chaje machin, sèlman depi li pwal fè 6è m pale li pou li fè tout chofè fè machin yo deplase. »

Poutan gen machin ki anpàn. Lè sa yo oblije ret nan lakou a nan kwen. Menm jan ak premye jou lekòl la, gen preske 10 machin tout kalite ki epapiye nan plizyè kwen nan lakou a. Yo tout kalite : bis, kamyonèt ak kanntè. Direktè a non plis pa di anyen sou sa.

Leta pa ede direktè lekol nasyonal yo

Responsab 5 lekòl yo fè konprann yo pako jwenn yon goud pou ranje lokal kap resevwa timoun yo. Youn nan yo di : « Se ak kòb enskripsyon timoun yo epi kòb pa mwen, m achte penti pou pentire espas la pandan jounen an. Pou peye moun ki pou vin fè travay la. Se menm kòb mwen m depanse pou achte bwat krè, achte chifon. Tout travay ki gen pou fèt yo, se sanse kòb mwen met sou ti monnen enskripsyon an. »

« Regroupement des Directeurs d’Ecoles Nationales de l’Ouest (REDIENO) », se yon asosiyasyon ki ap travay nan lide pou fè pwomosyon sistèm edikatif ayisyen an.

Pierre Claude Manneville se Kòdonatè Jeneral Adjwen òganizasyon sa epi direktè lekòl Nasyonal Aplikasyon nan Matisan. Enstitisyon sa chita nan do lekòl nasyonal Repiblik Perou. Pou rezon ensekirite, responsab lekòl sa fè moun itilize menm rantre lekòl Nasyonal Repiblik Perou a.  Lekòl sa tou pa gen okenn elèv nan premye jou klas la.

Pierre Claude Manneville fè konnen, aprè plizyè vizit, komite asosiyasyon an fè nan plizyè lekol nasyonal yo, yo te ekri otorite yo pou fè yo konnen nan ki eta enstitisyon ki la pou bay timoun moso ledikasyon yo ye. « Plis pase 60 % lekol nasyonal ki nan regwoupman sa, nan yon eta deplorab. »

Nan dokiman komite òganizasyon sa transfere bay otorite nan zafè ledikasyon ayisyen, yo mansyone non 23 lekòl nasyonal ki mande bon jan entèvansyon avan timoun rantre ladan yo. Nan lekòl sa yo, gen anpil ki mande rekouvri paske tòl yo gen tou. Genyen ki mande repare. Genyen ki mande pou mete dlo trete paske dlo yo pa bon pou moun itilize. Genyen ki mande pou yo fè reparasyon nan zafè sanitè. Genyen ki pa klotire…

Dokiman sa te ale jwenn responsab yo nan dat ki te 16 dawout 2019. Jiskaprezan, selon Kòdonatè Jeneral Adjwen òganizasyon an, responsab yo pa fè okenn repons.

Ayibopost tante jwenn ak direktè depatmantal lwès la ki se Fritz Dorminvil. Sa pa rive fèt. Yon dam ki nan sèvis sekretarya pou direksyon an fè konnen : « direktè a okipe, li pa disponib pou entèvyou jounalis. »

Commentaires

Snayder Pierre Louis
Journaliste à Ayibopost

    Sèvis nasyonal pou jesyon fatra chaje anplwaye men yo p ap regle anyen

    Article précédent

    Pourquoi l’exploitation des mines en Haïti peut être un suicide collectif ?

    Article suivant

    Commentaires

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost