CoronavirusLe BlogSOCIÉTÉ

Opinyon | Pran lari se yon mal nesesè an Ayiti

0

Fernande gen 64 lane. Li gen 33 lane Depi lap travay nan yon sant sante ki a 12 kilomèt kapital la. Chak jou li fè trajè lavil pou li rive al bay sèvis kòm pèsonèl lasante

Vandredi ki te 20 mas la, nan demen deklarasyon prezidan an, nan toubiyon laperèz van panik, Fernande al travay. Li ale poul tande kisa leta ap dil kòm teknisyèn laboratwa, men tou pou l al veye chèk li paske Leta poko peye mwa fevriye.

Non sèlmam ankenn otorite pa voye mesaj fòmèl nan sant lan sou mezi ijans yo ak kijan pou espas la regade fonksyonnman li (materyèl adekwat) depi lè yo deklare ofisyèlman kèk ka kowona nan peyi a, men chèk li pa vini. Se ak anpil kè kase dam sa ki gen moun sou kont li pran kamyonèt poul tounen al pase yon 7èm wikenn san salè travay li.

Wi Fernande tande pale de kowona, mesaj vin jwenn li sou Whatsapp epi moun li genyen k ap viv nan peyi etranje eksplike l mezi ki pran pou frennen pwopagasyon maladi a. Konsekans Kovid 19 la ap toufounen l. Travay kanpe. Transfè difisil pou fèt.

Leta pale men anpil moun pa ka respekte sa li di. Jou maten 20 mas la, Fernande te nan lari a ak tout moun ki nan komès enfòmèl yo. Anpil nan moun prezidan an di chita yo, se pa li menm ki patwon yo.

Fernande gen de chwa : swa li mete tèt li nan karantèn swa li kontinye fè la navèt jouk tan chèk la vini. Ofinal, ou paka konkli ke li t ap pi rezonab poul rete lakay li lè w ap konsidere li p ap gen mwayen poul manje pandan li nan karantèn nan.

Kouvrefe

Primati soti mezi fòmèl nan kad arete 19 mas la ki deklare eta dijans sanitè sou tout teritwa a. Nan yon kominike, otorite yo di, se sèlman moun k ap travay nan domèn lasante tankou Fernande (menm si yo poko janm peye l) enfimyè ak doktè, malad kap kouri al lopital (ki lopital ?), anbilans, medya ki gen otorizasyon ministè kominikasyon  epi moun ki gen lese pase ministè jistis ak sekirite piblik ki pou mache nan lari ant 8è nan aswè ak 5è nan maten. Yo pa priyorize komès, poutan fòk moun ki nan karantèn ravitaye yo. E makèt se pa kote tout moun ka ale, lari oblije gen machann !

Mezi sa yo fonksyone lòt kote, e menm gen amand pou moun k ap flannen san bezwen osinon ki bliye ranpli yon atestasyon pou yo deplase ke gouvènman peyi a mete a dispozisyon yo sou entènèt. Tankou lafrans, ou ka telechaje atestasyon an epi rekopye fòm nan ala men epi siyen l. Si lapolis kenbew ou dwe bal dokiman sa kenbe. Men la a, nap pale de yon kantite konsiderab moun ki blije soti al vann lannwit. Eske y ap pase pran lese pase a chak jou? Kijan Ministè a pral jere sa sou tout teritwa? Eske ap gen sanksyon e nan ki ka ?

Bondye bon?

Moun ki sansibilize yo Depi yon semenn yap pale sou Kowona a sou tout rezo sosyal. Tout atis ap fè videyo, tout regwoupman kou inisyativ endividyèl ap met afich deyò. Rezo sosyal yo pran pawòl la, anpil efò pou prevansyon ka fèt.

Se konsa Lavwadlamerik bay kèk machann nan mache kwabosal pale. Pami sa ki kwè Bondye ap di yon mo, sa ki pa tande pale de Kowona paske li fenk sot andeyò, yon machann manje kuit fè yon remak enpòtan: « nou pran prekosyon pou nou lave men nou, men lè moun nan nan chay la, li vin achte manje a, li pa sonje lave men l ».

Pawòl sa relate reyalite a si nap chache konprann jan pratik lavi moun yo marande ak move kondisyon sanitè ke yo pa ka pèmèt yo liks konsidere lakoz mank edikayon ak lamizè.

Eske nou ka evite maladi a nan pran distans lè mache chaje moun?  Lè yon moun ki genyenl ka kitel sou nenpòt ki sifas tankou manch pòtyè machin, fè sèso kamyonèt, manch bourèt e latriye ? Kijan eksplike moun sa yo se pran distans ki solisyon an men ideyalman yo pa ta dwe soti? Men Kisa y ap manje? Kisa nap manje ?! Menm si n ta vle fè pwovizyon pou yon mwa konfinman, nou pa gen okenn mwayen pou n konsève sa n achte yo pliske pa gen kouran.

Kay plen, kounouk chaje

Twaka popilasyon an ap viv nan pwomiskuite. Pa rive respekte karantèn pandan pandemi Kowona viris la, se yon risk pou enfekte tout yon kay ak moun kap dòmi pil sou pil. Men, kijan yo pral jere distans sa a ?

Pou kòmanse, pa gen espas nan kay la pou yo rete anndan san jamè soti. Yo blije pran lari, soti al achte de twa bokit dlo pou yo sèvi ki p ap ase pou lave men tout lajounen jan yap preche li a. Fòk yo soti nan koridò a, pran lè, kwaze tout vwazinay.

Nègès Dayiva

Fernande se yon non prete.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *