ÉCONOMIEEN UNESOCIÉTÉ

Nan plas EDH, se Bandi ki jere kouran nan Fontamara

0

Nan Fontamara, yon zòn ki fè pati twazyèm sikonskripsyon Pòtoprens, se bandi ak zam ki fòme komite k ap jere kouran pou moun k ap viv nan ri « Capois la Mort» ak lòt ri ki nan vwazinaj la.

Chak kòmansman yon mwa, gen yon jenn gason ki pase nan chak ti lakou nan « Capois la Mort », pou li di « Biwo a ap anonse tout moun Kapwa Lamò ki poko vin peye kouran pou yo vin fè sa anvan dimanch. Si li pa fè sa vit, n ap debranche kab li a sou poto a ». Se konsa li te pote mesaj biwo a 6 me 2019 la.

Li fè dizè nan maten jou ki te 8 me 2019 la. Ricardo Noël, yon Jenn gason 37 lane, papa 2 pitit fi ki rete nan Fontamara 27 pwolonje, ri Capois la Mort vin peye dèt kouran pa li a ki se 250 goud. Nan wout pou moute nan wout sab la, se la biwo a ye. Se yon kote tout moun ki bezwen kouran deplase pou enskri epi peye chak mwa kouran ki te boule mwa anvan an. Poutan, espas la pa bay imaj yon kote ki gen yon biwo vre. 2 grenn chèz aliyen ak yon ti tab nan yon chanm kay, se la yo resevwa moun ki vin peye kouran.

Kòmanse depi anba mapou rive nan dènye limit Fontamara pa anlè nan blòk Sen Jid, majorite kay pa gen kontè. Tout moun rive gen kouran sou responsabilite nèg ak zam kap jere zòn lan. Se yo ki bay pri moun k ap viv nan zòn yo ap peye pou kouran an, tou depan de kantite chanm kay moun lan genyen.

Dapre Ricardo Noël, se pa EDH « Électricité D’Etat d’Haïti », k ap jere zòn lan. « Se pa dat m fè yon demann kontè nan EDH, jiskaprezan yo pa janm fè okenn swivi pou mwen jwenn kontè a. Depi lanne 2017, se pito nèg ak zam k ap jere bagay kouran an. Komite ki te konn travay pou EDH la kraze depi lè sa. Pèsonn pa ka di ni fè anyen kont nouvo nèg sa yo », Ricardo Noël fè konnen.

Daprè deklarasyon kèk moun nan zòn lan, si yon moun gen yon chanm kay li peye 100 goud. Li ap peye 200 goud si l gen de chanm, epi 250 goud pou twa chanm, elatriye.

 « Yo se Leta. Pèsonn paka di yo p ap peye biwo a, se swa w peye l pou w gen kouran, oubyen ou asepte viv nan fènwa. Si w pa peye epi w pran priz, bagay la ka difisil pou ou paske yo ka bat ou », yon mesye nan zòn nan deklare. Li pa vle site non li pou evite pwoblèm ak otorite enfòmèl zòn nan.

 

Kijan yon moun enskri ? 

Sa pa parèt difisil pou yon moun rive enskri kay li pou li jwenn kouran, selon kèk moun ki te asepte pale. Dapre Dieudonné François, yon abitan nan zòn wout sab, toujou nan Fontamara 27 : « depi w vle gen kouran, ou ale nan biwo a, ou di konbyen chanm ou genyen epi w bay yon frè 200 goud ».

Lè yon moun fin enskri, selon Dieudonné François, yo bay li yon ti kanè ki make tout mwa yo. Konsa chak lè yon moun peye mwa a, yo siyen pou ou. « Imajine tout moun bezwen kouran pou fonksyone, se ak li nou pase rad nou, sitou inifòm timoun yo. Se poutèt sa, san grate tèt, tout moun oblije kouri al enskri pou yo ka rive jwenn yon ti kouran lakay yo», li ajoute. 

Kote komite ki te la pou kouran an ?

Malgre se Leta ki mete kouran nan zòn sa yo, popilasyon an pa t gen abitid peye Leta kouran. Pa t gen okenn lyen ant popilasyon an ak EDH. Te gen yon komite ki te fòme ak moun k ap viv nan zòn yo pou reprezante popilasyon an nan biwo EDH. Se yo ki te konn ap jere pwoblèm kouran ki te konn gen nan katye yo, tankou si yon kab boule, si brekè osinon transfòmatè gen pwoblèm.

Komite sa vin kraze fen lane 2017, dapre Grégory (non li chanje pou evite li gen pwoblèm nan zòn lan), yon manm nan ansyen komite ki t ap jere zafè kouran nan ri « Capois La Mort ». « Nèg ak zam k ap dirije zòn lan mande nou menm nan komite a reyinyon, lè sa se te bandi « Boul 18 » ki t ap dirije zòn lan, sou lòd kòmandan Tibwa a. Yo mande nou pou n ba yo rapò, nou fè l. Epi, nan yon ti tan aprè, yo egzije tout sa k ap fèt sou dosye a se yo ki pou bay lòd », Grégory ajoute.

Li kontinye esplike « depi gen pase lòd, ou mèt konnen ou pap lib ankò. Se konsa komite a vin kraze epi yo vin fòme komite pa yo, ak moun yo. Se lè sa, yo vin pran desizyon fè chak moun ki gen kay nan zòn nan peye, sou kantite chanm li genyen ».

Selon temwayaj anpil moun nan zòn Fontamara, se nèg ak zam ki vin pran kòb yo nan biwo a, aprè yo fin kolekte lajan popilasyon an te pote. Men, pèsonn pa konn kisa yo fè ak lajan sa, ni si EDH gen pati pa li tou ladann. Pa gen moun ki konnen tou, si lajan sa se pou jere fonksyònman biwo a, oubyen si se pou nèg ak zam yo regle zafè gang.

Commentaires

Ayibopost Team
La rédaction de Ayibopost

    Youssoupha en concert pour les 5 ans d’AyiboPost

    Article précédent

    Le drapeau haïtien ne serait pas créé à l’Arcahaie

    Article suivant

    Commentaires

    Comments are closed.

    #ReteBranche : Pour ne rien rater, inscrivez-vous à la lettre Ayibopost