Opinions

Opinyon | Men kote repiyans Ayisyen gen pou politik soti

0

Koupe sèk pèvèsyon politik la, se yon nesesite pou lavni peyi a

Nou menm Ayisyen, nou devlope yon lyen ak politik, ki genyen anpil enpak negatif sou chwa n ap fè kòm sosyete, sou devlopman ekonomi an, sou nivo byennèt nou, sou lavni pitit nou ak pitit pitit nou.

An verite, rantre nan regwoupman politik, kreye yon mouvman politik, oubyen chache genyen yon pòs politik, charye yon vye sans pou anpil moun nan sosyete a jounen jodi a.

Se sa k fè, lè yon jèn vle pran desizyon patisipe nan lavi politik Ayiti, jan moun ki pwòch li konsidere sa, ak jan opinyon piblik la wè sa, ka lakòz li dekouraje fè sa.

Fè politik tounen yon move zak, nan lespri anpil moun. Relasyon nou ak politisyen yo (sa vle di, moun k ap fè politik) vin degrade plis, paske nou alimante yon sèk ki gen vis, san nou pa konsyan si se sa n ap fè. Pou n konprann fenomèn sa, nou dwe analize eksperyans nou yo nan kesyon politik.

Pou kòmanse, fòk nou konprann, politik se tout aktivite ki pèmèt yon gwoup, yon kominote, yon sosyete, pran desizyon pou lavni ak byennèt manm gwoup, kominote oubyen sosyete sa (Adrian Leftwich, What is politics? The activity and its study).

Kidonk, politik se pran desizyon pou byennèt kolektif la, an jeneral. Nan kad pwosesis desizyon sa, ka genyen plizyè tip enteraksyon ant manm sosyete sa : sa ki pral defini rapò fòs yo, atribisyon ak fonksyon chak kategori moun ak gwoup enterè anndan sosyete sa, epi pi devan defini pouvwa yo. Sa vle di, nan baz fondal natal li, politik se yon chan aktivite ki nòb. An reyalite, esplikasyon sou kisa ki pèvèti politik an Ayiti chita sou de (2) bagay : enpak desizyon ki pran yo genyen sou lavi nou epi kalite moun ki genyen pouvwa pou pran desizyon sa yo. Se apati eleman sa yo, nou vin rantre nan yon wonn, nou pa ka sòti ladan l.

Eksperyans politik pèp Ayisyen nan listwa, pral montre l, nan majorite ka yo, desizyon ki pran yo, pa pran pou amalyore kondisyon lavi li.

Opinyon | Devlopman vèt, entèlijans atifisyèl… Men kèk batay nouvo jenerasyon Ayisyen an ap gen pou li mennen

Depi nan asasina Jean-Jacques Dessalines, pase nan travay f√≤se Jean-Pierre Boyer te enpoze (nan K√≤d riral 1826 la) pou peye d√®t endepandans lan, pase nan pery√≤d politik doubli yo, pou rive jouk nan depans t√®t chaje Anpr√® Faustin Soulouque te f√® pou kouwone t√®t li. S√≤ti nan okipasyon ameriken, nan pery√≤d Duvalier, pou rive jouk nan lajan ki depanse nan kad ¬ę¬†Commission Int√©rimaire pour la Reconstruction d’Ha√Įti¬†¬Ľ (apr√® 12 janvye 2010) oubyen nan kad Petwo Karibe, chwa moun k ap dirije yo, toujou montre se enter√® minorite yo ki priyorite a.

Anpil fwa, gwoup sa yo sèvi ak popilasyon an pou pran pouvwa, swa pa fòs (Kako, Pikè…), swa nan eleksyon yo òganize, yon fason ki degrenn gòch (vyolans, enfliyans gwo gwoup ekonomik ak finansye yo, enfliyans etranje, soupson fwod…). Konsènan dènye pwen sa, sa konn rive pafwa, menm vòt sitwayen yo prèske pa vle di anyen, tèlman genyen enfliyans ak enjerans aktè ki sòti deyò. An plis tout sa yo, move jesyon, koripsyon, ak eksklizyon popilasyon an nan tout gwo desizyon estratejik yo, pral pote yon gwo kou pou imaj politik la.

Dezyèm bagay ki pral fè Ayisyen gen repiyans pou politik, se kalite moun ki pase nan tèt enstitisyon yo.

Malchans pou nou, depi lè istwa nou kòm nasyon kòmanse, nou devlope yon abitib, kote fòs politik ki an plas yo, refize bay moun ki byen fòme ak moun ki sanble gen entegrite, chans pou yo dirije peyi a pandan yon bon tan.

Se sa k fè, aktè politik yo pral prefere politik distribisyon tè Alexandre Pétion an, olye yo dakò disiplin pwogresis Henry Christophe la (1807). Yo pral mete Jean-Baptiste Riché, ki pa t konn li ni ekri, prezidan peyi a (1846). Yo pral mete Anténor Firmin sou kote, pou Nord Alexis (1902). Yo pral refize Jean-Price Mars pou Sténio Vincent (1930). Yo pral bay Leslie Manigat koudeta, apre mwens ke 5 mwa sou pouvwa. Yo pral chwazi Joseph Michel Martelly, ki te gen repitasyon kòm moun imoral, sou Mirlande Manigat (2011). Elatriye.

Depi menm moman sitwayen ki onèt epi ki kapab la wè de (2) faktè nou sot trete la yo, li kòmanse abandone tout rèv li te ka genyen pou l patisipe nan lavi politik peyi l. Desizyon sa, pral kite yon vid : se vid sa, move politisyen yo pral eksplwate, paske y ap jwenn plis espas pou yo eksprime yo, plis libète pou yo fè sa yo vle, paske tout altènativ konpetan yo kouri kite espas politik la.

Move politisyen sa yo pral alimante move desizyon yo plis toujou. Yo pral menm ranfòse posizyon yo sou sèn politik la, nan tòdje lwa yo, nan manipile administrasyon piblik la epi nan sèvi ak medya yo kòm zouti pwopagann, pou konsolide pouvwa malsen yo a.

Sa pral vin rann li pi difisil toujou pou moun ki on√®t entegre enstitisyon politik yo. Kantite moun k ap kouri pou politik la, pral vin ogmante. Reyaksyon sa pral kreye plis plas toujou pou move grenn yo : sa ki pral f√® li par√®t pr√®ske enposib pou bon moun f√® politik vre. Sa pral kontinye, pou jouk jodi a. Se konsa, san nou pa imajine, nou kreye yon s√®k p√®v√®syon, ki pral pran ch√®, pou rive nan pwen kote Ayiti pral chaje ¬ę analfab√®t politik ¬Ľ.

Powèt alman Berthold Brecht defini analfabèt politik la kòm yon moun ki deside pa koute, ni pale, ni patisipe nan evènman politik yo. Se moun sa k ap bat lestomak li a, tèlman li fyè, paske li di li rayi politik.

Opinion | Comment freiner la chute de la gourde face au dollar ?

Poutan, li pa konnen si se desizyon politik yo ki lakòz lavi a pi chè, ki fè li pi difisil pou l jwenn manje pou bay pitit, pou l jwenn swen lasante. Se desizyon politik yo ki lakòz koripsyon, ensekirite. Epi sitou, li pa rann li kont se dezangajman politik li a, ki lakòz politisyen malonèt yo, ki kowonpi yo, ka taye banda anndan enstitisyon piblik nou yo. Jan nou sot demontre sa anlè a, se pèvèsyon politik la ki pral kreye analfabèt politik yo. Men, an menm tan, se analfabèt politik yo ki pral kenbe sik pèvèsyon sa tou. Kidonk, relasyon an, se nan de sans li ye.

Kòm nou rive byen sènen lojik ki chita dèyè relasyon vis ki devlope ant politik ak sitwayen yo, nou ka chache solisyon tou, ki ka ede nou detwi sèk sa, epi rebay moun ki kapab ak moun ki onèt, kontwòl sistèm politik nou an.

Youn nan premye bagay ki pou fèt, se travay sou fòmasyon sivik ak politik popilasyon an. Leta ta dwe tabli yon pwogram edikasyon sivik ak politik, ki pou ede timoun ak sitwayen ki jèn yo renmen peyi yo epi konprann nesesite pou yo antre nan òganizasyon politik sosyete (paske lavni yo depann sou sa tou).

Pwogram sa t ap ka sansibilize sitwayen yo tou, sou k√≤man pou yo f√® chwa politik yo, konsa pou se pa moun ki gen move entansyon, ki pran t√®t enstitisyon yo, pran t√®t peyi a. Aplikasyon pwogram sa pa t ap f√®t s√®lman nan l√®k√≤l (nan kad pwogram eskol√® yo), men nan medya yo tou, nan lari (sou bilb√≤d), anndan administrasyon piblik la… Konsa, li t ap ka atenn yon maksim√≤m moun. Li enp√≤tan tou pou se pa s√®lman l√® pral genyen eleksyon, difizyon mesaj sa yo f√®t, men pandan tout ane a. Sa ka jwe yo gwo w√≤l nan rebati mantal nouvo jenerasyon Ayisyen an.

Dezyèm kategori mezi ki pou pran yo dwe konsène santiman ensekirite ak fatalite moun ki kapab yo genyen, nan konsepsyon yo genyen sou politik. Lè nou di ensekirite, nou vle pale sou krent moun ki entèg yo ka genyen, pou repitasyon yo pa sal, oubyen pou lavi yo an danje, si yo ta deside fè politik. Lè nou di fatalite, li gen rapò ak panse epi pawòl ki ta vle fè kwè se konsa sa ap toujou ye, ki ta vle fè kwè se move moun k ap toujou fè politik : kidonk, nou ta dwe toujou genyen move dirijan.

Pou konbat kouran panse sa yo, youn nan premye bagay ki ka fèt, se tabli kritè ki klè sou kesyon nivo fòmasyon, konpetans ak lidèchip, nan chwa pou pòs kote se nome yo nome dirijan yo (Minis, Direktè Jeneral, Delege Depatmanl…).

Apati nouvo krit√® sa yo, Leta ka menm anvizaje mete an konpetisyon, moun ki enterese ak pozisyon sa yo. Sa ta ka f√®t sou plizy√® f√≤m : ap√®l pou poze kandida, rek√≤mandasyon pou kandida‚Ķ Nan kad konpetitisyon sa yo, Leta ka menm monte yon sist√®m kontw√≤l ak verifikasyon (‚Äúvetting‚ÄĚ), pou founi je gade lavi moun yo pral nome a, avan menm yo ta mete li nan t√®t yon enstitisyon. Nan sist√®m kontw√≤l ak verifikasyon sa, li t ap enplike ni Lapolis, ni Regwoupman nan sosyete sivil yo k ap defann dwa moun, ni Medya yo… Enstitisyon sa yo t ap gen yon tan byen defini, pou chache oubyen verifye enf√≤masyon sou moun ki ta pral pran p√≤s yo (enf√≤masyon sa yo ta dwe piblik¬†: patrimw√†n, f√≤masyon, ekseperyans pwofesyon√®l, ki pase, nivo rich√®s, kantite k√≤b kandida rantre chak ane‚Ķ), avan moun sa rantre nan fonksyon li an tout bon. Se yon fason tou, pou Leta chache plis transparans plis, sitou nan chwa gwo responsab yo.

L√≤t fason nou ka konbat fatalite ak santiman ensekirite a, se nan √≤ganizasyon eleksyon yo. Youn nan premye pa ki ka f√®t, se ale nan direksyon ¬ę¬†sist√®m v√≤t elektwonik¬†¬Ľ lan, ki chaje avantaj ladan l. Yon sist√®m konsa te ka diminye chans pou genyen gwo fwod, pandan jou eleksyon yo. Sa t ap p√®m√®t nou jwenn rezilta yo pi fasil tou, sa ki t ap bay moun ki gen move entansyon yo, mwens tan pou yo planifye move zak oubyen modifye rezilta yo. Kons√®nan kesyon vyolans nan kad eleksyon yo, genyen plizy√® mezi nou kapab gade tou. Yon b√≤, li enp√≤tan pou pwogram sansibilizasyon sivik la ka rive mete lap√® nan moman kanpay yo ak jou eleksyon an.

Opinion | Prostitution acad√©mique, abus, manque de professionnalisme‚Ķ la face cach√©e de l‚ÄôUniversit√© en Ha√Įti

Nan menm lojik sa tou, kandida yo ka fè pwomosyon mesaj amoni sa tou, gras ak rezo sosyal yo, nan zòn kote genyen aksè ak Entènèt. Sa ka menm ede yo nan kad kanpay yo tou. Yon lòt bò, li enpòtan pou Konsèy Elektoral Pèmanan an chwazi biwo vòt yo, yon fason ki estratejik, ki ka ede Lapolis drese yon dispozitif sekirite ki optimal. Li klè fòk distribisyon polisye sou teritwa ale nan menm sans ak repatisyon biwo vòt sa yo. Pou ranfòse efektif ak dispozitif sekirite a, Leta ka menm anvizaje angaje ajan soutyen, pandan yon ti tan, yon fason ki pwovizwa, nan jou eleksyon yo.

Twazyèm aspè Leta ka manyen, pou chanje imaj moun genyen sou politik, se nòm pou pati politik yo fonksyone. Li klè, jounen jodi a, oblije genyen yon pase men ki fèt nan lwa sou pati politik yo, sitou sou sa ki konsène pwosedi pou ka anrejistre yon pati.

Pou sa, nou panse fòk lwa yo ka pi kòryas, nan kantite moun ki ka fòme yon pati, nan kantite moun yon pati dwe genyen ladan l kòm manm otantik pou l ka patisipe nan eleksyon, epi nan fason li fè rekritman manm sa yo. Se sa ki fè nou panse Leta ta dwe elabore yon Gid pou estriktire pati yo, ki te ka genyen ladan l yon kantite prensip ak bon pratik pati sa yo te dwe suiv, pou yo ka fonksyone byen.

Apati sa, menm Leta sa te ka tou tabli yon Pwogram Evalyasyon Nòm ak Règlemantasyon sou pati politik yo, ki ka fèt chak 5 oubyen 10 lane. Pwogram sa t ap pèmèt Leta wè ki pati ki respekte règ yo, kiyès ki pi byen estriktire, kiyès ki pi pèfòman sou dènye ane yo, kiyès ki fè plis aktivite sosyal oubyen aktivite fòmasyon, kiyès ki valorize fi plis (epi respekte kota fi ni nan Direktwa yo, ni nan lis kandida pou eleksyon yo), elatriye. Rapò evalyasyon sa yo ta dwe piblik, konsa chak sitwayen t ap gen yon lide sou chak pati, sou kijan li ap mache epi sou ki nivo serye ak repitasyon li.

Leta ka deside pase men tou, nan r√®g ak krit√® pou bay finansman pou pati politik yo. An plis p√®f√≤mans yo nan eleksyon pase yo, kantite k√≤b yon pati ka jwenn, ta dwe depann plis toujou sou jan li estriktire t√®t li pandan d√®nye ane yo, sou jan li respekte r√®glementasyon yo, sou enplikasyon manm Direktwa pati sa yo nan zak koripsyon, sou resp√® kota fanm anndan pati a, sou jan yo respekte Gid nou sot pale sou li anl√® a…

An reyalite, kòb pati yo resevwa ta dwe depann tou sou kijan yo te sèvi ak lajan Leta te ba yo deja nan ane pase yo. Eske yo te sèvi ak li pou ranfòse pati a, pou fè aktivite sivik, pou fòme popilasyon an ? Oubyen èske lajan sa te sèvi sèlman pou byennèt moun ki anndan pati a, moun ki manm Direktwa yo, oubyen pou finanse aktivite ki ilegal ? Se sa ki fè, anplis finansman ki bay yo, Leta ta dwe ka fè odit nan pati yo tou pou konnen kijan lajan sa yo, ak lòt ankò, te depanse. Se yon fason ankò pou ankouraje pati politik yo bay rapò sou sa y ap fè (aktivite ak pwogram yo), sou lajan y ap depanse.

Dènye bagay Leta dwe chita sou li, se kesyon finansman kanpay elektoral yo. Pou sa, fòk li ranfòse règ ki mande pou pati yo rann piblik tout sous finansman yo lè genyen kanpay, ak montan chak sous sa yo bay pou kanpay la.  Mete sou sa, Leta ta dwe refikse ni limit pou kantite kòb, o total, yon pati ka resevwa nan men moun deyò, ni limit lajan chak grenn sous finansman sa yo te kapab bay. Li t ap estratejik tou, si lalwa ta entèdi, oubyen regile pi byen, dispozisyon ki pèmèt yon pati pran lajan nan men yon moun oubyen yon enstitisyon etranje, pou finanse kanpay pou kandida li, oubyen lòt kandida.

Restriksyon sa yo, te ka menm etann yo sou lajan pati sa ap resevwa pou fonksyònman li, menm lè pa gen eleksyon. Se yon fason pou limite enfliyans gwo aktè ekonomik ak gwo finansye yo (sitou sa ki etranje yo) ka genyen ni sou desizon pati a pran, ni sou mesaj kandida yo ap fè pase pandan kanpay yo, ni sou aksyon kandida sa ka poze si l ta rive sou pouvwa.

Tout mezi sa yo, ki konsène òganizasyon pati politik yo, se pou Leta ka rive mete baliz pou fòse yo respekte lalwa epi fè popilasyon an repran konfyans nan sistèm ak enstitisyon politik yo. Sa t ap pèmèt sitwayen ki ta vle entegre yo, santi yo plis an sekirite pou yo antre anndan yon pati. Paske, yo t ap konnen yo t ap jwenn yon minimòm estrikti, yon minimòm respè pwosedi. Epi t ap gen kontwòl sou sa k ap fèt anndan pati a.

Eleman nou sot trete yo ka pote gwo chanjman nan fason Ayisyen konsevwa politik ak nan fason yo wè politisyen. Envèse tandans sa, se youn nan pi bon mwayen pou ankouraje plis patisipasyon sitwayen yo, rebay anvi pou yo entegre estrikti politik yo, kreye plis espas pou yo ka rantre nan konbit la. Genyen lòt mezi ankò ki ka adopte, lè yo fin byen analize yo. Genyen ki ka pi radikal ke lòt.

Pa egzanp, Leta te ka egzije pou kèlkeswa pati a, depi l vle patisipe nan eleksyon, fòk li gen yon pwogram ki piblik. Se menm jan, genyen ki ka esansyèl pou sitwayen yo ka fè bon chwa. Pa egzanp, Leta ka egzije kèlkeswa kandida, pou patisipe nan deba, lè l ap fè kanpay pou eleksyon yo.

Tout inisyativ sa yo t ap ka ede nou kase sik move imaj politik nou mete nan tèt nou an, epi pèmèt moun ki gen volonte vre, moun ki gen konpetans ak lidèchip, moun ki gen bon repitasyon, moun ki gen yon nivo entegrite, non sèlman patisipe nan politik peyi a, menm pran kontwòl estrikti politik yo, pandan lontan lontan. Konsa, nou p ap oblije mande tèt nou a chak fwa si nou gen peyi !

Commentaires

Ralph Valery Valière
√Čconomiste, Ralph Val√©ry VALI√ąRE travaille sur les th√®mes li√©s √† la promotion √©conomique, la concurrence et d'autres formes d‚Äôanalyses micro√©conomiques (comportement, march√©‚Ķ). Amant fou d‚ÄôHa√Įti, il recherche les solutions plut√īt que de s‚Äôattarder sur les probl√®mes.

Comments

Comments are closed.