EN UNESOCIÉTÉ

Plezans gen dlo, men moun Plezans paka jwenn dlo

0

Depi plis pase 10 lane, moun Plezans nan depatman Nò peyi a, ap monte yon masuife nan chache dlo pwòp pou yo sèvi. Malgre plizyè leve kanpe  ak bèl pwomès ki te fèt, ti Mari pa monte, ti Mari pa desann.

Nan mwa me 2014, moun nan komin Plezans te manifeste pou egzije dlo potab, lopital, lekòl pwofesyonèl, elatriye. Ansyen prezidan Michel Joepeh Martelly te deklare sou plas piblik Plezans lan, nan 15 jou, DINEPA t ap rezoud pwoblèm dlo a. Malgre pwomès sa a, komin Plezans toujou pa gen dlo depi prèske 5 lane apre.

Jounen jodi a, pou moun Plezans jwenn dlo pou yo sèvi, yo oblije leve 4 trè nan maten al pran liy devan yon priz tiyo piblik ki  sou wout nasyonal nimewo 1 an ; oubyen y al pran dlo nan pui lakay yon bon pwochen. Malerezman anpil pui sa yo fouye tou pre latrin. Sa gen  konsekans sou kalite dlo a.

Pwoblèm dlo a kreye dezinyon

Jou vandredi ki te 28 desanm 2018 la, li te 5 kè 40 nan maten lè nou te rive nan yon lakou nan ri Senjan pwolonje, katye Poudriyè. Carmène, yon machann manje kwit, bòs Da, ki se pwopriyetè yon boulanje ak 2 timoun te gentan sou plas. Chak moun gen bokit ak galon nan men yo. De granmoun yo tèt bese nan yon pui pou plen veso yo.

Nou oblije vini bonè konsa paske talè pral gen plis moun epi pui a pa gen anpil dlo. Se la nou pran dlo, tiyo pa koule lakay nou ankò”, Carmène di nou.

Pwopriyetè boulanje a li menm fè nou konnen, zafè dlo a gen konsekans sou kantite pen li konn abitye pwodui. Pafwa lè pa gen ase dlo, boulanje a oblije pa fonksyone.

Pandan n ap pale ak moun yo, Suze, yon lòt sitwayen ki abite sou katye a vin parèt ak bokit li pou pran dlo. Li tou rakonte nou rezon ki fè li deside pa al pran dlo nan tiyo piblik ki sou wout nasyonal la, se paske yon moun ki te gen plizyè bokit, pat vle kite l pran youn menm. « Li kare kò l pou l goumen ak mwen. Li t ap tann mwen frape l pou l rele m nan Leta. Sa w tande a, m ta pral peye l kòb. »

Difikilte pou jwenn dlo nan komin Plezans konn kreye gwo lese frape nan mitan  popilasyon an.

Granmoun kon timoun « nan dlo »

Li te 6zè 50 konsa lè nou te kite ri Senjan, pou n al sou wout nasyonal #1 an, nan tiyo piblik la. Se konsa nou rankontre Marie Rose ki gen plis pase 60 tan, ki vin pran dlo.

Li te kontan anpil pou l te pale ak nou. Li rakonte nou, li nan tiyo a depi 5kè men li pa t ka pran dlo paske te gen twòp moun epi fòk ou gen fòs ponyèt pou w pran dlo.

« Mwen te oblije ret tann yon timoun ki rete bò lakay mwen pou ede m plen 2 galafoun. Si se pat sa, m pa t ap gen dlo pou m sèvi jodi a. »

Pwoblèm dlo nan Plezans la se yon pwoblèm distribisyon

Komin Plezans gen anviwon 40% pyebwa daprè yon plan devlopman FAO te elabore nan lane 2012. Li gen 134 sous dlo, 15 gran rivyè epi plizyè ravin. Men gen 2 gran sous ki gen kapasite pou ranpli rezèvwa ki nan bouk Plezans la :  sous dlo Bòdnav la, ki nan seksyon Lavil, kote yo fè kaptaj ki konekte ak sitèn dlo a ; epi yon gwo sous dlo ki nan seksyon Matino, sou wout pou ale nan komin Pilat. Pa gen kaptaj ki fèt sou sous sa.

Kaptaj nan sous Bòdnav la te fèt ant 1978 ak 1982. Se yon ONG alman ki te fè komin Plezans kado l ak yon rezèvwa nan kè bouk la. Men, nan moman travay sa te fèt, pa t gen anpil moun ki t ap viv nan komin nan. Se sa ki fè,  yo te prevwa yon sitèn dlo ki te kapab sèvi 300 fanmi. Alèkile, vin gen plis moun ki abite nan kè komin Plezans. An 2003, 23% nan 53 665 moun ki t ap viv Plezans, te abite nan bouk la. Sa lakòz kantite dlo ki disponib nan kaptaj la pa ase pou tout moun. Anplis, vire tounen PVC ki kondui dlo a nan sitèn nan ap kase. Pwoblèm nan vin anvlimen pandan otorite nan komin nan pa janm panse yon lòt kaptaj nan yon lòt sous epi pwoteje zòn k ap bay komin nan dlo.

Chaje sous dlo ki anviwonnen komin Plezans. Men, Leta pa kreye mwayen pou dlo sa yo rive lakay moun yo. Sa vin fè yo oblije riske vi yo nan leve granm maten al fè liy sou wout nasyonal la kote gwo bis Okap-Pòtoprens ap vòltije tankou papiyon. Gen anpil lòt moun ki mete sante yo an danje paske yo oblije al boske dlo nan pui ki konstwi tou pre latrin nan kèk lakou.

Feguenson Hermogène

Commentaires

Feguenson Hermogène
Feguenson Hermogène est journaliste et cinéaste. Il a intégré l’équipe d’Ayibopost en décembre 2018. Avant il était journaliste à la radio communautaire 4VPL (Radyo Vwa pèp la, 98.9 FM) de Plaisance du Nord.

    Le Centre d’Art restaure les “maisons” de Préfète Duffaut

    Previous article

    Affaire Nice Simon : un cas d’impunité soutenu au plus haut niveau de l’Exécutif

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost