Opinions

Opinyon | Jean Casimir : «Blanc an franse ak Blan an kreyòl»

0

Lekòl nan peyi a poko enterese montre elèv ak etidyan ladrès ak bèlte kreyòl la

Gen Ayisyen ki frankofòn. Lekòl ak moun lakay yo, an jeneral, aprann yo meprize lang kreyòl la. Lè y ap pale kreyòl, se an franse tèt yo mache. Souvan e san movèz fwa, sans mo yo an franse osnon an kreyòl fofile kò yo nan sa y ap di; epi konvèsasyon yo tounen you bourara.

Lekòl nan peyi a poko enterese montre elèv ak etidyan ladrès ak bèlte kreyòl la. Sepandan, lang nou an se rezilta chimen nou suiv e ki mennen nou nan kafou nou ye jodiya, kote egzistans nou menase akòz abi gwo peyi yo. Pou tèt sa, anpil nèg save blije reflechi sou wòl lang jwe nan peyi a. Depi syèk, se an franse Leta deside sa li twouve nòmal. Epi fonksyonè, lè yo mele, tradui konesans sa a an kreyòl. Se politik Sontonaks ak Polverèl depi lè pèp souvren leve tèt li an 1791. Laverite, politik «vilgarizasyon» desizyon ki pran an franse vle di : you politik ki rann desizyon sa yo aksesib pou vakabon, «pour le vulgaire».

Gen Ayisyen ki frankofòn. Lè y ap pale kreyòl, se an franse tèt yo mache.

Jodiya, lè you frankofòn pran you fraz an kreyòl, pou l pase l an franse, li gen pou mache sou pwent pye l. Pasaj la pa san defi, pase frankofòn pa travèse pon sa a toulejou. Si li rekonèt «blan» an kreyòl vle di «etranje», «lang blan yo» vle di «lang etranje yo». Li pa vle di: «la langue des blancs». Tradiksyon kòrèk «lang blan yo» se : «les langues impériales». Tradiksyon «la langue des blancs» an kreyòl se : «lang moun po blanch yo».

Ou ka li tou : Opinyon | Jean Casimir : « Lang blan yo p ap pran peyi a pou yo »

M ka twonpe m. Men, menm sa. Pito nèg montre m you lòt jan pou m kapte ladrès kreyòl la. Lang sa a pa gen a revwa ak eksperyans istorik «Blan franse». Blan franse, nan Sen Domeng, gen po blanch, se vre. Men se  you ti zing nan moun po blanch yo ki «Blan» (etranje) e ki pale lang enperyal la.

«Blan poban» anba baton kou Nèg nwè «Blan franse» achte ann Afrik. E si tout «moun po blanch» jwenn pi bon tretman pase Nèg nwè nan koloni an, se tèt pa li «Blan franse» ap pwoteje; se pa sanzave lakay yo y ap fasilite. Yo rele malere lakay yo : «les gens du dernier néant». E pakèt «blan mannan» sa yo pa ase sòt pou y al kwè tou sa Blan franse ap rakonte sou do yo.

Lekòl nan peyi a poko enterese montre elèv ak etidyan ladrès ak bèlte kreyòl la.

Lè mwen di «nou bezwen lang blan yo», kòm se kreyòl m ap pale, sa vle di an franse : «on ne peut pas se passer des langues impériales». Mwen repete konsèp «lang enperyal la» 19 fwa nan dènye liv mwen an. Enterè m, se pa si lang franse a nan eritaj pèp ayisyen ou pa. Se wòl lang sa a jwe nan lavi Ayisyen, m ap pousuiv; you wòl ki pa menm avan 1804, nan 19èm, 20èm ou 21èm syèk la, suivan se sa Leta ou byen sa nèg save ekri ou di ke w ap obsève.

Ou ka li tou : Opinyon | Lagrandyab ak lang pèp souvren

«Blan franse» konn kouman pou yo defann tèt yo e yo pa manke mwayen pou sa. Malere kouwè m bezwen konnen ak ki resous pèp ayisyen sèvi pou l pa peri. Nou ta pi rich si nou te pale, apre kreyòl, tout lang enperyal yo. Men, laverite sè ke nou poko rive la. Se chache nèg ap chache. E se pa nan goumen kou chen ak chat, n ap ede pèp souvren wete vèni «Blan» tache sou po do l depi 1492.

Jean Casimir

Foto kouvèti a : «Le Héros» Celestin Faustin/Nader Haitian Art Gallery


Pou rete konekte ak AyiboPost :

▶ Entegre kanal Telegram li an : klike la

▶ Entegre gwoup WhatsApp li an : klike la

Jean Casimir, doktè nan sosyoloji, ap anseye nan Fakilte Syans Imen, Inivèsite Leta Ayiti.

    Comments

    Comments are closed.