Opinions

Opinyon | Enpòtans onètete nan ledikasyon yon moun

0

Otan gen moun malonèt Ozetazini k ap bay manti pou dan griyen, k ap bay fo temwayaj, k ap simen « fake news », gen yon bon kouch tou ki kwè tout bon vre nan valè onètete e ki pratike l nan anpil sitiyasyon

Sa gen kèk semèn, m al pran yon poz-repa nan yon makèt bò travay mwen Ozetazini ki gen yon ti restoran andan l. Lè m pran wout tounen, mwen santi pòch mwen parèt pi lejè.

Lamenm m tcheke bous mwen, mwen pa santi l. Lè m panse a lisans e kat kredi mwen pra l pèdi, kè m fè yon sèl sote.

Mwen pral blije kouri fè yon pakèt apèl rapido-presto pou yo pa volè idantite m e afekte kredi m. Nan yon kout zeklè mwen kase tèt pou al gade si m jwenn bous la atè ou kèk lòt kote li ta glise tonbe.

Tansyon m monte disètotè, kè m ap bat tankou yon woulman tanbou, m ap repire fò kòmsi m bezwen oksijèn.

Mwen potko fè senk pa tounen anndan makèt la lè m tande yon jèn gason ki sou kès rele non m jis sou gade figi m.

Li ouvri yon tiwa e li remèt mwen bous la ak tout sa k te ladan l. Se ak anpil kontantman e rekonesans mwen remèsye l pou tout traka ak tèt fè mal li evite m sibi.

Lire aussi : Lyonel Trouillot | Radicalité et humilité pour une construction nationale

Sou wout kondwi tounen travay, lespri m t ap flannen sou kijan anpil moun nan sosyete sila aji ak sa ki parèt yon onètete natirèl. Kòm egzanp, anpil sitwayen Ameriken wè li nòmal nan nenpòt okazyon pou yo mete yo an liyn jantiman, mande ki moun ki te la avan, sousye yo pou tout moun jwenn sèvis.

Se konsa lide m rive touswit sou moun peyi m. Menm jan ak anpil sosyete sou latè, nou gen anpil moun nan peyi a ki onèt, ki sensè, ki dwat, ki pwòp.

Men gen yon pil ak yon pakèt lòt ki mantè, mechan, malveyan, move grenn kote menm bonjou yo pa laverite.

Akòz dividal sitwayen malonèt sa yo, anpil nan nou konn di Ayisyen pa renmen pale verite.

Men nou pa dwe fè yon jeneralizasyon sou tout moun peyi a. Nou pa dwe ap rabese tèt nou.

Lè m byen reflechi sou valè ak prensip onètete nan yon sosyete mwen panse gen anpil rezon ki ka esplike l. Li tabli daprè mwen sou yon melanj levasyon, edikasyon ak sanksyon nan mak fabrik mantalite sitwayen yo.

Pou m elabore mwen pral fè yon konparezon tou kout sou valè onètete nan sosyete Ameriken ak sosyete peyi nou.

Onètete boujonnen nan levasyon.

Otan gen moun malonèt Ozetazini k ap bay manti pou dan griyen, k ap bay fo temwayaj, k ap simen « fake news » chaje ak prejije e malveyans kòmanse pa kèk prezidan rive sou yon senp sitwayen, gen yon bon kouch tou ki kwè tout bon vre nan valè onètete e ki pratike l nan anpil sitiyasyon.

Nan domèn levasyon, anpil paran Ameriken kwè li bon pou edike timoun yo pou yo onèt, menm jan yo te jwenn prensip sa nan men paran yo.

Paran sa yo fè jefò douvan timoun yo pou yo bay bon egzanp nan di laverite, fè sa ki dwat nan tout aktivite yo, defann enterè pèsonèl yo san yo pa kraze lòt moun. Yo elaji prensip la nan defann enterè sila ki pi fèb nan sosyete a tankou timoun, grandèt, andikape, moun ki nan prizon, rive menm sou zannimo k ap viv lakay yo.

Vale onètete transmèt tou nan sèk fanmi nou an Ayiti menm jan.

Anpil paran devwe tèt yo pou timoun yo soti « moun de byen » nan sosyete a. Paran sila konn asosye yo ak vwazinay kote tout grandèt nan yon katye, lakou, oubyen yon bouk ede yo nan edike timoun yo. Se konsa menm lè paran yo pa la gen je k ap veye.

Men anpil edikatè ak komantatè politik ak sosyal panse anpil paran sèjousi f on lage gidon nan bay bon egzanp, veye sou timoun yo, frekantasyon yo, sa y ap gade nan televizyon ak sou rezo sosyal yo, ki kalite mizik yo koute. Yo panse tou sosyete a renmen rantre tikrik tikrak nan jwèt mètdam ki se yon lòt fòm manti – yon manti an daki, an kachèt, pou fè yon moun kwè sa k pa sa.

Yo rapouswiv nan di nou renmen mawon nan pale n ak aksyon n. Nan bay poto pou yon randevou nou te fin pran. Nan pa reponn yon apèl telefòn tankou nou pa t tande mesaj la. Nan pa reponn yon tèks tankou nou pa t wè l. Nan pa prezante n lè jij konvoke n nan tribinal. Nan kache nan mòn ou a letranje pou n pa fè fas kare ak responsabilite nou.

Se devwa paran, grandèt, fanmi pou ankadre timoun yo, fè moral yo, fè tèt yo, fè yo reflechi, bay yo bon prensip ki chita sou laverite, respè youn pou lòt, seryozite, solidarite, jistis, elatriye. Sa te konn fèt nan tan pase yo, sa toujou ap fèt jodiya malgre tout move egzanp lemond, lasosyete, politisyen, kèk legliz, ak kèk chèfdeta nou yo mete devan je n chak jou ki jou. Paran responsab yo pa ka dekouraje, fò yo kenbe djanm kinalaganach !

Onètete devlope nan edikasyon

Valè onètete pwopaje tou nan sistèm edikasyon klasik Ameriken yo, soti nan kindègaden rive nan inivèsite. Se depi yon sitwayen tikatkat l ap aprann enpòtans di laverite, pa bay manti sou yon lòt timoun parèy li, aprann rezoud konfli nan pale san goumen, aprann aksepte blam lè yo antò san yo pa di: “Se pa fòt mwen”. Aprann resevwa pinisyon lè yo fè yon move zak.

Nan sistèm edikatif Ameriken an, yo kwè leson onètete nan lekòl se yon pati enpòtan nan aprantisaj sosyal-emosyonèl pou edike e fòme karaktè yon elèv.

Onètete konsidere plis pase prensip “pa bay manti”. Li valorize verite jan li ye a san li pa makiye l, san l pa mete ni wete sou li. Li aprann elèv yo pou yo aji ak jistis e entegrite, aprann asime erè yo.

Se nan sans sa elèv yo aprann enpòtans pou yo pa pran poul nan egzamen, pa fè moun fè devwa pou yo, aprann site sous rechèch yo nan memwa yo, pa volè travay entelektyèl lòt moun fè e fè l tounen pa yo – tout sa yo rele globalman “entegrite akademik”.

Sa pèmèt yo konprann konsekans aksyon ki malonèt ni lan lekòl ni nan lavi.

Sistèm edikatif pa nou dwe kontinye tabli menm objektif sa yo pou valorize onètete, men li toujou dwe adapte a kilti e mantalite moun peyi a. Li dwe montre enpòtans laverite nan sosyete nou, kijan li ka pèmèt nasyon an soti nan soudevlopman, fè pwogrè, fè demokrasi nou vin djanm.

Depi yon timoun rantre lekòl jis li fini inivèsite fò li pran leson sou etik ak lamoral, sou kijan pou l aji kòm yon sitwayen onèt, respektab, konsekan pou sosyete ak peyi a.

Fò li dekonstwi pwazon edikasyon dikdantan ki motive l pou l tounen Malis e konsidere zòt kòm Bouki. Kou lamoral ak etik, ki ka entegre nan kou sivik, dwe nan program edikasyon tout lekòl kapital kou pwovens.

Onètete kore nan sanksyon

Dènye pwen ki voye monte onètete nan sosyete Ameriken an se yon sistèm sanksyon ki chita sou blam, denonsiyasyon, akizasyon, arestasyon, jijman, kondanasyon e met nan prizon moun ki malonèt pou sa yo di oubyen sa yo fè. Nan blayi sanksyon, sistèm jistis la pini moun k ap fè korispsyon, k ap volè – sitou lajan leta, k ap bay manti, bay fo temwanyàj, komèt tout kalite krim ak tout kalite zak dèyè do lalwa, elatriye. Apa prizon e peye lajan kòm dedomajman, yo mete yo sou kote lasosyete pou tout pòs ki gen responsabilite, men yo bay yo posibilite tou pou yo edike e reyabilite tèt yo.

Sou bò pa nou, sistèm sanksyon se pi gwo feblès ki merite korije. Nan fanmi, sanksyon pa dwe chita sou bay baton. Tan sa depase. An reyalite sistèm koreksyon baton pa t janm te dwe fèt. Se yon eritaj lakoloni e fò nou dekolonize tèt nou sou sa. Baton pa dwe bay ni lakay, ni lekòl, ni nan prizon.

Fò fanmi yo jwenn lòt fòm pinisyon ki pou bay koreksyon san soufrans fizik, san imilyasyon, san retire sou manje. Pa egzanp, konfiske pou yon ti tan yon telefòn pòtab yon jenn gason oubyen yon jenn fi lè li mal aji gen dwa yon pinisyon ki ka bay bon randman.

Nan nivo sosyal, malerezman sistèm lajistis nou an degraba. Anpil koripsyon gaye nan mitan jij nou yo tankou yon kansè. Koripsyon konn enfekte gouvènman nou yo rive sou Laprezidans. Men lajistis gen fòskote. Volè kabrit ap manje prizon san l pa janm jije aloske volè leta ap banbile kè poze e kèkfwa ak awogans yon matadò sipèb. Ansyen Minis Henri Bazin te konn di : « Ou dwe onèt, sitou an rapò ak byen leta ».

Kidonk li pa etonan pou anpil moun panse pou soti tèt yo nan lavi a fò yo bay manti, volè, fè krim, asosye yo ak gang, vann konsyans yo ou menm kò yo. Jèn jenerasyon an konn akize ansyen yo. Men jan Ekonomis Etzer Emile di l : « Jèn pa vle di onèt ». Nou ka di tou : Granmoun pa vle di malonèt. Se nan retabli yon jistis ki pwòp, ki kredib e ki sanpaspouki n ap bay valè onètete a jarèt e fè l blayi nan sosyete a.

Pwojeksyon pou lavni

Se aplikasyon ansanm tout eleman sa yo nan sosyete Ameriken ak sosyete pa nou ki ka pemèt yon moun vin reyaji ak onètete otomatikman. Moun pa fèt ni bon ni move, yo tounen yon prodwi kondisyonman kiltirèl ak sosyal kote se tradisyon ak pwomosyon valè ki fòme yon sitwayen. Pa gen yon sosyete pafè, tout sosyete ap feraye pou vin pi bon. Nan ka pa nou, fò tout paran tounen nan misyon esansyèl levasyon timoun yo. Fò peyi a ofri edikasyon valab pou tout moun tout kote. Fò sistèm lajistis remanbre pou chak sitwayen egal douvan lalwa. Nou gen anpil mòn pou n monte, men nou pa dwe dekouraje, zansèt yo te montre n chimen pèp ki konn sa l vle.

Otè : Patrick André


Pou rete konekte ak AyiboPost :

 Entegre kanal Telegram nou an : klike la

 Entegre chanèl WhatsApp nou an : Klike la

 Entegre Kominote WhatsApp nou an : klike la

Je suis Patrick André, l’exemple vivant d’un paradoxe en pleine mutation. Je vis en dehors d’Haïti mais chaque nuit Haïti vit passionnément dans mes rêves. Je concilie souvent science et spiritualité, allie traditions et avant-gardisme, fusionne le terroir à sa diaspora, visionne un avenir prometteur sur les chiffons de notre histoire. Des études accomplies en biologie, psychologie et sciences de l’infirmerie, je flirte intellectuellement avec la politique, la sociologie et la philosophie mais réprouve les préjugés de l’élitisme intellectuel. Comme la chenille qui devient papillon, je m’applique à me métamorphoser en bloggeur, journaliste freelance et écrivain à temps partiel pour voleter sur tous les sujets qui me chatouillent.

    Comments