CoronavirusLe BlogOp_Eds

OP-ED: Kowonaviris la se yon opòtinite pou agrikilti an Ayiti. Sa n ap fè ak sa?

0

« Pandemi kowonaviris la dwe fè nou konprann nesesite pou fè agrikilti a vinn yon priyorite »

Pandemi kowonaviris la frape divès peyi sou latè. Pandemi a gen gwo konsekans sou anpil sektè tankou touris, sante, edikasyon. Mete sou sa, anpil moun ap pèdi travay e plizyè peyi oblije fèmen fwontyè yo pou limite pwopagasyon maladi a. Nan kondisyon sa a, byen ak sèvis pa rive sikile ak fasilite nan kontèks mondyalizasyon an.

Pandemi a gen gwo konsekans sou Ayiti paske se pwodui enpòte nou konsome. Alòs, liberalizasyon mache an montre aklè depandans peyi Ayiti de kèk lòt peyi. Kòm konsekans, sa ki vinn lakoz pri pwodui premye nesesite yo toujou ap ogmante.

Nan sans sa, pandemi kowonaviris la dwe fè nou konprann nesesite pou fè agrikilti a vinn yon priyorite. Pou fè sa, nou dwe defini de (2) estrateji: N ap plante manje kap pare nan yon ti tan tou kout epi planifye pou annaprè kote leta ap manyen gwo politik makwo ekonomik yo.

Pandanmi kowonaviris la lakoz peyi yo adopte mezi pou pwoteje lakay yo. Mezi sa yo, vin gen konsekans sou ekonomi mond la. Sètadi, ekonomi mond la bese. Epoutan, genyen nan peyi sa yo, k ap fè preparasyon pou reponn ak bezwen popilasyon pa yo pandan epi aprè kowonaviris la.

Li tou: Comprendre pourquoi les plantations de canne à sucre disparaissent à Léogane

An menmtan tou, nou konnen aprè chak kriz toujou gen pwoblèm lamanjay ak resous. Poutèt sa, bò kote pa nou Ayiti nou dwe aji sou agrikilti a pou fè fas ak pwoblèm sa a. Pandan tout moun fikse je sou aksyon k ap pran pou konbat Kowonaviris la, nan lide pou nou reponn ak pwoblèm la manjay peyi a toujou ap fè fas la, nou dwe poze tèt nou kesyon : men se  kòman n ap rive fè sa ?

Pou nou kòmanse, premye estrateji a n ap priyorize aksyon nou dwe poze nan agrikilti a. Nou dwe plante manje ki gen sik kout yo. Sètadi manje ki p ap pran tan pou yo prè pou nou manje. Konsa nap plante kawòt, chou, berejènn, piman dous ak piman pike, kalalou, epina, pòmdetè patat elatriye.  Nou kapab fè sa a, lè nou fè jaden prekay oswa jaden lakou (yon teknik pou resikle kawotchou).

Konsa tou, nou kapab pwodui ze ak poul k ap pare rapid, san konte pwason ki disponib nan lanmè ak dlo dous.  Poutèt sa, Leta dwe bay asistans ak èd teknik tankou : entran agrikòl, materyèl idwolik, materyèl pou lapèch, zouti, semans, elatriye epi mete fòmasyon, ankadreman pou agrikiltè ak elvè yo. Oswa èd finansye tankou: mete lajan disponib pou finanse agrikilti a epi tou mete kredi ak yon to ki ba. San bliye, enfrastrikti ak wout agrikòl yo. Konsa divès aksyon sa yo, se priyorite pandan sa poko grav lakay nou.

Kòman eta agrikiliti a ye nan peyi Ayiti  nan moman sa a ?

Agrikilti a nan peyi Ayiti gen anpil kontradiksyon ladan l. Pou nou kòmanse, kèk moun konsidere agrikilti a tankou yon potomitan nan lavi ekonomik ak sosyal peyi a. Konsa tou, politik piblik yo aplike nan 30 dènye lane yo neglije agrikilti a sitou nan aplikasyon politik neyoliberal yo.

An menm tan, nan milye riral la, kòd lonbrit moun yo chita nan agrikilti alòske, liberalizasyon libelibè a pa sispann frape pwodiksyon nasyonal la. Pandanstan, nou dwe konprann politik kanpe lwen k ap aplike nan zòn riral la demounize moun yo, sa ki lakoz moun yo ap viv san asistans Leta a. Ayiti se youn nan peyi kote ensekirite alimantè an frape plis. Yon lòt bò, dènye rapò CNSA fè kòm pwojeksyon pou mwa mas ak jen nan lane 2020 an, ap genyen 4.1 milyon moun, kòmsi ou ta di 40 % ayisyen, pral viv nan yon ensekirite alimantè. Nan eta agrikilti a nan peyi Ayiti, ki aksyon nou dwe poze ?

Li tou: La nouvelle banque agricole de Jovenel Moïse est un échec annoncé

Nan ka sa a , Leta dwe sezi opòtinite ki genyen nan kriz la. Dezyèm estrateji a, se kote Leta dwe manyen gwo politik makwo ekonomik yo. Leta dwe sezi opòtinite pou fè yon relans nan sistèm agrikòl la, fè yon refòm agrè, mete boutik agrikòl, defini espesyalite chak depatman pou nou rive pwodui, ranfòse ak restriktire asosyasyon peyizàn yo, ankouraje agrikiltè yo, sòti nan yon agrikilti otosibzistans pou rive modènize agrikilti a, mete estrikti pou envestisè yo envesti nan agrikilti, kreye yon patenarya piblik/prive, aplike yon politik restriktiv sou pwodui enpòte yo, epi redefini oryantasyon politik ak ekonomik peyi a. Konsa, n ap rive fè fas ak sitiyasyon ensekirite alimantè k ap tann nou nan yon kafou aprè kowonaviris la.

Pou nou fini, kanpay prentan an reprezante anviwon 50 % pwodiksyon agrikòl la sou tout peyi a. kanpay sa a demare depi mwa mas. Sa vle di nou gentan ladan l. Sa plis montre nou aklè, agrikilti a dwe yon priyorite pandan, epi aprè kowonaviris la. Menm lè nou konsidere pandan dènye lane sa yo, sechrès epi kesyon chanjman klimatik la lakoz anpil rekòt pèdi. Epi tou, lè nou gade dekapitalizasyon agrikiltè yo san konte divès lòt pwoblèm ki genyen tankou : fèb mwayen agrikiltè yo pou pwodui ak pwoblèm semans, n ap poze tèt nou kesyon eske n ap rive depase barikad sa yo pou nou rive asire otosifizans alimantè nou antanke pèp.

Samuel BELLOT, ING. Agr.

Foto kouvèti: Thony Belizaire / AFP

Commentaires

Op-Ed: Elimine redoubman kapab akouche yon katastwòf nan edikasyon an Ayiti

Previous article

«Je suis un médecin haïtien et je veux travailler avec des patients atteints du Coronavirus»

Next article

Comments

Comments are closed.

#ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost