AYIBOFANMLe BlogOpinionsSOCIÉTÉ

Opinyon | Èske se gran jipon k ap pwofite sou do malerèz nan koze feminis Ayiti ?

0

Lit pou dwa fanm konsène tou moun e sa dwe yon priyorite tout tan

Batay pou byennèt, se sa tout militan ap klewonnen nan kontèks sosyopolitik nap viv jodia kote nap rele chalbare dèyè  koripsyon ki lakoz move lavi. Chapantay sosyete miwo miba sa a dwe chanje. Fòk chodyè a chavire.

Pawòl liberasyon sa a se pou kaba tout fòm opresyon. Tout? Non! Jouk jodi a fanm yo santi anpil ostilite lè y ap abòde opresyon yap sibi.

Pale koze kò fanm ak konsantman l pa ka nan deba liberasyon an tou? Poukisa pawòl sa a gen lèl pou l pale. L ap rete nan jounen 8 mas oswa 25 novanm nan ? Se lè konsèvatè matchis yo vle l pale lap pale sinon se divèsyon ? Tizonnay, vyolans vèbal, psikolojik ak seksyèl se detay nou ka wè apre, si gen tan ?

Kò fi a se zam pou li afime mounite l, pyès moun pa gen dwa di l ki moman ki pi pwopis pou l defann li. Lit lap mennen pou byennèt li se yon priyorite pou li e pou syosyete a an jeneral.  Lè esklav yo tap mawon, yo te kouri al kache kò yo pou yo siviv e reprann kontwòl kò yo. Se te yon zak politik!

Feminis poukisa ? 

Youn nan kòve militan dwa Fanm kondane pou fè se toujou raple kòz sila a se kòz lavi ak byennèt tou. Tout bat bouch san rete sa yo se pa paske manke konprann, men pito matchis ak konsèvatè yo kanpe doubout ak yon movèz fwa San parèy.

Nan yon diskou Thomas Sankara te bay 8 mas 1987 sou liberasyon fanm li di: Pandan revolisyon an, koze liberasyon an se pwomès ki deja reyalite pou gason, pou fanm sa rete nan estad rimè. Poutan nanpwen anyen ki ka konplè, desizif epi dirab toutotan yon valè moun (fanm) pa ka afranchi yo de esklavaj […] Ouvriye ki oprime a (vyolans sou baz klas) al geri bosko li sou madanm li (vyolans sou baz sèks) […] Kesyon kondisyon fanm nan inivèsèl, li rejwenn kesyon dwa moun […]. 

Dapre kèk moun, kou nou rezoud pwoblèm lamizè ak grangou tout fanm pral byen pase. Men e peyi tankou Lafrans kote kondisyon lavi moun yo miyò, men yon fanm mouri anba men yon nonm chak 2 jou a? Kòmkwa, dominasyon gason sou fanm te tann sistèm kapitalis la poul te egziste ?

Nou rekonèt sistèm kapitalis la kreye tout kondisyon poul tire pwofi nan ekplwate fanm/gason pòv ki pa blan. Cinzia Arruzza, Tithi Bhattarya ak Nancy Fraser di sa nan yon manifès anti-sistèm, anti kapitalis k ap pwone yon feminis ki makònnen ak lòt lit yo: « Feminisme pour les 99% ». Nan liv sa non sèlman yo di ke lit feminis la dwe antikapitalis men mouvman antikapitalis yo (lagoch) dwe pran an kont kondisyon lavi fanm yo nan rapò seks yo.

Feminis pou kilès?

Se gran jipon kap pwofite nan òganizasyon feminis yo sou do malerèz. Feminis la se yon mouvman enpòte! Sa a yo se kèk agiman antifeminis yo  itilize pou delejitime, krache sou aki batay feminis yo epi banalize avanse ki fèt, si nap site chèchèz Danièle Magloire nan rale li fè nan esè kolektik « Déjouer le silence : contre-discours sur les femmes haïtiennes » nan chapit « l’antiféminisme en Haïti ».

Souvan moun k ap fe mòd kritik sa a yo rale Karl Marx mete devan nan yon bèl diskisyon kòmkwa yo pa t ap fè referans ak ideyoloji yon filozòf etranje, poun rete nan repwoch ki ta fè kwè kòz feminis lan enpòte. Sa ki pa tap gen pyès mal ladann paske konesans ak enfòmasyon sou divès fòm lit ka soti toupatou nan mond lan poul anrichi nou epi  moutre n ekpreryans moun fas a opresyon inivèsèl, poun site Fania Noel, ki se yon otris feminis manm « Mwasicollectif » nan yon ti bat bouch nou te gen ak li sou kesyon an. Mwasicolletif se yon regwoupman Afwofeminis kap milite Lafrans.

Wi, òganizasyon feminis yo gen limit yo ak pwoblèm yo, tankou tout lòt enstitisyon nan sosyete sivil la.  Kounya a kesyon an se : poukisa leta pa pran responsablite l kòmsadwa ? Pouki n ap mande òganizasyon feminis yo kwoke djakout yo kote men leta a pa vle rive ? Paske se pa pwoblèm leta se pwoblèm fanm ?

Dapre sa Angela Davis, militan maksis, feminis, anti rasis nan yon entèvyou li bay nan revi Ballast di: “Nanpwen mannyè pou mouvman anti rasis la jwenn rezilta si klas, sèks, oryantasyon sekyèl ak nasyonalite pa pran an konsiderasyon nan lit la. Lontan nou te pèsevwa tout batay pou libète kòm lit gason, libète nwa te rezime a libète nèg nwa si n ap pran egzanp Malcom X ak anpil lòt. Men jodia  sa pa posib ankò. Dayè feminis dwe zafè ki konsène tout moun.” 

Yon mouvman enpòte épi ki kont gason?

Si gen tout rezon pou nou mefye nou de yon feminis liberal kap mande egalite salè ak gason pa egzanp, men ki pa gade ekplwatasyon fanm travayèz k ap pwòpte salte mond lan pou konfò yon ti gwoup,  di batay fanm ayisyèn yo enpòte se mal konnen ni konprann orijin batay sila a.

Si nap remoute sou lesklavaj, lit fanm ayisyèn se yon batay anti kolonyal, anti enperyalis lè nap konsidere epòk ki te kale « Ligue féminine d’action sociale », ki te kont lokipasyon amerikèn, kidonk kont enjerans.

Nan dat 3 avril 1986, 30,000 fanm ayisyèn pran lari pou libète ak byennèt jèmen apre rejim bout fè Duvalier yo. Mouvman feminis ayisyen an pa janm kanpe lwen batay demokratik yo e pou pi pre an 2018, gen òganizasyon feminis ki te apiye batay redisyon kont sou Petrokaribe a. Batay feminis ayisyen an kanpe fas a yon sistèm kap demounize, banalize vyolans sou fanm, sou tout moun, sou tout fòm.

Nègès  Dayiva

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *