SOCIÉTÉ

PrEP : yon medikaman kont VIH. Men tout sa ou dwe konnen

0

PrEP la ka evite moun trape VIH jiska 95%, daprè espesyalis medikal yo. Men,  konprime sa pa pwoteje moun kont lòt maladi moun ka pran nan fè bagay yo tankou sifilis, gonore, klamidya…

Lè y ap fè bagay, gen moun ki pa renmen itilize kapòt ditou. Se poutèt sa, anpil ladan yo pran abitid bwè ti konprime sa a ki rele PrEP la, pou yo pa trape VIH/SIDA. Men, anpil nan yo konn pran nan gwo cho, akòz yo pa respekte kondisyon pou pran PrEP la, oubyen yo mal konprann poukisa li bon ojis. Nan videyo jodi a, AyiboPost pote tout detay ou dwe konnen sou medikaman sa.

Pa gen lontan depi nou ka remake yon piblisite k ap pase nan televizyon an Ayiti oubyen sou rezo sosyal yo, konsènan yon ti konprime ki rele PrEP. Reklam nan fè kwè, se yon konprime yon moun ka pran pou evite  trape VIH si tout fwa li pral fè bagay ak yon moun ki sewopozitif, sa vle di ki enfekte ak viris la

Efektivman, Òganizasyon mondyal lasante (OMS) nan rekòmandasyon li te fè nan ane 2015 e ki ta pral revize an 2016, li rekòmande PrEP la kòm yon konpleman pou kapab prevni enfeksyon nan mitan popilasyon ki plis ekspoze pou transmèt viris la.

An Ayiti, se depi fen lane 2019, atravavè pwogram nasyonal lit kont maladi Sida (PNLS), ministè sante piblik ak popilasyon te rive lanse yon kanpay prevansyon kont maladi a. Kanpay sa ta vini aprè ekspè medikal yo te konstate gen mwens efikasite nan vaksen yo bay kont maladi sida a. E se Ministè sante piblik  atravè Enstiti Panos k ap mennen kanpay sa nan peyi a.

Kisa PrEP la ye menm ?

Daprè sa Dr Emmanuel Belimaire, ki se konsiltan pou Enstiti Panos nan kad kanpay sa a,  eksplike AyiboPost, PrEP la siyifi «prophylaxie pré-exposition». Li gen yon konbinezon medikaman antiretwoviral ki itilize pou trete VIH tankou Ténofovir (TDF), Emtricitabine (FTC) oubyen Ténofovir (TDF) ak Lamivudine (3TC).

Nan gid ki pote tit « Directives nationales pour la dispensation de la prophylaxie pré-exposition(PrEP) en Haïti » PNLS elabore e ki pibliye an avril 2018, yo defini  PrEP la kòm yon metòd prevansyon biyomedikal.

Ak metòd sa, yon moun ki sewonegatif, sa vle di, moun ki pa gen VIH, itilize  pou diminye risk pou li ta enfekte ak viris la.

Pou pi senp, PrEP la se yon metòd prevansyon, yon medikaman ou pran avan menm ou nan sitiyasyon kote w te ka atrape maladi sida nan fè bagay.

Bòn nouvèl ! 

Moun pa depanse kòb pou achte konprime sa : li gratis an Ayiti, nan sant sante ak lopital ki la pou sa.

Gen anpil lòt peyi k ap itilize PrEP. Pami yo gen Etazini, Kanada… genyen tou peyi an afrik Oryantal ak afrik ostral epi sitou peyi ki an vwa devlopman yo.

Èske PrEP la efikas a 100 % ? Ki moman, kijan yon moun ka pran konprime sa ?  Èske yon moun ki pran l ka kanpe l ? Èske fanm ansent ka pran l ? Èske li lakoz efè segondè ? Èske li ranplase prezèvatif ?

Doktè Belimaire fè konnen, etid yo montre, PrEP la efikas jiska 95%.

Se yon pillule moun pran pa vwa oral, yon grenn chak jou, kit moun nan gentan manje kit li poko manje. 

Kounye a, an n gade 2 metòd ki rekòmande pou yon moun pran PrEP.

Premye metòd ! Yon moun pa egzanp ki souvan nan sitiyasyon kote li riske trape VIH, moun sa dwe pran pilil la chak jou.

Men, Dr Belimaire presize, gen yon kantite jou limite moun nan sipoze fè ap pran PrEP la avan l al fè bagay san kapòt.

Pou premyè metòd sa : Moun nan dwe pran PrEP la  pandan 3 a 4 semèn anvan l al fè bagay san kapòt. Konsa, espesyalis la garanti, menmsi moun sa ap fè bagay ak yon patnè ki ta sewopozitif, li p ap trape VIH/SIDA. N ap raple : metòd sa se pou moun ki fè bagay souvan avèk plizyè moun.

Dezyèm metòd ! Se sa yo rele «PrEP à la demande» lan, pou moun ki pa fè bagay souvan. Kidonk, metòd sa se pou sila a ki pa t toutan ap fè bagay epi ki pwograme chak moman l ap gen pou fè bagay. 

Pou «PrEP à la demande» lan, moun nan dwe pran : 

  • 2 konprime 24 èdtan oswa dezèdtan anvan rapò seksyèl la,
  • Yon konprime premye jou aprè dènye rapò seksyèl la, epi 
  • Yon konprime 2èm jou aprè dènye rapò seksyèl la.

Si moun sa kontinye ap fè bagay ak sila ki enfekte a jou apre jou, l ap bezwen pran medikaman an chak jou, jiska  2èm jou aprè dènye rapò seksyèl la.

Metòd sa ki rele «PrEP à la demande» la, espesyalis yo plis eksperimante li kay gason. Se sou yo  ekspeyans lan te fèt, espesyalman sou gason omoseksyèl yo.

Èske yon moun ka deside kanpe PrEP la ?

Daprè espesyalis yo, yon moun ka deside kanpe PrEP la, si li estime li pa nan sitiyasyon kote li ekspoze ak VIH la ankò. Pa egzanp, yon moun ki te konn fè bagay ak yon moun ki sewopozitif epi li vin pa gen relasyon ak moun sa ankò.

Pou presizyon, Dr Emmanuel Belimaire di, yon moun ki te pwofesyonèl sèks epi ki vin pa nan pratik la ankò, si moun sa ap kanpe PrEP la, aprè dènye rapò seksyèl la, fòk li kontinye pran konprime a pandan 7 jou pou pi piti.

Fòk nou konnen mezanmi,  PrEP la fonksyone sou fanm menm jan li fonksyone sou gason.

Yon fanm ansent ka pran PrEP, daprè sa Dr a di AyiboPost. Li fè konnen, konprime a p ap gen okenn efè sou bebe k ap devlope nan vant manman l, ni lè l fèt pandan l ap resevwa tete.

Dr Belimaire presize, PrEP la pa ka anpeche fi an ansent, kidonk se pa planin li ye. 

An palan de ansent, pa gen lontan AyiboPost pibliye yon videyo sou yon konprime ki rele After Day oubyen “pillule du lendemain”, yon konprime anpil fanm lage nan bwè l pou yo pa ansent. Nan videyo sa a, nou bay anpil detay ak presizyon.

Lòt bagay espesyalis yo di : PrEP pa bay andirans e li pa diminye andirans gason nonplis.

Epi, sa pou nou toujou sonje : si se vre PrEP la ka evite moun pran VIH jiska 95%, enben mezanmi, konprime sa pa pwoteje moun kont lòt maladi moun ka pran nan fè bagay yo tankou sifilis, gonore, klamidya, elatriye.

Men, èske lè w ap pran l, èske l pa gen efe segondè ?

PrEP la pa pwodwi otomatikman efè segondè, men gen moun li konn bay deranjman tankou vomisman, noze, etoudisman, tèt-fè-mal ak fatig.

Men, fò nou konnen pami tout sa nou di yo, gen limit, gen moun ki elijib, gen moun ki pa elijib.

Kilès ki eligib pou PrEP ?

Selon Dr Belimaire, premye kritè pou yon moun pran PrEP, fòk moun sa pa t enfekte ak VIH deja, sa vle di, fòk moun nan pa gen viris la nan san li. Paske yon moun ki sewopozitif ki ap pran PrEP, sa ka konplike tout posiblite kontwòl oswa tretman viris la a lavni.

Fòk moun nan tou se yon moun ki majè, sa a se selon fòmalite ki etabli yo, men syantifikman, tout moun ki nan fè bagay ta sipoze ka pran PrEP. Se pa paske l ap gen efè sou yon minè ki fè l p ap ka pran l.

Moun ankò ki ka pran PrEP, se moun ki konn gen relasyon ak gason parèy yo, moun yo rele sitou  Harsah (Hommes Ayant des Rapports Sexuels Avec des Hommes), moun ki gen pratik seksyèl riske yo tankou moun kap fè bagay nan dèyè (sèks anal),  moun ki gen plizye patnè seksyèl, pwofesyonèl sèks yo, moun ki abitye pran dwòg pa enjeksyon, kidonk nan venn yo, moun transjan yo, koup sewodiksodan ou sewodiferan (sa vle di koup kote ke se yonn nan patnè yo ki sewopozitif e lòt la sewonegatif, tout kategori moun sa yo kapab pran PrEP ! E li se yon bon mwayen tou pou  yo pwoteje yo.

Ki moun ki pa elijib pou pran PrEP ?

Jan n te di l talè a, moun ki sewopozitif (ki gen VIH/SIDA), pa ladan. Anplis, yon moun ki gen twoub renal, yon moun ki alèji ak yon nan eleman ki konpoze PrEP la p ap ka pran l tou.

Men, ou pa bezwen enkyete w, si w deside pran l, avan yo mete w sou PrEP la, gen egzamen yo dwe fè pou ou. Pa egzanp, si w te gen pwoblèm nan ren fòk yo fè yon egzamen pou ou avan. Dr Belimaire fè konnen tou, li enpòtan pou fè egzamen epatit B avan yo mete w sou medikaman an. Paske, yon moun kap pran PrEP la, gen yon konpozant nan medikaman, ki se Tenofovir, ki kapab reveye yon epatit B ki kwonik, ki t ap dòmi lakay moun sa nan ka kote moun sa ta vin kanpe sou medikaman an.

Ou ka pwofite li : Tout sa ou dwe konnen sou H-pylori ak gastrit

Pou n fini mezanmi, n ap raple : PrEP pa yon konprime pou geri moun ki deja trape VIH-Sida, men se pito yon pilule ki ka anpeche yon moun trape viris la. Li efikas jiska 95%, daprè sa espesyalis yo di. Men, ou siman ap mande tèt ou, èske pa gen lòt metòd apre PrEP la ki efikas a 100 % pou evite moun trape VIH ? Enben, kite m ba ou yon  bòn nouvèl ! 

Nan mwa jiyè 2024 la, nan kad 25èm konferans entènasyonal sou Sida nan peyi Almay, yon gwoup chèchè prezante yon rezilta ki bay gwo lespwa. Yo fè konnen, laboratwa ameriken Gilead devlope yon nouvo metòd prevansyon kont VIH ki rele Sunlenca. Li fèt apati de yon molekil ki rele lenacapavir ki ta efikas a 100% nan prevansyon kont VIH. Kontrèman ak PrEP ki se yon pilule, sundenca a se yon enjeksyon yon moun ka pran 2 fwa pa an, kidonk, youn chak si mwa, epi lapè !

Si se vre Sundenca a deja komèsyalize nan kèk peyi tankou Etazini, Lafrans, Norvège ak Ostrali, li toujou poko aksesib ak tout moun, tèlman li chè. Men, gen diskisyon k ap fèt pou ta pèmèt laboratwa ameriken an rann ni disponib a ba pri, pou plis moun ka benefisye l.

Nou ka konprann, yon moun pa ka leve yon maten, epi l deside pran PrEP jan l vle, jan l pi pito. Se pou sa, pi bon desizyon an, se ale nan sant sante osnon lopital ki la pou sa, pou yon pi bon rekòmandasyon.

▶ Jounalis : Lucnise Duquereste & Fenel Pélissier

▶ Kamera : Sherlande Pierre

Montaj ak animasyon : Wilson Saintelus & Max Kendlay K. Toussaint

▶ Sipèvizyon : Chérubin Jérôme


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram nou an : klike la

▶ Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

▶ Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Journaliste à AyiboPost depuis mars 2023, Duquereste est étudiante finissante en communication sociale à la Faculté des Sciences Humaines (FASCH).

    Comments