FREE WRITINGSOCIÉTÉ

Ou pa bezwen okenn revelasyon pou konnen malè pral rive Ayiti

0

Lè w rale lafwa pou w fè pwofesi sou malè ki pral rive Ayiti, kite m di w ak tout senserite, ou pa fè anyen ki nouvo.

Ban m di w poukisa.

Ayiti pami 10 peyi ki pi vilnerab ak chanjman klimatik yo. Lemond antye konn sa. Sa vle di moun ki nan peyi a gen pou viktim tout konsekans ki lye ak koze planèt la k ap chofe a. Ayiti gen yon anviwonman ki frajil ki paka byen pwoteje lavi moun. Ayiti se youn nan peyi ki pi pòv sou latè. Lemond antye konn sa tou. E moun k ap viv nan peyi a ap sibi tout konsekans sitiyasyon lamizè a.

Ayiti ki pòv konsa a, se pa yon pichon ki rete ki tonbe sou peyi a paske Ayisyen manke pwenti yo pou priye yon Bondje. Ayiti pòv paske lamizè se sèl veritab pwojè sosyete elit peyi a antann yo sou li. Si peyi a pòv, se paske elit yo vle l konsa. Ou ka konstate l, yo pa janm goumen kont sa. E prensipal zouti elit yo itilize pou ranfòse lamizè nan peyi a, se sa nou rele « Leta » a. Konbyen moun ki pase nan Leta a kòm dirijan nou santi se koze peyi yo te vin defann ?

Ekzanp yo klè chak jou devan je w. Gade mesyedam ki nan palman yo, gade tanperaman moun ki gen gwo lajan yo, gade tanperaman lidè enstitisyon swadizan k ap enfliyanse refleksyon yo. W ap remake, yo refize pote revandikasyon moun ki pòv yo.

Lè enstitisyon politik ki gen plis pouvwa nan peyi a aksepte fonksyone nan mitan pil fatra ki sou Bisantnè a, li baw yon lide sou tanperaman moun k ap dirije peyi a. Poutan, se yo menm ki prensipal moun k ap koupe rache, wetire chèf, mete chèf menm anndan enstitisyon ki la pou pwopte lari a. Ale sou Channmans, gade yon seri tikay Leta ap konstwi, w ap konprann kijan bidonvilizasyon an rantre nan kòd jenetik dirijan yo.

Fè menm konsta a tou ak ekip ti jèn k ap plase tèt yo kòm lidè nan lopinyon an. Tande byen ki modèl diskou yo pote. W ap wè yo refize abòde kesyon lamizè, enjistis, enpinite, kòripsyon, soufrans sila yo ki pòv yo ak revandikasyon moun ki ekplwate yo. Se pa wè yo pa wè yo, se ekspre yo fè yo pa pale de sa.

Tout sa se pou m di w, Ayiti ap rete pòv pandan yon bon ti tan. Ap gen gwo katastwòf natirèl k ap frape peyi a, moun ap toujou mouri pa pil ak pakèt, ap gen sechrès, ap gen grangou. Tè a gen pou l tranble ankò, moun ap mouri tankou foumi. Lè katastwòf sa yo rive, dirijan peyi a ap fenk kare peze souse.

Malgre leson tranblemanntè 12 janvye a, nou wè ki demonstrasyon yo bay ak siklòn Matthew. Se yon dram anpil nan moun ki tap dirije yo t ap tann. Malgre yo te konnen kote siklòn nan ap frape ak dimansyon dega li tap fè, yo pat prepare repons pou rejyon yo. Rezilta klasik la tonbe : yon mas moun vin pi pòv, pandan yon ti minorite byen jere tèt li.

Lè w pran manto lafwa w pou fè moun konprann gen yon lespri ki revele w bagay sa yo, franchman m panse se nan betiz w ap pase moun. Okontrè, m panse se kò w wap rale pou w ka jistifye dezangajman pa w nan batay la. Pa gen okenn lapriyè ki pral sove Ayiti. Pou dat Ayisyen ap welele nan zòrèy moun toupatou nan peyi a. Pou dat politisyen ap pase n nan betiz nan fèn fè jounen ap trennen jenou atè, limen balèn nan bouda imaj, boule maji adwat agoch…nad marinad.

Nou pran koulwa klasik yo, akize masisi ak madivin kòm responsab politisyen ak moun rich k ap piye peyi a. N ap akize voudouwizan pandan w pa janm kanpe kont kòripsyon k ap ravaje sosyete a. N ap akize relijwon enpòte kòm responsab dram peyi a pandan n ap bay politisyen blofè pouvwa vòt ou.

Chak fwa n ap lonje dwèt sou yon lòt, moun pap wè si nou menm nou pa angaje nou nan anyen pou amelyore kondisyon lavi moun nan peyi a. Moun ki pòv yo pa jwenn moun ki pou defann yo, paske nan istwa nou, defann moun ki fèb yo pat janm yon bagay ki seksi.

Nou pi zele nan lapriyè, men nou pa zele pou travay. Poutan, se travay ki kreye richès tout kote. Yon peyi ka gen resous, men se travay k ap transfòme resous yo an richès. Gen nan nou, chak jou nou leve n al gonfle kèk espas sou pretèks n ap travay, men nan fen mwa a, nou paka fè bilan ki travay n ap pwodui k ap kreye richès nan peyi a. Kidonk, ak tout lespri k ap welele nan tèt nou yo, nou fè pati de kansè k ap wonje zantray peyi a.

Yon elit ki pran plezi nan gade moun ki grangou, nan reflechi chak jou sou ki strateji k ap kenbe moun nan lamizè pi lontan, paka nan yon peyi k ap fè pwogrè. Donk, tout sa se pou m di w, nan eta Ayiti ye la a, tout kondisyon reyini pou bagay yo vin pi mal…e yo gen pou yo pi mal.

Peyi a bezwen yon lòt modèl moun, yon lòt modèl Leta. Se pa lapriyè k ap fè mechan tounen bon moun. Ayiti bezwen yon revolisyon. Moun ki pòv yo bezwen Leta pa yo.

Commentaires

Ralph thomassaint Joseph
Directeur de la Publication à AyiboPost, passionné de documentaire.

    Peut-on être athée en Haïti?

    Previous article

    Que fait l’ULCC, l’organe de lutte contre la corruption en Haïti?

    Next article

    Comments

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost