CULTURESCIENCE & TECHNOLOGYSOCIÉTÉ

Ou fanatik Diskòb oubyen D’Music? Men kisa chak platfòm yo ofri.

0

Diskòb ak D’Music se 2 platfòm mizik sou entènèt ki an Ayiti. Men, ki diferans ki genyen ant yo ?

Mizik se youn nan mwayen moun itilize pou detann yo oubyen pou yo chase estrès. Avèk nouvo teknoloji enfòmasyon ak kominikasyon ki ap dodomeya nan lavi moun chak jou, koute mizik sou entènèt vin yon bagay ki popilè nan plizyè peyi nan mond lan.

Platfòm “streaming” yo k ap ogmante vin yon revolisyon nan mache mizikal la. Nan peyi Dayiti, Diskòb ak D’Music se 2 platfòm ki vin chache konble vid ki genyen an.

Kisa ki Diskòb la?

Plizyè jèn fi ak gason lanse aplikasyon streaming Dijital Diskòb nan mwa Jiyè 2019 la, nan lokal BANJ ki sou Dèlma a.

Wedly Mozeau, Beethoven Pierre, Vanessa Jeudi, Justafort Josué ak Andy John W. Antoine, se ekip jèn ki responsab pwojè sa. Pwojè a te fini premye pozisyon nan sizyèm edisyon Hackathon, òganizasyon entènasyonal frankofoni te òganize nan mwa oktòb 2018.

Li tou: La musique haïtienne risque la mort si elle ne s’adapte pas aux nouvelles technologies

Wedly Mozeau se Marketer web pwojè sa. Li la pou fè pwomosyon ak konsepsyon sit Diskòb la. Li eksplike Diskòb se yon aplikasyon web ak mobil. Platfòm sa fè pwomosyon, difizyon epi vann Sèlman mizik ayisyen sou entènèt.

Sou platfòm web Diskòb la, gen atik ki pibliye. Nan atik sa yo, genyen ladan yo ki sou mizik atis yo epi lòt sou atis yo menm. San konte videyo ki ap fè pwomosyon pou mizik atis yo.

D’Music la kisa li ye menm?

D’Music li menm se yon aplikasyon streaming Digital entènasyonal. Li disponib nan lòt mache Digicel yo depi bon ti tan. Men, se nan oktòb 2019 la, Digicel lanse aplikasyon sa nan peyi Dayiti. Gertrude Buly FREDA se responsab relasyon piblik nan Digicel. Li fè konnen, «platfòm sa se yon zouti pou tout kliyan Digicel jwenn aksè pou yo koute plis pase 40 milyon mizik atis yo renmen yo. »

Depi yon moun moute sou aplikasyon oubyen sit platform nan, li ap jwenn mizik atis an Ayiti ak atis entènasyonal. Selon Gertrude Buly, moun nan pa bezwen kat de kredi pou li itilize D’Music.

Platfòm sa yo, kijan yo fè rantre lajan?

Pou D’Music. aprè peryòd esè a, chak kliyan pral peye yon frè pou gen aksè. Selon Gertrude Buly FREDA, pral gen plizyè plan : plan jounalye, pa semèn epi pa mwa. Yon pati nan montan kliyan yo peye pral rete pou Digicel. Epi, rès la pral distribye bay atis ki te jenere stream yo.

Bò kote Diskòb se pa twò diferan. Responsab platfòm sa ap rantre kòb gras ak plan yo. Men, se aprè moman tès la. Sa vle di, modèl ekonomik Diskòb pwal baze sou abònman kliyan yo.  Lojik la se, selon esplikasyon Wedly Mozeau, « itilizatè yo chwazi peye chak mwa pou yo koute tout mizik ki disponib sou platfòm nan. »

Pou itilizatè Diskòb  yo, gen plizyè plan tou ki disponib. Gen yon plan piyay ki se yon plan ki gratis. Moun nan plan sa a gen aksè ak tout mizik yo, epi ak tout fonksyonalite yo. Se platfòm nan k ap pwopoze moun nan pleylis. Pou moun sa tou, chak fwa li sou platfòm nan lap jwenn piblisite, jan anpil lòt platfòm fè sa.

Gen yon dezyèm plan ki se plan pratik la. Se li yo rele plan premium nan lòt platfòm entènasyonal yo. Li se yon plan endividyèl, kote itilizatè a ap peye yon abònman chak mwa pou li ka gen aksè ak tout fonksyonalite platfòm nan. Epi dènye a, ki se plan team, kote yon moun ka mete 5 lòt moun sou kont li. « Se yon fason pou plizyè moun ka fè yon kont ansanm epi chwazi kijan y ap peye li », se konsa Mozeau kontinye esplike.

Moun ki gen plan team yo ap gen lòt fonksyonalite anplis lòt moun ki fè lòt plan. Nan ka sa, moun sa yo ap ka pataje pleylis sou platform nan epi pataje foto.

Kijan 2 platfòm sa yo jere dosye dwa dotè a?

Digicel antanke konpayi pa gen okenn kontak dirèk ak atis yo nan sa ki gen pou wè ak mete mizik yo sou aplikasyon an, se sa responsab relasyon piblik nan konpayi a eksplike. « Nou travay ansanm ak kèk distribitè dijital tankou TuneCore, Cdbaby, EVEARA, The Orchard, One RPM. Atis yo ba yo otorizasyon met mizik yo sou tout platfom dijital. »

Se menm distribitè sa yo ki travay ansanm ak tout lòt platfòm Digital Streaming nan mond lan. Li kontinye « Atis yo mete mizik yo sou Platfòm Digital Distributors chak fwa yon moun stream mizik yo se plis kòb yap fè. »

« Kesyon dwa dotè a se yon bagay ki enpòtan pou nou anpil », se konsa Marketer web Diskòb la kòmanse reponn. Se poutèt sa, selon misye, responsab platfòm nan rantre an diskisyon ak biwo dwa dotè an Ayiti (BHDA), byen bonè. Konsa pou enstitisyon an ka fòmalize dosye a.

Diskòb siyen yon kontra ak BHDA ki ba yo dwa pou yo difize mizik yo nan mond lan. BHDA plase pou li defann dwa dotè pou atis yo. Men, se pa biwo dwa dotè ki peye atis yo. « Nou gen dil ak atis yo. Se kòb abònman yo atis yo ap touche. Gen yon repatisyon ki ap fèt, kote yap peye atis selon pousantaj moun ki koute mizik yo sou platfòm nan pandan yon mwa. »

2 katalog diferan

D’Music  gen plis pase 40 milyon mizik sou li, tankou mizik Konpa, Twoubadou, Rap Kreyòl, Mizik Gospel, Reggae, Soca, Pop, Latin Beats, Dancehall. Gertrude Buly FREDA di « Katalòg mizik nou an ilimite paske nou travay ak anpil Digital Distributors atis nasyonal oswa entènasyonal itilize. »

Katalòg D’Music la genyen ladan li tout dènye mizik oswa albòm ki soti yo epi kreye plizyè pleylis Anbasadè ak enfliyansè yo fè. Li kontinye esplike : « Nou kreye tou chak dimanch yon pleylis ki raple nou ansyen tan yo tankou Twoubadou chansonèt fransèz, e dimanch ki ap vini la n ap pataje yon pleylis Bolero. »

Ki diferan ak katalog Diskòb la. Kantite mizik ki disponib sou platfòm Diskòb la lye ak kesyon dwa dotè a. « Nou paka pran mizik yon atis mete sou platfòm nan san li pa ban ou dwa sou li », se sa Wedly Mozeau di. Akoz de sa, jiskaprezan pa gen anpil mizik ayisyen sou Diskòb.

Li ajoute, responsab yo ap diskite ak lòt atis pou ajoute mizik yo sou platfòm lan. Epi, Diskòb gen yon akò ak BHDA ki bay responsab platfòm nan dwa ak 25 000 mizik BHDA gen dwa sou yo. « Nou pral mete yo sou platfòm nan. Distans lanne 2020 an, piblik la ap jwenn yon katalòg ki grandyoz. »

Kijan yon moun ka abòne nan tou 2?

Pou enskri sou D’Music, selon responsab relasyon piblik nan Digicel la, moun nan ap bezwen yon kont sou aplikasyon #MyDigicel la ki ap ba li yon Digicel ID. Lè li fin enskri, li ap aktive yon plan mizik sou li, plan sa p ap koute li yon goud jouska 24 Novanm. Epi, plan sa ap ba li aksè a tout mizik sou Platfòm nan pandan 30 jou.

Li kontinye, « Aprè 24 Novanm ap gen 3 plan ki disponib, yon plan pou yon jou, yon plan pou 7 jou, yon plan pou 30 jou ki ap disponib pou yon ti kal kòb. Lè yon moun fin aktive plan mizik la, li ap telechaje aplikasyon D’Music  la, epi li ap konekte sou li. »

Bò kote pa Diskòb, pou yon moun itilize platfòm nan aktyèlman, li ap jis telechaje aplikasyon an. Tout moun gen aksè ak tout bagay sou platfòm nan. « Nan moman sa, nap ajoute lòt mizik epi fin regle lòt bagay. Nap fin teste aplikasyon an. Nap fin resevwa tout feedbak yo. Aprè sa nap lanse diferan plan pou moun peye yo. »

Jwenn yon mwayen pou fè moun kap itilize platfòm Diskòb la peye, se te pi gwo pwoblèm responsab yo te genyen. Yo rive jwenn youn. Aprè moman esè a fini, itilizatè yo ap peye avèk Cash Mobile ki se yon sèvis pou moun peye avèk telefòn yo. «Nou nan diskisyon ak lòt enstitisyon ki ka fasilite pèman yo fèt pi rapid. San nou pa bliye konpayi telefòn yo ki gen mwayen pou sa fèt.»

Nan ka sa, 2 platfòm diferan

Diskòb gen sèlman kontni ayisyen. Pou Marketer web Diskòb la, « Sa vle di yon pakèt bagay paske se yon avantaj pou atis yo. Yon atis ayisyen ki sou yon platfòm entènasyonal gen difikilte pou li rive fè kob paske lòt atis aletranje yo bouche yo ». Nan ka sa, selon misye, atis ayisyen yo gen posibilite pou yo an konkirans sèlman ant yo. Konsa, tout atis ap rive jwi avantaj. Yo pap rive pèdi nan mitan gwo katalòg.

Gertrude Buly li menm fè konprann, gen 3 pi gwo diferans D’music genyen ak lòt platfòm yo. Selon li menm, itilizatè yo pa bezwen kat kredi pou li itilize platfòm nan. Li konkli «moun nan gen yon katalòg mizik nasyonal epi entènasyonal. Se yon aplikasyon digital streaming ki koute mwens kòb.»

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *