InsécuritéOpinions

Opinyon | Diskou anti-dwadelòm lan soti nan pwopagann pouvwa a. Se yon gwo danje.

0

Yon bò, li detounen atansyon popilasyon an sou responsablite otorite yo. Yon lòt bò, pwopagann anti-« dwadelòm » ka sèvi dra pou kouvri vyolasyon dwa moun, Gerdy Ithamar Pierre-Louis analize

Depi vandredi 12 mas 2021, pèp ayisyen sou jenou li, li ap fòse fè dèy kat pitit gason li ki disparèt tankou yon kout zèklè anba men bandi sanginè. Kè nou ap senyen, nou sou emosyon, nou ap chache responsab dram sa a.

Men nan chache, anpil nan nou kite sak la pou nou bat pay la. Nou ka wè sou rezo sosyal yo, gen yon diskou ki ap byen mache : « Moun dwadelòm yo anpeche lapolis travay », « Dwadelòm se pou bandi, se pa pou polisye ». Diskou sa a pa soti nan syèl, e li se yon gwo danje pou tout sosyete a.

Diskou « Dwadelòm pa pou polisye yo» pa laverite

Pou kòmanse, diskou anti-« dwadelòm » lan ta vle montre òganizasyon ki ap defann dwa moun yo pa janm pran defans polisye nou yo. Lide sa a pa laverite. Òganizasyon dwa moun yo pran pozisyon piblik pou defann dwa polisye yo.

Pa egzanp, nan yon rapò ki gen pou tit Vers l’extermination des agents de la Police Nationale d’Haïti, Réseau national de défense des droits humains (RNDDH) bay rezilta yon ankèt sou peryòd janvye 2015 pou rive mas 2016, kote anpil polisye te tonbe anba bal bandi. Òganizasyon an denonse move kondisyon antèman polisye sa yo ak difikilte fanmi yo jwenn pou resevwa chèk defen yo. Rapò sa a abòde tou kesyon asirans-lanmò pou polisye yo ak suivi dosye yo nan lajistis. Alafen, RNDDH fè otorite yo plizyè rekòmandasyon. Sou sit entènèt RNDDH la, gen plizyè lòt tèks ki ale nan sans defans enterè polisye yo : yon lèt tou louvri pou denonse fason PNH la te trete 84 polisye nan vennsèzyèm pwomosyon an, yon nòt pou mande plis mwayen pou polisye yo travay, yon pledwaye kote òganizasyon an sipòte dwa polisye yo genyen pou fè sendika

Nan menm sans lan, Fondasyon Je Klere (FJKL) soti yon kominike pou denonse abi otorite, enjistis, move tretman, diskriminasyon, tizonnay, mepri ak koripsyon ajan PNH yo ap sibi nan men wo grade yo, chantaj sekyèl madan polisye yo sibi lè yo mouri, kesyon asirans yo pa benefisye.

Diskou anti-« dwadelòm » lan ta vle montre òganizasyon ki ap defann dwa moun yo pa janm pran defans polisye nou yo. Lide sa a pa laverite. Òganizasyon dwa moun yo pran pozisyon piblik pou defann dwa polisye yo.

Nan sans sa a, FJKL te pote sipò li pou dwa polisye yo genyen pou fè sendika pou defann tèt yo. Pandan ane 2019 la, Fondasyon an te denonse tou fason ensekirite a sible polisye yo.

Pou fini, Bureau des Avocats Internationaux (BAI) te pran pozisyon tou pou defann dwa sendika anndan PNH la. Konsiderasyon sa yo montre diskou ki vle fè kwè òganizasyon dwa moun yo ap travay kont enterè polisye yo, yo pa janm pran defans dwa yo, se pa laverite.

Diskou anti-« Dwadelòm » soti nan pwopagann pouvwa an plas la

Li pa sifi pou montre diskou anti-« dwadelòm » lan chita sou manti. Li enpòtan tou pou montre ki kote li soti. Diskou sa a kòmanse nan kad konferans pou laprès ansyen minis jistis la Lucmane Délile te òganize jou ki te 9 jiyè 2020 an, kote li te anonse lapolis pral dechouke gang k ap simen latwoublay nan peyi a. Apre yon jounalis te fè li sonje se pa premye fwa li fè fòm deklarasyon sa yo san li pa poze okenn aksyon, ansyen minis la te deklare : « Chak fwa ou met men sou yo, ou vle met men sou yo, gen yon gwoup moun ki kanpe anfas nou ki di ou pral fè masak, ou pral fè sesi ou pral fè sela ».

Li enpòtan pou raple nan menm jou konferans pou laprès sa a, Lucmane Délile te resevwa lèt revokasyon li. Nouvo minis Jistis la, Rockfeller Vincent, te itilize menm langaj la pou denonse travay òganizasyon dwa moun yo li di ki ap fè rapò  ki gen fòs kote, nan objektif pou destabilize pouvwa a epi ankouraje vyolans nan peyi a.

Diskou sa a kòmanse nan kad konferans pou laprès ansyen minis jistis la Lucmane Délile te òganize jou ki te 9 jiyè 2020 an

Deklarasyon sa yo rantre nan kad pwopagann,  ki se youn nan gwo mak fabrik pouvwa an plas la. Rejim PHTK a envesti gwo mwayen pou oryante opinyon piblik entènasyonal ak nasyonal la nan sans ki bon pou li.

Dapre Miami Herald, alòske peyi a pa menm gen lajan, an fevriye 2018, pouvwa a te angaje yon gwo antrepriz relasyon piblik ki rele Mercury pou ede li jere imaj li. Antrepriz sila te resewa 4 690 dola ameriken chak mwa pou sèvis sa a.

Gouvènman an te peye yon lòt antrepriz 25 000 dola ak yon konsiltan 5 000 dola pa mwa pou fè menm travay la.

Anndan peyi a, rejim nan itilize medya tradisyonèl yo ak rezo sosyal yo pou fè pwopagann. Sou Facebook ak Twitter, gen itilizatè ak paj ki ap pataje anpil fo enfòmasyon. Malerezman, manti sa yo fasil pou anvayi rezo yo epi rantre nan tèt sitwayen ak sitwayèn yo. Gwo matrakay ki ap fèt kont òganizasyon dwa moun yo apre echèk operasyon Village de Dieu a ale nan sans sa a.

Diskou anti-dwadelòm nan se yon gwo danje sosyal ak politik

Pwopagann anti-« dwadelòm » pouvwa a se yon gwo danje pou de rezon. Yon bò, li detounen atansyon popilasyon an sou responsablite otorite yo.

Pa egzanp, nan sa ki konsène dènye operasyon ki fèt nan Village de Dieu, gouvènman an te deja resevwa anpil kritik sou move kalite blennde pouvwa egzekitif la te achte pou plis pase 2 milyon dola vèt. Sis mwa apre egzekitif la te fin achte yo, 9 nan 15 blennde sa yo te deja pran pàn, plizyè foto kote bandi pèse kawotchou yo ak bal t ap sikile sou entènèt depi nan lane 2020.

Jou ki te 10 mas 2021 an, sa vle di 2 jou anvan operasyon Village de Dieu a, James Boyard, ki se yon gwo fonskyonè nan lapolis, te envite nan emisyon Ayiti sa k ap kwit sou Tele20. Nan emisyon sila, espesyalis sekirite piblik la te eksplike blennde lapolis yo se blennde pou fè patwouy, yo pa ka fè penetrasyon nan fyèf gang yo.

Malgre tout alèt sa yo, kòmandman lapolis la chwazi sèvi ak blennde sa yo pou fè polisye SWAT ak BOID yo rantre anndan Village de Dieu. Nan sitiyasyon sa a, se kòmandman an ki dwe pote responsablite dram ki rive a. Anplis, fòk nou soulinye lyen ki genyen ant gwo otorite nan Leta ak gang yo. Se zam, minisyon, ak lajan gang yo resevwa nan men yo ki fè yo rive dewoute inite lapolis ki resevwa pi gwo antrenman nan peyi a.

Depi an 2019, Jean-Rebel Dorcénat, ki se manm Commission nationale de désarmement, démantèlement et réinsertion (CNDDR) te deklare gen 11 moun nan peyi a ki kontwole komès zam ak minisyon. Dapre li, moun sa yo se ofisyèl nan Leta ak moun nan sektè prive a. Si Leta konnen endividi sa yo, si li pa konplis yo, poukisa li pa mete yo anba kòd ? Eske se responsablite òganizasyon dwa moun yo pou kwape trafik zam ak minisyon nan peyi a ? Kesyon enpòtan sa yo ta dwe ranplase diskou « anti-dwadelòm » nan nan opinyon piblik la.

Gras ak enfliyans pwopagann sila, anpil sitwayèn ak sitwayen mande pou « lage bonm sou Village de Dieu » paske « pa gen inosan nan Vilaj ». Deklarasyon sa yo pa laverite. Anndan katye difisil sa a, gen ti bebe, gen moun andikape, gen etidyan

Yon lòt bò, pwopagann anti-« dwadelòm » lan se yon gwo danje paske li ka sèvi dra pou kouvri vyolasyon dwa moun. Gras ak enfliyans pwopagann sila, anpil sitwayèn ak sitwayen mande pou « lage bonm sou Village de Dieu » paske « pa gen inosan nan Vilaj ». Deklarasyon sa yo pa laverite. Anndan katye difisil sa a, gen ti bebe, gen moun andikape, gen etidyan (pa egzanp se la fanmi etidyan Grégory Saint-Hilaire lapolis te asasinen gen kay yo). Kidonk nan zòn sa a, gen moun onèt ki pa gen mwayen pou ale rete lòt kote, ki pa ta ka rete nan sitiyasyon terib sa a si yo te gen lòt opsyon. Leta gen obligasyon pou pwoteje moun sa yo nan entèvansyon lapolis ap fè nan zòn nan. Se responsablite yo.

Diskou anti-« dwadelòm » k ap ankouraje entèvansyon je fèmen nan Village de Dieu montre enpòtans lavi moun depann de pozisyon yo nan sosyete a, de zòn kote yo rete. Lavi moun Village de Dieu pa konte menm jan ak moun Dèlma, Petyonvil, Pèleren, Laboul, Fèmat, Kenskòf eatriye. Se yon diskou tèt chaje ki montre travay òganizasyon dwa moun yo enpòtan pi plis toujou pou tabli yon veritab kilti respè dwa moun nan peyi Dayiti.

Gerdy Ithamar Pierre-Louis

Foto kouvèti : Valérie Baeriswyl

Commentaires

Gerdy Ithamar Pierre-Louis
Juriste et gestionnaire de projets, Gerdy Ithamar Pierre-Louis est une haïtienne qui s'engage pour de meilleures conditions de vie dans son pays

Comments

Comments are closed.