InsécuritéSOCIÉTÉ

Men rezon ki fè Otèl Oloffson te gen tout valè sa a | Videyo

0

Dènye jou sa yo, ou kapab remake anpil moun ap esprime Tristès ak fristrasyon yo sou diferan platfòm rezo sosyal, parapò ak otèl Oloffson ki boule, nan lannuit 5 pou louvri 6 jiyè ki sot pase a

Nan jounen lendi sèt jiyè a, pwopriyetè Otèl Oloffson lan Richard Auguste Morse, anonse batiman otèl la te boule rapyetè. 

Zak kriminèl sa a, ki kite yon gou anmè nan bouch anpil moun, pote ale plis pase 100 lane listwa ak memwa peyi Dayiti nan flanm dife. Ah wi, se yon lòt patrimwàn enpòtan ki pèdi ! Men, ou sandout ap mande ki istwa ki dèyè gwo senbòl istorik sa a, ki te abitye resevwa gwo pèsonalite ak sipèsta entènasyonal tankou : aktè sinema Jean Claude Van Damme, reyalizatè Jonathan Demme oubyen ekriven Edwidge Danticat ? W ap mande w ki enpòtans Oloffson nan patrimwàn kiltirèl peyi a ? Pa vre ? Ebyen, ou byen tonbe, paske nan videyo sa a AyiboPost pral plonje avè w nan listwa lotèl istorik sa a. Rete la ! 

Dènye jou sa yo, ou kapab remake anpil moun ap esprime Tristès ak fristrasyon yo sou diferan platfòm rezo sosyal, parapò ak otèl Oloffson ki boule, nan lannuit 5 pou louvri 6 jiyè ki sot pase a. Yon enfòmasyon, direktè espas la, Richard Auguste Morse, t ap pral konfime nan dat 7 jiyè 2025 lan nan yon piblikasyon sou kont rezo sosyal X li, kote l fè konnen « otèl la te boule rapyetè ». 

► Kisa ki pase ? 

Si, ofisyèlman pa t gen detay sou kiyès ki alabaz zak kriminèl sa a, kèk endis montre se t a yon aksyon bandi regwoupman gang « Viv Ansanm » yo, ki te deja atake katye Kafou Fèy ak Pako depi mwa avril 2025 lan, boule plizye kay ak achitekti istorik epi piye byen moun san gade dèyè

► Difikilte otèl la t ap fè fas ?

Men, avan nou ale pi lwen, nou dwe raple w tou, nan lane 2020, otèl la te kòmanse redui nan sèvis li.

> Konsa, nan dat 4 septanm 2020 an, responsab yo te anonse sou Twitè yo fèmen pòt enstitsyon an, e se sèlman avèk yon pati nan pèsonèl la yo t ap fonksyone. 

M pa bezwen di w ki enkyetid nouvèl sa a te soulve ── sitou nan epòk la plizyè restoran ak etablisman otèl enpòtan t ap fèmen pòt yo akoz mank rantabilite pandemi Kowonaviris la te lakòz ── epitou enpak kriz ekonomik peyi a t ap fè fas la.

Responsab yo te menm esplike se depi peryòd peyi lòk la sitiyasyon an te kòmanse vin pi difisil pou yo. 

► Kisa istwa otèl Oloffson lan ye ? 

Men, avan menm tout difikilte sa yo, èske w te konnen ki istwa otèl Oloffson lan charye dèyè l ?

Enbyen, ti kwen paradi sa a te chita kò l nan Avni Kristòf, nan nò Kapital Potoprens nan yon distans de (2) kilomèt ak Palè nasyonal la. Youn nan sa ki fè bèlte espas la sèke li sitiye l nan mitan bèl peyizaj chaje ak pyebwa, flè, plant, san n pa bliye bèl lakou ki ba w posibilite gade lanmè/ Pòtoprens pandan w ap dodomeya nan pye mòn Lopital

Men, èske w te konnen se pa t sa sèlman ki te fè bèlte ti paradi kache sa a ki nan mitan vil Pòtoprens lan. Ah non ! 

Pi gwo aspè a se lefètke tout pati nan batiman an, ke w te pran balkon l yo, bèl ti pwent an bwa ki sou tèt li yo ak òneman ki fèt ak bwa dekoupe l yo, te fè pati yon estil achitekti tradisyonèl ayisyen ki pran nesans nan 19e syèk la ki rele  « Gingerbread ».

Estil kay sa yo ki te konstui nan vil Pòtoprens ak lòt vil pwovens peyi a rive jis 20e syèk la ak anpil detay atistik ladan yo, te fèt tou pou adapte ak klima twopikal peyi a. E, li fasil pou te idantifye yo paske yo fèt jeneralman an bwa, do kay la fèt an pant, plafon kay la wo, epi yo gen gwo galri ki konn pafwa antoure tout Kay la.

Enjenyè achitèk Daniel Elie, ki fè rechèch sou kay Gingerbread yo, kwè otèl Oloffson te youn pami kay Gingerbread ki pi selèb yo nan peyi a. Pou achitekti l, men tou pou istwa l ki pral devlope de jenerasyon an jenerasyon. 

Kounyeya, ann gade ansanm istwa otèl la. 

Alaverite Otèl Oloffson sa a ki te vin tounen prensipal refij pou anpil amatè atizay, etranje, moun k ap chèche enspirasyon, elt., pa t yon lotèl avan sa. 

Selon sa listwa rapòte, espas se te pito kay lafanmi Sam, pitit gason ansyen prezidan Tiresias Simon Sam lan, Demosthène Simon Sam te konstui nan lane 1887. E, fanmi an t ap pral viv nan espas la jouk rive nan lane 1915, apre yon foul moun touye ansyen prezidan Vilbrun Guillaume Sam nan mwa  jiyè menm ane a.

Yon evènman trajik ki te kreye okazyon pou militè amerikèn debake sou tè peyi Dayiti. 

> Pandan tout epòk okipasyon ameriken an, sòti 1915 rive 1934, se te nan kay sa a militè ameriken te fè yon lopital. Selon sa yon moun ki abitye frekante espas la te fè AyiboPost konnen, te menm gen yon pati ladan l ki te rele « Matènite ».

E, ansyen rezidans fanmi Sam yo pral vin g on lòt fonksyon nan finisman okipasyon ameriken an, lè Wener Gustav Oloffson, yon maren syedwa te deside lwe kay lan nan men fanmi an, apre yo te fin rekipere l nan men ameriken yo. Apresa, Oloffson ak tout fanmi l deside fè kay la tounen otèl. Se la non an sòti tou.

Pandan tout ane ki vin apre yo, otèl la t ap pral pase nan men plizyè moun ki te lwe l, jiskaske l rive fèmen pòt li sou rejim kraze zo Jean Claude Duvalier a.

Se jis nan fen rejim lan, sètadi nan lane 1987, chantè vedèt gwoup mizik rasin RAM lan, Richard Auguste Morse, pral lwe espas la avèk kout men yon demi frè l ki se Jean Max Sam. 

Men, nan moman administrasyon Morse lan te pran tèt otèl la, reyalite an pa t woz pase sa. Youn nan rezon yo se paske aktivite touristik pa t sispann bese depi lane avan yo akoz yon pwopagann ki te fè kwè maladi SIDA a te sòti an Ayiti.

Malgre tout sa w tande a, Otèl Oloffson pa t pran tan pou l vin yon randevou nan Pòtoprens kote w jwenn pèsonalite enpòtan, sipèsta entènasyonal, atis, jounalis, ekriven, elt.. 

Pami moun ki te konn vizite espas la, ou te jwenn ansyen jounalis Aubelin Jolicoeur, ki te yon wo fonksyonè nan gouvènman Duvalier a ki te frekante espas la pandan 40 lane, ansyen prezidan ameriken Bill Clinton, Jacqueline Kennedy, aktè ameriken Jean Claude Van Damme, ekriven ayisyano-ameriken Edwidge Danticat, Reyalizatè fim Jonathan Demme,…. 

Mete sou sa, « enfliyans pèsonalite sa yo te bay otèl la yon gwo elan touristik ki te pèmèt li tounen yon espas atraktif pou anpil touris k ap rantre Pòtoprens », selon sa istoryen Georges Michel te fè AyiboPost konnen. 

Pou amatè literati yo, n ap raple w se espas otèl Oloffson lan ki enspire dekò woman « Les Comédiens » ekriven anglè a, Graham Greene, nan lane 1966. 

Woman sa a ki te dekri otèl la tankou yon kay ki gen movèzespri te abòde rejim diktati François Duvalier a tou. Liv la te nonsèlman fè siksè, men l te kontribye nan fè touris etranje entèrese vin vizite espas la.

Nan peryòd otèl la t ap fonksyone, plizyè nan vizitè l yo te konn esplike lè yo nan espas la, yo te gen yon sansasyon patikilye, e pou anpil nan yo, espas la te mistik. 

N ap pwofite raple, depi lè regwoupman gang « Viv ansanm » kòmanse atake diferan rejyon nan zòn metwopoliten Pòtoprens lan nan mwa mas 2024 la, bandi yo deja pase plizyè kay nan estil Gingerbread anba flanm dife. 

Pou enjenyè achitèk Daniel Elie,  « kay Gingerbread yo se yon pati enpòtan nan eritaj ak patrimwàn achitektiral ayisyen an ».

Anplis, anpil nan yo pote listwa, ak idantite kiltirèl vil la, e otèl Oloffson te youn pami patrimwàn vivan sa yo.

Si Leta pa vreman reyaktif nan kesyon konsèvasyon epi valorizasyon Gingerbread yo tankou patrimwàn nasyonal vivan peyi a, kèk enstitisyon lokal ak entranje pa ezite pran kèk inisyativ pou repètorye yo.

Nan lane 2015, nan kad yon ankèt inivèsite ameriken Columbia mennen avèk sipò Fondasyon Konesans ak Libète (Fokal), epi World Monuments Funds, yo te konte plis pase 350 konstriksyon konsa nan Pòtoprens.

Pami kay sa yo ki sitiye nan zòn ISPAN rele katye Gingerbread tankou : Pako, Bwa Vèna, Bòlòs, Bapedchoz ak Kafou-Fèy, 94% te gen moun abite ladan yo, 46% te nan bon eta, epi 59% ladan yo te gentan kraze nèt.

Sitiyasyon ensekirite k ap vale teren nan Pòtoprens ak plizyè vil pwovens nan peyi a, pa sispann gen gwo konsekans sou espas transmisyon konesans ak achiv peyi a, tankou lekòl, bibliyotèk, inivèsite, elt.

Sitou nan kontèks kote te deja gen difikilte pou prezève osnon restore patrimwàn nou yo. 

Nan sans sa a, Allenby Augustin, ki se direktè aktyèl Centre d’art kwè li nesèse pou Leta ayisyen aji epi ede peyi a prezève sa k rete pou nou kòm prèv memwa ak idantite kiltirèl nou.


Kredi : 

Kamera :

Montaj: Riquemi Pérez

Rechèch / prezantasyon : Lucnise Duquereste

Repòtaj : Hervia Dorsinville

Sipèvizyon : Widlore Mérancourt,Wethzer Piercin ,Philicien Casimir,Florentz Charles,Pascal Nancy André,Jétry Dumont


Gardez contact avec AyiboPost via :

► Notre canal Telegram : cliquez ici

► Notre Channel WhatsApp : cliquez ici

► Notre Communauté WhatsApp : cliquez ici

Vidéographe à AyiboPost, Sherlande Pierre est féministe dans l’âme et passionnée de caméra. Elle s’intéresse à l’entrepreneuriat et la photographie. Défenseur de tout ce qu’elle trouve juste, Pierre adore la musique et sa terre natale.

    Comments