POLITIQUE

Poukisa OEA ak Jovenel Moïse nan menm bato ?

0

Prezidan Ayisyen Jovenel Moïse, k ap gouvène san palman aprè manda palmantè yo ekspire an janvye san eleksyon pa janm fèt, ap fè fas a yon dal kesyon espesyalman sou koze kilè manda prezidansyèl li ap ekspire menm

Moïse monte sou pouvwa apre eleksyon prezidansyèl 2015 yo ki te oblije refèt aprè yo te dekouvri plizyè iregilarite ki te leve kesyon sou vòt la. Pwosesis konplike eleksyon yo fè inogirasyon Moïse la pran yon delè 1 an. Vrè kesyon an kounya se si lane sa konte nan manda 5 an prezidan an.

Jou ki te 29 me, Biwo Sekretè Jeneral Òganizayon Eta Ameriken, Luis Almagro, pibliye yon kominike kote yo endike pozisyon Sekretè jeneral la sou koze manda Prezidan Moïse la:

Sekretè Jeneral OEA ap ankouraje tout fòs politik an Ayiti pou yo jwen yon mwayen pou yo kopere pou yo konfòme yo a lèt ak lide lòd konstitisyonèl, pou yo respekte manda prezidansyèl 5 an. Nan kontèks sa a, manda prezidan Jovenel Moïse ap fini 7 fevriye, 2022.

Li tou: Etazini vle depòte yon gwo asasen an Ayiti

Nan mitan kriz politik Ayiti ye a, kòmantè OEA yo sanble yon entèvansyon nan koze yon peyi manb, sa ki ale kont lwa enstitisyon an. « Òganizasyon Eta Ameriken pa gen plis pouvwa ke sa ki ekri nan dokiman sila, pa gen oken pwovizsyon ki otorize pou li entèveni nan zafè ki anba jiridiksyon peyi manb yo. » Se sa premye atik nan dokiman an di. Pa vrèman gen lòt mwayen pou eksplike kisa ki tonbe « anba jiridiksyon peyi manb yo ».

Kominike près OEA te vini apre yon lèt tou louvri Edmonde Supplice Beauzile, ki prezide pati politik ayisyen Fusion an, te ekri bay Almagro. Aprè li raple istwa abi antidemokratik enstitisyon peyi a soufri anba administrasyon Moïse la, Beauzile note ke Moïse « angaje nan yo kanpay san rete » pou li ralonje manda li a rive 2022. Beauzile di tou li « espere [OEA] ki distinge tèt li nan le pase lè li apwouve omwen yon eleksyon ki gen pwoblèm, p ap akspete sipòte yon diktatè ki pa demontre okenn respè pou kontitisyon an, lalwa oubyen demokrasi. »

Jou ki te 2 jen, 7 òganizasyon ayisyen dwa moun voye yon lèt bay Almagro pou yo kondane komantè li te fè yo ki te ale a lankont dokiman ki fonde OEA ak entèpretasyon legal pa yo sou koze manda prezidan an. Yo di « Prezidan Moïse paka detèmine longè manda li nan prizidans lan, menm jan Sekretè General la paka defini konbyen tan l ap rete sou pouvwa selon pwòp entèpretasyon pal de dokiman fondatè OEA. »

« Pa gen dout sou sa » gwoup la ekri :  « manda Prezidan Jovenel Moïse ap fini jou ki 7 Fevriye 2021. »

Istwa entèvansyon OEA diminye kredibilite li 

Kesyon sou kredibilite manda Moïse la kòmanse depi pwosesis elektoral 2015/2016 la, men wòl OEA a nan menm pwosesis sa, ak entèvansyon li nan eleksyon 2010 la, kreye dout sou kapasite pou enstitisyon an vrèman ede Ayiti nan kriz politik aktyèl la.

Jou eleksyon yo an 2010, Core gwoup la – ki gen ladanl OEA – eseye fòse prezidan René Préval monte nan yon avyon pou li pran egzil. Eleksyon yo te gen anpil iregilarite – ladan yo te genyen 10 pousan vòt ki pat konte. Malgre sa, OEA te eseye di vòt la te lejitim. Apresa, OEA voye yon « misyon ekspè » pou li analize rezilta yo, lè sa te parèt ke siksesè Préval la te prale nan 2zyèm tou. Misyon OEA, san li pa rekonte oubyen fè yon analiz estatistik de vòt ki t ap manke yo, rekòmande pou yo ranvèse rezilta eleksyon yo epi plase Michel Martelly, nan 2zyèm tou eleksyon yo, kifè Jude Celestin kite eleksyon yo.

Entèvansyon sa, ki vini ak menas sou èd ak sanksyon sou visa, te sele koneskyon OEA, Martelly ak pati politik li, PHTK. Pwosesis elektoral 2015 ak 2016 la sèlman ajoute sou preyokipasyon sa yo.

Eleksyon 2015 yo te premye eleksyon administrasyon Martelly a te òganize – e, menm jan ak sitiyasyon jounen jodiya, yo te vin òganize yo lè manda palman an te ekspire epi Martelly t ap gouvène pa dekrè (konstitisyon Ayisyèn lan pa pèmèt yon prezidan dirije pa dekrè). OEA te bay sipò finansye ak teknik pou eleksyon yo, apre sa li voye yon misyon obsèvatè pou monitore vòt la.

Malgre rapò divès gwoup obsèvasyon ki di eleksyon an te gen pwòblem, misyon obsèvatris OEA te apwouve rezilta eleksyon yo. Pati opozisyon yo pran desizyon pou yo bòykote 2zyèm tou eleksyon yo, anba anpil presyon yo pran nan manifestasyon; konsèy elektoral la pran desizyon pou li ranpòte eleksyon an.

Aprè konsiderasyon, OEA a deside pou li tande vwa pèp ayisyen an pou yo fè yon analiz vòt la. Yo te menm voye yon misyon espesyal pou negosye fen manda Martelly a an 2016. Sa te vin tounen yon opòtinite pou yon gouvènman tranzisyon kreye epi pou li odite vòt la epi òganize yon nouvo eleksyon an novanm 2016. Li enpòtan pou nou note, nouvo eleksyon sa te fèt anba menm lwa elektoral la san yo pa relouvri anrejistreman pou nouvo kandida.

7 òganizasyon dwa moun yo deklare ke negosyasyon fen manda Martelly a bay yon presedan pou kriz aktyèl la. Manda Martelly a te komanse ak yon ti reta poutèt pwoblèm elektoral ki te genyen an 2010, malgre sa Martelly kite pouvwa an 2016 – kèk mwa avan li bay 5 an (an menm tan tou, yo pat kite ansyen prezidan Jean-Bertrand Aristide fè tout 5 an pal aprè li te tounen a la prezidans an 1994. Sa a se apre koudeta 1991 lan kote Aristide te an egzil pandan 3 zan.)

Ou ka li tou: « Diplomatie de l’abstention » à l’OEA : Haïti a bien joué

Nan lèt yo bay Almagro, 7 òganizasyon yo di konsa menm lè Martelly t ap desann pouvwa, nan dènye diskou li, li di « Mandam prèske fini ». « Daprè atik 134-1 nan konstitisyon an, manda prezidansyèl la se 5 an li ye. Peryòd sa komanse ak fini 7 fevriye nan 5èm ane manda, kèlkeswa dat li te kòmanse a. »

Kesyon Ayiti ap fè fas kounye a se: kilè manda konstitisyonèl prezidan an vrèman kòmanse? Administrasyon Moïse la kòmanse travay an fevriye 2017, kidonk fòk manda li ta fini an 2022. Òganizasyon dwa moun yo di konsa yo menm, Moïse pata sipoze benefisye de eleksyon magouy ki te dwe refèt la. Yo di konsa konstitisyon an klè kote manda prezidansyèl la kòmanse aprè eleskyon yo – ki vle di, konstitisyonèlman, manda a kòmanse an fevriye 2016, aprè vòt la an 2015 kidonk, lap fini an 2021, san l pa depann de kilè prezidan an pran pouvwa.

Òganizasyon yo pale de lwa elektoral 2015 lan tou, ki di : si eleksyon an pa fèt nan yon delè konstitisyonèl, « manda Prezidan Repiblik la ap fini 7 fevriye nan 5yèm ane manda li, kèlskeswa lè li pran pouvwa. »

Anplis de sa, òganizasyon yo montre manda palmantè yo ki sot ekspire tankou yon lòt prèv sa yo di a se sa. 13 janvye, prezidan Moïse deklare nan yon tweet manda palmantè yo te fini. Men, òganizasyon yo te note gen de seri depite ak senatè ki pat fini manda pa yo. « Kòm lejislati a t ap fini 2zyèm lendi janvye 2020, tout palmantè yo, kèlkeswa lè yo te pran pouvwa, kite palman. »

Fokis ki sou entèpretasyon konstitisyonèl la kache yon pi gwo pwoblèm. Pa gen okenn eleksyon ki fèt anba administrasyon Moïse la, pa gen eleksyon ki planifye e pa gen oken palman k ap travay ki pou veye sa prezidan an ap fè.

Semèn pase, gouvènman ayisyen a mande sipò nan men OEA pou òganize eleksyon ane sa, men politisyen ki nan opozisyon, – ki radikalize poutèt sitiyasyon enstabilite depi 2 lane, fristasyon popilè, manifestasyon kont Moïse avèk koripsyon nan gouvènman an – pa montre volonte pou yo patisipe nan eleksyon gouvènman sa ap òganize.

Nan majorite 2 dènye lane sa yo, kominote ki bay don nan peyi Dayiti ki gen OEA ladan l, ankouraje moun konsène yo pou yo patisipe nan dyalòg – yon negosyasyon politik, pou yo rive nan yon akò pa rapò a eleksyon, manda ak gouvènans. Endepandaman de kilè manda prezidan an ap fini, li vinn klè ke sèl jan pou Ayiti kontinye vanse se si genyen yon akò ki fèt ant aktè ayisyen yo.

Si Moïse rete nan pouvwa jiska 2022, san l pa adrese lòt pwoblèm politik yo tankou kesyon eleksyon yo, l ap sèlman kreye plis pwoblèm. Kominike Sekretè Jeneral OEA p ap ede ditou, l ap sèlman fè opozisyon an konpran ke OEA ap travay tankou yon aktè politik olye pou li travay tankou yon abit ki pa pran pati pou pèsonn.

Moïse ap ranfòse relasyon l ak Sekretè jeneral OEA

Relasyon ant Prezidan Moïse, OEA ak Sekretè Jeneral Almagro kontinye grandi nan denyè lane yo. An janvye 2019, Ayiti te vote ak Etazini pou yo kondane gouvènman Maduro a nan Venezuela epi pou li rekonèt administrasyon Juan Guaidó an. Lè li fè sa, Ayiti separe tèt li de majorite peyi CARICOM yo, ki abityèlman vote ansanm – espesyalman sou koze souverènte nasyonal.

Nan epòk sa a, Moïse t ap fè fas a pwòp kriz politik pa l pou wòl li nan eskandal Petrocaribe an. Gouvènman li an te defann enterè Washington yo, epi Almagro te asire pou Jovenel siviv epòk sa. An 2018, #KoteKobPetrokaribeA? kòmanse fè bri sou rezo sosyo ak nan lari peyi Dayiti. Mouvman manifestasyon yo te pran yon nouvo elan an 2019, lè kou siperyè dè kont te kòmanse yon envestigasyon nan ka Petrokaribe a, kote yo te revele plizyè konpani Prezidan Moïse genyen te resevwa lajan pou travay ki pa janm fèt.

Nan mwa Jen, Carlos Trujillo ki se anbasadè Ameriken nan OEA te voye yon delegasyon an Ayiti. Yon ofisyèl anonim di jounal Miami Herald la OEA a te pare pou li asiste nan eskandal PetroCaribe a, e pou li detèmine kiyès ki pou te fè fas a lajistis. Ofisyèl la di konsa Moïse te « di li te pare pou li vini Washington pou l siyen. Li pa gen anyen poul kache. »

Li tou: Pourquoi la CIRH a échoué? Analyses de Ricardo Seitenfus

Nou Pap Domi ki se yon konbit k ap travay kont koripsyon di konsa « Sa montre volonte OEA pou li enpoze yon solisyon san li pa tande demand popilè ki soti nan popilasyon an ». Yo di « Men, nou menm nan Nou P ap Domi, nou angaje pou nou jwenn yon solisyon a pwoblem Ayiti yo ak Ayisyen. »

Yo ajoute « Prezans OEA a pa chanje pozisyon nou ». « Men nou te ekri OEA, jou ki te 8 Jen, 2019 pou nou enfòme li nou pa rekonèt Prezidan Jovenel Moïse tankou prezidan legitim peyi a e nou pa gen okenn konfyans ke li ka dirije peyi a paske li enplike nan zak koripsyon. »

Moïse, k ap fè fas a apèl pou li demisyone, kontinye referel a travay OEA. An Jiyè, li ekri nan yon atik opinyon nan Miami Hearld li t ap “travay ak OEA pou yo fè yon ekip ekspè finansye entènasyonal pou yon komisyon k ap travay sou politik nou pou li jwen yon odit k ap jist, kredib epi objektif pou jij ayisyen yo kapab kenbe moun ki responsab yon devan lajistis.”

Men, pandan OEA a kòmanse kolekte lajan pou li fè yon pwogram anti koripsyon an Ayiti, li pat janm gen pou li envestige Petrocaribe. Aprè yon ti tan, Anbasadè Antigua ak Barbuda ki nan OEA, Mr. Ronald Sanders (ki te lidè ekip OEA ki te negosye fen manda Martelly a), devwale ke misyon Trujillo a pat konstwi nan non tout òganizasyon an sinon nan non pal, antan ke Prezidan Konsèy Pèmanan OEA. Pako gen gwo pwogrè ki fèt nan dosye Petrocaribe a, epi Moïse prezidan toujou.

Men kounya OEA ofri pwòp entèpretasyon pal sou manda Moïse la, li pa di anyen sou manda palmantè yo ki ekspire an janvye 2020. Dayè, Almagro te pèsonèlman vwayaje an Ayiti jou ki te 7 janvye. Ekspirasyon manda palman an reprezante yo ripti nan lòd demokratik Ayiti a. Met sou sa, te gen preyokipasyon ke kèk peyi te ka pouse OEA pou li envoke dokiman demokratik la kont administrasyon Moïse la (menm jan Moïse te ede OEA fè ak Venezuela nan ane pase).

Pakont, Almagro te nan mitan lit politik pal pandan li t ap postile pou reeleksyon li antan ke sekretè general, kidonk li t ap chèche sipò atravè rejyon an. 2 lidè yo te bezwen youn lòt. Si sa patko klè, komantè piblik sa yo reponn tout kestyon.

Li anfen: Les crises, haïtienne et venezuélienne, révèlent l’élasticité de la notion de démocratie des USA

Sekretè General la tweet : « Jodia m ap reyitere bay Prezidan @Moïsejovenel sipò nou pou bon gouvènas avèk estabilite politik an #Ayiti ki enkli yon akò politik ki fè pwomosyon yon dyalog enklizif epi konstan ». Pou la pèn tou, li pa fè okenn referans sou le fèt ke prezidan an t ap komanse gouvène san palman nan sèlman 5 jou.

Nan deseni ki sot pase la, lidèship OEA mare sosis li ak tout gouvènman PHTK an Ayiti. Pandan gouvènman Ayisyen an ap rele OEA ankò pou sipò, pa gen anpil Ayisyen k ap bliye kijan relasyon sa te fòme, ni k ap wè OEA tankou yon enstitisyon ki kapab ede pèp la soti nan kriz politik sa a – ki nan anpil sans, gen rasin li nan entèvansyon OEA sa fè 10 lane.

Jake Johnston – Center For Economic And Policy Research

Tradiksyon kreyòl : Kira Paulemon

 

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *