CULTURESOCIÉTÉ

Nan Pòtoprens, plizyè galri ki ekspoze travay atis pent prèske fèmen

0

Depi ane 1990 yo, galri ayisyen yo te kòmanse pèdi gwo kliyan yo te genyen. Moun nan peyi a pa rantre fasil nan galri ki ekspoze travay atis pent. Pa gen touris ki vin vizite yo ankò. Nan ane 2019 la, galri yo sanble kote ki prèske abandone. Gen kèk nan yo ki sou wout fèmen. 

« Pandan mwa jen an, mwen te resevwa yon sèl vizitè nan galri isit la. Mwen pa ka achte lòt penti. Atis pa ka vrèman ap viv sou penti yo », sa se deklarasyon Maria Isabelle, pwopriyetè Galerie d’art Collection Flamboyant ki chita kò l nan Petyonvil.

Nader Art Gallery se yon lòt gwo espas ki gen plis pase 50 lane sou mache ayisyen an poutan lap soufri menm pwoblèm yo. Rive nan espas la jou kite 8 jiyè 2019, pa t gen okenn vizitè. Responsab yo t ap pale antre yo. Georges Nader, mèt galri a fè konnen « Se menm jan ak tout lòt kote. Pa gen vizitè, espas la jis louvri jan sa konn fèt lontan ».

Tout tablo yo byen ranje, ap tann yon piblik ki sanse bliye yo. Pou Maria Isabelle, « Peyi a gen pwoblèm nan tout kò li. Sa menm afekte nou menm ki nan zafè galri yo. Fè yon galri viv san vizitè se yon gwo chay li ye ».

Galri Nader. Foto : Snayder / Ayibopost

Kote galri yo ye a se youn nan pwoblèm yo

« Mwen renmen penti ayisyen yo. Men, gen yon pwoblèm paske m rete Tijo, map travay anba lavil, si m pa bezwen Petyonvil m pa monte. Imajine, èske mwen ap janm moute al nan yon galri Petyonvil si se pa yon ekspozisyon yon pent m renmen pou m al sipòte ?», sa se pawòl Thomas Jean Joseph ki gen yon mastè nan “histoire de l’art”.

Judith Michel, responsab pedagojik ak sipò pou kreyasyon atistik nan Centre d’Art eksplike pozisyon galri yo pa jis yon detay san enpòtans. Se yon kontrent li ye pou moun yo monte Laboul oubyen Petyonvil al jwenn galri yo pou yon ekspozisyon. Li di : « nan listwa galri, tout galri te nan blòk Bisantnè a oubyen nenpòt kote nan sant vil la, konsa yo te tou pre popilasyon an. Detanzantan yo monte kite mas popilasyon an yo al ateri Petyonvil, yon kote yo swadizan di ki gen plis sekirite ».

Yon lòt bò, enstabilite politik dekouraje touris antre nan peyi Dayiti a e sa tou, lakòz aktivite galri yo ralanti anpil.

Kiyès ki kliyan galri yo?

Daprè kat responsab galri, se touris aletranje ki plis achte penti ayisyen yo. «M paka di ayisyen pa achte men se 80% etranje ki konsome travay atis nou yo» se sa Georges Nader deklare. Selon sa li di, pa gen galri san touris aletranje yo.

A 80%, se etranje ki konsome travay atis nou yo

Pi fò tablo pent ayisyen fè soti nan sous enspirasyon popilè ak espirityèl nasyon an, « se sanse penti sa ki enterese touris etranje yo. Se li tou ki mete nou an valè devan je yo. Yo reprezante yon gwo pwa nan balans ekonomik la pou nou ».

Ekspoze yon atis pent pote gwo kontantman

Menmsi bagay yo difisil, responsab yo montre yo gen kontantman nan sa y ap fè a. Pou yon moun jere yon galri, fòk li gen lanmou ak pasyon pou li, se pa selman kòb la li dwe wè.

Pou Maria Isabelle, se pa lajan ki kenbe li, se pito afeksyon pou chak tablo ki ekspoze yo. « Depi mwen pa vin nan galri a, m santi mwen manke yon bagay. Mwen mèt pa fin anfòm, depi m rive la m dwe jwenn yon kè kontan». Ret nan espas galri a ede li rankontre tèt li, konekte ak emosyon li yo, « paske, kèlkeswa gwosè tablo a, ekspoze yon atis rete yon gran moman, ki chaje emosyon ak dezi ».

Georges Nader bò kote pa li ajoute, galri Nader gen devwa pou li konsève sa li genyen tankou patrimwàn.« Lè yo ekspoze yon moun nenpòt kilè yon moun ka vin gade travay la. Nenpòt moun ki rantre nan espas la dwe wè li se yon espas patrimwàn pou peyi a nan dosye penti. Se sa ki fè nou kontan kenbe ».

Pa gen kominikasyon nan mitan responsab galri yo

Te gen yon asosiyasyon ki te fòme ak responsab galri yo. Asosyasyon sa vin ret konsa moun pa gen nouvèl li, selon kèk responsab. « Nan metye sa an Ayiti, pa gen koneksyon vrèman. Chak moun ki responsab yon galri pa chache konekte ak lòt », selon sa pwopriyetè Galerie d’art Collection Flamboyant di. Pou li, se mank kominikasyon ki fè pa gen tèt ansanm nan mitan responsab yo. « Si nou te ini nou, nou te ka chache konnen ki sa nou ka fè pou nou rezoud pwoblèm yo ».

Responsab Nader Art Gallery a konkli : « Nou pa vrèman gen tan pou nou reflechi sou dosye asosyasyon an ki se yon plan B. Tout responsab ret konsantre sou pwoblèm y ap konfwonte ak galri yo a, konsa pou yo rive reyalize kèk bagay ».

Apre kokenchenn ravaj tranbleman tè 12 janvye 2010 la te fè nan peyi a, endistri touris la te reyisi efase anpil vye imaj nan lespri etranje yo. Malerezman, tout pwoblèm politik kap pase nan peyi depi kèk tan mete sektè touris la sou gwo pant. Kòm rezilta, pent ak responsab galri yo pèdi kliyan. Gen kèk galri ki kòmanse pale sou posiblite fèmen pòt yo nan jou kap vini yo.

Journaliste à Ayibopost. Je m'intéresse à la politique et à la culture.

Comments

Leave a reply

Votre adresse e-mail ne sera pas publiée. Les champs obligatoires sont indiqués avec *