EN UNERECOMMENDEDSOCIÉTÉ

Nan Labatwa Maryani sa je wè, kè tounen

0

Nan Pòtoprens ak zòn ozanviwon li yo, moun kuit epi manje vyann bèf.   Anpil restoran  ofri vyann bèf nan bouyon, nan legim oubyen an taso.  Pou konnen nan ki kondisyon yo touye bèf yo,  jou ki te 28 fevriye 2019 la nou te deside al vizite Labatwa ki Maryani an, nan komin Gresye. Se kote sa ki rezève pou touye bèf ak kèk lòt bèt nou abitye konsome.  

 

Li te fè 6 zè maten konsa lè nou te pran direksyon wout Kafou pou n rive nan labatwa Maryani an. Se yon kote yo achte epi touye bèf. Espas sa se pwopriyete prive yon ansyen majistra ki rele Jean Valsius Estinval ki te dirije meri komin Gresye pandan 2 fwa. Li t ap dirije komin nan an 1988 sou prezidan Leslie Manigat. Men se depi an 1975 li te mete kanpe sou pye Labatwa a nan yon gran lakou. Li ta pral deplase l nan yon lòt anplasman nan menm lakou a nan lane 1985, daprè sa Julio Delva ki se prensipal responsab labatwa a fè nou konnen.

 

Aprè lizay salitasyon, nou te kwaze anviwon 10 jenn gason ak pèsonaj ki chita devan pòt labatwa k ap bay lodyans. Yo te ba nou otorizasyon al vizite anndan labatwa. Depi alapòt gen yon move sant ki di n bonjou. Mesye yo te konseye nou pa fè anpil tan andedan an paske sant la ap tou rete sou rad nou. Labatwa gen yon gwo chanm kote yo touye bèf epi yon tipiti soukote.

 

Nou te kapab konstate yon sitiyasyon malouk anndan gwo chanm nou te vizite a. Dlo sal prèske anviwonnen tout anndan an, epi twalèt melanje ak san bèf ap layite atè a. Akote yon douzèn po bèf, nou te konstate yon kolonn vè ap fè laloz. Sant ki t ap degaje anndan an te tèlman fò, nou te oblije soti nan yon ti pousyè moman.

« Labatwa rive nan yon nivo ki mande pou mèt li ta fè yon entèvansyon. Li rantre nan tè. Espas pou dlo a ta koule a bouche akoz pwoblèm kanalizasyon ki pa rezoud, mete sou kay ki konstrui nan wout la. Sa vin fè tout dlo yo rete anndan labatwa a » daprè sa Julio Delva rakonte nou.

 

« Zanma » 25 mil goud, bèf pou lwa 100 000 goud

Bèf yo touye nan labatwa Maryani an soti nan kat kwen peyi a daprè sa mesye yo rakonte nou. Pri yo varye anfonksyon de gwosè yo ak fòm fizik yo. Tankou gen « Zanma » (se tinon jwèt yo bay bèf ki pa fin kòdjòm, ki tèlman mèg ou ka wè tout zo kòt li), ki kapab koute 25 mil goud. Men w ap gen bezwen pafwa 100 000 pyas pou achte yon gwo gazèl bèf ki byen nouri. Li enpòtan pou n raple moun ki pral fè komès/revandè pa peye yon bèf nan pri sa paske li riske pa jwenn menm manman lajan lè l fin tchake vyann nan pou vann an detay. Se ougan ki konn bezwen bay lwa manje ki envesti tout lajan sa pou achte bèf. Pafwa tou konn gen moun legliz k ap fè banbòch ki vin peye l nan pri sa. Zafè achte bèf nan lakou Maryani se mezi lajan w, mezi wanga w.

 

Yon divizyon travay nan labatwa Maryani

Genyen yon divizyon travay ki tabli nan mannyè yo touye bèf nan Labatwa. An premye pozisyon ou jwenn yon moun k ap ranmase taks pou lameri  ki se 25 goud sou tèt chak bèf. Se moun sa tou ki la pou pran frè 50 goud mèt labatwa egzije anvan w itilize espas la. Moun sa konn tou negosye yon pri global ki gen ladan l lajan pou travayè yo.  “Pri global” la kapab 3000 goud men sa pral depann de jan negosyasyon yo fèt.

Apresa, nou jwenn nan chèn travay la travayè yo ki divize an 3 kategori : moun yo k ap kòche bèf la ki touche 500 goud ; moun k ap lave trip yo gen 100 goud ; sila yo k ap grate pye, tèt resevwa 300 goud epi pòtè ki touche 75 oswa 100 goud. Pri sa yo pa fiks. Se dinamik negosyasyon nan mitan aktè yo k ap gen dènye mo a. « Tout aksidan travay sou kont nou. Sa nou fè se li nou wè » daprè Julio Delva.

Labatwa Maryani an travay 7 jou, an 2 tan nan yon jounen. Yon premye manch ki kapab kòmanse depi 4trè nan laprè midi pou l bout pafwa 8tè, 9vè aswè. Dezyèm manch la konn tanmen 10zè nan aswè pou l fini 4 trè, 5 kè nan maten. Pandan moman travay yo, yo konn dage 50, pafwa 70 bèf lè gen bon afè. « Jounen jodi a akoz lavichè a epi pwoblèm ensekirite ki genyen Kwabosal la. Pa vrèman gen afè. Pafwa konn se 10 bèf sèlman yo kòche nan labatwa » selon sa Julio Delva eksplike nou.

 

« Depi bèt la fin kòche, tout vyann se vyann »

Si anndan Labatwa Maryani an se bèf sèlman yo kòche, anben yon tikras pi devan, lè w preske rive bò lanmè a, se bourik ak cheval yo touye. Daprè sa Julio Delva di nou, komès sa se yon kesyon de « twonp » paske « depi bèt la fin kòche, tout vyann se vyann ». Sa vle di, gen machann ki melanje bourik, cheval, bèf epi al vann nan mache sou pretèks se vyann bèf sèlman li ye. « Sofke gen moun ki gen konsyans ki pa fè melanj sa. Malgre w wè peyi a ap kraze, gen moun ladan l toujou. Parapò ak jan bèf la kòmanse chè, 1000 goud vyann pa ase pou fè manje pou vann. Men lè se chwal oubyen bourik la, ou jwenn vyann pou kuit nenpòt 6 ak 8 mamit diri ».

Daprè sa Julio rakonte nou, ekip labatwa pa tolere machann k ap fè « twonp » yo. Se paske pa gen yon Leta responsab, ki kontante l sèlman vin ranmase taks 25 goud sou tèt chak bèf, ki fè machann yo ap bay gòl ak men nan vann vyann. Li fè nou konnen, se sitou nan Kwabosal machann yo ale ak vyann bourik, cheval yo al vann.

Nou te kapab konstate yon dizèn cheval ki te mare sou yon teren akote labatwa. Gen nan yo ki pat menm ka kanpe sou kat pat yo byen djanm. Epi yo te tankou « bèf zanma » tèlman yo kazwèl. Yo te sanble cheval ki malad.

Devan nivo sankoutcha otorite nan Leta ki pa menm rive mete bon kontwòl sou kalte vyann k ap sikile nan mache, jounen jodi a popilasyon an gen gwo malè ki pandje sou tèt li nan zafè lamanjay. Sitiyasyon labatwa Maryani kote y ap touye bèf yo malouk anpil. Se nan yon kanal  y al lave trip bèt yo epi grate pye ak po aprè yo fin kòche yo. Anplis, sa konn rive nou pa fouti konn ki bèt n ap manje lè n tonbe anba men machann k ap pratike « twonp » yo. Gen nesesite pou redefini règ jwèt la nan Labatwa Maryani. N ap raple espas sa sou lobedyans Lameri komin Gresye.

Feguenson Hermogène

Commentaires

Feguenson Hermogène
Feguenson Hermogène est journaliste et cinéaste. Il a intégré l’équipe d’Ayibopost en décembre 2018. Avant il était journaliste à la radio communautaire 4VPL (Radyo Vwa pèp la, 98.9 FM) de Plaisance du Nord.

    Comments

    Comments are closed.