0

Lavi a pat janm dous pou nou! Manman’m te yon fanm vanyan se vre, men li pat fèt nan richès. Li te degaje’l ba nou manje chak jou, fè’n jwenn dlo pou’n benyen, ba nou yon kwen pou’n domi, menm lè pat gen plas pou li. Nou pat janm gen anpil, men nou te gen ase pou nou viv. Ti figi nou te byen plen et nou pat janm nan plenyen.

Chak jou Bondye mete, manman’m te gen yon metye. Li pat konn li men li te konn kijan pou’l degajel. Pitit li te toujou okipe. Yon jou li nan komès, yon lòt jou lap travay nan faktori oswa lè sa vreman pat bon, li te reziyen li pran imilyasyon nan mande. Bagay yo te rèd se vre, men tan yo te miyò lè sa. Vwazinay te voye je sou pitit ou pou ou, malerèz te ede malerèz e vole pat mache konsa sou moun.

Jodia tan yo chanje. Lavi malerèz pa vo anyen.

Mwen pa pran bò kot manman’m. Mwen grennen pitit tankou poul grennen ze et yo tout lèd pase koukou douvan jou.  Lamizè fin foubi figi nou atè. Nou potre eskelèt kap mache san lavi. Kokoye san nannan.

Mwen gen 5 pitit. Pitit se richès pòv malerèz. Twa nan yo fèt nan jenès, de lòt yo se kadejak yo te fè sou mwen.  Mwen pat gen kob pou’m al fè komès, moun pat vle pranm kòm bòn lakay yo, mwen pat gen byen poum mete nan plann. Sèl sa mwen te genyen, se ti sa ki anba jip mwen an. Se li mwen te itilize poum bay piti mwen manje, anfème on vye pyès kay nan yon twou koukou Jalouzi. Degaje pa peche e malerèz pa konnen sak diyite.

Jozmènn se premye pitit mwen. Mwen te bay li kòm restavèk kay gran nèg poul ka gen lavi miyò. Men koul te gen 14 lane, li vire dol l’ale, li tounen vin jwenn mwen. Bon manman pa kon vire do yo bay pitit yo, men sim te konnen se wout mwen li ta pwal suiv mwen tap pito li bouche nen’l bwe dlo santi a, fe rès vil ap manje baton epi pran souflèt nan men gran nèg. O mwen lè sa li te manje chak jou, e li te konnen kote lap domi chak swa.

Pòtoprens pa ofri moun anyen. Kè’m fin rache lè’m wè kijan pitit mwen pa gen avni. Leta pa interese fè moun jwenn travay. Ki mele pis ak grangou chen. Se vant pa yo sèlman yap veye, zafè pòch yo yap regle pendan nou menm nap fin depafini ak lamizè. Menmsi’w te pi dwat pase tout moun ou vin oblije ap fè sak pa sa pou’w ka goumen ak lavi a. Se pa visye ki nan kò nou, se lavi n’ap chache. Se grangou nou grangou.

Bon, yo volè menm sa’m pa posede. Jozmènn mèt mete ti kob li imilye tèt li fè a nan tete’l, yap pran’l kan menm.  Menm yon vye chodyè poum kwit mayi paka dire’m. Letan poum sanble ase pou m’al achte chabon,  yo gentan volè recho m’. Deyò a se chen manje chen. Menm moun kap griyen dan avè’w la, se li menm kap bat pou’l kraze’w.  Mwen gen yon lòt pitit fi ki gen 7 lane e chak swa lè ma’l travay mwen toujou pè pou li. Se pa moun ak vis ki manke nan katye a. Kè’m pa janm poze. Yo preske mete nou deyò nan ti pyès kay nap redi  peye a. Se pa de vire nou pa vire nan pòtoprens anvan mwen te resi jwenn ti bout kwen sa pou’m met pitit mwen yo domi. Yo fin abitye leve nan sant rigol ak latrin.

Eske sa son lavi?

Mèzalò maten an mwen leve ak yon bon nouvèl. Frè’m voye dim lap voye chache nou e li toujou respekte pawòl li. Se premye fwa mwen gen yon ti lespwa, premye fwa m santi  solèy la vle leve pou mwen. Lap lave asyèt nan yon restoran nan peyi dominikani depi 6 lane e li voye dim ke mèt restoran an bezwen plis anplwaye. Petèt Bondye resi tande priyè nou. Petèt se vre gen yon Bondye kap veye sou malere. Eske nap janbe san moun pa wè? Eske nap oblije al fè papye? Mwen pa konnen. Pòv pa konn mande degi. Mwen tande Dominiken pa renmen Ayisyen e mwen tande fòk mwen veye zo’m avè yo. Men depi lè mwen fèt, m te toujou abitye veye zo’m menm ak ayisyen parèy mwen. Mwen leve ak moun ki pa renmen’m, moun kap fè kadejak sou mwen, kap eseye volè’m e moun ki vle touye’m. Men mwen la pi rèd. Depi tèt mwen poko koupe mwen gen espwa pote chapo.

Jozmènn, premye pitit mwen, zantray mwen, ti lezanj mwen, pap bezwen nan fè jenès pou’l ede manman’l. Pi piti yo ap ka woule bekann yo, tire mab yo, jwe ak pope yo, fè sa timoun sipoze fè. Yap ka al lekòl, jwenn edikasyon paske pou yon fwa, menm jan manman’m te fèl pou mwen, map ka mare senti’m ak diyite, map ka pran kouray mwen ak de men’m pou’m bay pitit mwen yo lavi miyò.

.

.

I am a lover of culture, art, new experiences, amazing food, great conversations and did I say chocolate and cheese? I have this ability to laugh at myself and it is the very thing that keeps me sane. A good way to describe me would be "A curious student of life".

    Comments

    Leave a reply

    Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *