Opinions

Opinyon | Pwochen revolisyon Ayisyen an se padon 

0

Pwochen revolisyon ayisyen a dwe gen rasinn li nan istwa nou paske nou pase twòp tan san nou pa rekonèt sa nou fè youn lòt. Nou ka gade lòt bò dlo epi blame blan, men n ap fè sa depi 1804 e sa pa mennen nou okenn kote. Pwochen revolisyon an dwe chita sou padon, si non n ap rete nan menm tèt chaje sa yo

Read this piece in english

Dènyèman, mwen te chita ak de etranje ki tap site non yon pakèt moun. Yo tap di ki moun ki fè kisa, kilè, epi ki moun ki asosye ak entèl oswa tèl gang. Kòm mwen se te sèl Ayisyen ki te la, yo te atann mwen t ap konnen tout detay sa yo men yo vin desi anpil paske mwen pat konnen, alò m jis rete ap gade yo.

Yo mande m kijan m konprann sa k ap pase nan peyi a, e san pran tan mwen di : « Pou mwen, sa nap viv la fè tout sans. » Soti nan Divalye, tonbe nan militè, pase nan Aristide, rive nan Martelly, elatriye, se menm bagay yo k ap repete.

Duvalier te bay egzanp kote l te sèvi ak Leta kòm pwòp bank prive li epi li te katalize disfonksyonman enstitisyon piblik nou yo. Se konsa li asire yon baz san fondman pou lavni peyi a. Epi depi lè a tou, men nan kisa nou ye.

Ameriken yo klase gwoup ame yo antake teworis, gouvènman nou an ap sèvi ak mèsenè prive, chak katye ap met baryè, epi Pòtoprens menm fin rezime a Pétion-Ville sèlman. Sosyete sivil la ap mande pou yon « bidjè lagè » epi deklarasyon moun yo fè an jeneral sou gang yo chak jou se « touye tout. » Apèl pou menm modèl revolisyon ansyen yo ap pèsiste. Nou sòti nan koupe tèt boule kay, epi jodi a se bwa kale. Menm bagay la. Plis vyolans, plis koudeta.

Apèl pou dyalòg ak negosyasyon yo chape anba men nou tankou kalalou. Nou pa ka negosye ak moun Ameriken yo konsidere kòm « teworis ». Yon kalifikasyon ki byen tonbe, pa vre? Men, nan mitan tout bri sa yo, mwen poko tande yon sèl aksyon konkrè ni reyalis ki pwopoze. Apèl pou dyalòg yo se ant leta ak sosyete sivil la e tout apèl pou aksyon chita sou vyolans. Nou plis pale mete la, men anyen pa janm fèt vre.

Duvalier te bay egzanp kote l te sèvi ak Leta kòm pwòp bank prive li epi li te katalize disfonksyonman enstitisyon piblik nou yo. Se konsa li asire yon baz san fondman pou lavni peyi a. Epi depi lè a tou, men nan kisa nou ye.

Yon revolisyon posib, men se yon revolisyon kap chèche kreye kondisyon pou moun viv nan la pè ak kè poze. Yon lapè ki pa sèlman vle di absans vyolans, men yon lapè kap pote trankilite nan lavi tout moun. E baz lapè sa se padon.

Julia Alvarez rakonte istwa Las Mariposas nan Repiblik Dominikèn sou gouvènmanTrujillo nan lane 1930 yo. Nan liv la, gen yon kote youn nan sè revolisyonè yo di: « Se pou revolisyon sa nou ta dwe goumen tout bon: lè youn padone lòt pou sa nou tout te kite rive ».

Pwochen revolisyon ayisyen a dwe gen rasinn li nan istwa nou paske nou pase twòp tan san nou pa rekonèt sa nou fè youn lòt. Nou ka gade lòt bò dlo epi blame blan, men n ap fè sa depi 1804 e sa pa mennen nou okenn kote. Pwochen revolisyon an dwe chita sou padon, si non n ap rete nan menm tèt chaje sa yo. 

Mwen pa istoryèn. Ni tou mwen pa yon entelektyèl. Si map voye flè pou tèt mwen, mwen ta ka di mwen prèske yon entelektyèl. Sepandan, mwen se yon ayisyèn k ap viv Ayiti. E map di w sa mwen wè.  

Mwen wè tout moun ap rele youn sou lòt. Yo di elit rich la ap kreye inegalite ak abi pouvwa, yo akize gang yo pou krim terib, yo akize lapolis pou koripsyon ak abi, yo akize leta pou tout bagay. Mwen wè moun ki gen defo k ap eseye viv nan yon anviwònman ki chaje defo. Se esansyèlman kontèks sa ki abouti ak sa nap viv jounen jodiya. 

Pwochen revolisyon an dwe chita sou padon, si non n ap rete nan menm tèt chaje sa yo.

Nan pozisyon privilèj mwen antanke manm « elit » sa a, mwen wè anpil abi. Sou tout fòm. Mwen tande moun rich ap plenyen paske yo paka rive nan kay yo ki bò lanmè. M tande yo k ap pale de « moun sa yo » ki anpeche yo pran yon ti plezi. Mwen wè fason moun sa yo trete anplwaye lakay yo, m gade yo k ap esansyèlman repwodui abi kolonyal nou wè nan peyi Etazini ak peyi Loksidan yo nou pretann rayi. Mwen wè kijan pozisyon nou pèmèt nou pase devan moun nan liy nan biwo piblik, kòm si nou pi enpòtan. Mwen wè akimilasyon richès moun ki pa aksepte pou peye travayè 5 dola olye de 3 dola 50 pa jou.

Mwen wè yo achte kay bò lanmè, yon lòt Mayami, kèk gwo machin. Mwen wè tout vwayaj yo ak pwopriyete yo achte pou fè envestisman. Mwen wè tou lè yo peye jij ak polisye. Mwen wè yo nan dine ak maryaj, mwen wè yo nan batèm. 

Depi lakay mwen nan tèt mòn yo, mwen wè yon ti gason yo te mete nan yon prizon granmoun. Fanmi l te abandone l, li degaje l jwenn yon kote ki resevwa l ak de bra louvri. Mwen wè ti gason sa vin tounnen youn nan pi gwo chèf gang nan peyi a. Mwen wè l k ap chache respè pou sa li resi fè malgre yo te abandone l e tòtire l lè li te timoun.

Mwen wè moun ki te gen bon entansyon ki rive nan fonksyon piblik la ki vinn erite yon sistèm pouri ke yo oblije jere, e yo espere sòti de sistèm sa san yo menm tou yo pa pouri. Mwen wè moun ki vin pouri, e mwen wè yo jistifye sa ak yon pawòl ki di: degaje pa peche. 

Mwen wè polisye ki espere mennen yon vi onèt. Poutanyo lage nan pòs poukont yo nan mitan moun ki rayi yo, san okenn espwa bakòp. Mwen wè ofisye polis sa yo ki pa menm touche vin fè sekirite pou moun rich nan makèt, e mwen wè yo k ap pouse charyo boujwa. 

Mwen wè elit la ki nan ti mond pa l nan mòn yo. Genyen ki se fanmi m, mwen grandi ak kèk, epi mwen oblije di anpil nan yo bonjou – pa politès. 

Mwen wè ti gason sa a nan figi plizyè bandi.

Mwen wè anplwaye sa ki te jwenn travay nan leta paske yon otorite t ap chache ede l. Mwen wè polisye k ap souri e ki sonje di « bòn fèt drapo! » paske yo kanmenm jwenn kouraj pou yo gen fyète nasyonal.

Nou tout se viktim, menm jan tou nou tout koupab. Pandan tout moun ap rele san rete sou tab dyalòg la e n kontinye ap akize youn lòt, peyi nou ap kraze. Ayiti se pa sèlman yon peyi, Ayiti se yon santiman, yon lide. Lè moun vin twò dekouraje, yo vin asid, santiman an disparèt e lide a tou mouri. 

Pandan gwo deba ap fèt sou lapè, mwen enkyè nou pa pare pou reyalite sa sa vle di. 

Nou toujou ap fè konvèsasyon izole, e se toujou menm moun yo ki nan espas « dyalòg ». Menm tentenad yo. Lapè a se lè nou resi rekonèt ke antake yon sosyete, se nou ki te kreye Izo, ak Babekyou, ak Ti Makak ki li menm te soti andedan youn nan katye ki pi rich nan kapital la, ki pa yon « katye popilè ». 

Dapre Mandela, « Si ou vle fè lapè ak ènmi w, ou dwe travay ak ènmi w. Lè sa a, li vin patnè w. »

Lapè se konprann nou pral oblije padone kèk moun pou jan yo te jwenn pou degaje yo. Nou pral oblije padone e nou pral oblije fè manm gwoup ame sa yo vin sitwayen pwodiktif nan kominote nou yo. N ap oblije kite yo tounen enjenyè lame, ekip antretyen wout oswa jesyon fatra, teknisyen, agrikiltè, ajan memwa; kite yo jwe wòl ki itil. Se pou yo jwenn lapè nan lespri yo pou nou tout antanke yon kolektivite nou ka jwenn la pè tou. 

Nòmalman, tout moun ki responsab kriz sa a pa dwe chape anba men lajistis. Men y ap mouri anvan yo sispann sa y ap fè a si nou pa ba yo yon chans pou yo bay temwayaj ni tou pou yo jwenn lòt aktivite. Si nou pa pran tan pou nou chache konprann kondisyon ak eleman ki kreye kriz sa, nou p ap janm reyisi. Lapè se pa yon pwosesis enstitisyonèl, se yon pwosesis imen. Chak Ayisyen konnen kijan pou yo fè yon chita pale e mwen vrèman, entèlektyèlman, kwè Ayisyen kapab ede youn lòt soti nan kriz sa a.

Narasyon kap fèt san rete sou Ayisyen ke nou vyolan se jis yon nouvo vèsyon de « moun sovaj  » kont « moun sivilize. » E malgre pi bon tantativ Loksidan fè pou konvenk nou nou se sovaj, Ayisyen se moun ki trè obsèvatè, entèlijan, ki gen konpasyon e ki fò nan solidarite. Mwen wè sa chak jou.

Mwen wè li nan mesye yo ki fè kontwòl trafik nan estasyon kamyonèt yo ki trè agresif epi ki toujou sanble yo pare pou goumen. Mwen wè nèg sa yo kouri nan mitan lari a pou yo kanpe tout trafik pou kite timoun lekòl oubyen yon machann ki gen twòp chay travèse lari a. Mwen wè chofè kamyonèt yo ki kenbe monnen sou dach yo pou timoun lari yo.

Mwen wè ti bandi a k ap griji anba pwa yon manch long, ki te kanpe deyò selil yon fanm kidnape pou yo pa vyole l. Mwen wè jenn gason 19 lane ki te veye matant mwen lè yo te kidnape l, ki pote yon chokola ba li lè yo lage l nan jou Sen Valanten an. 

Mwen wè boujwa ki rele plizyè douzèn moun pou jwenn pi bon swen kansè ki disponib pou sèvant li ki avè l depi plizyè lane ki toujou ap veye sou li. Mwen wè sèvant ki te okipe grann mwen ak 11 pitit li yo, e ki te ede fanmi m finansyèman lè diktati a te pran granpè m. Mwen wè tonbo li bò kote grann mwen an. 

Chimen lavni a, se youn ki baze sou konpasyon ak gerizon pou nouvo ak ansyen maladi. Se nou ki pou defini pwòp lapè nou. Se nou ki pou ankouraje kondisyon pa nou pou li reyalize e pou sa, nou pral oblije padone youn lòt. Antake Ayisyen, wi, men antake moun anvan tout bagay. 

Isabelle Clérié

Isabelle Clérié se yon antwopològ ayisyen. Li se yon espesyalis nan jistis tranzisyonèl ki gen plis pase dis lane eksperyans ap dirije travay verite, memwa, ak jistis reparatris Ayiti ak lòt kote ki afekte pa konfli. Travay li mete kominote yo nan mitan refleksyon yo. Li se otè seri atik Repairing Development sou platfòm Proximate, kote li analize pouvwa, filantwopi, ak chanjman lokal yo atravè yon apwòch ki santre sou jistis.

Kouvèti | Manifestasyon nan Petyonvil, 3 oktòb 2022. Foto : Odelyn Joseph


Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

►Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

►Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Comments